Nouvo Testaman 2023
3–9 Jiyè. Travay 1–5: “Nou Pral Temwen M”


“3–9 Jiyè. Travay 1–5: Nou Pral Temwen M”” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“3–9 Jiyè. Travay 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
yon miltitid moun sou rivaj rivyè a ap batize

Jou Pannkot la, Sidney King

3–9 Jiyè

Travay 1-5

Nou Pral Temwen M”

Pandan w ap etidye Travay 1–5la, Sentespri a ka enspire w pou fè w jwenn verite ki aplike a lavi ou. Note vèsè ki enpresyone w yo epi chèche opòtinite pou w pataje sa w aprann yo.

Ekri enpresyon w yo

Èske w janm mande tèt ou kisa Pyè dwe te siman panse ak sa l dwe te santi lè limenm ak lòt apot yo “t ap gade syèl la” pandan Jezi t ap monte al jwenn Papa l la? (Travay 1:10). Legliz Pitit Gason Bondye a te fonde a te nan men Pyè kounyea pou l te pran swen l. Tach pou dirije travay pou “anseye tout nasyon” an te repoze sou Pyè kounyeya (Matye 28:19). Men, si l te santi l pa t alawotè oubyen l te pè, nou pa jwenn okenn prèv sou sa nan liv Travay la. Sa nou jwenn ladan l se egzanp temwayaj san krent ak konvèsyon, gerizon mirakile, manifestasyon espirityèl, ak gwo kwasans nan Legliz la. Sete toujou Legliz Sovè a, epi L te toujou dirije l. Anfèt, liv Travay Apot yo ta ka rele Travay Jezikri yo atravè Apot Li yo. Kounyeya, avèk don Sentespri a, Pyè pa t pechè pwason san enstriksyon Jezi te jwenn sou bò lanmè Galile a ankò. Ni li pa t mesye dewoute ki t ap kriye avèk pil remò kèlke semèn anvan an, paske l te renye Jezi, Moun Nazarèt la.

Nan liv Travay la, nou li kèk deklarasyon puisan sou Jezikri ak levanjil li a. W ap wè kijan levanjil sa a ka chanje moun tou—enkli oumenm—pou fè yo vin tounen disip vanyan Bondye konnen yo ka ye a.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Travay 1:1–8, 15–26; 2:1–42; 4:1–13, 31–33

Jezikri dirije Legliz li a atravè Sentespri a.

Liv Travay la rakonte efò Apot yo pou yo te etabli Legliz Jezikri a apre Sovè a te fin monte nan Syèl la. Byenke Jezikri pa t sou tè a ankò, li te dirije Legliz la pa revelasyon atravè Sentespri a. Reflechi sou fason Sentespri a te gide nouvo dirijan Legliz Kris yo pandan w ap repase pasaj ekriti sa yo: Travay 1:1–8, 15–26; 2:1–42; 4:1–13, 31–33.

Kòm manm Legliz Jezikri a jodia, nou chak gen responsablite pou n patisipe nan travay sali ak egzaltasyon an—pou nou viv levanjil Jezikri a, pran swen moun ki nan bezwen, envite lòt moun vin jwenn Kris la, epi ini fanmi yo pou letènite (gade nan Manyèl Jeneral1.2). Kisa nou aprann nan eksperyans premye Apot sa yo sou fason nou ka apiye sou Sentespri a pou gide efò nou?

Gade Diksyonè Bib la, “Sentespri.”

Travay 2:36–47; 3:12–21

Premye prensip ak òdonans levanjil yo ede m vin jwenn Kris la.

Èske w janm konn santi “kè [w] touche,” tankou kè Juif yo jou Pannkot la? (Travay 2:37). Petèt ou te fè yon bagay ou regrèt, oubyen, petèt ou senpleman anvi chanje lavi ou. Kisa pou nou fè lè nou gen santiman sa yo? W ap wè ki konsèy Pyè te bay Juif yo nan Travay 2:38. Note kijan premye prensip levanjil yo (enkli lafwa, repantans, batèm, ak don Sentespri a—oubyen sa yo pafwa rele doktrin Kris la) te afekte konvèti sa yo, jan yo di nou nan Travay 2:37–47la.

Ou gen dwa deja batize ak resevwa don Sentespri a, konsa, kijan w ka kontinye aplike doktrin Kris la? Reflechi sou pawòl Èldè Dale G. Renlund yo: “Nou ka vin pafè si nou … egzèse lafwa nan [Kris] la avèk repetisyon, nou repanti, nou pran Sentsèn pou n renouvle alyans ak benediksyon batèm yo, epi n resevwa Sentespri a kòm konpayon konstan nou nan yon degre ki pi wo. Si nou fè sa, n ap vin plis sanble avèk Kris la epi n ap kapab pèsevere jiskalafen, avèk tout sa sa enplike” (“Saints des derniers jours, continuez d’essayer,” Liahona, Me 2015,56).

Travay 3:19–21

Kisa “tan rafrechisman” ak “tan retablisman tout bagay” yo ye?

“Tan rafrechisman” an fè referans a Milenyòm nan, kote Jezikri pral retounen sou tè a. “Tan retablisman tout bagay yo” refere a Retablisman levanjil la, ki prepare mond lan pou Milenyòm nan.

Travay 3; 4:1–31; 5:12–42

Disip Jezikri yo resevwa pouvwa pou yo akonpli mirak nan non li.

Mesye kokobe a te espere resevwa lajan nan men moun ki te vin nan tanp yo. Men sèvitè Senyè yo te ofri l pi plis toujou. Pandan w ap li Travay 3; 4:1–31 ak 5:12–42la, reflechi sou fason mirak ki te suiv la te afekte moun sa yo:

  • Mesye kokobe a

  • Pyè ak Jan

  • Temwen yo ki te nan tanp lan

  • Gran prèt yo ak chèf yo

  • Lòt Sen yo

Imaj
Pyè geri yon moun

Sa m genyen an, mwen ba ou li, pa Walter Rane

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Travay 1:21–26.Lekti Travay 1:21–26 la ka ede fanmi w diskite sou benediksyon ki vini nan genyen Apot sou tè a jodia. Manm fanmi w yo ta ka pataje kijan yo te akeri temwayaj ke apot ak pwofèt yo, jodia, se Bondye ki aple yo. Poukisa travay sa a enpòtan?

travay 2:37.Kisa fraz “pèse nan kè yo” vle di? Ki lè nou santi yon bagay konsa? Poukisa l enpòtan pou n mande tèt nou: “Kisa pou nou fè?” lè nou gen kalite santiman sa yo?

Acts 3:1–10.Fanmi w ta ka anvi jwe wòl istwa ki nan vèsè sa yo. Oubyen, ou ta ka gade video “Pyè ak Jan k apgeri yon mesye ki te kokobe depi nesans li” a (ChurchofJesusChrist.org). Nan kisa mesye nan tanp lan te beni nan yon fason diferan a sa l te atann nan? Nan ki okazyon nou konn wè benediksyon Pè Selès yo vini nan fason nou pa atann?

Travay 3:12–26; 4:1–21; 5:12–42.Kisa ki enpresyone w nan fidelite Pyè ak Jan? (Gade tou nan video “Pyè Preche epi yo Arete l” sou ChurchofJesusChrist.org). Kijan nou ka brav nan temwayaj nou konsènan Jezikri? Konsidere pou ta ede timoun piti yo pratike pataje temwayaj yo.

Travay 4:315:4.Kouman nou ka ede fanmi nou, pawas, oubyen kominote nou vin plis tankou sa ki dekri nan Travay 4:31–37? Kisa sa vle di pou nou “yon sèl kè ak yon sèl nanm”? Nan ki fason nou kèkfwa “[kenbe] yon pati” nan kontribisyon nou? Poukisa lè nou fè sa se tankou nou bay Bondye “[manti]”? (Travay 5:2, 4). Kijan malonètete afekte spirityalite nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a..

Chan ki sijere: “Que l’Esprit soit avec nous,” Cantiques, no. 78.

Amelyore ansèyman nou

Chwazi yon sijè. Fè chak manm fanmi yo pran tou pa yo pou yo chwazi yon sijè pou yo etidye ansanmm nan Travay 1–5 .

Imaj
Apot yo ki antoure de zanj k ap pwente men yo anlè

Asansyon an, Harry Anderson