Nouvo Testaman 2023
3–9 Jiyè. Travay 1–5: “Nou Pral Sèvi M Temwen”


“3–9 Jiyè. Travay 1–5: ‘Nou Pral Sèvi M Temwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“3–9 Jiyè. Travay 1-5” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
yon miltitid moun sou bò rivyè a epi ki ap batize nan rivyè a

Jou Pannkot la, tablo Sidney King

3–9 Jiyè.

Travay 1-5

“Nou Pral Sèvi M Temwen”

Kòmanse preparasyon w lan avèk lekti Travay 1–5. Priye pou w ka chèche konprann bezwen timoun w ap anseye yo Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan leson sa a ka ede w tou.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ekri Kiyès mwen ye? sou tablo a. Bay plizyè deklarasyon sou Pyè epi mande timoun yo de kiyès deklarasyon yo ap pale. Ki lòt bagay yo konnen osijè Pyè?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Travay 1:1–11

Jezikri dirije Legliz Li a atravè pwofèt ak apot.

Aprann kijan Sovè a te dirije ansyen Legliz la atravè Apot yo ka ede timoun yo akeri temwayaj yo sou pwofèt ak apot epòk nou yo.

Aktivite posib

  • Montre foto lajè paj la ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoa. Mande timoun yo poukisa yo panse moun yo ap gade syèl la. Fè rezime istwa ki nan Travay 1:1–11la. Gade “Chapit 55: Apot yo ap dirije Legliz la,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 145–47, oubyen videyo korespondan an ChurchofJesusChrist.org.) Envite timoun yo kenbe foto youn nan Apot nou genyen kounyea. Kiyès ki ede dirije Legliz la lè Kris la pa sou tè a?

  • Jwe yon jwèt korespondans avèk de foto Premye Prezidans Ian ak Douz Apot aktyèl yo. Lè yo koresponn, di non Apot la oubyen Prezidan an ak yon bagay konsènan li.

  • Sou do yon foto Prezidan Legliz la, tepe kèk ti imaj sou kèk bagay li konn anseye, tankou sou Sovè a, sou batèm, oswa sou tanp. Fè chak timoun pran tan pou gade youn nan foto yo epi pou l di rès klas la “Pwofèt la anseye nou sou [sijè ki sou foto a].” Temwaye ke pwofèt yo ak apot yo anseye nou sa Jezi vle nou konnen ak sa L vle pou nou fè.

Travay 3:1–10

Pè Selès la ka beni lòt moun atravè mwenmenm.

Kisa w ka fè pou ede timoun yo rekonèt fason yo ka beni moun ki bò kote yo? Ede yo aprann nan egzanp Pyè ak Jan k ap geri mesye kokobe a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè jès ki mache avèk istwa ki nan Travay 3:1–10la, tankou lonje men yo pou mande kòb ak ponpe paske yo gen lajwa. Ki fason Pè Selès la te beni mesye ki pa t ka mache a?

  • Pote yon valiz ki gen foto ki reprezante fason nou ka beni ak sèvi lòt moun. Fè timoun yo pran tan pou yo chwazi foto nan valiz la epi pou yo di kijan yo ka beni lòt moun nan fason sa a.

  • Mande yo pou yo pale de yon lè kote yo te ede yon moun.

Travay 5:1–11

M ka onèt.

Premye Kretyen yo te pataje sa yo te konn fè pou youn te ka ede lòt. Moun ki te posede tè a te vann ni epi l te bay Apot yo lajan an, pou yo te ka distribye l bay Sen yo selon bezwen yo. Ananyas ak Safira pa t onèt nan kontribisyon pa yo a, yo te panse yo te ka twonpe sèvitè Senyè yo.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo jwe wòl istwa Ananyas ak Safira a. Eksplike ke, menmsi nou p ap mouri lè nou bay yon manti, istwa sa a montre kijan sa enpòtan pou Pè Selès la pou nou onèt.

  • Chante ansanm yon kantik sou onètete, tankou “I Believe in Being Honest” (Children’s Songbook, 149). Ede timoun yo konprann ke rete onèt vle di toujou di laverite e pa pran bagay yon lòt moun.

  • Itilize maryonèt an sachè papye pou jwe wòl sou kèk sitiyasyon senp kote yon moun onèt oubyen pa onèt. Mande timoun yo pou yo kanpe si moun nan onèt oubyen chita atè a si moun nan pa onèt. Rann temwayaj ou sou rezon ki fè li enpòtan pou moun onèt.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Travay 1:8, 22–26

Jezikri dirije Legliz Li a atravè pwofèt ak apot

Timoun w ap anseye yo ka konprann ke Legliz Sovè a dirije pa pwofèt ak apot jodia, jan sa te ye nan ansyen tan an.

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a Kijan Jezikri dirije Legliz la pandan ke l pa sou tè a? Envite timoun yo pou yo chèche repons pou kesyon an pandan y ap li pawòl Sovè a te di Apot yo nan Travay 1:8la. Ede yo konprann ke Jezi chwazi pwofèt ak apot pou dirije Legliz la jodia, menmjan L te fè nan ansyen tan an.

  • Li ansanm Travay 1:22–26. Antanke klas, idantifye kijan Apot yo aple yon nouvo Apot.

  • Yon titan alavans, mande yon timoun avèk paran li pou yo chèche pran ransèyman sou yon Apot ki te fèk aple (yo ka jwenn enfòmasyon sou Apot yo nan “Collège des Douze Apôtres,” ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun nan pou l pataje sa l te aprann yo avèk klas la, epi, si posib, sa Apot la te di apwopo apèl li a nan premye mesaj konferans jeneral li.

Imaj
Apot ki chita ansanm k ap pale

Apot yo te dirije Legliz la apre Kris la te monte nan syèl la.

Travay 2:36–47

Sentespri a rann temwayaj sou verite levanjil yo nan kè m.

Lè timoun yo aprann rekonèt kijan Sentespri a pale avèk yo, y ap jwenn enspirasyon pou yo koute ak aplike enspirasyon yo resevwa a.

Aktivite posib

  • Li ansanm Travay 2:36–37. A kisa sa sanble lè Sentespri a di nou yon bagay nan kè nou?

  • Ansanm ak klas, fè yon afich avèk mo Kisa nou dwe fè? a ekri anlè li. Afiche l chak semèn, epi ajoute mwayen timoun yo ka aji selon sa yo aprann nan leson chak semèn yo.

  • Envite yo pou yo li Travay 2:41–47 epi chèche wè bon bagay moun yo te fè apre yo te fin batize. Ki bon bagay nou ka fè pou nou montre nou rekonesan pou don Sentespri a nou resevwa lè nou te batize a?

Travay 3:1–10

Pè Selès la ka beni lòt moun atravè mwenmenm.

Kijan w ka anseye timoun yo ke yo ka beni lòt moun, menmsi yo pa gen “lò ak lajan”? (Travay 3:6). Kijan w ka ede yo wè opòtinite pou sèvi Bondye nan sèvi lòt moun? (gade Mozya 2:17).

Aktivite posib

  • Mande yon timoun pou l li Travay 3:1–10 pandan lòt timoun yo ap jwe wòl istwa a. (Pou èd, gade “Chapit 56: Pyè geri yon mesye,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 148–49, oubyen videyo koresponsan an nan ChurchofJesusChrist.org.) Ou ka pase videyo “Pyè ak Jan geri yon mesye ki te kokobe depi nesans li” a tou (ChurchofJesusChrist.org). Nan ki fason benediksyon mesye sa a te resevwa a te pi gran pase lajan l te mande a?

  • Pase yon sak monnen youn bay lòt. Pandan timoun yo kenbe sak la, mande yo kisa yo ka achte avèk lajan an. Mande yo kisa nou genyen pou nou bay lòt moun ki pa koute lajan. Envite yo pou yo pataje fason yo ka ede lòt moun vin pi pwòch Sovè a—yon kado ki pa mande lajan (Travay 3:6).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo planifye yon fason yo ka Sèvi Pè Selès la nan ede yon manm fanmi yo semèn sa a.

Amelyore Ansèyman Nou

Memorize yon ekriti. Chwazi yon pasaj ekri ou panse k ka ede timoun nan klas ou yo, tankou Travay 2:38 oubyen Travay 3:19, epi ede yo memorize yon fraz nan ekriti a. Èd vizyèl oubyen jès ka ede timoun yo memorize ekriti yo tou.