Nouvo Testaman 2023
Satisfè Bezwen Timoun Piti yo


“Satisfè Bezwen Timoun Piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 20232022)

“Satisfè Bezwen Timoun Piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Timoun Primè

Satisfè Bezwen Timoun Piti yo

Timoun piti yo pare epi yo anvi aprann levanjil la si yo prezante l ba yo nan fason yo ka konprann. Sitou si w ap anseye timoun ki pi piti yo, anvizaje itilize tip aktivite sa yo pou ede yo aprann.

  • Chante. Kantik ak chan ki nan Chants pour les enfants yo anseye doktrin nan avèk puisans. Itilize endèks pa sijèa ki nan do Chants pour les enfants an pou w ka jwenn chan ki gen rapò avèk prensip levanjil w ap anseye yo. Ede timoun yo konpare mesaj ki nan chan yo avèk lavi yo. Pa egzanp, ou ta gen dwa poze kesyon sou mo oubyen ekspresyon ki nan tèks kantik yo. Anplis chante a, timoun yo ka fè jès ki mache avèk kantik yo oubyen yo ka sèlman koute kantik yo kòm yon mizikki ap jwe pa anba pandan y ap fè lòt aktivite. Pou lòt ide, gade nan seksyon “Itilize Mizik pou Anseye Doktrinak “Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan Primè yo ak Kantik yonan “Enstriksyon pou Prezantasyon Mizik nan Peryòd Chante ak Reyinyon Sentsèn Timoun yo” nan manyèl sa a.

  • Koute yon istwa oubyen fè yon senaryo avèk li. Timoun piti yo renmen istwa anpil—apati ekriti yo, apati lavi w, apati istwa Legliz la, oubyen apati magazinLegliz la. Chèche fason pou fè yo patisipe nan rakonte istwa. Yo gen dwa kenbe imaj oubyen objè, fè desen sa y ap tande a, jwe wòl sou istwa a, oubyen menm ede rakonte istwa a. Ede timoun yo rekonèt verite levanjil la nan istwa w ap rakonte yo.

  • Li yon ekriti. Menm si timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo angaje nan aprann nan ekriti yo. Ou kapab bezwen konsantre sou yon sèl vèsè, yon ekspresyon oubyen yon mo kle. Pandan w ap li yon ekriti awotvwa, ou kapab envite timoun yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande yon mo oswa yon ekspresyon espesifik ou vle aksantye. Yo gen dwa menm kapab memorize ti ekspresyon kout ki soti nan ekriti yo si yo repete yo plizyè fwa. Pandan y ap tande pawòl Bondye a, y ap santi Lespri a.

  • Se pou ou aktif. Paske souvan timoun piti yo plen enèji, planifye pou w fè yo bouje—mache, vole, sote, bese, ak fè kèk lòt aksyon ki gen rapò avèk prensip oswa istwa w ap anseye a. Aksyon sa yo kapab efikas tou lè n ap chante ansanm.

  • Gade yon imaj oubyen gade yon videyo. Lè w montre timoun yo yon imaj oswa yon videyo ki anrapò avèk yon prensip levanjil oubyen yon istwa nan ekriti yo, poze yo kesyon ki ka ede yo tire leson nan sa y ap gade a. Pa egzanp, ou ka mande: “Kisa k ap pase nan imaj sa a oswa nan videyo sa a? Kijan sa fè w santi w? App Medya Levanjil la, GospelMediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org, ak children.ChurchofJesusChrist.orgse bon kote pou chèche jwenn foto ak videyo.

  • Ede ak ankouraje timoun yo pataje eksperyans. Timoun piti yo gen dwa pa gen menm kantite bagay pou yo rakonte tankou pi gran timoun yo, men, si w gide yo avèk presizyon, yo ka pataje sa yo santi ak eksperyans yo sou sa y ap aprann nan.

  • Kreye. Timoun yo kapab konstwi, fè desen, oswa kolorye yon bagay ki gen rapò avèk istwa oswa prensip y ap aprann nan. Ankouraje yo pou yo pote sa yo kreye a lakay yo pou yo pataje l avèk manm fanmi yo pou ka ede yo sonje sa yo te aprann yo.

  • Patisipe nan leson pratik. Yon leson pratik senp kapab ede timoun yo konprann yon prensip levanjil ki difisil pou yo konprann. Lè w ap itilize leson pratik, chèche fason pou fè timoun yo patisipe. Y ap aprann plis nan eksperyans kote y ap aji ansanm ke lè yo senpleman gade yon demonstrasyon.

  • Jwe wòl. Lè timoun yo jwe wòl yon sitiyasyon yo ka pwobableman rankontre nan lavi reyèl, yo kapab konprann jan yon prensip levanjil aplike nan lavi yo.

  • Repete aktivite yo. Timoun piti yo gen dwa bezwen tande ansèyman yo plizyè fwa pou yo ka konprann yo. Pa pè repete istwa yo oswa aktivite yo souvan, menm pandan menm leson an. Pa egzanp, ou ta gen dwa rakonte yon istwa nan ekriti yo plizyè fwa nan fason diferan nan yon leson—nan li l apati de ekriti yo, nan rezime l nan pwòp mo pa w, nan pase yon videyo, fè timoun yo ede w rakonte istwa a, nan envite yo pou yo jwe wòl istwa a, etsetera. Si yo repete lakay yo tou yon aktivite ou te fè nan klas la, repetisyon an ap ede timoun yo aprann ak sonje.

  • Entèraksyon avèk lòt. Timoun yo ap devlope aptitid sosyal yo epi souvan, yo kontan aprann ak jwe avèk zanmi kanmarad yo. Kreye opòtinite pou yo pou yo pataje, pou yo fè bagay yo lè tou pa yo rive, epi pou yo kowopere pandan y ap aprann nan.

  • Patisipe nan yon varyete aktivite. Jeneralman, timoun piti yo gen yon yon kapasite konsantrasyon trè kout, epi yo gen estil aprantisaj diferan. Itilize divès tip aktivite, epi prete atansyon a siy ki montre ke timoun yo bezwen yon chanjman rit. Pa egzanp, ou gen dwa oblije fè chanjman detanzantan ant aktivite trankil ak aktivite anime.

Imaj
enstriktè ak timoun nan Primè

Yon pati nan wòl ou kòm enstriktè timoun piti—anplis anseye prensip levanjil yo—se ede timoun yo aprann kijan pou yo byen patisipe nan yon klas nan Legliz la. Pa egzanp, yo gen dwa bezwen aprann kijan pou yo tann tou pa yo, pou yo pataje, respekte lòt, etsetera. Gen enstriktè ki kreye tablo avèk yon tach pou chak timoun patisipe nan klas la nan yon fason espesifik (tankou fè yon priyè, kenbe yon imaj, oubyen distribye papye). Ou gen dwa chanje tach yo chak semèn. Sa ap ede timoun yo patisipe atoudewòl epi konsantre sou konpòtman ki kòrèk nan klas la.

Timoun—sitou timoun ki pi piti yo— benefisye souvan yon woutin regilye ke yo ka prevwa. Paske timoun piti yo gen atansyon kout epi pafwa yo gen pwoblèm pou yo konsantre yo pandan tout dire leson an, òdinèmanl li pi bon si woutin sa a genyen ladan l plizyè tranzisyon ki soti nan yon aktivite pou ale nan yon lòt. Pa egzanp, woutin klas ou a ta gen dwa enkli ti repo tanzantan pou yo kolorye yon imaj, chante yon chan, etsetera.