Nouvo Testaman 2023
Satisfè Bezwen Timoun Ki Andikape Yo


“Satisfè Bezwen Timoun Ki Andikape Yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2023)

“Satisfè Bezwen Timoun Ki Andikape Yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
yon klas Primè

Satisfè Bezwen Timoun Ki Andikape Yo

Dirijan Primè yo gen responsablite pou yo anseye levanjil Jezikri a bay tout timoun, enkli timoun ki andikape yo. Primè a se yon andwa kote chak timoun santi yo akeyi, renmen, nouri, ak entegre. Nan atmosfè sa a, li pi fasil pou tout timoun yo konprann lanmou Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri epi santi ak rekonèt enfliyans Sentespri a. Ide sa yo ka ede w reponn bezwen timoun ki andikape yo.

  • Pran ransèyman sou bezwen espesifik timoun nan. Pi bon fason pou fè sa se pale avèk paran timoun nan oubyen moun k ap okipe l yo. Chèche dekouvri kijan timoun nan aprann pi byen ak ki estrateji ki ap pi itil pou li. Ou ta kapab konsilte tou lòt dirijan ak enstriktè nan Primè a ki gen eksperyans ak ide pou pataje.

  • Kreye yon atmosfè pozitif kote chak timoun santi yo an sekirite epi moun yo renmen yo. Aprann non tout timoun nan klas ou a, epi ede yo santi ou aksepte yo, renmen yo, ak entegre yo. Yo kritike timoun ki andikape yo souvan, konsa, chèche okazyon pou w felisite yo pou konpòtman pozitif yo.

  • Fè ajisteman pou tout moun ka patisipe. Gen kèk ti chanjman ki ka fèt nan aktivite yo pou asire w ke tout timoun ka aprann, enkli sa ki gen andikap fizik oubyen difikilte pou aprann yo. Pa egzanp, si yon aktivite sigjere pou w montre yon foto, ou gen dwa fè yo chante yon chan ki gen rapò avèk aktivite a pito pou ka enkli timoun ki pa wè byen yo.

  • Etabli woutin ak estrikti konsistan nan klas la. Yon fason pou w fè sa se kreye yon afich ki gen orè klas la ki montre kijan klas la pral dewoule. Orè sa a ta kapab genyen ladan l priyè yo, tan pou anseye, ak tan pou aktivite. Sa ka ede diminye santiman ensètitid ki ka ogmante anksyete lakay kèk nan timoun yo.

  • Itilize èd vizyèl. Timoun ki gen pwoblèm pou yo aprann oubyen pwoblèm konpòtman yo gen dwa benefisye de èd vizyèl, tankou foto ki ilistre konpòtman apwopriye tankou leve men w anvan w reponn yon kesyon.

  • Konprann rezon ki fè gen pwoblèm konpòtman. Pran ransèyman sou tout andikap oubyen sitiyasyon ki ka enfliyanse yon timoun pou l aji nan yon fason ki pa apwopriye. Pote atansyon a sa k ap pase a lè gen pwoblèm konpòtman ki prezante. Nan yon espri lapriyè, reflechi sou kijan pou w modifye sitiyasyon an pou w ka sipòte timoun nan pi byen.