Nouvo Testaman 2023
Ou Se Yon Enstriktè Timoun


“Ou Se Yon Enstriktè Timoun.” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2023 (2023)

“Ou Se Yon Enstriktè Timoun.” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezi ki kenbe yon timoun

Ou se yon Enstriktè Timoun

Bondye te aple w pou w anseye pitit Li yo nan fason Sovè a. Yo te mete w apa pou apèl sa a pa otorite prètriz sen L lan. Menm si w pa yon enstriktè ki gen eksperyans, si w viv diy, ou priye chak jou, epi ou etidye ekriti yo, Papa nou ki nan syèl la ap akòde w enfliyans ak pouvwa Sentespri a pou ede w gen siksè (gade nan 2 Nefi 33:1).

Moun yo konfye w yo se pitit Pè Selès la, epi Li konnen kisa yo bezwen ak pi bon fason pou touche yo. Pandan w ap chèche enfliyans Sentespri a nan lapriyè, L ap gide w pandan w ap prepare w ak lè w ap ansenye. L ap revele w sa w dwe di ak sa w dwe fè (gade nan 2 Nefi 32:5).

Pa janm souzestime kapasite yon timoun pou l konprann levanjil la. Nan tout aspè nan lavi yo, timoun presye sa yo toujou ap absòbe enfòmasyon, ap fòme ak rafine opinyon yo, ap fè dekouvèt ak pataje yo. Sa vrè sitou avèk levanjil la, paske timoun yo pare e yo pa ka tann pou yo aprann verite senp li yo. Lafwa yo nan bagay espirityèl yo solid e san mank, epi chak moman se yon opòtinite aprantisaj pou yo. Yo dispoze pou yo konfòme yo a sa y ap aprann yo, menm si konpreyansyon yo poko konplè. Se fason sa a nou tout ta dwe resevwa levanjil la. Jan Sovè a te anseye a, “Moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun piti, yo p ap antre ladan l” (Lik 18:17).

Apèl pou anseye a se yon responsablite sakre, e se nòmal pou w santi w depase pafwa. Men, sonje se Bondye ki aple ws, e L ap soutni w. Sa a se travay Senyè a, epi, si w sèvi “avèk tout kè w, tout pouvwa ou, ak tout panse w, ak tout fòs ou” (Doktrin ak Alyans 4:2), L ap ogmante kapasite w, don w, ak talan w, epi sèvis ou va vin yon benediksyon nan lavi moun w ap anseye yo.