Nouvo Testaman 2023
31 Jiyè–6 Out. Travay 22–28: “Yon Sèvitè ak Yon Temwen”


“31 Jiyè–6 Out. Travay 22–28: ‘Yon Sèvitè ak Yon Temwenn’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“31 Jiyè–6 Out. Travay 22–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Pòl ki nan prizon

31 Jiyè–6 Out.

Travay 22–28

“Yon Sèvitè ak Yon Temwen“

Pandan w ap li resi sou ministè Apot Pòl la nan Travay 22–28, chèche prensip ki ap fè sans pou timoun w ap anseye yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Afiche foto ki ka raple timoun yo istwa ki nan Travay 22—28yo, tankou yon chanm prizon, yon bato, ak yon koulèv. Envite yo pou yo rakonte nenpòt istwa yo konnen osijè Pòl ki gen rapò avèk foto sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Travay 23:10–11

Pè Selès la ak Jezi sousye pou mwen e y ap ede m pandan moman difisil yo.

Lè yo aprann kijan Sovè a te ede Pòl, sa ka ede timoun yo konnen ke Pè Selès la ak Jezi sousye de yo.

Aktivite posib

  • Rakonte istwa ki nan Travay 23:10–11 la sou Sovè a k ap vizite Pòl nan prizon an. Oubyen pase videyo “Pran kouraj” la nan (ChurchofJesusChrist.org), ki dekri istwa sa a. Pale de yon okazyon kote w t ap travèse yon eprèv epi w te resevwa gidans ak rekonfò nan men Bondye. Mande timoun yo pou yo pale de moman kote yo te santi Bondye te rekonfòte yo.

  • Ede yo memorize sa Jezi te di Pòl la: “Pran kouraj.” Mande yo pou yo panse a yon moun yo ka envite pou pran kouraj---petèt yon moun ki tris oubyen ki enkyè.

  • Chante yon kantik sou kè kontan avèk timoun yo, tankou “Sourires” (Chants pour les enfants, 128).

Imaj
yon tifi k ap pale sou chè a nan legliz la avèk yon fi ki dèyè li

Tankou Pòl, nou ka chwazi pou nou rann temwayaj nou sou Sovè a.

Travay 26:1–29

M ka pataje temwayaj mwen avèk lòt moun.

Repase temwayaj Pòl devan Wa Agripa a ka ede timoun yo aprann kijan pou yo pataje sa yo konnen k se verite.

Aktivite posib

  • Pote yon kouwòn nan klas la epi kite yon timoun mete l epi pretann ke l se Wa Agripa. Envite yon lòt timoun pou kanpe devan wa a pou reprezante Pòl pandan w ap fè rezime temwayaj Pòl la ak reyaksyon Wa Agripa, w ap jwenn nan Travay 26:1–29 (gade “Chapit 63: Pòl fini misyon li,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 162–66, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org Eksplike ke nou ka pataje temwayaj nou avèk lòt moun, jan Pòl te fè a.

  • Mande timoun yo pou yo koute pandan w ap chante oubyen li yon kantik sou temwayaj, tankou “Je sais que mon Dieu vit” (Cantiques, 196). Envite yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay yo konnnen ki se verite. Ou gen dwa chante kantik sa a plizyè fwa; envite yo pou yo chante tou lè yo fin konn mo yo. Ede yo fè pratik sou pataje temwayaj yo sou kèk bagay yo konnen ki vrè.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo panse a yon bagay yo te ka di lè y ap rann temwayaj yo (gade Atik Lafwa yo pou plis ide). Envite timoun yo pou pataje temwayaj yo avèk fanmi yo.

Travay 27

Pwofèt yo avèti m kont danje.

Panse kijan istwa sou nofraj Pòl la ka anseye timoun yo ke pwofèt yo kw wè danje fizik ak espirityèl ke nou pa ka wè.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo pretann ke yo nan yon bato ki pran nan yon tanpèt. Li avètisman Pòl te bay pèp la, nou jwenn nan Travay 27:9–10la, epi pataje istwa nofraj la ki te fèt paske yo pa t koute avètisman l te bay la (gade Travay 27:11, 39–44). Montre foto Prezidan Legliz la, epi rann temwayaj ke li ka avèti nou sou danje espirityèl.

  • Mete plizyè imaj oswa objè toupatou nan sal la ki reprezante sa pwofèt yo te anseye nou pou nou fè pou nou ka vin plis tankou Jezi, tankou renmen lòt moun oubyen batize. Ansanm ak klas la, mache nan tout sal la, rete bò kote chak foto oubyen objè pou w ka pale yo de fason suiv ansèyman pwofèt yo ede nou rete an sekirite.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Travay 23:10–11; 27:18–26; 28:1–6

Lè m anfas advèsite, Bondye pa bliye m.

Pandan tout eprèv Pòl te travèse yo, Senyè a te avèk li. Kijan w ka ede timoun yo konpare eksperyans Pòl yo avèk pwòp lavi yo?

Aktivite posib

  • Itilize Travay 23:10, eksplike ke yo te mete Pòl nan prizon paske li te anseye moun yo sou Jezi. Apresa, li Travay 23:11 avèk timoun yo. Oubyen pase videyo “Pran kouraj” la nan (ChurchofJesusChrist.org), ki dekri istwa sa a. Poukisa Pòl te ka “pran kouraj” menmlè l te nan prizon?

  • Ekri Travay 23:10–11; Travat 27:18–25; ak Travat 28:1–6.sou tablo a. Montre foto yon prizon, yon bato, ak yon koulèv, epi envite timoun yo pou yo repase vèsè sa yo epi matche yo avèk foto yo. Nan chak nan istwa sa yo, kijan Senyè a te montre Pòl ke l te avèk li? Pataje yon eksperyans kote Senyè a te avèk ou pandan yon moman difisil ak kijan li te fòtifye temwayaj ou konsènan Li. Ankouraje timoun yo pou pataje pwòp eksperyans pa yo tou.

Travay 26

Mwen ka pataje temwayaj mwen konsènan Jezikri avèk konviksyon.

Kouraj Pòl lè l te pataje temwayaj li a ka ede timoun yo pou yo brav lè y ap pataje temwayaj yo.

Aktivite posib

  • Chwazi kèk vèsè nan Travay 26 pou w li avèk timoun yo pou ede yo konprann sa Pòl te di Wa Agripa sou eksperyans li yo (tankou vèsè 9–16) ak sa l te anseye sou Jezikri (tankou vèsè 18,23). Ou ka montre yo yon pati nan video sa a tou “Pòl, yon veso chwazi” nan (ChurchofJesusChrist.org). Poukisa sa te siman efreyan pou Pòl te pale de bagay sa yo devan wa a? Envite timoun yo pou yo fè lis kèk prensip levanjil yo konnen ki vrè. Mande yo pou yo panse ak yon moun yo konnen ki bezwen tande temwayaj yo sou verite sa yo.

  • Envite timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou yo ekri yon bagay yo ta ka di lè y ap pataje temwayaj yo.

Travay 27

Pwofèt yo avèti m kont danje.

Timoun yo ka koute mesaj pwofèt modèn yo epi rekonèt avètisman yo. Kijan w ka ede timoun yo aprann kijan pou yo koute avètisman sa yo?

Aktivite posib

  • Koupe yon moso papye nan fòm yon bato an pyès jwèt kastèt. Envite timoun yo pou yo ekri avètisman Pòl la ki nan Travay 27:9–11 la sou moso papye epi mete kastèt la ansanm. Poukisa moun yo pa t koute Pòl? vèsè 11). Envite timoun yo pou yo li vèsè 18–20 ak 40–44 pou yo ka dekouvri sa k te rive kòm rezilta. (Eksplike ke, paske moun yo te suiv konsèy Pòl te bay nan apre pou yo te rete sou bato a, okenn moun pa t mouri nan nofraj la; gade vèsè 30–32.) Kisa nou ka aprann nan eksperyans sa a sou suiv pwofèt la?

  • Pote yon mesaj konferans resan Prezidan Legliz la te bay epi di timoun yo ki avètisman oswa konsèy li te bay. Envite timoun yo pou panse a fason yo ka suiv pwofèt la.

  • Pase videyo “Moun ki respekte kòmandman Bondye yo beni epi yo gen kè kontan” an ki nan (ChurchofJesusChrist.org). Nan kisa pwofèt yo tankou mesye avèk teleskòp?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Mande timoun yo pou yo itilize sa yo aprann osijè Pòl yo pou ankouraje fanmi yo pou yo etidye mesaj ki pi resan pwofèt la bay yo epi diskite sou fason yo ka suiv konsèy li.

Amelyore ansèyman nou

Enplike sans yo. “Pifò timoun (ak granmoun) aprann pi byen lè plizyè sans enplike. Chèche jwenn mwayen pou ede timoun yo itilize sans tankou gade, koute, ak touche lè y ap aprann. Nan kèk sitiyasyon, ou gen dwa menm jwenn fason pou w itilize sans odora ak gou tou!” (Anseye nan fason Sovè a,25).