Nouvo Testaman 2023
14–20 Out. Women 7–16: “Venk Mal la Avèk Byen”


“14–20 Out. Women 7–16: ‘Venk Mal la Avèk Byen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“14–20 Out. Women 7–16” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Ruin Wòm Antik

14–20 Out

Women 7-16

“Venk Mal la Avèk Byen“

Pandan w ap li Women 7–16la, ekri tout enpresyon ou resevwa sou fason w ka temwaye timoun yo verite ki nan chapit sa yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kèlke jou alavans, envite youn oubyen plis timoun pou yo jwenn yon vèsè nan Women 7–16 ke yo ka pataje avèk klas la. Ou ta kapab envite paran yo pou yo ede si nesesè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Women 8:35–39

Pè Selès la renmen m.

Kijan w ka itilize pawòl Pòl yo pou anseye timoun yo ke Pè Selès la ap toujou renmen yo?

Aktivite posib

  • Ede timoun yo memorize fraz “[Anyen pa ka] separe nou de lanmou Bondye” a (Women 8:39 Reflechi avèk yon fason pou ilistre verite sa a. Pa ekzanp, ou ta ka pote de tablo ou te klouwe ansanm, youn ki di “noumenm“ epi lòt la di “lanmou Bondye.” Kite timoun yo wè si yo ka separe tablo yo.

  • Montre yon foto solèy la, oubyen envite timoun yo pou yo gade nan yon fenèt pou yo wè reyon solèy la. Nan ki fason solèl la sanble ak lanmou Pè Selès la? Ede yo wè ke malgre solèy la byen lwen, li ka ede nou santi cho. Nou ka santi lanmou Pè Selès la tout tan, menm si li pa prezan fizikman avèk nou. Chante ansanm yon chan sou lanmou Bondye, tankou “Mon Père céleste m aimeChants pour les Enfants, 16).

Imaj
Jezi avèk yon gwoup timoun

Timoun yo ka ede lòt moun aprann enfòsyon sou Sovè a epi gen lafwa nan Li. Storytime in Galilee (Tan Istwa nan Galile), pa Del Parson

Women 10:17

Lafwa vini nan tande pawòl Bondye.

Lè timoun yo tande pawòl Bondye a epi yo koute l avèk atansyon, lafwa yo nan Bondye ap grandi.

Aktivite Posib

  • Li Women 10:17 pou timoun yo, epi montre yo foto sitiyasyon kote yo ka tande pawòl Bondye a (tankou etid ekriti familyal, klas yo nan legliz la, oubyen konferans jeneral; gade nan paj aktivite semèn sa a). Mande timoun yo kilè yo te tande pawòl Bondye a.

  • Rakonte yon istwa sou yon timoun ki koute pawòl Bondye a nan plizyè fason. Pandan w ap rakonte istwa a, gonfle yon balon ti kal pa ti kal pou reprezante kijan lafwa timoun nan grandi chak fwa l koute pawòl Bondye a.

  • Pou ede timoun yo konprann ke lafwa yo ka grandi, ede yo chanteLa foi” (Chants pour les enfants, 50). Pandan y ap chante a, mande yo pou yo akwoupi pou yo ka fè kòlm si yo se semans. Chak fwa yo chante mo lafwaa, fè yo fè yon ti leve kòlm si yo se yon plant ki ap grandi.

  • Kache yon je ekriti nan klas la, yon foto Prezidan Legliz la, ak yon kopi magazin Zanmi an. Mande timoun yo pou yo chèche bagay sa yo epi montre kijan yo chak rann posib pou nou tande pawòl Bondye a.

Women 16:1–4

M ka di mèsi pou moun ki ede m yo.

Pòl te rekonesan pou moun ki te ede l yo. Ou ka ede timoun yo remake bagay janti moun fè pou yo epi sonje pou w remèsye yo.

Aktivite posib

  • Eksplike yo ke Pòl te rekonesan pou èd li te resevwa nan men yon fi ki te rele Febe ak yon koup maryem ki te rele Priscilla ak Aquila (gade nan Women 16:1–4). Mande timoun yo pou yo desine foto Pòl avèk twa moun pandan w ap li vèsè sa yo.

  • Envite chak timoun pou yo di yon bagay janti yon moun te fè pou yo resamman. Ede timoun yo fè kat remèsiman pou moun sa yo.

  • Ede yo aprann kijan pou yo di mèsi nan diferant lang. Kantik “Partout dans le monde” (Chants pour les enfants,4–5) ka ede.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Women 8:16–18

Pè Selès la vle m prepare pou m resevwa tout sa L genyen.

Plan Pè Selès la rann posib pou nou vin menm jan avèk li epi pou nou eritye tout sa Lgenyen. Verite sa a ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo viv levanjil la pi fidèlman.

Aktivite posib

  • Li ansanm Women 8:16–18. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou kiyès nou ye ak sa nou ka devni? Eksplike ke yon “eritye” se yon moun ki eritye, oubyen resevwa sa paran l genyen. Ekri sou tablo a Kisa nou bezwen fè pou nou ka eritye tout sa Pè Selès la genyen?. Chante ansanm yon kantik sou obeyisans, tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” (Chants pour les enfants, 86–87), pandan n ap chèche repons. Ki lòt repons timoun yo ka bay?

  • Mande yo pou yo panse ak yon wa ki vle pou pitit gason l ak pitit fi l yo gouvène nan wayòm ni an yon jou. Eksplike ke Pè Selès la se tankou yon wa, epi nou se pitit gason ak pitit fi wayal li. Ou ta kapab rakonte yo istwa pitit gason Wa Louis XVI la an Frans, ke w ap jwenn nan diskou Sè Elaine S. Dalton lan ki rele “Sonje Kimoun Nou Ye!” (Lyawona,Me 2010, 121). Poukisa sa enpòtan pou nou sonje nou se pitit yon Papa Selès e nou fèt pou nou vin menm jan avèk Li yon jou? Nan ki fason verite sa a afekte chwa n ap fè sou tè a?

Women 10:17

Lafwa vini nan koute pawòl Bondye a.

Timoun yo gen anpil opòtinite pou yo tande pawòl Bondye a. Ede yo wè kijan tande pawòl Bondye a ka fòtifye lafwa yo.

Aktivite posib

  • Ekri fraz sa a sou tablo a: soti nan , ak nan nan . Mande timoun yo pou yo ranpli espas blanch yo lè yo fin li Women 10:17. Pale de yon okazyon kote yon moun te anseye yon verite levanjil ki te ede fòtifye lafwa ou—petèt ou ka pataje yon ekriti favori oubyen yon sitasyon yo te bay nan konferans jeneral. Envite timoun yo pou yo pataje pwòp eksperyans pa yo.

  • Ba yon timoun yon foto Sovè a ki ap geri yon moun epi di l pou l pa kite lòt timoun yo wè foto an. Mande yo chak pou yo bay poul pou ede lòt timoun yo devine kisa foto a montre. Kijan nou ka pataje sa nou konnen sou Sovè a avèk lòt moun pou yo ka gen lafwa nan Li?

Women 14:10,13

“Se pou nou youn pa … jije lòt.”

Lè timoun yo gen relasyon avèk lòt timoun ki fè chwa ki pa menm avèk chwa pa yo, yo gen dwa gen tandans pou yo pote jijman. Chèche wè kijan konsèy Pòl te bay Women yo ka ede yo evite jijman sa yo.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l li Women 14:10,13 Mande lòt yo pou yo konte konbyen fwa Pòl te itilize mo jijea. Kisa jije yon moun vle di? Poukisa nou dwe evite jije lòt moun?

  • Montre foto yon moun, epi mande timoun yo kisa nou konnen sou moun sa a pandan nou ap sèlman gade foto a. Ki lòt bagay nou pa konnen konsènan li? Poukisa Senyè a se pi bon moun ki pou jije moun sa a (gade nan 1 Samyèl 16:7)

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Mande timoun yo pou yo chwazi yon aktivite ou te fè nan yon klas la epi pou yo fè l avèk fanmi yo. Di yo nan semèn ki ap vini an yo ka pataje sa yo te fè a.

Amelyore Ansèyman Nou

Bay timoun yo opòtinite pou yo bouje. Souvan li difisil pou timoun chita atantivman pandan peryòd ki long. De tanzantan, envite timoun yo kanpe pou yon pati nan kou a oubyen chita atè a olye yo chita sou chèz yo.