Nouvo Testaman 2023
7–13 Out. Woman 1–6: “Pouvwa Bondye pou Sali“


“7–13 Out. Woman 1–6: ‘Pouvwa Bondye pou Sali’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“7–13 Out. Women 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Pòl k ap ekri yon epit

7–13 Out

Women 1–6

“Pouvwa Bondye pou Sali“

Ki enspirasyon ou resevwa pandan w ap li Women 1–6la? Enspirasyon sa yo ta ka ede w chwazi pami ide ansèyman sa yo oubyen prepare pa w.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo pataje sa yo te fè an repons a envitasyon w te ba yo nan leson semèn pase a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Women 1:16–17

M ka montre lafwa m nan Jezikri nan suiv Li.

Pòl te anseye ke levanjil la gen pouvwa pou pote sali pou tout moun ki viv pa lafwa nan Jezikri. Kijan w ka ede timoun yo montre lafwa yo nan Jezikri nan suiv li?

Aktivite posib

  • Li Women 1:17 pou timoun yo, epi ede yo memorize fraz “Jis la va viv pa lafwa.” Ou ka bay chak timoun yon mo nan yon fraz epi mande yo pou yo repete mo sa a lè w montre yo li. Eksplike ke fraz sa a vledi nou dwe gen lafwa nan Jezikri. Mande yo si yo konn kisa lafwa ye. Montre yon foto Jezikri epi eksplike ke nou kwè Li reyèl menmsi nou pa wè Li. Sa se lafwa—kwè nan yon bagay menmsi nou pa wè l.

  • Eksplike yo ke nou montre lafwa nou nan Jezikri nan obeyi Li. Nan tout sal la, kache foto moun k ap fè sa Jezi mande nou pou nou fè. Fè timoun yo chak pran tou pou yo jwenn foto yo ak dekri yo. Kisa nou ka fè pou nou suiv Jezi?

  • Bande je youn nan timoun yo, epi gide l atravè sal la jiska foto Jezi a. Si w gen tan, fè sa pou chak lòt timoun yo tou. Ede yo konprann ke yo ta dwe suiv ansèyman Jezi yo jan yo te suiv gidans ou a.

Women 6:1–11

Lè nou batize se tankou nou vin yon nouvo moun.

Timoun w ap anseye yo ap prepare yo pou batèm. Kisa yo ka aprann apwopo batèm nan Women 6?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo repete fraz “Mache nan yon nouvo lavi” a (Women 6:4). Di timoun sa sa vle di pou ou. Paregzanp, ou ta gen dwa pataje souvni sou jou w te batize a epi rakonte yo kijan batèm ou ede w vin plis tankou Jezikri. Itilize paj aktivite semèn sa a pou anseye timoun yo ke batèm ap ede nou vin yon moun nouvo.

  • Si gen nan timoun yo ki te asiste yon batèm, envite yo pataje eksperyans yo. Oubyen montre foto yon moun ki ap batize (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.35, 103–4). Ede yo konprann ke nan batèm nou fè pwomès pou nou vin tankou Jezi. Envite yo pou yo desine tèt yo k ap batize epi pataje sa yo ka fè pou yo prepare yo pou batèm yo.

  • Chante avèk timoun yo yon kantik sou batèm, tankou “Le jour de mon baptême” (Chants pour les enfants, 53). Kisa kantik sa a aprann nou osijè batèm?

Imaj
moun k ap batize

Batèm senbolize kòmansman yon nouvo lavi antanke yon disip Kris la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Women 1:16–17

M ka montre lafwa m nan Jezikri nan suiv Li.

Pòl te anseye ke levanjil la gen pouvwa pou pote sali bay tout moun k ap viv pa lafwa nan Jezikri. Lafwa se premye prensip levanjil la. Li motive nou pou n obeyi kòmandman yo. Kijan w ka ede timoun yo pi byen konprann lafwa?

Aktivite posib

  • Mande yon timoun pou l chèche Wòm sou yon kat jeyografik. Ede yo konprann ke nan pwochen semèn yo, yo pral aprann lèt Pòl te ekri manm Legliz yo nan diferan andwa, kòmanse avèk lèt pou Women yo.

  • Ekri tèks ki nan Women 1:16 la sou tablo a, kote w ap ranplase l kèk mo nan espas blanch. Mande timoun yo pou yo chèche ekriti yo epi konplete espas blanch yo. Envite yo pou yo di kisa fraz “Mwen pa wont levanjil Kris la” vledi pou yo.

  • Envite yon timoun pou l li Women 1:17fò, epi mande lòt yo pou yo koute pou wè si yo tande yon mo repete. Kisa sele vle di “viv pa lafwa”? Ede timoun yo jwenn yon definisyon sou lafwa nan yon resous tankou Gid Ekriti yo, “Lafwa” (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Nan kisa lavi nou t ap diferan si nou pa t gen lafwa nan Jezikri?

  • Montre timoun yo yon plant ak yon semans, epi mande kijan nou ka ede yon semans vin tounen yon plant. Eksplike yo ke lè nou plante yon semans epi nou wouze li, nou montre nou gen lafwa ke l ap grandi. Kijan nou montre nou gen lafwa nan Jezikri? Panse pou chante yon kantik sou lafwa, tankou “Lafwa” (Chants pour les enfants, 50–51), kòm pati aktivite sa a.

Women 3:23–24

Nou tout bezwen Jezikri pou n ka jwenn padon pou peche nou.

Pòl te vle Women yo konprann ke sali vini sèlman atravè Jezikri ak gras Li. Medite sou fason w ka anseye timoun yo verite sa a.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yon fraz nan Women 3:23–24la, ekri sou yon moso papye. Envite timoun yo pou yo mete fraz yo nan lòd kòrèk la epi li vèsè yo ansanm. Mande timoun yo kisa yo aprann nan vèsè sa yo. Eksplike ke “lagras” nan vèsè 24 la vledi kado lanmou Sovè a ak mizèrikòd Li, ki rann posib pou nou resevwa padon pou peche nou epi pou nou vin pi bon.

  • Kwoke yon foto sou yon mi oubyen nan yon lòt kote timoun yo pa ka atenn ni. Fè yo eseye atenn ni, epi konpare sa avèk sa Pòl anseye nan Women 3:23a. Apresa ede yo atenn foto a. Kisa Sovè te fè pou nou ke nou pa ka fè pou tèt nou? Envite timoun yo pou yo di kijan yo santi yo osijè Sovè a lè yo panse a sa L te fè pou yo.

Women 6:1–11

Lè nou batize se tankou nou vin yon nouvo moun.

Pòl te anseye ke batèm senbolize lanmò ak Rezirèksyon Kris la. Li senbolize tou ke n ap leve pou n al “mache nan yon nouvo lavi” (Women 6:4). Nou renouvle angajman nou pou n mache nan yon nouvo lavi chak fwa nou pran sentsèn.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l li Women 6:3–6. A kisa Pòl te di batèm “sanble“?

  • Eksplike yo poukisa batèm senbolize lanmò ak rezirèksyon. Sa ta ka ede si w ta montre yo yon foto sou batèm oubyen pase yon video tankou “Batèm Jezi a” (ChurchofJesusChrist.org). Poukisa lanmò ak rezirèksyon se bon senbòl sou sa k rive lè nou batize?

  • Li priyè sentsèn yo ansanm (gade Doktrin ak Alyans 20:77,79). Raple timoun yo ke lè nou pran sentsèn, nou renouvle angajman pou nou suiv Jezikri ke nou te pran lè nou te batize a. Kijan sentsèn nan ede nou “mache nan yon nouvo lavi”?

  • Envite timoun yo pou yo desine foto ki montre kisa sa vledi pou yo “mache nan yon nouvo lavi.” Yo ka mete foto sa yo nan chanm yo pou ede yo sonje pou yo fè bon chwa.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje yo pou yo mande manm fanmi yo pou fè yo konnen kilè yo wè timoun fè yon bagay ki montre lafwa.

Amelyore Ansèyman Nou

Bati konfyans timoun yo. Felisite timoun yo lè yo patisipe nan klas la. Sa se youn nan fason pou bati konfyans yo pou fè yo konnen yo ka aprann levanjil la.