Vini, Suiv Mwen
24–30 Out. Elaman 7–12: “Sonje Senyè a”


“24–30 Out. Elaman 7–12: ‘Sonje Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“24–30 Out. Elaman 7–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Nefi k ap priye nan yon tour nan yon jaden

Ilistrasyon Nefi nan tour la nan jaden an pa Jerry Thompson

24–30 Out.

Elaman 7-12.

“Sonje Senyè a”

Pandan w ap li Elaman 7–12 la, reflechi sou kijan istwa ak prensip ki nan chapit sa yo ka pote benefis pou timoun w ap anseye yo. Ide nan plan leson sa a ka konplete enspirasyon w ap resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo sa yo konnen apwopo pwofèt Nefi, pitit gason Elaman an (gade Elaman 7–12). Si nesesè, eksplike yo diferans ant pwofèt sa a ki te rele Nefi a ak pwotèt ki te rele Nefi nan kòmansman Liv Mòmon an.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Elaman 7:20

Senyè a vle m sonje li.

Nefi t ap mande tèt li si moun yo te detounen yo de Bondye epi yo te bliye li. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo aprann kijan yo ka sonje Pè Selès la avèk Jezi?

Aktivite posib

  • Pataje yon eksperyans avèk timoun yo kote w te bliye yon bagay enpòyan. Mande yo si yo konn bliye yon bagay. Li Elaman 7:20 pou yo, epi eksplike yo ke Nefit yo te chwazi pou yo te bliye Bondye. Pwofèt Nefi te vle yo sonje Bondye. Nan yon sache, pote kèk foto ki reprezante fason timoun yo ka sonje Pè Selès la ak Jezi. Fè yo chak pran tou pa yo pou chwazi yon foto epi di kijan nou ka sonje Bondye chak jou.

  • Ede yo konplete paj aktivite semèn sa a.

Elaman 8:13–23

Pwofèt yo temwaye de Jezikri.

Nefi te temwaye ke Jezikri t ap vini, epi li te envite moun yo pou yo te repanti epi suiv li. Itilize chapit sa yo pou w anseye timoun yo ke pwofèt yo temwaye de Jezikri.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Jezikri, epi di yo ke pwofèt tankou Nefi yo envite nou pou nou suiv Jezi. Li pawòl sa yo osijè pwofèt yo nan Elaman 8:22: “Yo temwaye konsènan Kris la k ap vini an, yo te espere e yo te rejwi nan jou li a k ap vini an.” Di yo yon bagay pwofèt vivan nou an te di konsènan Sovè a.

  • Chante ansanm yon kantik sou pwofèt, tankou (Suis les prophètes”Chants pour les enfants, 58-59). Chwazi yon fraz nan kantik la, epi ekri yon mou ladan l sou plizyè papye fòm tras pye. Mete yo atè a nan direksyon foto Sovè a. Envite timoun yo pou yo suiv tras pye yo, epi ede yo li pawòl yo.

Elaman 10:11–12

M ap obeyi Pè Selès la.

Egzanp Nefi sou obeyisans la ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo obeyi Senyè a.

Aktivite posib

  • Li Elaman 10:2, 11–12, epi ede yo konprann ke Nefi te obeyi Bondye. Envite yo pou yo mime sa Nefi te fè yo. Paregzanp, mande yo pou yo mache al nan yon bò sal la (kòmsi yo t apral lakay yo, kanpe, vire tounen, epi mache al nan lòtbò sal la (kòmsi y ap retounen al anseye moun yo). Ede yo wè ke Nefi te vle obeyi Senyè a malgre l t ap gen pou fè yon bagay difisil.

  • Ede yo konprann ke pafwa, Pè Selès la vle nou fè yon bagay ki diferan de sa nou anvi fè, men nou ka obeyi li jan Nefi te fè a. Pataje kèk fraz avèk yo tankou: “Pafwa m konn anvi fache men, Pè Selès la vle pou m … ,” epi kite yo fini fraz la. Ankouraje yo pou yo sonje pou yo fè yon ti poz pou reflechi sou sa Pè Selès la vle yo fè epi apresa fè li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Elaman 7–11.

M ap an sekirite spirityèlman si m suiv pwofèt la.

Prezidan James E. Faust te anseye: “Sekirite nou chita nan obeyi sa (Prezidan Legliz la) di ak nan suiv konsèy li” (“Continuous Revelation,” Ensign, Nov. 1989, 10).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè yon lis sou tablo a sou sa yon pwofèt fè (gade “Pwofèt,” Gid Ekriti yo, scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Ede yo chèche nan Elaman 7:1–2, 27–29; 8:22–23; ak 10:3–4, 6–7 pou wè kijan Nefi te fè kèk bagay ki te nan lis li yo. Kilè nou wè pwofèt aktyèl nou an fè bagay sa yo? Rann temwayaj ou konsènan pwofèt vivan an. Pou ilistre enpòtans pwofèt yo, pase premye minit videyo “Santinèl sou tou a” (ChurchofJesusChrist.org).

  • Li Elaman 11:3–7 (oubyen repase “Chapit 39: Nefi resevwa gwo pouvwa,” Istwa Liv Mòmon yo, 108–10, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Mande timoun yo pou yo koute sa k te rive moun ki pa t koute pwofèt la. Kisa k ka rive si nou pa koute pwofèt la? Ki benediksyon nou jwenn lè nou obeyi li? Pale de yon bagay pwofèt nou an te anseye, epi ankouraje timoun yo pou yo suiv sa l te anseye a.

Elaman 7:20–21

Senyè a vle m sonje li.

Timoun w ap anseye yo ap gen pou yo rankontre distraksyon ki ka lakoz yo bliye Pè Selès la ak Jezikri. Kijan w ka motive yo pou yo konsakre tan nan bagay spirityèl yo?

Aktivite posib

  • Li Elaman 7:20–21 ansanm, epi mande yo kisa yo panse sa vledi pou yon moun bliye Bondye. Eksplike yo ke mo bliye a ka vledi “neglije” oubyen “inyore” tou. Montre yon foto Sovèa, epi envite timoun yo pou yo desine kèk bagay yo pase twòp tan ap fè ki ka kaloz yo bliye Senyè a. Mete desen yo a sou foto Jezi a. Mande yo pou yo panse ak kèk bagay yo ka fè chak jou pou sonje Pè Selès la ak Jezi. Pandan y ap pataje sa yo panse, retire desen yo youn pa youn jiskaske foto Jezi a parèt.

  • Ede yo kolore ak konplete paj aktivite semèn sa a.

Elaman 10

Lè m medite sou pawòl Bondye yo, m ka resevwa revelasyon.

Èske timoun w ap anseye yo konnen kisa medite vledi? Ede yo konprann ke Nefi te jwenn benediksyon revelasyon lè l te medite sou sa Senyè a te montre l yo.

Aktivite posib

  • Ede yo konprann kisa savledi pou n medite (gade “Medite,” Gid Ekriti yo, scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Envite yo pou yo panse ak lòt mo ki dekri kisa medite vledi. Apresa mande yo pou yo li Elaman 10:1–3 epi ranplase mo medite a pa mo yo panse yo. Kisa k te pase lè Nefi te medite sou ekriti yo? (gade Elaman 10:3–7). Rakonte yon eksperyans kote w te resevwa revelasyon apre w te fin medite sou yon ekriti oubyen yon revelasyon modèn, oubyen yon eksperyans spirityèl.

  • Bay timoun yo tan pou yo li Elaman 10, oubyen li ansanm avèk yo epi ankouraje yo pou yo jwenn yon vèsè yo ta renmen medite sou li pandan semèn k ap vini an. Mande yo pou yo ekri vèsè yo chwazi a sou yon papye oubyen yon kat epi mete l yon kote pou raple yo pou yo medite sou vèsè sa a pandan semèn k ap vini an. Nan pwochèn klas la, ba yo tan pou yo pataje sa yo te aprann pandan yo t ap medite sou vèsè a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo sa yo planifye pou yo fè pou yo ka sonje Pè Selès la ak Jezikri chak jou. Yo gen dwa envite fanmi yo travay sou bi yo a avèk yo.

Amelyore ansèyman nou

Lanse envitasyon ki respekte libabit. Lè w ap envite timoun yo pou yo aji selon sa w ap anseye yo, panse ak fason pou w respekte libabit yo pandan y ap aplike sa yo aprann yo. Paregzanp, apre yon leson sou Sovè a, ou gen dwa mande: “Kisa nou pral fè pou nou sonje Sovè a semèn sa a?”