Vini, Suiv Mwen
17–23 Out. Elaman 1–6: “Wòch Redanmtè nou an”


“17–23 Out. Elaman 1–6: ‘Wòch Redanmtè nou an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“17–23 Out. Elaman 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
vag k ap frape sou wòch

17–23 Out.

Elaman 1–6

“Wòch Redanmtè nou an”

Aktivite ki nan plan leson sa yo prepare pou ba w kèk ide ak enspirasyon nan kè w ak nan lespri w. An jeneral, pi bon ide yo vini lè, nan lapriyè, ou medite sou ekriti yo ak sou bezwen timoun w ap anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou soutni timoun yo nan aprantisaj levanjil la lakay yo, envite kèk nan yo pou pataje yon bagay yo te aprann semèn sa a. Dekri kijan w etidye levanjil la lakay ou, epi pale de fason yo ta ka ede fanmi yo aprann nan Liv Mòmon an.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Elaman 5:12

M ka bati fondasyon m sou Jezikri nan:

Elaman te anseye pitit gason l yo Nefi ak Leyi pou yo bati lavi yo sou wòch Redanmtè nou an. Li ka fè menm bagay la pou timoun w ap anseye yo tou.

Aktivite posib

  • Montre foto yon tanp oubyen foto yon lòt batiman, epi eksplike yo ke batiman yo bezwen gen fondasyon ki solid pou yo pa tonbe lè gen van ak tanpèt. Pou ilistre sa, envite timoun yo pou yo soufle sou yon wòch pou eseye deplase li. Li premye liy nan Elaman 5:12 yo, epi mande yo pou yo leve men yo lè yo tande kiyès ki “wòch” ki dwe fondasyon nou an.

  • Mande yo pou yo fè kèk jès pandan w ap li Elaman 5:12. Paregzanp, yo gen dwa ajite bra yo lè w ap li apwopo “van vyolan” dyab la voye yo epi kanpe anplas lè w li apwopo “wòch Redanmtè nou an.”

  • Mande yo pou yo ede w bati yon edifis kote w ap itilize blòk oubyen lòt materyèl. Kòmanse pa fòme yon “fondasyon asire,” epi anseye yo kijan Jezikri dwe fondasyon lavi nou. Mande yo pou yo pale de kèk bagay yo ka fè pou yo suiv Jezikri, epi fè yo ajoute yon blòk sou fondasyon edifis la pou chak bagay yo di.

  • Mande yo pou yo kolore paj aktivite a, epi ede yo koupe li. Kisa nou ka fè pou bati lavi nou sou fondasyon Jezikri? Pataje kèk fason ou te bati lavi w sou Sovè a ak kijan sa te beni lavi w.

Elaman 5:21–52

Sentespri a chichote avèk yon ti vwa dous.

Deskripsyon nan Elaman 5:29–30, 45–47 la sou vwa Lamanit yo te tande a sanble ak fason nou souvan dekri kijan Sentespri a pale. Ou gen dwa itilize vèsè sa yo pou ede timoun yo rekonèt vwa Lespri a.

Aktivite posib

  • Rakonte istwa Nefi ak Leyi nan prizon an. Ou gen dwa itilize “Chapit 37: Nefi ak Leyi nan prizon an nan (Istwa Liv Mòmon yo, 99–102, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Lè w ap pale de vwa Lamanit yo te tande a, pale nan yon ti vwa dous. Repete istwa a plizyè fwa, epi envite yo pou yo chichote avèk ou. Pale yo de kèk moman kote Sentespri a te chichote w kèk bagay ak fòtifye temwayaj ou.

  • Li Elaman 5:30, epi chante yon chak sou Sentespri a avèk timoun yo, tankou “Petite voix douce” (Chamts pour les enfants, 106–7). Fè yo remake mo nan vèsè ekriti a nan kantik la ki dekri kijan Sentespri a pale avèk nou (gade tou Elaman 5:45–47). Itilize Elaman 5:29 la ak pwòp eksperyans pa w pou w pale yo de kèk egzanp bon bagay Sentespri a ka enspire nou pou nou fè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Elaman 1–6

Lè m enb, Pè Selès la ap beni m.

Liv Mòmon an gen anpil egzanp sou danje lògèy ak benediksyon imilite, epi, plizyè nan egzanp sa yo parèt nan Elaman 1–6 la. Pandan w ap etidye chapit sa yo, reflechi sou fason w ka itilize egzanp sa yo pou anseye timoun yo nan klas ou a.

Aktivite posib

  • Fè yo ede w desine dyagram sa a sou “cycle ògèy” sou tablo a. Li Elaman 3:24, 33–34 ak 4:11–15 la ansanm, epi envite yo pou yo montre w kèk pati nan sik la vèsè sa yo dekri yo.

  • Ekri mo Enb ak Ògeye yo sou tablo a. Ekri kèk egzanp sou imilite ak ògèy sou kèk ti moso papye, epi envite timoun yo pou yo chak pran tan pou chwazi yon papye epi mete l bò kote mo ki dekri aksyon sa a. Nan ki fason nou ka chwazi pou nou enb?

Imaj
Cycle ògèy la

“Cycle ògèy” la.

Elaman 5:5-14.

M ap bati fondasyon m sou Jezikri.

Elaman 5:12 gen imaj puisan sou bati fondasyon nou sou Jezikri. Kijan w ka itilize imaj sa yo pou ilistre prensip sa a pou timoun yo? Si w fè sa, sa ap prepare yo pou tantasyon ak eprèv yo pral gen pou fè fas yo.

Aktivite posib

  • Pote kèk materyèl ki ka reprezante fondasyon solid oubyen fèb nan klas la (tankou boul koton, oubyen yon moso wòch oswa mozayik) . Mande timoun yo pou yo bati yon tou kote y ap itilize blòk oubyen lòt materyèl nan diferant kalite fondasyon. Kisa k fè kèk fondasyon pi solid pase lòt? Li Elaman 5:12 ansanm, epi mande timoun yo poukisa yo panse Jezikri se “yon fondasyon asire” pou lavi nou. Kijan nou ka bati lavi nou sou li? Envite yo pou yo gade Elaman 3:27–29, 35 ak Atik Lafwa 1:4 pou yo ka jwenn ide.

  • Envite yo pou yo li Elaman 5:5–14 epi konte konbyen fwa yo mansyone mo “sonje” a. Kisa Elaman te anseye pitit gason l yo ke yo ta dwe sonje? Kijan sonje bagay sa yo ede nou fè Jezikri vin fondasyon lavi nou?

Elaman 5:20–52

Repantans ranplase tenèb spirityèl avèk limyè.

Lamanit ki te ale nan prizon an pou te touye Nefi ak Leyi yo te antoure pa yon nyaj tenèb. Lè nou peche, nou nan tenèb spirityèl. Elaman 5:20–52 anseye nou kijan “nyaj tenèb” spirityèl nou yo ka anlve (vèsè 41).

Aktivite posib

  • Mete klas la nan otan fènwa sa posib; epi apresa li oubyen rezime istwa nan Elaman 5:20–40 la pandan w ap itilize yon ti flach. Kijan Lamanit yo dwe te santi yo nan fènwa a? Mande timoun yo pou yo koute kisa Aminadab te anseye moun yo pou yo te fè pou fènwa a te ka ale, epi apresa, li vèsè 41 an. Apresa, limen limyè yo, epi li vèsè 42–48 yo ansanm. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou benediksyon repantans pote nan lavi nou?

  • Mande timoun yo pou yo imajine ke yo ap anseye yon timoun ki pi piti sou Sentespri a. Kijan yo ta ka itilize Elaman 5:29–33, 44–47 la pou anseye l a kisa vwa Lespri a sanble ak kèk bagay Lespri a di nou? Kijan Sentespri a te enspire w pou w repanti? Mande timoun yo pou yo pataje eksperyans kote yo konn santi lapè ak rekonfò Sentespri a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande yo pou yo poze manm fanmi yo kesyon sou fason yo te bati lavi yo sou Jezikri. Oubyen yo gen dwa rakonte fanmi yo ki fason yo planifye pou yo bati pwòp lavi pa yo sou li.

Amelyore ansèyman nou

Aprann konsènan Jezikri. Ou gen yon opòtinite sakre pou w ede fòtifye temwayaj grandisan timoun nan klas ou yo. Ede yo santi amou Jezi pou yo, epi rann temwayaj ou konsènan li souvan.