Vini, Suiv Mwen
10–16 Out. Alma 53–63: “Prezève pa pouvwa mèveye li


“10–16 Out. Alma 53–63: ‘Prezève pa pouvwa mèveye li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“10–16 Out. Alma 53–63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
De mil jèn gèrye yo

De mil jèn gèrye yo, pa Arnold Friberg

10–16 Out

Alma 53–63

“Prezève pa pouvwa mèveye li”

Pandan w ap li Alma 53–63 la, panse sou fason ou ka rann istwa ki nan chapit sa yo vivan pou timoun yo epi ede yo aprann prensip levanjil istwa sa yo anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou prepare timoun yo pou yo aprann nan Alma 53–63, envite yo pou yo di kisa yo sonje sou Anti-Nefi-Leyi yo (gade Alma 23–24). Pou ede yo, montre yon foto w te itilize pou anseye istwa a, oubyen raple yo yon aktivite ou te fè nan klas la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 53:20–21; 56:27, 47–48

Mwen ka fidèl anvè Bondye menmjan ak jèn gèrye Elaman yo.

Jèn gèrye Elaman yo ka yon bon egzanp pou timoun nan klas ou yo. Ankouraje yo pou yo eseye vin tankou yo.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l kenbe foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pandan w ap fè rezime istwa jèn gèrye Elaman yo. Ou gen dwa itilize “Chapit 34: Elaman ak 2.000 jèn gèrye yo” (Istwa Liv Mòmon yo, 93–94, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Fè timoun yo di kisa yo konnen ak kisa yo renmen apwopo istwa 2.000 jèn gèrye yo.

  • Mande yon tifi ak yon tigason pou reprezante manman ak papa jèn gèrye yo. Pandan w ap li Alma 56:27 ak 47–48 la, bay timoun sa yo kèk bagay pou yo kenbe ki reprezante manman ak papa ki te ede jèn gèrye yo, tankou yon sache manje pou reprezante “pwovizyon” papa yo te voye ak ekriti yo pou reprezante ansèyman manman yo te bay yo yo. Mande yo pou yo di kisa paran yo ba yo oubyen anseye yo.

  • Li Alma 53:20–21, epi ede yo konprann kisa mo tankou vanyan, kouraj, fòs, ak vrè yo vledi. Dekri kijan jèn gèrye yo te demontre kalite sa yo. Prepare senp etikèt pou timoun yo ki di: “Lè m , mwen menmjan ak yon jèn geryè!” Ede timoun yo ranpli espas blanch yo avèk yon kalite yo chwazi nan Alma 53:20–21 la.

  • Ede timoun yo kolore ak konplete paj aktivite semèn sa a. Envite yo pou yo konplete paj aktivite semèn sa a. Chante ansanm “Proclamons la vérité” (Chants pour les enfants, 92–93).

Alma 58:32–41

Lè m santi m enkyè, mwen ka fè Bondye konfyans.

Lè limenm ak lame l la t ap travèse kèk moman difisil, Elaman te mete konfyans nan Senyè a. Kisa timoun w ap anseye yo ka aprann nan egzanp li?

Aktivite posib

  • Desine yon vizaj tris sou tablo a, epi pale sou fason Elaman te enkyè paske lame l la pa t gen ase manje pou yo te manje ni ase moun pou yo te ka kontinye batay (gade Alma 58:32–41). Mande timoun yo pou yo pale de yon lè kote yo te santi yo enkyè. Li Alma 58:37 (oubyen ede yon timoun li l), epi ede lòt timoun yo chanje vizaj sou tablo a vin fè l tounen yon vizaj souriyan pou montre kijan Elaman te santi l paske l te gen konfyans nan Bondye. Kisa nou ka fè lè nou santi n enkyè? Chante “Sourires” ansanm ak timoun yo (Chants pour les enfants, 128).

  • Sou kèk ti moso papye, ekri kèk bagay timoun yo ka enkyè pou yo. Fè yo chak pran tan pou chwazi yon papye pou w ka li, epi envite yo pou yo di kijan Bondye te ka ede yo avèk sousi sa yo. Pataje yon eksperyans kote Bondye te ede w lè w te enkyè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 56:45–48; 57:21, 25–27; 58:39–40

Mwen ka fidèl menmjan ak jèn gèrye Elaman yo.

Ki verite nan istwa jèn gèrye Elaman yo ki ka ede timoun yo avèk pwoblèm y ap fè fas?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan jèn gèrye yo. Ou gen dwa itilize “Chapit 34: Elaman ak 2.000 jèn gèrye yo nan (Istwa Liv Mòmon yo, 93–94, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Fè yo di kisa yo admire nan gèrye sa yo.

  • Li Alma 56:45–48; 57:21, 25–27; ak 58:39–40 ansanm. Mande timoun yo pou yo chèche mo ak fraz nan vèsè sa yo ki dekri jèn gèrye yo. Kisa mo ak fraz sa yo vledi? Kijan nou ka tankou jèn gèrye sa yo?

  • Li Alma 56:46–48 pou yo, epi envite yo pou yo koute kisa manman jèn gèrye sa yo te anseye yo sou lafwa. Kijan paran nan epòk pa nou yo ede pitit yo gen lafwa? Poukisa li enpòtan pou timoun yo suiv ansèyman jis paran yo ak dirijan Legliz yo avèk “egzaktitid”?? (Alma 57:21).

Imaj
manman k ap anseye pitit gason li

Semans lafwa, pa Jay Ward

Alma 53:10–17; 56:27

Mwen ka kenbe alyans mwen.

Jèn gèrye yo ak paran yo te fè alyans ke yo te fidèlman respekte. Ou gen dwa itilize istwa sa a pou anseye timoun yo sou enpòtans alyans.

Aktivite posib

  • Divize yo an twa gwoup: youn pou reprezante Elaman, yon lòt pou reprezante pèp Amon an, epi twazyèm nan pou reprezante pitit gason pèp Amon yo. Li Alma 53:10–17 ansanm, epi fè gwoup yo di kijan moun yo reprezante yo te fè ak kenbe alyans. Rann temwayaj ou ke Pè Selès la beni nou lè nou kenbe alyans nou.

  • Ekri sou tablo a kèk fraz nan Mozya 18:8–10 oswa Doktrin ak Alyans 20:37 ki dekri kisa nou fè alyans pou nou fè lè nou batize. Epi ekri kèk lòt fraz ki pa gen rapò avèk alyans tou. Mande timoun yo pou yo ansèkle bagay nou fè alyans pou nou fè yo (kite yo itilize ekriti yo si nesesè). Kijan nou beni lè nou kenbe alyans nou yo? Ankouraje yo pou yo ekri kisa yo te pwomèt Bondye pou yo te fè epi afiche lis la nan yon kote yo ka wè l souvan.

  • Envite yon timoun pou l li Alma 56:27. Kijan papa yo te ede pitit gason yo san yo pa t kraze alyans yo te fè pou yo pa t goumen ankò a? Kiyès ki sipòte nou nan kenbe alyans nou yo?

Alma 61:3–14

Mwen ka chwazi pou m pa fache.

Mowoni te fosman akize Paoran, men olye l te fache, Paoran te di: “Mwen … rejwi poutèt grandè kè w” (Alma 61:9).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo panse ak yon lè kote yo te akize yo ke yo te fè yon bagay yo pa t fè. Rakonte yo kijan sa te rive Paoran (gade Alma 60–61). Ou gen dwa itilize “Chapit 35: Kapitèn Mowoni ak Paoran an nan (Istwa Liv Mòmon yo, 95–97, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Pou n aprann sou fason Paoran te reyaji, pran tan pou li vèsè nan Alma 61:3–14 a. Kisa Paoran te fè lè yo te akize li? Kisa nou aprann sou padon nan egzanp Paoran an? Kijan nou ka tankou li?

  • Ekri Kisa m ta dwe fè lè yon moun fache avèk mwen? sou tablo a. Mande yo pou yo pran tan pou yo ekri kèk repons sou tablo a. Kijan Paoran te ka reponn kesyon sa a? Mande timoun yo pou yo ekri repons sa yo nan yon lèt yo ekri tèt yo pou yo ka li lè yon moun fache avèk yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo yon fason yo vle menmjan avèk jèn gèrye Elaman yo. Yo gen dwa remèsye paran yo paske yo anseye yo menmjan manman jèn gèrye yo te fè a.

Amelyore ansèyman nou

Fè yo patisipe nan diskisyon levanjil yo. Si w chanje dispozisyon klas la, sa ka pafwa ede timoun yo pi byen angaje yo nan diskisyon levanjil yo. Paregzanp, ou ta ka pafwa envite timoun yo pou yo chita an wonn atè a olye ke yo chita sou chèz yo.