Vini, Suiv Mwen
27 Jiyè–2 Out. Alma 39–42: “Gwo plan bonè a”


27 Jiyè–2 Out. Alma 19–42: ‘Gwo plan bonè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“27 Jiyè–2 Out. Alma 39–42,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jezi ak Mari

Madanm, poukisa w ap kriye? pa Mark R. Pugh

27 Jiyè–2 Out.

Alma 39–42

“Gwo plan bonè a”

Apre w fin etidye Alma 39–42 la nan lapriyè, planifye aktivite pou ede timoun yo aprann. Ou gen dwa jwenn kèk ide nan aktivite sa yo ke w ka adapte pou nenpòt ki laj.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite chak timoun pou kanpe epi pataje yon bagay sou levanjil la li te aprann resamman lakay li oubyen nan legliz la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 39:1, 10-11

M ka yon bon zanmi.

Alma te ankouraje Koryanton pou l te suiv bon egzanp frè l yo epi l te avèti Koryanton pou l pa t yon move egzanp pou lòt moun.

Aktivite posib

  • Eksplike ke Chiblon ak Koryanton sete frè epi Chiblon sete yon bon egzanp pou Koryantyon. Mande timoun yo pou yo repete kesyon sa a avèk ou: “Èske l pa tabli yon bon egzanp pou ou?” (Alma .39:1). Mande timoun yo pou yo pale de yon moun ki se yon bon egzanp pou yo.

  • Jwe yon jwèt oubyen chante yon chan kote timoun yo ka suiv ou oubyen imite ou, tankou “Do as I’m Doing” (Children’s Songbook, 276). Fè chak timoun pran yon tou pou yo se dirijan oubyen egzanp. Mande yo kijan yo ka yon bon egzanp pou yon moun.

  • Montre yo foto Jezi k ap fè bon bagay, epi eksplike ke li se egzanp pafè nou. Eksplike ke nou ka bon egzanp, menmjan Jezi te ye a. Envite yo pou yo desine tèt yo k ap bay bon egzanp.

Alma 39:9,13

Pè Selès la ak Jezikri ka ede m korije erè m yo.

Menmsi timoun piti yo pa bezwen repanti, pale yo de Koryanton ka ede yo kòmanse konprann kisa repantans vledi.

Aktivite posib

  • Sa w pa antre nan detay sou nati peche l yo, eksplike ke Koryanton te fè yon move chwa. Kisa nou ta ka di pou ede li? Li sa Alma, papa Koryanton, te di li pou timoun yo: “M ta vle pou w repanti epi pou w kite peche w yo” (Alma 39:9). Di yo ke “repanti” vledi nou mande Pè Selès la avèk Jezikri pou yo padone nou epi ede nou korije erè nou yo epi apresa n ap eseye vin plis sanble avèk yo.

  • Bay yon timoun yon bagay lou pou l kenbe pandan w ap rakonte yon istwa sou yon moun ki te fè yon move bagay epi ki te santi l tris. Di timoun yo ke bagay lou a se tankou move santiman nou genyen lè nou fè yon erè. Pran bagay lou a nan men timoun nan pandan w ap temwaye ke Pè Selès la avèk Jezikri ka retire santiman lou ak negatif yo epi ede nou koreije erè nou yo lè nou repanti. Chante ansanm yon kantik sou repantans, tankou “Repentir””(Chants pour les enfants, 98).

Alma 40:23

M ap resisite.

Ede timoun yo panse avèk jou kote yomenm ak moun ki chè pou yo yo pral resisite a.

Aktivite posib

  • Pandan w ap li Alma 40:23 la fò, fè yo itilize paj aktivite semèn sa a pou ede yo wè kisa vèsè sa a anseye. Mande yo chak pou itilize paj aktivite a pou youn anseye lòt kisa rezirèksyon an ye.

  • Montre foto Sovè resisite a, epi anseye yo yon chan sou Rezirèksyon an, tankou “Jésus est-il ressuscité?” oubyen “Le Christ est ressuscité!” (Chants pour les enfants, 45; Cantiques, no. 122). Fè yon ti rete tanzantan pou eksplike yo sans ak siyifikasyon mo yo ak fraz yo.

  • Mande yo si gen yon moun yo konnen ki te mouri. Rann temwayaj ou ke yon jou moun sa a ak tout moun pral resisite gras avèk Jezikri. Si nesesè, itilize paj aktivite semèn sa a pou eksplike kisa resisite vledi.

    Imaj
    Mari ak Jezi

    Mari ak Senyè resisite a, pa Harry Anderson

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 39:1, 10-11

M ka yon bon egzanp.

Konsèy Alma te bay Koryanton an ka ede timoun yo konprann enpòtans pou yo suiv bon egzanp ak pou yo bon egzanp yomenm.

Aktivite posib

  • Eksplike yo ka pitit gason Alma a, Koryanton, te komèt yon peche grav pandan ke l te dwe ap preche levanjil la. Li dènye mwatye Alma 39:11 la avèk yo, epi mande yo pou yo koute kijan peche Koryanton an te afekte Zoramit yo. Ede yo panse ak kèk moun ki ka enfliyanse pa aksyon yo. Kijan yo ka bon egzanp pou moun sa yo?

  • Li Alma 39:1 an ansanm. Kijan Chiblon, frè Koryanton an, te yon bon egzanp? Mande yo pou yo chèche lòt repons pou kesyon sa a nan Alma 38:2–4. Pale yo de kèk bon egzanp ou konn wè nan lavi ou, epi envite yo pou yo fè menm bagay la tou. Pase videyo “Leson m te aprann lè m te piti” a nan (ChurchofJesusChrist.org), epi mande timoun yo kijan pi gran tigason an te yon bon egzanp.

  • Pote yon flach oubyen foto yon solèy, epi konpare limyè a avèk pouvwa yon bon egzanp. Tou kòm limyè yon flach oubyen limyè solèy la ka ede nou wè yon chemen nou dwe suiv, se konsa tou yon bon egzanp ka montre nou kisa pou nou fè pou nou ka suiv Pè Selès la. Pataje yon eksperyans kote bon egzanp yon moun te ede w. Kisa timoun yo ka fè pou yo ka yon bon egzanp pou lòt moun? Temwaye ke Jezikri se egzanp pafè nou.

Alma 39:9–13

Mwen ka repanti lè m fè erè.

Menmjan avèk nou tout, timoun w ap anseye yo konn peche ak fè erè. Kijan w ka enspire yo pou yo “abandone peche [yo]” epi repanti.?(Alma 39:9).

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon lè kote yo te blese. Kisa yo te fè pou yo te ede blese yo a geri? Eksplike ke peche blese lespri nou, men Sovè a ka geri nou si nou repanti.

  • Mande yo pou yo chèche fraz “repanti epi abandone peche nou” an nan Alma 39:9, epi ede yo konprann kisa “repanti” ak “abandone” vledi. Temwaye ke repantans posib atravè Jezikri ak Ekspyasyon l lan. Li Alma 39:10–14 ansanm pou nou ka jwenn lòt bagay nou ka fè pou ede nou repanti ak evite peche.

Alma 40:6 -7, 11-14, 21-23

Apre lanmò, espri nou al nan mond dèzespri a pou l tann Rezirèksyon an ak Jijman an.

Se tou nòmal pou nou mande kisa k rive nou apre nou fin mouri. Pawòl Alma yo ka ede timoun yo jwenn repons enspire.

Aktivite posib

  • Ekri lanmò, mond dèzespri, rezirèksyon, ak jijman sou moso papye separe, epi kole yo sou tablo a, pa mete yo annòd. Ede timoun yo konprann kisa tèm sa yo vledi. Li Alma 40:6–7, 11–14, ak 21–23 avèk yo, epi mande yo pou yo mete mo sou tablo yo nan lòd kote bagay yo te rive a.

  • Ekri yon lis kesyon sou tablo a ki ka jwenn repons yo nan Alma 40:6–7, 11–14, ak 21–23, epi envite timoun yo pou yo fè chak kesyon matche avèk vèsè ki reponn ni an. Paregzanp, repons pou kesyon “Kijan kò m pral ye lè m resisite?” a nan Alma 40:23. Si nesesè, eksplike yo mo difisil yo pandan y ap li yo. Ankouraje yo pou yo di poukisa yo rekonesan pou plan Pè Selès la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo remèsye yon manm fanmi ki se yon bon egzanp pou yo epi pou yo panse ak yon fason yo ka bon egzanp semèn sa a.

Amelyore ansèyman nou

Enplike sans yo. “Anpil timoun (ak grandèt) aprann pi byen lè plizyè sans enplike. Chèche kijan pou w ede yo itilize sans gade, koute, ak touche yo pandan y ap aprann” (Anseye nan fason Sovè a, 25).