Vini, Suiv Mwen
31 Out–6 Septanm Elaman 13–16: “Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa”


“31 Out–6 Septanm Elaman 13–16: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“31 Out–6 Septanm,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Samyèl, Lamanit la, k ap anseye sou mi an

Samyèl, Lamanit la sou mi an, pa Arnold Friberg

31 Out–6 Septanm

Elaman 13-16

“Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa”

Prepare w pou w anseye a nan li Elaman 13–16 epi medite sou ki aktivite ki ap pi byen ede timoun yo aprann verite ki nan chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto Samyèl, Lamanit la, epi envite e timoun yo pou yo di yon bagay yo konnen sou li. Paregzanp, èske yo ta ka rakonte istwa Samyèl k ap anseye sou mi an oubyen siy yo l te di k t ap parèt lè Jezi t ap fèt la?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Helaman 13:2-5.

Lespri a ka pale nan kè nou.

Lè Samyèl, Lamanit la, te resevwa kòmandman pou l te preche Lamanit yo, Pè Selès la te ede l konnen nan kè li kisa pou l te di yo.

Aktivite posib

  • Anseye timoun yo ke pandan ke noumenm nou itilize mo pou nou youn pale ak lòt, Sentespri a limenm ka kominike atravè santiman nan kè nou. Envite yo pou yo mete men yo sou kè yo chak fwa w repete mo “kè” nan Elaman 13:2–5. Ede yo dekore moso papye an fòm kè ki di: “Lespri a pale avèk mwen nan kè m.”

  • Di yo ke lè yo batize ak konfime, yo pral gen don Sentespri a pou ede yo konnen sa Pè Selès la vle yo fè ak di. Ede yo panse a kèk bagay Sentespri a ta ka di yo, epi envite yo pou yo pataje sa yo ta ka fè pou yo suiv enspirasyon l yo.

Elaman 14:2-7, 20-25

Pwofèt yo pale de Jezikri.

Istwa Samyèl, Lamanit la, se yon gwo opòtinite pou anseye timoun yo ke tout pwofèt yo anseye konsènan Jezikri.

Aktivite posib

  • Montre yo foto Samyèl, Lamanit la, nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi, nan mo senp, pale yo de eksperyans li a nan Elaman 13–16 la. Ou gen dwa itilize “Chaptit 40: Samyèl, Lamanit la, ap pale de Jezikri” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 111–13, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Fè yo di kisa yo konnen osijè Samyèl, Lamanit la.

  • Chante “Samuel raconte l’histoire de l’enfant Jésus” a oubyen setyèm kouplè “Histoires du Livre de Mormon” (Chants pour les enfants, 111–113). Pataje yon bagay ou admire nan Samyèl, epi fè timoun yo di kisa yo renmen nan istwa l la.

  • Nan tout sal la, kache kèk foto ki reprezante siy Samyèl te pwofetize yo ki nan Elaman 14:2–7 ak 20–25 yo. Li yon fraz ki dekri youn nan siy yo, epi mande timoun yo pou yo chèche foto siy sa a. Eksplike ke siy sa yo te ede Nefit yo konnen Jezikri. Temwaye ke, tankou Samyèl, tout pwofèt yo temwaye de Jezikri.

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

Pwofèt yo montre nou wout ki mennen nan Jezikri a.

Elaman 16:1–6.

Mwen beni lè m suiv pwofèt la.

Pè Selès la ba nou yon pwofèt pou ede nou konnen volonte li ak suiv plan l lan. N ap beni di nou koute pawòl pwofèt la epi nou obeyi.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo bati yon ti mi avèk blòk oubyen liv. Pandan w ap itilize yon jwèt oubyen yon poupe pou reprezante Samyèl, fè chak timoun pran tou pa yo pou ede “Samyèl” monte sou mi a pou l anseye moun yo sou Jezikri. (Gade paj aktivite semèn sa a tou.) Li kèk fraz nan Elaman 16:1 ak 5 pou ekeplike ke gen kèk moun ki te kwè Samyèl epi yo te batize. Itilize fraz nan Elaman 16:2 ak 6 la pou montre ke gen lòt moun ki pa t kwè epi yo te ankòlè kont Samyèl. Temwaye ke moun ki suiv pwofèt la, yo beni.

  • Montre yon foto Sovè a, epi mande yon timoun pou l reprezante pwofèt la epi dirije lòt timoun yo nan sal la pandan y ap chante kèk kouplè nan kantik “Suis les prophètes” (Chants pour les enfants, 58–59) oubyen yon lòt chan sou pwofèt. Apresa mande timoun nan ki reprezante pwofèt la pou dirije timoun yo al nan foto Sovè a. Temwaye ke si nou suiv pwofèt la, l ap mennen nou al jwenn Jezikri. Pataje kèk bagay pwofèt nou an te anseye sou Jezi resamman. Kijan nou ka suiv konsèy li?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Elaman 13:2-4.

Lespri a ka pale nan kè nou.

Yon jou, timoun w ap anseye yo pral bezwen konn kijan pou yo fè sa Samyèl te fè a: pataje mesaj Senyè a mete nan kè yo.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Samyèl, Lamanit la (tankou sa k nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) a, epi mande timoun yo kijan Samyèl te fè konnen kisa pou l te di lè l t ap preche anlè mi lavil la. Envite yo pou yo gade nan Elaman 13:2–4 pou yo jwenn yon repons. Pale yo de yon eksperyans kote Sentespri a te ede w konnen nan kè w kisa Bondye te vle w di oubyen fè. Envite yo pou yo rakonte yon eksperyans konsa, si yo te fè youn.

  • Montre foto yon pwofèt vivan k ap pale nan konferans jeneral. Di timoun yo ke Bondye di pwofèt la sa pou l di nou, menmjan li te di Samyèl sa pou l te di Nefit yo. Pale ansanm sou kèk bagay pwofèt la te di ki enspire oumenm oubyen timoun yo.

Elaman 14:2-28.

Pwofèt yo anseye konsènan Jezikri.

Bi mesaj Samyèl la sete pou temwaye de Jezikri epi pou l te envite moun yo pou yo repanti epi vin jwenn ni. Pwofèt nan epòk nou yo gen menm wòl la tou.

Aktivite posib

  • Mande mwatye nan timoun yo pou li Elaman 14:2–6 epi fè desen sou siy nesans Jezi yo. Mande lòt mwatye klas la pou li Elaman 14:20–28 epi desine siy sou lanmò Jezi yo. Apresa mande chak gwoup pou pataje sa yo desine yo. Li Elaman 14:11–12 ansanm, epi mande timoun yo pou yo koute poukisa Samyèl te pwofetize sou siy sa yo. Kijan nou aprann konsènan Jezikri jodia?

  • Eksplike ke menmjan Samyèl, Lamanit la, te anseye sou Jezikri a, se menmjan an pwofèt vivan nou yo fè tou jodia. Pataje yon deklarasyon nan yon mesaj konferans jeneral resan kote pwofèt vivan an te temwaye de Kris la. Mande timoun yo pou yo di kisa pwofèt la te anseye sou Jezikri.

Elaman 16:1-6.

Mwen beni lè m suiv pwofèt la.

Pè Selès la ba nou yon pwofèt pou ede nou konnen volonte li ak suiv plan l lan. Nou beni lè nou koute ak obeyi pawòl pwofèt la.

Aktivite posib

  • Li Elaman 16:1 ak 5 la fò, epi mande timoun yo pou yo kanpe lè yo tande yon bagay moun yo te fè lè yo te kwè nan pawòl Samyèl yo. Apresa li vèsè 2 ak 6 yo, epi mande timoun yo pou yo chita lè yo tande yon bagay moun yo te fè lè yo pa t kwè. Kijan nou ka montre ke nou kwè pawòl pwofèt vivan an?

  • Montre foto yon pwofèt vivan, epi mande timoun yo pou yo di yon bagay yo konnen konsènan li. Di kijan w ap eseye suiv ansèyman l yo ak kijan w jwenn benediksyon lè w fè sa.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo aprann yon bagay pwofèt la te di epi pataje l avèk klas la semèn pwochèn.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje timoun yo pou yo poze kesyon. “Efòse w pou w konsidere kesyon [timoun yo] kòm opòtinite, non pa kòm distraksyon oswa obstak pou leson w lan. … Kesyon sa yo ba w ide valab sou sa timoun yo ap panse, sou ki pwoblèm yo genyen, ak kijan y ap reyaji ak sa y ap aprann yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 25-26).