Vini, Suiv Mwen
14–20 Septanm. 3 Nefi 8–11: “Leve epi vin jwenn mwen”


“14–20 Septanm. 3 Nefi 8–11: ‘Leve epi vin jwenn mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“14–20Septanm. 3 Nefi 8–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jezi parèt devan Nefit yo

Mwen se limyè mond lan pa James Fullmer

14–20 Septanm

3 Nefi 8–11

“Leve epi vin jwenn mwen”

Li 3 Nefi 8–11 avèk timoun w ap anseye yo nan lespri w. Ide ki nan plan leson sa yo ka ede pou gide w nan preparasyon ou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre yon Jezikri ki parèt nan Amerik la, tankou sa k nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Envite timoun yo pou yo montre w detay nan foto a epi pou yo pataje yon bagay yo konnen sou istwa l ap dekri a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

3 Nefi 8–11

Jezikri envite m pou m vin jwenn ni.

Ou gen dwa pa ka pataje tout detay sou aparisyon Sovè a devan pèp Nefi a avèk timoun yo men, ou ka ede yo santi amou l te montre pou pèp la nan 3 Nefi 8–11 la.

Aktivite posib

  • Pale yo de tanpèt ak tenèb yo dekri nan 3 Nefi 8 yo, pandan w ap veye pou w pa efreye yo ni boulvèse yo. Ou gen dwa itilize “Chapit 42: Siy sou Krisifiksyon Kris la tou ki nan Istwa Liv Mòmon yo, 117–19, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Mande yo kijan yo t ap santi yo si yo t ap asiste a tanpèt ak tenèb sa yo. Eksplike ke tanpèt ak tenèb yo sete siy ke Jezi te mouri, epi montre yo yon foto Krisifiksyon an (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 57). Apresa li 3 Nefi 9:13. Kisa Jezi te di l t ap fè pou moun ki repanti yo? Ede timoun yo konprann ke mo “geri” a nan vèsè sa a vledi ke Jezi t ap padone yo.

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pandan w ap dekri aparisyon Sovè resisite a devan Nefit yo ak Lamanit yo nan pwòp mo pa ou. Li ti pasaj sa yo nan 3 Nefi 11 la k ap ede yo santi karaktè sakre evenman sa a. Envite yo pou yo fèmen je yo epi imajine kijan yo t ap santi yo si yo ta wè Jezi. Oubyen pase premye minit videyo “Lajwa m total” la nan (ChurchofJesusChrist.org). Di yo sa w santi lè w ap li ak medite sou evenman sa yo. Temwaye ke Jezi vle nou tout vin jwenn ni epi santi amou li. Konplete paj aktivite semèn sa a avèk timoun yo.

3 Nefi 10:4–6

Jezi pwoteje pèp li a tankou yon manman poul pwoteje ti pou l li.

Foto yon poul k ap rasanble tipoul li yo ka anseye timoun yo sou rekonfò ak pwoteksyon Sovè a ofri si nou vin jwenn ni.

Aktivite posib

  • Montre foto yon poul k ap pwoteje tipou l li yo Li 3 Nefi 10:6, epi di timoun yo kijan yon manman pou l rele ti pousen l yo epi pwoteje yo anba zèl li lè gen danje. Eksplike yo kijan Jezi se tankou manman poul la epi noumenm nou se ti pousen yo. Kijan nou ka vin jwenn ni pou n gen sekirite?

  • Mete yon foto Jezi sou yon mi. Envite timoun yo pou yo mache toutotou klas la pandan w ap li 3 Nefi 10:4 la fò. Di yo pou yo mache al nan foto Jezi a lè yo tande mo “sanble” oswa “rasanble” yo. Repete aktivite sa a pandan w ap li vèsè 5 ak 6 yo. Di timoun yo kijan w konn vin jwenn Sovè a pou sekirite, epi temwaye ke l ap pwoteje nou anba danje spirityèl yo si nou kenbe kòmandman l yo.

3 Nefi 11:21–26

Jezikri vle m batize.

Timoun w ap anseye yo ap prepare yo pou yo batize. Ansèyman Kris la nan pasaj sa yo ka ede yo konn poukisa batèm enpòtan.

Aktivite posib

  • Li 3 Nefi 11:21–26, epi envite yo pou yo kanpe chak fwa yo tande mo “batize” a. Eksplike yo ke Jezi te anseye nou fason kòrèk pou n batize a. Montre foto yon timoun k ap batize (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.104 Si yo konn asiste yon batèm anvan sa, envite yo pou yo dekri sa yo te wè. Kiyès ki te fè batèm nan, e kijan l te fè l?

  • Alavans, envite papa youn nan timoun yo pou vin nan klas la pou di timoun yo poukisa li enpòtan pou nou batize pa imèsyon pa yon moun ki detni prètriz la. Li gen dwa eksplike yo sa k pral fèt lè y ap batize tou ak benediksyon yo pral resevwa. Ankouraje l pou l itilize 3 Nefi 11:23–26 la nan eksplikasyon l yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

3 Nefi 8–11

Lè m nan fènwa, Jezikri ka limyè mwen.

Youn nan mesaj puisan ki nan chapit sa yo sèke Jezikri se limyè mond lan, epi li ka limyè lavi nou tou.

Aktivite posib

  • Li 3 Nefi 8:5–7, 11–23, ak 10:9–13 ansanm (si posib, mete fènwa nan sal la pandan w ap li a). Fè yon ti poz tanzantan epi mande timoun yo kijan yo t ap santi yo si yo t ap viv evenman sa yo. Li kèk nan pawòl Jezikri te di moun yo pandan yo te nan fènwa a pou yo (gade 3 Nefi 9:13–14, 18). Poukisa Jezikri te rele tèt li Limyè Mond lan? Kisa Jezi te envite moun yo, ak noumenm, pou n fè pou l ka limyè nou? (gade 3 Nefi 9:20–22).

  • Montre yo kat jeyografik mond lan, epi ede yo jwenn Jerizalèm ak Amerik la. Eksplike yo ke destriksyon yo dekri nan 3 Nefi 8 la sete yon siy pou pèp nan Amerik yo ke Jezikri te krifisye nan Jerizalèm. Li 3 Nefi 11:1–15 ansanm, epi mande yo pou yo di kisa yo jwenn nan vèsè sa yo ki ede yo santi amou Bondye. Pataje vèsè 37 la epi temwaye ke Sovè a renmen tout timoun. Rann temwayaj ou sou verasite sa w ap li a.

Imaj
Jezi k ap montre Nefit yo mak klou nan men l yo

Youn pa Youn, pa Walter Rane

3  Nefi 11:1–8

Mwen ka aprann rekonèt vwa Bondye nan lavi m.

Toudabò, moun yo pa t konprann vwa yo t ap tande soti nan syèl la. Kisa timoun yo ka aprann nan istwa sa a sou resevwa revelasyon?

Aktivite posib

  • Li 3 Nefi 11:1–4 avèk yo, pandan w ap fè yon ti poz pou poze kesyon tankou “Poukisa nou panse moun yo pa t ka konprann vwa a?” Apresa, mande yo pou yo li vèsè 5–7 yo pou yo ka wè kisa moun yo te fè ki te ede yo konprann vwa a nan kè yo. Kijan nou ka eseye koute Bondye lè l pale nan kè nou atravè Sentespri a?

  • Jwe yon kantik oubyen yon chan timoun tou piti pou l ka difisil pou yo tande. Mande yo si yo ka konprann mo yo ki nan chan an. Apresa, ede yo gade nan 3 Nefi 11:3 pou yo ka wè deskripsyon vwa k te soti nan syèl la. Poukisa Bondye pa pale avèk nou nan yon vwa “fò” oubyen “rèd”? Kisa nou ka fè pou nou koute l pi byen?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pale yon moun de vizit Jezi te fè nan Amerik la–si posib, yon moun ki poko konn anyen sou sa.

Amelyore ansèyman nou

Trete pètibasyon yo avèk amou. “Pafwa yon timoun aji nan fason ki pètibe aprantisaj lòt timoun yo nan klas la. Lè sa rive, se pou w gen pasyans, lanmou, ak konpreyansyon pou pwoblèm timoun sa a gen dwa ap travèse yo. … Si timoun ki pètiban an gen bezwen patikilye, pale avèk espesyalis andikap pawas oubyen pieu a oubyen ale nan disabilities.ChurchofJesusChrist.org pou w ka jwenn fason pou w pi byen reponn bezwen sa yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 26).