Vini, Suiv Mwen
++23–29 Mas. Enòs–Pawòl Mòmon: Li aji nan mwen pou m ka fè volonte li


“23–29 Mas Enòs–Pawòl Mòmon: Li aji nan mwen pou m ka fè volonte li,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“23–29 Mas Enòs–Pawòl Mòmon,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Enòs lè l te timoun, avèk papa l, Jakòb, ak manman li

Jakòb ak Enòs, tablo Scott Snow

23–29 Mas.

EnòsPawòl Mòmon

Li aji nan mwen pou m ka fè volonte li

Chapit Enòs, Jawòm, Omni, ak Pawòl Mòmon yo se ti liv byen kout ki gen anpil leson presye pou timoun w ap anseye yo. Chèche leson sa yo, epi reflechi sou fason w ka ede timoun yo aprann nan yo. Ide yo nan plan leson sa a ka ede tou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ede timoun yo sonje sa yo te aprann nan leson semèn pase a. Èske yo te pataje sa yo te aprann yo avèk fanmi yo oubyen lòt moun?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Enòs 1:7, 8.

M ka pale avèk Pè Selès la atravè lapriyè.

Eksperyans Enòs la anseye plizyè verite sou lapriyè. Kijan w ap enspire timoun yo pou yo suiv egzanp Enòs la lè y ap priye?

Aktivite posib

  • Montre yon foto Enòs; paregzanp, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, oubyen itilize foto Enòs k ap priye a nan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 72). Mande timoun yo pou yo dekri sa k ap pase nan foto a, epi apresa, rakonte yo eksperyans Enòs la. Ou gen dwa itilize “Chapit 11: Enòs” la (Istwa Liv Mòmon yo, 30–31, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org).

  • Mande yo pou yo di de kisa yo renmen diskite avèk paran yo. Eksplike yo ke priye Papa nou ki nan syèl la se fason nou genyen pou n pale avèk li. Pandan w ap li Enòs 1:1–4 la pou timoun yo, envite yo pou yo pretann ke yo se Enòs k ap fè lachas, ki ajenou pou l priye, eksetera. Eksplike yo ke Pè Selès la te tande priyè Enòs epi l te padone l peche li.

  • Chante ansanm yon chan sou lapriyè, tankou “La prière d‘un enfant” (Chants pour les enfants, 6–7). Envite timoun yo pou leve men yo chak fwa yo tande mo “priyè” a oubyen yon lòt mo repete. Temwaye de pouvwa lapriyè nan lavi w.

Imaj
yon fanmi k ap priye

Antanke pitit Bondye, nou ka priye Papa nou ki nan Syèl la.

Pawòl Mòmon 1:3–8

M ka beni lòt moun lè m koute Sentespri a.

Lè l t ap konpile Liv Mòmon an, Mòmon te santi l pouse pou l te enkli ti plak Nefi yo ladan. Li pa t konn poukisa yo ta pral bezwen ti plak sa yo, men jodia nou beni paske l te suiv enspirasyon sa a. Egzanp sa a ka enspire timoun yo pou yo suiv Lespri a.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo pataje istwa yo aprann nan Liv Mòmon an rive nan pwen sa a nan ane sa a (foto ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a oubyen nan Liv Ilistrasyon Levanjil la kapab ede yo sonje yo). Eksplike yo ke nou gen istwa sa yo nan Liv Mòmon an paske Mòmon te koute lè Sentespri a te di l pou l te mete yo. Poukisa Papa nou ki nan syèl la vle nou gen istwa sa yo?

  • Rakonte yon istwa nan revi Legliz yo oubyen nan yon mesaj konferans jeneral osijè yon moun ki te suiv enspirasyon Sentespri a. Oubyen rakonte yo pwòp eksperyans pa w. Envite yo pou yo fè desen sou istwa a. Kijan moun yo nan istwa sa yo te jwenn benediksyon paske yo te suiv Sentespri a?

  • Mande yon manm pawas la pou l vin vizite klas la epi pataje yon eksperyans kote l te suiv yon enspirasyon nan men Sentespri a. Ki fason aksyon l yo te beni lòt moun? Eksplike yo ke Pè Selès la vle nou ede ak beni lòt moun, konsa, li voye Sentespri a pou gide nou.

  • Chante yon kantik sou Sentespri a ansanm, tankou “The Still Small Voice” (Children’s Songbook, 106–7). Chante l plizyè fwa nan diferant fason, tankou rapidman, lantman, oubyen nan chichote. Lè w ap chichote chan an, ouvri Pawòl Mòmon 1:7, epi fè yo remake ke Mòmon dekri Sentespri a kòm yon chichotman.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Enòs 1:1–19

Pè Selès la tande priyè sensè nou yo epi l reponn yo.

Li fasil pou priyè nou yo vin tounen woutin oubyen san sans. Eksperyans Enòs la se yon rapèl ke, pou n resevwa repons pou priyè nou pafwa, n ap bezwen “lite” e pafwa “lite anpil” (Enòs 1:2, 11).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fèmen je yo epi imajine ke y ap pale avèk Papa nou ki nan Syèl la fasafas. Kisa yo ta renmen pale avèk li? Envite yo pou yo panse ke y ap pale fasafas avèk Papa nou ki nan Syèl la chak fwa y ap priye.

  • Envite yo pou yo travay de pa de epi li Enòs 1:1–5. Mande yo pou yo etidye vèsè sa yo pou chèche yon mo oubyen yon fraz ki dekri priyè Enòs yo epi apresa pataje sa yo jwenn nan avèk klas la. Kisa pawòl sa yo sigjere nou osijè Enòs ak eksperyans li a? Fè yo pataje tout lòt sa k enpresyone yo nan priyè Enòs yo. Pataje yon eksperyans kote nanm nou te “grangou” epi w te “kriye nan pye” Senyè a (Enòs 1:4). Bay timoun yo tan pou yo reflechi sou yon bagay yo kapab fè pou rann priyè yo pi siyifikan.

  • Mande yo pou yo fè yon lis bagay yo priye pou yo anjeneral, oubyen sou tablo a oubyen nan paj aktivite semèn sa a. Apresa, envite yo pou yo gade nan Enòs 1:2, 9, 13–14, ak 16 pou chèche bagay Enòs te priye pou yo yo, epi ajoute bagay sa yo nan lis la. Diskite sou fason yo ka suiv egzanp Enòs la nan priyè yo; paregzanp, ou gen dwa di yo ki rezon k te fè Enòs te dispoze pou l te priye pou Lamanit yo—ki sete enmi li—epi envite yo pou yo priye semèn sa a pou yon moun ki pa t janti avèk yo.

Pawòl Mòmon 1:3–8

M ka beni lòt moun lè m koute Sentespri a.

Senyè a te konnen ke 116 premye paj Liv Mòmon an ki te tradui yo t ap pèdi (gade DA 10; Sen, volim 1, chapit 5). Pou ranplase pèt sa a, li te enspire Mòmon atravè Sentespri a pou l te enkli ti plak Nefi yo nan Liv Mòmon an. Kijan w ka enspire timoun yo pou yo suiv egzanp Mòmon an pou koute Lespri a?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo chak pran tou pa yo pou li vèsè nan Pawòl Mòmon 1:3–8 yo, yon vèsè alafwa, epi apresa, ede yo rezime sa yo aprann nan chak vèsè sa yo. Eksplike ke Mòmon te suiv Lespri a kote l te mete ti plak Nefi yo (ke nou konnen kounyea kòm 1 Nefi rive nan Omni) nan Liv Mòmon an. Ki benediksyon nou jwenn paske Mòmon te koute Lespri a? Nan ki fason Liv Mòmon an t ap diferan si l pa t koute Lespri a? Pataje yon eksperyans kote w te santi w pouse pa Sentespri a pou w fè yon bagay ki te beni yon moun. Envite timoun yo pou yo rakonte yon eksperyans konsa, si yo te fè youn.

  • Envite youn ladan yo pou l li Pawòl Mòmon 1:7 epi mande yon lòt pou l li Doktrin ak Alyans 8:2–3. Kisa vèsè sa yo anseye sou fason Sentespri a pale avèk nou? Ede timoun yo idantifye moman kote yo konn santi chichotman Sentespri a. Itilize Mowoni 7:12 pou eksplike yo ke, si yon panse bon epi l enspire nou pou n fè bon bagay, se soti nan Pè Selès la l soti. Pou yon egzanp sou sa, pase videyo “Preparasyon Thomas S. Monson: Toujou suiv chichotman Lespri a” nan (ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pou yo koute enspirasyon yo resevwa pou yo fè bon bagay yo epi pou yo suiv yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo mande manm fanmi yo pou pataje kèk eksperyans yo te fè avèk lapriyè oubyen avèk Sentespri a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize mizik. Chan Primè yo ak kantik yo kapab ede timoun tout laj konprann ak sonje verite levanjil yo. Chante kapab pèmèt timoun yo patisipe aktivman nan eksperyans aprantisaj la tou. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 22.)