Vini, Suiv Mwen
2–8 Mas. 2 Nefi 31–33: “Sa se chemen an”


“2–8 Mas. 2 Nefi 31–33: ‘Sa se chemen an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“2–8 Mas. 2 Nefi 31–33,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jezi ap anseye disip li yo

Kris la ap anseye disip li yo, tablo Justin Kunz

2–8 Mas

2 Nefi 31–33

“Sa se chemen an”

Kòmanse preparasyon w lan avèk lekti 2 Nefi 31–33. Chèche gidans Lespri a pou w ka konn kisa pou w anseye timoun yo. Plan leson sa a ka ba w kèk ide.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Paske Nefi te anseye sou batèm Kris la, mande timoun yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann sou batèm. Yo gen dwa pataje panse yo ak sa yo santi sou pwòp batèm yo oubyen sou batèm zanmi yo oswa manm fanmi yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

2 Nefi 31

Jezikri te anseye m kijan pou m retounen al jwenn Pè Selès la.

Nefi te anseye ke suiv egzanp ak ansèyman Sovè a se sèl fason pou nou “sove nan wayòm Bondye a” (2 Nefi 31:21).

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pandan ke w ap fè rezime istwa sou batèm Jezi a (gade 2 Nefi 31:4–13). Eksplike ke batèm se youn nan etap sou chemen ki mennen retounen al viv avèk Pè Selès la. Envite yon moun ki fèk sot batize pou l di timoun yo kijan l santi l osijè batèm.

  • Eksplike yo ke Jezikri te anseye nou sa nou bezwen fè pou n retounen al jwenn ni lè nou mouri. Desine yon wout sou tablo a, epi mete yon foto Kris la nan fen li. Bay timoun yo kèk foto ki reprezante kèk eleman nan doktrin Kris la (lafwa nan Kris la, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen). Ede yo mete foto yo sou wout la.

  • Ede yo memorize katriyèm atik lafwa a. Chante yon kantik sou youn nan premye prensip levanjil yo ansanm, tankou “La foi,” “Le jour de mon baptême,” oubyen “Choisir le bien” (Chants pour les enfants, 50–51, 53, 83–83).

2 Nefi 32:3

M ka fè yon festen ak pawòl Kris yo.

Kijan eksperyans ou sou “fè festen ak pawòl Kris yo” (2 Nefi 32:3) ede timoun yo konprann fraz sa a?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo site kèk manje yo pi renmen, epi envite yo pou yo fè tankou y ap fè yon festen avèk yo. Li 2 Nefi 32:3, epi mande yo pou yo koute a kisa Nefi di nou ta dwe fè yon festen. Kisa sa vledi pou n fè festen ak ekriti yo? Eksplike yo ke ekriti yo se youn nan kote nou ka jwenn pawòl Bondye yo.

  • Ekri mo Bondye ak Senyè yo sou tablo a. Envite yo pou yo louvri yon paj ekriti epi chèche mo sa yo. Bayo èd si bezwen. Temwaye ke lè nou li ekriti yo, nou ka aprann osijè Bondye.

2 Nefi 32:8–9

Pè Selès la vle pou m toujou priye.

Vèsè sa yo ka enspire timoun yo pou yo fè lapriyè vin yon pati nan lavi chak jou yo.

Aktivite posib

  • Mande yo kilè yo priye. Èske yo priye le maten? aswè? anvan yo manje? Ede timoun yo panse a kèk jès pou montre kilè nou ka priye, tankou lè nou reveye, lè n pral dòmi, ak lè n ap manje—oubyen nenpòt lòt lè. Li premye liy youn oubyen de premye liy nan 2 Nefi 32:9 la, epi mete aksan sou fraz “toujou priye” a.

  • Mande yo kijan yo priye. Kisa yo fè avèk tèt yo, men yo, eksetera? Ki sa yo di? Mande yo pou yo imajine ke w pa konn kijan pou w priye, epi fè yo anseye ou. Poukisa Pè Selès la vle pou nou priye?

Imaj
yon jèn tifi k ap priye

Nou pale avèk Bondye atravè lapriyè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

2 Nefi 31

Jezikri te anseye m kijan pou m retounen al jwenn Pè Selès la.

Nou ka retounen al jwenn Bondye apre lavi sa a si nou suiv doktrin Jezikri te anseye a: lafwa nan Kris la, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen.

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou batèm Jezi (gade Matye 3:13–17). Mete mo sa yo an dezòd sou tablo a: Jezi te tewanye Papa a ke l t ap obeyi li. Envite timoun yo pou yo li 2 Nefi 31:7 ansanm epi pou yo mete mo yo annòd.

  • Mande yo kisa yo t ap di yon moun k ap prepare pou l batize, epi ede yo konpile konsèy yo sou kèk senp kat ke yon ka bay yon moun. Kijan nou ka kontinye suiv egzanp Jezi lè nou fin batize?

  • Eksplike yo ke doktrin Kris la enkli sa Jezikri te anseye nou pou nou fè pou n ka retounen al jwenn Pè Selès la. Sou kèk moso papye, ekri lafwa nan Kris la, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiska lafen, epi gaye yo nan tout sal la. Li 2 Nefi 31:11–19 pou timoun yo, epi envite yo pou yo sote sot nan yon papye al nan yon lòt lè yo tande yo mansyone prensip sa yo. Ede yo panse a yon eksperyans yo te fè avèk chak prensip.

2 Nefi 32:3–5

M ka fè yon festen ak pawòl Kris yo.

Poukisa timoun yo bezwen konprann enpòtans pou yo fè festen avèk pawòl Kris la?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo imajine yon festen. Ki manje yo ta bezwen lè sa a? Kisa yo t ap manje an premye? Apresa, envite yo pou yo imajine kisa sa siman vledi pou n fè festen avèk ekriti yo nan 2 Nefi 32:3. Poukisa Nefi te itilize mo festen an pou anseye nou kijan nou dwe etidye pawòl Bondye a? Poukisa li pa t senpleman di pou nou li yo? Kisa savledi pou n fè yon festen avèk ekriti yo? Di timoun yo ki benediksyon w resevwa lè w fè festen avèk ekriti yo.

  • Konplete paj aktivite a avèk timoun yo, epi envite yo pou yo fikse bi pou yo fè omwen yon bagay pou fè festen avèk ekriti yo semèn sa a.

2 Nefi 32:8–9

Pè Selès la vle pou m toujou priye.

Advèsè a tante nou pou n pa priye. Reflechi sou fason w ka ede yo reziste anba tantasyon sa a epi “toujou priye” (2 Nefi 32:9).

Aktivite posib

  • Chwazi yon fraz sou lapriyè nan 2 Nefi 32:8–9, epi ekri l sou tablo a, epi kouvri chak mo avèk yon moso papye. Envite yo pou yo chak pran tou pa yo pou retire yon papye alafwa jiskaske yo ka devine kisa fraz la ye.

  • Li 2 Nefi 32:8–9 ansanm, epi mande timoun yo pou yo di kisa yo te aprann osijè lapriyè nan vèsè sa yo. Kisa sa vledi pou n “toujou priye”? (vèsè 9). Kijan nou ka fè sa?

  • Kisa k ka fè yon moun pa vle priye? Pataje yon eksperyans kote w te priye malgre w pa t gen anvi priye. Kijan w te santi w apresa? Envite yon timoun pou l li dezyèm pati 2 Nefi 32:8 la, epi ba yo tan pou yo medite dou li. Poukisa Satan pa vle nou priye? Kijan nou ka raple tèt nou pou n priye menm lè nou pa santi n ta fè sa?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo jwenn yon moun—yon zanmi, yon frè oubyen yon sè, oubyen yon lòt manm fanmi—yo ka anseye kijan pou l priye.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo plen enèji. Envite timoun yo pou yo mime istwa nan ekriti yo avèk chan yo. Itilize kote enèjik nati timoun yo pou favorize aprantisaj la. (Gade Anseye nan fason Sovè a,25–26.)