Vini, Suiv Mwen
9–15 Mas. Jakòb 1–4: “Rekonsilye nou avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la”


“9–15 Mas. Jakòb 1–4: ‘Rekonsilye nou avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“9–15 Mas. Jakòb 1–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
yon fi ki ajenou nan pye Jezi

Padone, tablo Greg K. Olsen

9–15 Mas.

Jakòb 1–4

Rekonsilye nou avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la

Pandan w ap li Jakòb 1–4 la, reflechi sou ki prensip nan chapit sa yo ki pi enpòtan pou timoun yo aprann. Chèche gidans spirityèl pou w ka konn kijan pou w anseye yo prensip sa yo, epi ekri enpresyon ou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite yo pou yo pale de yon bagay yomenm oubyen fanmi yo te fè semèn sa a pou yo te tire leson nan Jakòb 1–4 la. Ou gen dwa mande yo pou yo pataje yon bagay yo sonje nan leson semèn pase a tou. Ki kesyon w ta ka poze pou ede yo sonje?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Jakòb 1:6–8, 18; 2:1–11

Bondye aple dirijan nan Legliz la pou ede m suiv Jezikri.

Ede yo konprann ke y ap jwenn benediksyon si yo suiv konsèy dirijan Legliz yo.

Aktivite posib

  • Fè kèk senp maryonèt pou reprezante Jakòb ak Joseph, ti frè Nefi yo, ki te dirijan nan Legliz la. Pataje kèk vèsè nan Jakòb 1 ak 2 a pou eksplike yo kisa dirijan yo nan Legliz la aple pou yo fè. Paregzanp, yo pèsyade nou pou n “kwè nan Kris la” (Jakòb 1:8), yo envite nou pou n repanti (gade Jakòb 2:5–6, 9–10), epi yo “deklare pawòl [Bondye] a” (Jakòb 2:2, 11). Fè yo itilize maryonèt yo pou pretann y ap fè bagay sa yo.

  • Envite timoun yo pou yo site kèk dirijan Legliz yo konnen, tankou dirijan Primè yo, manm episkopa yo, ak pwofèt ak apot yo. Ede yo panse a fason dirijan sa yo beni nou.

Imaj
de mesye k ap bay lanmen nan yon biwo

Dirijan Legliz nou yo ede nou suiv Jezikri.

Jakòb 2:12-14, 17–21

M ka ede lòt moun ki nan bezwen lè m pataje avèk yo.

Èske timoun w ap anseye yo konprann benediksyon ki vini lè yo pataje avèk moun ki nan bezwen. Kijan w ka ede yo konnen ke Pè Selès la ak Jezi vle yo ede lòt moun?

Aktivite posib

  • Eksplike ke kèk nan moun nan epòk Jakòb yo te rich anpil, men yo pa t vle pataje sa yo te genyen avèk moun ki te pòv yo. Li Jakòb 2:17–19 pou ede yo konprann ansèyman Jakòb te bay moun sa yo. Lè w ap fè sa a, ba yo foto oubyen objè pou yo kenbe ki mache avèk mo ak fraz ki nan vèsè sa yo.

  • Envite yo pou yo jwe wòl sou kèk fason yo ka pataje sa yo genyen avèk yon moun ki nan bezwen. Temwaye ke nou jwenn benediksyon lè nou pataje avèk lòt moun.

  • Pote yon bagay nan klas la ke w ka pataje avèk timoun yo. Bay chak timoun enpe, epi eksplike yo ke w ap pataje. Mande yo kijan yo santi yo lè w pataje avèk yo. Kijan yo santi yo lè yo pataje avèk lòt moun? Ede yo panse a yon bagay yo ta ka pataje pou ede yon moun santi l kontan.

Jakòb 4:6

M ka fòtifye lafwa m nan Jezikri.

Pandan Jakòb t ap viv dwat malgre mechanste ki te bò kote l yo, lafwa l te vin si solid ke pèsonn pa t ka ebranle l. Reflechi sou fason w ka ede timoun yo konprann kisa savledi pou n gen yon lafwa inebranlab.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo panse a kèk bagay yo fè pou fè kò yo vin pi solid. Kisa nou ka fè pou fè lafwa nou vin pi solid? Ouvri ekriti yo nan Jakòb 4:6, epi ede timoun yo dekouvri kisa Jakòb ak pèp li a te fè pou te rann lafwa yo “inebranlab.”

  • Chante “Le sage et le fou” (Chants pour les enfants, 281) avèk yo. Sou yon bò tablo a, desine yon kay ki te bati sou sab. Sou lòtbò tablo a, desine yon kay ki te bati sou yon wòch. Si posib, pote sab ak yon wòch nan klas la. Kiyès ki pi fasil pou ebranle oubyen deplase? A kiyès, nan sab la oubyen wòch la nou ta renmen lafwa nou sanble?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Jakòb 1:6–8, 18; 2:1–6, 11

Bondye aple dirijan nan Legliz la pou ede m suiv Jezikri.

Timoun w ap anseye yo ap jwenn benediksyon si yo mete konfyans epi yo suiv konsèy dirijan Legliz yo.

Aktivite posib

  • Li Jakòb 1:6–8 ak 2:1–6, 11 avèk timoun yo, pou ede yo chèche fraz ki dekri kijan sèvitè Bondye yo dirije Legliz la. Mande yo pou yo ekri fraz sa yo sou moso papye epi apresa mete papye yo sou tablo a. Poukisa Bondye aple dirijan Legliz pou gide nou? Mande timoun yo pou yo pataje eksperyans kote yo aprann oubyen yo resevwa direksyon nan men yon dirijan oubyen yon enstriktè nan Legliz la ak benediksyon yo te resevwa.

  • Mande yo pou yo desine foto yon dirijan Legliz yo konnen, epi fè rès klas la devine kiyès yo desine a. Kisa dirijan sa yo fè pou ede nou suiv Jezikri? Envite yo pou yo ekri nòt voye bay dirijan Legliz yo, pou remèsye yo pou sèvis yo.

  • Envite yon dirijan lokal pou vin di timoun yo kisa l fè pou ranpli apèl li. Mande yo pou yo site kèk bagay yo ka fè pou yo soutni dirijan yo.

Jakòb 2:12-14, 17–21

M ka ede lòt moun santi lajwa lè m pataje avèk yo.

Vrè disip Jezikri yo dispoze pou yo pataje sa yo genyen avèk lòt moun. Ankouraje timoun yo pou yo pote lajwa bay moun ki nan bezwen nan pataje avèk yo.

Aktivite posib

  • Di timoun yo ke anpil moun nan epòk Jakòb la te vin ògeye ak mechan paske yo te renmen richès (gade Jakòb 2:12–14, 17–21). Envite kèk timoun pou li Jakòb 2:17–19 byen fò, epi ede yo konprann nenpòt pawòl difisil. Kisa nou dwe chèche anvan nou chèche richès? Kisa nou dwe chèche fè avèk richès nou resevwa?

  • Li Jakòb 2:17 pou timoun yo. Ki benediksyon Pè Selès la pataje avèk nou? Poukisa l vle nou pataje ak lòt? Envite timoun yo pou yo pale de kèk okazyon kote yo te pataje yon bagay avèk yon lòt moun, ansanm ak kijan yo te santi yo ak kijan lòt moun nan te santi li.

Jakòb 4:4–13, 17

M ka fòtifye lafwa m nan Jezikri.

Lafwa Jakòb te vin inebranlab lè l te sonde pawòl pwofèt yo epi l te resevwa pwòp temwayaj pa li (gade Jakòb 4:6). Kijan w ka ede timoun yo gen dezi pou bati lafwa ki inebranlab?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo panse a kèk bagay ki ka vin solid ak asire avèk letan, tankou yon gwo pyebwa. Kijan lafwa se tankou bagay yo panse yo? Ki fraz nan Jakòb 4:6, 10–11 ki dekri sa nou ka fè pou rann lafwa nou inebranlab? Mande timoun yo pou fè yon lis sou tablo a sou fason yo ka fòtifye lafwa yo nan Jezikri.

  • Pataje analoji Èldè Neil L. Andersen nan sou pyebwa k ap grandi nan yon anviwonman plen van, nou jwenn nan mesaj li ki rele “Tourbillons spirituels” la (Ensign oswa Liahona, Me 2014, 18–21), oubyen pase videyo “Toubiyon spirityèl” la (ChurchofJesusChrist.org). Poukisa l enpòtan pou lafwa nou inebranlab ak solid tankou chouk yon pyebwa? Kisa toubiyon yo reprezante? Kisa nou ka fè pou bati yon lafwa inebranlab? Ede yo panse a lòt analoji ki anseye sou lafwa ki inebranlab.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo panse a yon bagay yo ka pataje avèk fanmi yo—enkli pataje sa yo aprann nan klas la jodia. Ba yo okazyon pou yo pale sou sa yo te pataje a nan yon pwochen leson.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje reverans. Yon aspè enpòtan nan reverans se panse ak Pè Selès la avèk Jezikri. Ou gen dwa chante oubyen fredone yon chan tou ba oubyen montre yon foto Jezi pou w raple timoun yo pou yo gen reverans.