Vini, Suiv Mwen
30 Mas–12 Avril. Pak: “L ap leve … avèk gerizon nan zèl li”


“30 Mas–12 Avril. Pak: ‘L ap leve … ak gerizon nan zèl li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“30 Mas–12 Avril Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Kris resisite a avèk Apot yo

Kris la ak Apot yo, pa Del Parson

30 Mas–12 Avril

Pak

“L ap leve … ak gerizon nan zèl li”

Pandan w ap li ekriti yo sigjere la yo ak nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, Lespri a ap ede w konnen kisa w dwe souliye pou ede timoun yo santi amou Sovè a nan Dimanch Pak sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Di timoun yo kisa w fè pou w sonje Sovè a lè Pak. Envite yo pou pataje sa yo fè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

1 Nefi 11:27; Mozya 3:5; 15:7; Elaman 14:16–17

Pwofèt Liv Mòmon yo te konnen Jezikri t ap vini.

Aprann sa pwofèt nan Liv Mòmon yo te anseye sou misyon Jezikri a ak sou ministè terès li a kapab ede pou fòtifye lafwa timoun yo nan li.

Aktivite posib

  • Montre foto Sovè a k ap batize, k ap geri moun, ki krisifye, epi antanke yon èt resisite (gadee paj aktivite semèn sa a oubyen Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 35, 41, 5759). Mande timoun yo pou yo di w sa k ap pase nan chak foto. Eksplike yo ke, dèzane anvan Jezi te vin sou tè a, Bondye te revele pwofèt nan Liv Mòmon yo ke l t ap fè bagay sa yo. Li 1 Nefi 11:27; Mozya 3:5; 15:7; ak Elaman 14:16–17, epi ede timoun yo matche ekriti sa yo avèk foro korespondan yo.

  • Pandan y ap travay sou paj aktivite semèn sa a, pale yo de pwofèt ki sou paj sa yo ak sa yo te anseye osijè Jezikri. Rakonte yo kèk bagay ekstraòdinè Jezi fè pou nou.

3 Nefi 11:1–17

Jezikri te resisite.

Anseye timoun yo ke, anplis moun ki te wè Sovè resisite a nan Jerizalèm yo, te gen dè milye moun ki te wè li lè l te parèt nan Kontinan Ameriken an.

Aktivite posib

  • Montre foto lanmò ak Rezirèksyon Sovè a. Mande yo kisa yo konnen apwopo evenman sa yo. Si bezwen, itilize “Chapit 53: Jezi krisifye” a ak “Chapit 54: Jezi resisite” a nan (Istwa Nouvo Testaman yo, 136–38, 139–44, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org) pou rakonte timoun yo istwa sa yo.

  • Itilize foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, pou pale yo de vizit Sovè resisite a te fè nan Amerik yo, jan l dekri nan 3 Nefi 11:1–17 la. Repete istwa a plizyè fwa, pandan w ap envite yo pou yo ede ou. Aksantye sou detay ou santi k ka enpòtan pou yo. An patikilye, di yo byenke Jezi te mouri sou kwa a, moun yo te ka wè ke l te resisite kounyeya. Fè yo chak pran tou pa yo pou rakonte istwa a nan pwòp mo pa yo.

  • Chante ansanm “Hosanna de Pâques” oubyen dènye kouplè nan chan “Dans le livre de Mormon” an nan (Chants pour les enfants, 62–63). Envite yo pou yo desine foto yon bagay chan an dekri. Apresa, mande yo pou yo montre desen yo fè yo epi pou yo di a kisa sa siman t ap sanble pou yo te prezan lè Jezi te vizite Nefit yo.

Mozya 3:7; Alma 7:11–12

Jezikri konn kijan pou l rekonfòte m.

Paske Jezikri te soufri “lapenn ak maladi pèp li a” (Alma 7:11), li konn kijan nou santi nou, menm lè okenn lòt moun pa konnen.

Aktivite posib

  • Li premye liy Mozya 3:7 yo pou timoun yo, epi envite yo pou yo pretann ke yo santi “doulè … , grangou, swaf, ak fatig.” Mande yo pou yo pale de lè kote yo konn santi bagay sa yo. Apresa, di yo ke vèsè sa yo dekri kèk bagay Jezi te santi lè l t ap soufri nan Jaden Jetsemani an. Akoz de sa, li konn kijan pou l ede nou lè nou santi bagay sa yo.

  • Li Alma 7:11 fò, epi mande timoun yo si yo konn yon moun ki malad oubyen k ap soufri. Temwaye yo ke Jezikri te santi tout “lapenn ak maladi” nou pou l te ka konprann kijan pou l rekonfòte nou (Alma 7:12).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

2 Nefi 9:10–15; Alma 11:41–45; 40:21–23

Paske Jezikri te resisite, m ap resisite tou.

Liv Mòmon an klèman dekri kisa rezirèksyon vledi ak kimoun k ap resisite. Kijan w ka ede timoun yo dekouvri verite sa yo?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo di w sa yo konnen osijè lanmò ak Rezirèksyon Jezikri. Sou tablo a, ekri kesyon tankou sa yo Kisa sa vledi pou n resisite? ak Kimoun k ap resisite? Ede yo jwenn repons nan 2 Nefi 9:10–15; Alma 11:41–45; ak Alma 40:21–23 epi pataje sa yo jwenn avèk klas la.

  • Pale timoun yo de yon moun ou konnen ki mouri. Mande yo pou yo pretann ke w pa konn anyen sou Rezirèksyon. Kijan yo t ap ede w konprann sa l ye? Ankouraje yo pou yo itilize 2 Nefi 9:10–15Alma 11:41–45oswa Alma 40:21–23pou anseye w sou rezirèksyon an. Epitou, mande yo pou yo rann temwayaj yo sou Rezirèksyon Sovè a kòm yon pati nan repons yo a.

Imaj
Jezi k ap priye nan Jaden Jetsemani a

Jetsemani, pa Michael T. Malm

Enòs 1:2–8; Mozya 27:8–24; Alma 13:11–12; 24:7–19

Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a pwòpte m epi l chanje m.

Liv Mòmon an ban m anpil egzanp sou moun ki te chanje gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a. Reflechi sou fason eksperyans sa yo ta ka enspire yo pou yo repanti epi vin jwenn Sovè a.

Aktivite posib

  • Montre yo yon mayo blan pwòp ak yon mayo blan ki sal. Li Alma 13:11–12 ansanm. Kijan moun yo te pirifye anba peche yo? Kijan sa te fè yo santi yo apwopo peche? Di yo kijan w santi w lè w repanti e resevwa padon, epi rann temwayaj ou konsènan pouvwa Sovè a pou pwòpte nou anba peche.

  • Mande timoun yo pou yo chwazi youn nan moun sa yo pou yo aprann sou yo: Enòs (gade Enòs 1:2–8Alma, pi jèn nan (gade Mozya 27:8–24oswa Anti Nefi Leyi yo (gade Alma 24:7–19 Pandan w ap li istwa a ansanm avèk yo, envite yo pou yo pote atansyon a fason moun sa a oubyen gwoup moun sa yo te chanje gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a. Kijan nou ka suiv egzanp moun sa yo?

Mozya 3:7; 15:5; Alma 7:11

Jezikri te pran peche m, soufrans mwen, ak maladi m sou tèt li.

Anplis de soufri pou peche nou yo, Sovè a te soufri doulè nou, maladi nou, ak lòt enfimite nou tou pou l te ka konn kijan pou l rekonfòte nou.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun tach pou chèche youn nan vèsè sa yo pou l ka dekouvri sa Jezikri te soufri: Mozya 3:7; Mozya 15:5; oswa Alma 7:11. Envite yo pou yo fè lis sa yo jwenn yo sou tablo a epi pou yo panse a moman kote yo konn santi kèk nan bagay sa yo. Selon Alma 7:12, poukisa Jezi te soufri tout bagayy sa yo? Poukisa l enpòtan pou n konnen ke l te soufri bagay sa yo pou nou?

  • Chante yon kantik sou Sovè a ansanm, tankou “Je sais qu‘il vit mon Rédempteur” (Cantiques, no. 73). Envite timoun yo pou yo chèche nan chan an fraz ki dekri fason Sovè a rekonfòte nou, epi pou yo di poukisa fraz sa yo enpòtan pou yo. Di yo sa w santi apwopo Jezikri, epi envite yo pou yo di sa yo santi tou.

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo chèche yon moun ki bezwen rekonfò semèn sa a. Ankouraje yo pou yo pataje avèk moun sa a sa yo aprann sou Sovè a ki pran soufrans nou yo sou tèt li pou l ka rekonfòte nou.

Amelyore ansèyman nou

Envite pataj. Poze timoun yo kesyon sou sa yo panse, sa yo santi, ak eksperyans yo. W ap wè ke yo souvan gen ide ki senp men ki pwofon.