Vini, Suiv Mwen
20–26 Avril. Mozya 4–6: “Yon gwo chanjman”


“20–26 Avril. Mozya 4–6: ‘Yon gwo chanjman,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“20–26 Avril. “April 20–26. Mozya 4–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Wa Benjamen ap pale avèk pèp li a

Nan sèvis Bondye ou, tablo Walter Rane

20–26 Avril

Mozya 4–6

“Yon gwo chanjman”

Kiyès nan ansèyman Wa Benjamen yo nan Mozya 4–6 ki ap pi byen ede timoun w ap anseye yo kòmanse fè eksperyans “yon gwo chanjman” (Mozya 5:2) nan kè yo? Ekri enpresyon ou pandan w ap chèche gidans nan lapriyè.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri non chak timoun nan klas ou a sou yon moso papye, epi mete moso papye yo nan yon resipyan. Chak fwa w rale yon non nan resipyan an, envite timoun sa a pou l pataje yon bagay li sonje nan leson semèn pase a oubyen yon bagay li aprann nan Mozya 4–6 lakay li semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mozya 4:1–3, 10

Repantans pote lajwa.

Ede timoun yo dekouvri don mèveye repantans lan ki disponib gras ak Ekspyasyon Jezikri a.

Aktivite posib

  • Itilize Mozya 4:1–3 ak 10 pou anseye yo kisa repanti vle di. Paregzanp, ede yo dekouvri ke pèp Wa Benjamen an te santi remò poutèt peche yo epi yo te mande padon (vèsè 1–2), epi Wa Benjamen te di yo pou yo abandone (oubyen sispann fè) peche yo (vèsè 10). Li vèsè 3 a pou yo, epi mande yo kijan moun yo te santi yo lè yo te repanti.

  • Mande yo kisa nou santi lè nou sal rad nou. Kijan nou santi nou lè nou vin pwòp ankò? Eksplike ke menmjan nou lave rad sal yo, se menmjan tou nou ka repanti lè nou fè yon peche. Montre yon foto Jezikri, epi temwaye ke li gen pouvwa pou retire peche nou epi pou fè nou vin pwòp ankò si nou repanti. Chante dezyèm kouplè “Aide-moi, Père” la ansanm nan (Children’s Songbook, 52). Mande timoun yo kisa chan an anseye osijè repantans.

Mozya 4:13–26

Mwen dwe trete lòt moun avèk lanmou ak jantiyès.

Kijan w ka itilize Mozya 4:13–26 pou anseye timoun yo “pou youn renmen lòt, epi pou youn sèvi lòt”? (vèsè 15).

Aktivite posib

  • Desine yon kè sou tablo a. Envite yo pou yo di ki fason yo ka janti avèk lòt moun. Chak fwa yo di yon bagay, efase kè a epi desine yon pi gwo. Temwaye ke lanmou nou pou lòt moun grandi lè nou janti avèk yo. Bay timoun yo kè an papye, epi envite yo pou yo desine sou kè yo kèk fason yo ka montre lanmou ak jantiyès.

  • Ede timoun yo vin avèk lòt aksyon pou yo fè pandan y ap chante yon kantik sou renmen lòt moun, tankou “Aimez chacun” oubyen “Aimez vos frères” (Chants pour les enfants, 39, 74).

Mozya 5: 5–15

Lè m fè alyans avèk Bondye, m pran non Kris la sou tèt mwen.

Reflechi sou fason w ka ede yo prepare yo pou fè alyans batèm avèk Bondye epi pou yo vin “rele pitit Kris la” (Mosiah 5:7).

Aktivite posib

  • Ede yo kreye bagj ki gen non “Jezikri” ekri ladan yo epi tache yo nan mayo yo sou kè yo (gade paj aktivite semèn sa a). Eksplike ke Wa Benjamen te anseye pèp li a ke, lè nou fè alyans, oubyen pwomès, avèk Bondye, se tanou non Kris la “toujou ekri nan kè [nou]” (Mozya 5:12). Kisa nou pwomèt pou n fè lè nou batize epi nou pran sentsèn? (gade Mozya 5:8; DA 20:37, 77, 79).

  • Mande timoun yo kisa yo fè pou yo ka vin zanmi avèk yon moun (paregzanp, pale avèk li, fè kèk bagay pou li, ak pase tan avèk li). Li Mozya 5:13 pou timoun yo. Kisa nou ka fè pou n vin konn Jezikri pi byen pou l pa yon “etranje” pou nou ankò?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mozya 4:1–11

M ka repanti.

Kijan w ka ede timoun yo konprann kisa repanti vle di? Ki vèsè nan Mozya 4:1–11 la ou santi k ka ede yo?

Aktivite posib

  • Ekri mo padon an sou tablo a. Li Mozya 4:1–3 ansanm, epi mande timoun yo pou yo chèche mo nan vèsè 3 a ki dekri benediksyon ki vini lè nou repanti epi nou jwenn padon.

  • Mande yo pou yo site kèk bagay nou dwe fè pou n ka totalman ak sensèman repanti. Ede yo jwenn kèk nan bagay sa yo nan Mozya 4:10, epi diskite sou siyifikasyon mo ak fraz yo jwenn nan vèsè sa a. Rakonte yon istwa ki ilistre repantans, petèt nan pwòp lavi w oubyen nan yon revi Legliz la.

  • Ede yo jwenn mo nan Mozya 4:6, 9, ak 11 yo ki dekri Papa nou ki nan Syèl la. Poukisa l enpòtan pou nou konprann pèsonalite Pè Selès la lè nou repanti? Pataje temwayaj ou sou fason w santi amou Bondye lè w repanti.

Mozya 4:12–26

Levanjil la enspire m pou m trete lòt moun avèk lanmou ak jantiyès.

Wa Benjamen te anseye ke lè nou vin jwenn Kris la epi nou resevwa yon remisyon pou peche nou, nou “ranpli avèk lanmou Bondye” (Mozya 4:12), ki pouse nou pou nou eman ak janti anvè lòt moun.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo chèche nan Mozya 4:13–16, 26 pou yo ka idantifye fraz ki dekri fason nou ka sèvi lòt moun. Envite yo pou yo mime bagay sa yo oubyen desine yo, epi fè lòt timoun yo devine fraz la. Kijan nou ka montre lanmou ak jantiyès lakay nou, nan lekòl nou, oubyen nan legliz la?

  • Envite yo pou yo pataje yon eksperyans kote yo te renmen yon moun oubyen yo te sèvi yon moun ak kijan eksperyans sa a te fè yo santi yo. Ki rezon k gen dwa fè kèk moun pa vle sèvi lòt? Mande yo kisa yo t ap di yon moun pou pèsyade l pou l ede yon moun ki nan bezwen. Yo ka jwenn kèk ide nan Mozya 4:16–26.

Imaj
yon jènfi k ap jwe avèk yon tibebe

Jezikri te anseye nou pou n janti avèk lòt moun.

Mozya 3: 5–15

Lè m batize epi m pran sentsèn, mwen pran non Kris la sou tèt mwen.

Anpil nan timoun w ap anseye yo siman deja batize epi y ap renouvle alyans yo atravè sentsèn nan. Raple yo ke, yon pati enpòtan nan alyans batèm nan se pran non Jezikri sou tèt nou.

Aktivite posib

  • Desine yon wonn sou tablo a, epi mete yon foto Jezikri nan mitan wonn nan. Envite timoun yo pou yo desine tèt yo pandan w ap li Mozya 5:8 la ansanm. Kisa vèsè sa a di nou dwe pran sou tèt nou? Nan kisa nou “antre”? Envite yo pou yo ekri non Kris la sou foto yomenm epi mete foto yo nan wonn nan avèk Sovè a. Ki alyans nou fè lè nou batize epi nou pran sentsèn? (gade Mozya 18:8–9; DA 20:77, 79).

  • Pale avèk yo sou rezon k fè moun mete non yo sou kèk bagay, tankou sou devwa lekòl yo, sou mayo espò yo, eksetera Mozya 5:14–15). Kijan nou ka montre ke nou gen non Kris la “ekri nan kè [nou]”? (Mozya 5:12).

  • Envite yon jènjan oubyen yon jènfi nan pawas la pou l vin vizite klas ou a epi eksplike yo ki alyans nou renouvle lè nou pran sentsèn. Li priyè Sentsèn yo ki nan Doktrin ak Alyans 20:77 ak 79 yo avèk timoun yo, pandan w ap envite yo pou yo chèche fraz ki dekri sa nou fè alyans pou n fè ak sa Bondye pwomèt nou an retou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo desine yon bagay yo aprann jodia epi itilize desen yo a pou anseye fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Anseye timoun yo pou yo ekri enpresyon yo. Menm timoun piti yo ka pran abitid pou yo ekri enpresyon spirityèl yo resevwa—paregzanp, nan make ekriti yo, desine, oubyen ekri kèk fraz nan yon jounal.