Vini, Suiv Mwen
13–19 Avril. Mozya 1–3: “Ranpli avèk lanmou pou Bondye ak pou tout moun”


“13–19 Avril. Mozya 1–3: ‘Ranpli ak lanmou pou Bondye ak pou tout moun,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

13–19 Avril. Mozya 1–3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Wa Benjamen ap ansenye pèp li a

Minerva K. Teichert (1888–1976), Diskou Orevwa Wa Benjamen an, 1935, luil sou masonite, 36 x 48 pous. Inivèsite Atistik Brigham Young

13–19 Avril

Mozya 1–3

“Ranpli ak lanmou pou Bondye ak pou tout moun”

Pandan w ap li Mozya 1–3 a, priye pou w ka konn kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann verite enpòtan Wa Benjamen te anseye yo. Ekri enpresyon w resevwa nan men Sentespri a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto ansèyman Wa Benjamen yo, w ap jwenn nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan foto sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mozya 2–3

Lè m sèvi lòt moun, se Bondye m ap sèvi.

Kisa w pral fè pou ede timoun yo konprann ke sèvi lòt moun se yon fason pou n sèvi Bondye tou?

Aktivite posib

  • Fè yo pran tou pou chak mete yon kowòn sou tèt yo (paj aktivite semèn sa a gen yon egzanp) epi kanpe sou yon chèz oswa yon ban pou yo ka pretann ke yo se Wa Benjamen. Yo ka fè sa pandan w ap di yo kèk nan bagay Wa Benjamen te anseye pèp li a, ke w ap jwenn nan Mozya 2–3. Gade “Chapit 12: Wa Benjamen” tou nan (Istwa Liv Mòmon yo, 32–35, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org.)

  • Envite yo pou yo bat men yo pou chak silab nan fraz sa a, pandan y ap repete l kèlke mo alafwa avèk ou: “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye” (Mozya 2:17). Repete sa jiskaske yo fin aprann kèlke mo oubyen tout mo yo. Temwaye ke lè nou ede lòt moun, nou ede Pè Selès la ak Jezi tou epi nou fè yo kontan. Envite yo pou yo di ki fason yo ka ede lòt moun.

  • Ede yo trase men yo sou yon moso papye epi desine yon bagay yo ka fè pou sèvi fanmi yo. Chante ansanm yon kantik sou sèvis, tankou “Nous aidons tout avec joie”Chants pour les enfants, 108).

Imaj
timoun k ap pliye rad

Wa Benjamen te anseye ke nou ka sèvi Bondye nan sèvi lòt moun.

Mozya 2:19–25

Tout benediksyon m yo soti nan Pè Selès la.

Si timoun yo rekonèt Bondye kòm sous tout benediksyon yo, y ap vin enb ak rekonesan.

Aktivite posib

  • Eksplike yo ke Wa Benjamen te anseye ke tout benediksyon nou yo soti nan Pè Selès la. Envite yo pou yo fè koute yon benediksyon Pè Selès la ba nou pandan w ap li Mozya 2:21. Ki lòt benediksyon Pè Selès la ba nou? Kijan nou ka montre ke nou rekonesan pou bagay sa yo? (gade Mozya 2:22).

  • Jwe yon jwèt kote timoun yo ap pase yon objè youn bay lòt pandan y ap chante yon chak sou rekonesans oubyen pandan y ap koute youn (gade “Reconnaissance” nan endèks liv Chants pour les enfants an). Kanpe chante a tanzantan, epi envite moun ki kenbe objè a pou l pale de yon benediksyon ki fè l rekonesan.

Mozya 3: 1–20

Mwen kwè nan Kris la.

Yon zanj te di Wa Benjamen kèk verite enpòtan sou lavi ak ministè Jezikri. Chèche nan vèsè sa yo pou w jwenn ki verite osijè Jezikri ou santi k enpòtan pou timoun w ap anseye yo.

Aktivite posib

  • Montre foto sou kèk nan evenman yo mansyone nan Mozya 3:5–10 yo (gade, paregzanp, Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 30, 41, 42, 5759). Mande timoun yo kisa k ap pase nan foto yo, epi ede yo si bezwen. Li Mozya 3:5–10 lantman, epi envite yo pou yo leve men yo lè w li yon bagay ki sou youn nan foto yo. Mande yo pou pataje ki lòt bagay yo konnen Jezi te fè lè l te sou tè a.

  • Fè desen yon solèy nan tèt tablo a pou reprezante syèl la. Desine plizyè wout ki mennen nan kote diferan sou tablo a men sèlman yon wout ki mennen nan syèl la. Mande yo pou yo jwenn wout sa a epi mete yon foto Jezi ladan. Li Mozya 3:17, epi temwaye ke suiv Jezikri se sèl fason pou n retounen al jwenn Pè Selès la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mozya 2:11–18

Lè m sèvi lòt moun, se Bondye m ap sèvi.

Kijan w ka ede timoun yo aprann nan egzanp sèvis Wa Benjamen an?

Aktivite posib

  • Montre yo yon foto Wa Benjamin k ap anseye pèp li a (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a oubyen nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 74). Ede yo chèche nan Mozya 2:11–18 pou yo jwenn kisa Wa Benjamen te fè pou l te sèvi. Poukisa l te sèvi pèp li a? Poukisa nou youn dwe sèvi lòt?

  • Sou tablo a, ekri kèk fraz nan Mozya 2:16–17 yo avèk kèk mo ki manke. Envite timoun yo pou yo chèche mo ki manke yo nan ekriti yo. Mande yo pou yo eksplike kisa vèsè sa yo vledi pou yo. Mande yo pou yo pataje eksperyans kote lòt moun te sèvi yo oubyen yo te sèvi lòt moun. Kijan eksperyans sa yo te fè yo santi yo?

  • Ba yo kèk ti moso papye pou yo ekri fason yo ka sèvi manm fanmi yo, epi bay chak timoun yon sache pou l mete papye yo. Ankouraje yo pou yo pran yon moso papye nan sache a chak jou epi pou yo rann yon moun sèvis ki make ladan l lan.

Mozya 2:15–25

M pa dwe vante tèt mwen pou sèvis mwen ak bon zèv mwen.

Panse sou fason w ka ede timoun w ap anseye yo konprann ke sèvis nou dwe enspire pa lanmou nou pou lòt moun ak lanmou nou pou Bondye.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo di kijan yo t ap defini mo vante a, oubyen ede yo jwenn definisyon l nan yon diksyonè. Ede yo chèche nan Mozya 2:15–24, pou yo jwenn rezon k fè Wa Benjamen pa t vante l pou sèvis li te rann moun yo. Poukisa nou dwe sèvi jije lòt moun? Lè yo fin pataje ide yo, ede yo konprann ke nou dwe chèche sèvi lòt moun paske nou renmen yo epi nou renmen Bondye, non pa pou lòt moun wè nou se bon moun.

  • Mande yo pou yo pale de sitiyasyon kote yon moun ka vante tèt li pou yon bagay. Poukisa l pa bon pou n vante tèt nou nan sitiyasyon sa yo? Mande yo pou yo itilize konsèy ki nan diskou Wa Benjamen an nan Mozya 2:15–24 la pou ede yo reponn kesyon yo.

Mozya 3:19

Jezikri pwòpte m anba peche epi l ede m vin yon sen.

Pou nou ka vin tankou Papa nou ki nan Syèl la, nou bezwen plis pase pou pwòpte anba peche nou—kè nou dwe chanje tou. Jan Wa Benjamen te anseye a, nou bezwen simonte dezi pou n peche yo epi vin sen atravè Ekspyasyon Sovè a.

Aktivite posib

  • Desine de moun sou tablo a—youn pou reprezante “lòm natirèl” ak youn pou reprezante yon “sen.” (Ou gen dwa bezwen defini tèm sa yo tou.) Li Mozya 3:19 ansanm avèk yo, epi envite yo pou yo chèche ki chanjman lòm natirèl la bezwen fè pou l ka vin yon sen. Ki lòt mo ak fraz timoun yo ka bezwen èd pou yo konprann?

  • Èske timoun w ap anseye yo janm konn ede paran yo prepare manje nan suiv yon resèt? Si wi, ou gen dwa envite yo pou yo itilize Mozya 3:19 pou yo kreye yon “resèt” pou fason nou ka vin tankou Jezikri. Poukisa Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a se “engredyan” ki pi enpòtan an?

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou di fanmi yo oubyen zanmi yo kijan yo pral suiv egzanp Wa Benjamen an pou sèvi lòt moun.

Amelyore ansèyman nou

Timoun benefisye anpil nan repetisyon. Pa pè refè aktivite yo plizyè fwa, espesyalman pou timoun ki pi piti yo. Repetisyon ap ede yo sonje sa w anseye yo.