Vini, Suiv Mwen
29 Septanm–5 Oktòb: ”Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete Ou”: Doktrin ak Alyans 109–110


“29 Septanm–5 Oktòb: ‘Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete Ou’: Dokrin ak Alyans 109–110,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Dokrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 109–110,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

konsekrasyon Tanp Kirtland nan

Yon Limyè Gloriye—Kirtland Temple, pa Glen S. Hopkinson

29 Septanm–5 Oktòb: “Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete Ou”

Doktrin ak Alyans 109–110

Pòt yo nan tanp Kirtland nan pa t sipoze louvri avan 8:00 nan jou maten 27 Mas 1836 la. Men Sen yo ki te gen espwa al asiste sèvis konsekrasyon yo te kòmanse pran liy byen bonè nan zòn 7:00. Yon espas pou resevwa plis moun epi apresa yon dezyèm sesyon te nesesè pou akomode tout moun. Epi se pa t vivan yo sèlman ki pa te ka tann pou yo te prezan. Anpil temwen te wè zanj andedan tanp lan e menm sou twati a, pandan ak apre konsekrasyon an. Li vrèman te sanble ke “lame selès yo” te vini pou “chante epi [pou] selebre” avèk Sen Dènye Jou yo (“L’esprit du Dieu Saint,” Cantiques, no. 2).

Poukisa gwo kè kontan konsa—sou toulède bò vwal la? Apre anpil syèk, genyen yon kay Senyè a ankò sou tè a. Senyè a te akonpli pwomès Li pou dote Sen Li yo “avèk pouvwa ki soti anwo” (Doktrin ak Alyans 38:32). Epi sa a, Li te deklare, sete sèlman “kòmansman benediksyon a” (Doktrin ak Alyans 110:10). Epòk n ap viv kounyea —avèk travay tanp ki akselere epi òdonans ki disponib pou dè milyon moun ki vivan ak mouri—te kòmanse nan Kirtland, lè “vwal la sou tè a [te] kòmanse louvri” (“L’esprit du Dieu Saint”).

Gade tou Les Saints, 1:232-41; “Une Maison pour Notre Dieu,“ nan Révélations dans leur contexte, 169-72.

Senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 109

senbòl seminè
Senyè a ofri mwen anpil benediksyon atravè alyans tanp yo.

Tanp Kirtland nan te diferan de tanp nou konnen yo jodia. Pa te genyen olenn lotèl ni fon batismo, pa egzanp. Men benediksyon yo ki dekri nan seksyon 109, priyè konsekrasyon tanp Kirtland nan, disponib tou nan kay Senyè a jodia. Revize vèsè ki annapre yo pou jwenn kèk nan benediksyon sa yo, epi medite sou fason yo ka ede fòtifye relasyon ou avèk Pè Selès la ak Jezikri.

Vèsè 5, 12–13 (gade tou Doktrin ak Alyans 110:6–8): Nan kay Senyè a, Li ka manifeste tèt li a mwen, epi mwen ka santi pouvwa Li.

Vèsè 9, 15–19, 26, 78–79:

Vèsè 21–23:

Vèsè 24–33, 42–46:

Vèsè 35–39:

Lòt benediksyon yo:

Si ou te ale nan kay Senyè a, reflechi konsènan fason pwomès sa yo te akonoli nan lavi ou.

Kantik “L’esprit du Dieu Saint” (Cantiques, no. 2) an te ekri pou konsekrasyon tanp Kirtland nan—epi yo toujou chante li nan chak konsekrasyon tanp depi lèsa a. Anvizaje chante oubyen koute kòm yon pati nan etid ak adorasyon ou. Ki benediksyon tanp ou jwenn ki dekri nan kantik sa a?

Doktrin ak Alyans 109

Priyè se yon kominikasyon avèk Selès la.

Seksyon 109 la se yon priyè konsekrasyon yo te bay Pwofèt Joseph Smith pa revelasyon (gade antèt seksyon an). Kisa w aprann konsènan lapriyè nan seksyon sa a? Pa egzanp, ou gendwa ekri nòt sou sa Pwofèt la te bay remèsiman pou liak ki benefiskyon li te mande. Ki lòt bagay li te di nan priyè sa a? Pandan w ap etidye, ou gendwa evalye pwòp kominikasyon w avèk Selès la. Kisa nou aprann konsènan Li ak Piit gason Li apati priyè sa a?

Si ou ta renmen li priyè konsekrasyon pou lòt tanp yo, enkli tanp ki pi pre w la, vizite paj tanp la nan temples.ChurchofJesusChrist.org

Doktrin ak Alyans 110:1–10

Sovè a ka manifeste tèt Li a mwenmenm nan kay Li a.

Lè w ap li deskripsyon sou Sovè a nan Doktrin ak Alyans 110:1–10, ki enkli seksyon antèt la, medite sou sa vèsè sa yo sigjere konsènan Li.

KIjan Jezikri manifeste tèt Li—oswa fè ou konnen LI—nan kay Li a? KIjan Li ede w konnen ke Li aksepte sakrifis ou yo?

anndan Tanp Kirtland nan

Anndan Tanp Kirtland nan

Doktrin ak Alyans 110:10–16

Sovè a dirije travay Li atravè kle prètriz yo.

Jis avan Moyis, Elyas, ak Elize te parèt nan tanp lan pou retabli kle prètriz yo, Jezikri te di “Sa a se kòmansman benediksyon yo ki pral vide an kantite sou tèt pèp mwne an” (Doktrin ak Alyans 110:10). Lè w ap li vèsè 11–16, reflechi konsènan benediksyon yo ke Senyè a te vide an kantite sou ou atravè travay la k ap fèt anba direksyon kle sa yo. Pa egzanp:

  • Vèsè 11: Moyiz ak kle sou rasanbleman Izrayèl yo (oubyen travay misyonè). Kijan Sovè a beni ou ak fanmi ouatravè efò misyonè yo nan Legliz Li a?

  • Vèsè 12: Elyas ak kle sou levanjil Abraram nan, ki enkli Alyans Abraamikla. Kijan Senyè a ta ka beni ou ak “jenerasyon apre [ou] yo” akoz alyans ou yo? (Gade Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl La,” Lyawona, Ock. 2022, 4–11; Gid nan Ekriti yo, “Elyas,” Bibliyotèk Levanjil la.)

  • Vèsè 13–16: Eli ak pouvw asèlman an, ki manigeste atravè travay tanp ak istwa familyal. Poukisa ou panse Pè Selès la vle pou nou rete konekte ak zansèt nou yo atravè òdonans tanp yo? (Gade Gerrit W. Gong, “Kontan e Ajamè,” Lyawona, Nov. 2022, 83–86.)

Ki koneksyon ou wè ant kle yo ak responsablite nou yo nan travay Bondye pou sali ak egzaltasyon an (viv levanjil Jezikri a, pran swen moun ki nan nesesite yo, envite tout moun pou yo resevwa levanjil la, ak ini fanmi yo pou letènite)?

Ki eksperyans ou te fè avèk travay sali ak egzaltasyon Bondye a? Kisa eksoeryans sa yo anseye ou konsènan Sovè a, Lelgiz Li a, ak travay Li a?

Jwenn fason pou enkli lòt moun yo. Si w ap anseye konsènan Doktrin ak Alyans 110:11–16, ou gendwa konsidere asiyen chak patisipan pou etidye konsènan Moyiz, Elyas, oswa Eli ak kle yo te restore yo. Apresa patisipan yo ta ka pataje youn avèk lòt kisa yo te dekouvri. Yon apwòch tankou sa a enplike tout moun nan aprann ak anseye. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 20–21

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo

senbòl 03 nan seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 109:12–13; 110:1–7

Tanp lan se kay Senyè a.

  • Oumenm ak timoun ou yo te kapab pale konsènan yon bagay nou renmen konsènan lakay nou. Apresa nou ta ka gade yon foto Tanp Kirtland nan eoi itilize Doktrin ak Alyans 109:12–13; 110:1–7 pou pale konsènan fason tanp sa a te konsakre epi vin tounen kay Senyè a (gade tou “Chapit 39: Tanp Kirtland Lan Konsakre,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 154, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la). Pataje youn avèk lòt you bagay nou renmen konsènan kay Senyè a.

    2:17

    Chapter 39: The Kirtland Temple Is Dedicated: January–March 1836

  • Petèt ou ak timoun ou yo ta ka imajine ke yon zanmi ap eseye jwenn kay nou. Kijan nou t ap ede zanmi nou an konnen ki kay ki kay pa nou an? KIjan nou fè konnen ke tanp lan se kay Senyè a?? (gade Doktrin ak Alyans 109:12–13).

stati Kris la toupre Tanp Wòm Itali a

Doktrin ak Alyans 110

Sovè a beni pèp Li a atravè kle prètriz yo.

  • Ou ta ka itilize activity page semèn sa a oswa “Chapit 40: Vizyon yo nan Tanp Kirtland nan” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 155–57, oubyen videyo korespondan yo nan Bibliyoyèk Levanjil la) pou pale timoun yo konsènan èt selès yo ki te vizite tanp lan. Ou ta ka itilize tou foto a ki nan fen prezantasyon sa a.

    1:17

    The Kirtland Temple

  • Pou aprann konsènan enpòtans sa ki te rive nan Tanp Kirtland nan, ou ak timoun ou yo ta ka pale konsònan kisa kle fè. Petèt timoun ou yo ta ka youn apre lòt kenbe kle epi pretann y ap louvri yon pòt ki fèmen. Ede yo jwenn mo kle nan Doktrin ak Alyans 110:11–16, epi pale konsènan benediskyon yo ke klesa yo devewouye. Ou gendwa eksplike ke kle prètriz yo se pèmisyon Bondye pou dirije Legliz Li a. Pataje gratitid ou paske Senyè a te ba nou kle prètriz yo.

Doktrin ak Alyans 110:15

Sovè a vle pou mwen vire kè mwen jwenn zansèt mwen yo.

  • Apre n li Doktrin ak Alyans 110:15 ansanm, pale timoun yo konsènan yon eksperyans ki te ede ou vire kè ou jwenn zansèt ou yo. Nou ta ka chante ansanm tou yon chan tankou “Ma Généalogie,” Chants” (Chants pour les Enfants, 100).

  • Kisa ki ta ka ede “tounen kè” timoun yo sou zansèt yo? Ou ka jwenn kèk ide enteresan nan FamilySearch.org/discovery. Nou ta ka travay ansanm pou idantifye zansèt ki bezwen òdonans tanp yo. Poukisa Jezi vle pou nou fè travay sa a?

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Moyiz, Elyas, ak Eli ki parèt nan Tanp Kirtland nan

Vizyon nan Tanp Kirtland nan, pa Gary E. Smith

paj aktivite pou timoun