“6–12 Oktòb: ‘M ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou’: Doktrin ak Alyans 111–114,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 111–114,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
6-12 Oktòb: “M ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou”
Doktrin ak Alyans 111–114
Èske w konn janm fè yon eksperyans espirityèl ki te fè w santi w gen konfyans ak asire nan lafwa ou nan Kris—men apresa afliksyon lavi yo vin teste lafwa ou, epi ou vin twouve w ap lite pou w rejwenn lapè w te santi avan an? Yon bagay konsa te rive Sen yo nan Kirtland. Mwens pase ennan apre manifestasyon espirityèl ki te konekte avèk konsekrasyon tanp Kirtland nan, pwoblèm te leve. Yon kriz finansye, dezakò nan Kolèj Douz Apot yo, ak lòt eprèv te lakoz kèk nan yo sekwe nan lafwa yo malgre eksperyans yo te fè avan yo.
Nou pa ka evite eprèv yo, konsa, kijan nou ka anpeche yo menase lafwa ak temwayaj nou? Petèt ou ka jwenn yon pati nan repons sa a nan konsèy Senyè a nan Doktrin ak Alyans 112la, ke l te bay pandan advèsite nan Kirtland nan t ap gonfle. Senyè a te di: “Pirifye kè nou devan mwen” (vèsè 28), “Pa fè rebèl” (vèsè 15), “Mare senti nou pou travay la” (vèsè 7), epi “Se pou nou enb” (vèsè 10). Lè nou suiv konsèy sa a, Senyè a ap “pran men [nou] pou l dirije nou” nan mitan advèsite pou mennen nou nan gerizon ak lapè (gade vèsè 10, 13).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Senyè a ka “òdone tout bagay pou byen [mwen].”
Rive 1836, Legliz la te akimile anpil gwo dèt nan fè travay Senyè a. Joseph Smith ak lòt yo te enkyete pou dèt sa yo epi yo te konsidere fason pou yo te peye yo (gade antèt seksyon Doktrin ak Alyans 111).
Pandan w ap li seksyon 111, konsidere kijan pawòl Senyè a te di Joseph yo ka aplike pou oumenm—ak bagay ki fè w enkyete yo. Pa egzanp, lè w te santi lanmou Bondye “malgre foli w yo” (vèsè 1)? Kòman Senyè a ede nou jwenn “trezò” nou pa t atann? (vèsè 10? Kisa Li te fè pou “òdone tout bagay pou byen ou” (vèsè 11? Kisa fraz “osi vit nou ka resevwa yo” a anseye w konsènan Pè Selès la?
Gade tou Matye 6:19–21, 33; “Plus d un trésor,” nan Révélations dans leur contexte, 229–34.
Doktrin ak Alyans 112:3–15, 22
Senyè a ap dirije moun k ap enbleman chèche volonte Li.
Thomas B. Marsh, Prezidan Kolèj Douz Apot yo, te fache paske Joseph Smith, san konsilte li, te aple de manm nan kowòm ni an pou al preche levanjil la an Angletè. Li te rankontre avèk Pwofèt la, ki te resevwa yon revelasyon ki te ede Thomas mete santiman blese l yo akote. Revelasyon sa a dekri nan Doktrin ak Alyans 112.
Kenbe kontèks sa a nan lespri w pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 112. Kisa w wè ki ta ka ede geri santiman blesi Thomas yo? Nan vèsè 3–15 ak 22, ou ta ka chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kisa imilite ye? Kisa sa vledi pou Senyè a “pran men ou” pou dirije w? Poukisa ou panse ke lè nou enb, sa ede nou resevwa gidans Senyè a? Ou ka jwenn repons adisyonèl nan “Modèl Imilite” nan mesaj Elder Joseph W. Sitati a “Modèl Lavi Disip” (Lyawona, Nov. 2022, 87–88).
Panse a yon moun ou konnen ki enb. Kisa moun sa a fè pou l montre imilite? Kisa w aprann nan men Sovè a konsènan rete enb? Petèt ou ta ka jwenn foto sou moman nan lavi Li kote L te montre imilite.
Kilè w te santi Senyè a te gide ou pandan w te imilye tèt ou?
Gade Ulisses Soares, “Se pou nou Dou ak Enb nan Kè nou,” Liahona, Nov. 2013, 9–11; “Lafwa ak Chit Thomas Marsh,” nan Revelatiosn dans leur contexte, 54–60; Sijè ak Kesyon, “Imilite,” Bibliyotèk Levanjil; “Oh! Sois Humble,” Cantiquesymns, no. 69.
Angaje moun k ap aprann yo. Panse sou fason w ka ede moun w ap anseye yo aktivman patisipe nan aprann verite yo nan ekriti yo. Pa egzanp, pou ede yo konprann sa Senyè a te di nan Doktrin ak Alyans 112:10yo, ou ta ka bande je yon moun epi byen dirije men li toutotou yon ti pakou obstak chèz ak lòt objè. Kisa nou aprann sou imilite nan demonstrasyon sa a?
Doktrin ak Alyans112:12–26, 28, 33–34
Moun ki vrèman konvèti yo vin konnen Jezikri.
Lefè ke kèk nan Apot yo te tounen kont Pwofèt la an 1837 se yon bon rapèl ki montre ke kèlkeswa apèl nou genyen oswa nivo konesans nou sou levanjil la, nou dwe asire nou endividyèlman ke nou vrèman konvèti. Petèt ou ta ka li Doktrin ak Alyans 112:12–26, 28, 33–34 epi chèche verite ki ta ka ede w simonte yon eprèv lafwa oubyen vin pi totalman konvèti nan Senyè a. Ou ta ka santi w enspire pou w pataje sa w jwenn yo pou ede yon lòt moun fòtifye konvèsyon yo nan Kris la.
Joseph Smith sete “yon sèvitè nan men Kris la.”
Ezayi te fè referans avèk youn nan desandan Ezayi yo kòm yon “baton” ak yon “rasin” (Ezayi 11:1, 10 Nan seksyon 113, Senyè a te eksplike ke desandan sa a, yon sèvitè Kris la, t ap jwe yon gwo wòl nan rasanble pèp Senyè a nan dènye jou yo (gade Doktrin ak Alyans 113:4, 6). Pwofesi sa a dekri Pwofèt Joseph Smith ase byen. Kijan bagay sa a ak lòt verite yo nan seksyon 113 ka te ankouraje Sen yo pandan toumant yo t ap travèse nan Kirtland yo? Kisa w jwenn nan revelasyon sa a ki enspire w pou w patisipe nan travay Senyè a jodia?
Gade tou nan Gid Ekriti yo, “Jesse,” Bibliyotèk Levanjil; 2 Nefi 21:10–12; Joseph Smith—Istwa 1:40.
Ezayi te ekri sou yon “ramo” ak “rasin” k ap soti nan “branch Jesse a” (Ezayi 11:1).
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Doktrin ak Alyans 111:2, 10–11
Bagay Bondye yo kapab yon trezò pou mwen.
-
Oumenm ak timoun yo ta ka desine sa k vin nan lespri yo lè yo tande mo trezòa. Apresa nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 111:2, 10–11 epi konpare trezò terès yo avèk bagay Senyè a renmen yo. (Gade paj aktivitesemèn sa a). Kijan nou ka plis cheri bagay Bondye yo?
Senyè a ap dirije m avèk pa lamen epi reponn priyè m yo.
-
Apre nou fin li Doktrin ak Alyans 112:10 ansanm, oumenm ak timoun yo ta ka chante ansanm “Oh! Sois Humble” (Cantiques, no. 69). Ou ta ka jwe yon jwèt ki mande pou youn dirije lòt “pa lamen” tou (tankou yon pakou obstak). Kijan Senyè a dirije nou “pa lamen”, menmsi Li pa la fizikman avèk nou? Poukisa nou bezwen Senyè a dirije nou? Kilè nou konn santi Senyè a ap dirije nou?
-
Oumenm oubyen timoun ou yo ta ka ekri pawòl yo nan Doktrin ak Alyans 112:10 epi souliyen benediksyon Senyè a ba nou lè nou vire jwenn ni enbleman. Ankouraje timoun yo pou yo pataje moman kote yo te enbleman mande èd Senyè a epi yo te resevwa repons pou priyè yo a oubyen yo te jwenn direksyon pou yo te fè yon bon gagay (gade Mowoni 7:13, 16).
Detay ki soti nan Leve epi Mache, pa Simon Dewey
Jezi vle pou m renmen tout moun.
-
Envite timoun yo pou yo chak li “Chapit 41: Pwoblèm nan Kirtland” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 158–60) lè tou pa yo rive. Kiyès nan istwa a ki te fè pwoblèm nan Kirkland yo vin pi mal? Kiyès ki t ap eseye amelyore yo? Apresa nou ta ka li Doktrin ak Alyans 112:11 epi pale sou rezon k fè Sovè a vle pou nou renmen tout moun nan. Kilè Li te montre lanmou pou moun ki pa t janti avèk Li? (pa egzanp, gade Lik 23:34). Chante avèk timoun yo yon chan sou renmen lòt moun, tankou “Je viens vers toi” (Chants pour les enfants, 78).
Chapter 41: Trouble in Kirtland: 1837–1838
Doktrin ak Alyans 112:11–14, 24–26
Moun ki vrèman konvèti yo vin konnen Jezikri.
-
Apre w fin li Doktrin ak Alyans 112:24–26, oumenm ak timoun yo ta ka pale sou diferans ant konnen non yon moun ak konnen yon moun. Ki ansèyman nan vèsè 11–14 yo ede nou konprann kisa sa vledi pou nou konnen Senyè a?
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.
Oh! Sois humble, pa Julie Rogers.