“13–19 Oktòb: ‘Sakrifis Li a ap Pi Sakre pou Mwen Pase Pwogresyon Li’: Doktrin ak Alyans 115–120. Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin Alyans 115–120,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Far West, Missouri, pa Al Rounds
13–19 Oktòb: “Sakrifis Li a Ap Pi Sakre pou Mwen Pase Pwogreson l lan”
Doktrin ak Alyans 115–120
Te gen rezon pou moun yo te optimis apwopo nouvo plas rasanbleman ayo a, Far West, Missouri. Vil la te grandi rapidman, tè a sanble te gen adondans, epi pa twò lwen sete Adam-ondi-Ahman, yon kote ki te gen anpil enpòtans nan lepase ak nan lavni (gade Doktrin ak Alyans 107:53–56; 116). Malgre sa, sa dwe te difisil kanmèm pou Sen yo pa t panse a sa yo te pèdi. Anplis ke yo te oblije kouri kite Independance, syèj santral Siyon, Sen yo te oblije kouri kite Kirtland, e kite dèyè bèl tanp yo a apre sèlman de lane. Epi fwa sa a se pat sèlman enmi andeyò Legliz la ki t ap koze pwoblèm—anpil manm eminan te vire kont Joseph Smith, enkli manm nan Kolèj Douz Apot yo.
Olye fokis sou yo te pèdi, fidèl yo te jis kontinye bati Siyon, fwa sa a nan Far West. Yo te fè plan pou yon nouvo tanp. Kat nouvo apot te aple. Yo te konprann ke travay Bondye pa vledi ou pa p janm echwe; li vledi w ap “leve ankò.” Epi malgre w ap oblije fè sakrifis, sakrifis sa yo sakre pou Bondye, menm “pi sakre … pase pwogresyon [ou]” (Doktrin ak Alyans 117:13).
Gade Les Saints, 1:296–99.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Lelgiz la enpòtan pou Senyè a.
Prezidan Russell M. Nelson te di ke non Legliz la se “yon bagay ki gen gwo enpòtans” (“Non Korèk Legliz la,” Lyawona, Nov. 2018, 87). Reflechi konsènan rezon sa a vrè pandan w ap li Doktrin ak Alyans 115:4–6. Ki rapò non Legliz la genyen avèk travay ak misyon li?
Gade tou 3 Nefi 27:1–11.
Siyon ak pieu l yo ofri “refij kont siklòn.”
Lè w ap etidye imajri puisan an nan Doktrin ak Alyans 115:5–6, konsidere wòl Senyè a vle ou, kòm manm Legliz LI a, pou akonpli. Pa egzanp, kisa ou ka fè pou “leve epi briye ” oswa “rete kòm yon pou nasyon yo”? (vèsè 5). Ki loraj spirityèl nou remake otou de nou? Kijan nou jwenn “refij” atravè rasanbleman? (vèsè 6).
Gade tou “Brillament, la miséricorde de notre Père,” Cantiques, no. 166.
Legliz Sovè a ka tounen yon limyè ak ron refij nan yon loraj.
Sakrifis mwen yo sakre pou Senyè a.
Imaiine ou sete Newel K. Whitney oswa madanm li, Elizabeth, ki t ap fè eksperyans yon lavi pwoesperite nan Kirtland epi apresa nan obligasyon pou yo kite abandone. Kisa w jwenn nan Doktrin ak Alyans 117:1–11 ki gendwa te ede ou fè sakrifis sa a? Ki sakrifis ou te fè pou Bondye? Kisa vèsè sa yo anseye konsènan kiyès Bondye yo ak kisa Li fè?
Sakrifis yo te mande Oliver Granger a te diferan de pa Whitney a: Senyè a te ba l responsablite pou l rete nan Kirtland epi regle zafè finans Legliz la. Pandan li te reprezante Legliz la avèk entegrite, alafen li pa te gen anpil siksè. Konsidere kijan pawòl Senyè a nan Doktrin ak Alyans 117:12–15 aplike ak bagay yo li te mande w pou fè.
Gade tou “Far West ak Adam-ondi-Ahman,” nan Revelations in Context, 239–40.
Dim mwen ede bati wayòm Bondye a.
Enstriksyon yo nan seksyon 119 ak 120 klarifye kisa dim nan ye: nou kontribye “yon-dizyèm” nan enterè nou (oswa revni) chak ane (gade Doktrin ak Alyans 119:4). Men revelasyon sa yo fè plis pase bay yon definisyon. Senyè a te di Sen yo ke ladim t ap “sanktifye tè Siyon an.” Epi san lwa sa a, Li te di, “li pa p yon peyi … Siyon pou nou” (vèsè 6). Èske w janm panse a ladim nan fason sa a? Kijan peye dim ka ede ou vin pi sanktifye, pi prepare pou Siyon?
Kisa w aprann apati revelasyon sa yo konsènan fason sèvitè a itilze fon ladim yo? Kisa ki siyifikatif pou ou konsènan fraz “avèk vwa pa m m ap ba yo” a nan Doktrin ak Alyans 120?
Eldè David A. Bednar te bay yon deskripsyon enteresan sou fason ladim itilize ak benediksyon ki soti nan obeyi lwa sa a nan “Fenèt Syèl yo” (Lyawona, Nov. 2013, 19–20). Kesyon sa yo kapab ede lè w ap etidye mesaj li a:
The Windows of Heaven
-
Kiyès ki detèmine fason ladim sèvi apre yo fin peye l bay Legliz la?
-
Pou ki bagay yo itilize dim?
-
Ki benediksyon ki vini kòm yon rezilta nan peye dim? Pa egzanp, nan ki fason peye dim fòtifye relasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?
-
Kisa ou ka aprann apati envitasyon Eldè Bednard la?
-
Kijan nou ka ede lòt yo ogmante lafwa yo nan lwa dim Senyè a?
Gade tou Malachi 3:8–12; “La dime de mon peuple,” nan Revelations dans leur Contexte, 250–55.
Ede lòt yo aplike sa w ap aprann anan. Menm lè yon moun vle peye dim, pafwa yo pa konnen kijan. Si w ap anseye fanmi ou oswa yon klas, konsidere pran yon ti tan poueksplike kijan pou peye ladim, swa anliy oubyen avèk yon fich Dim ak Lòt Ofrann yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,, 27
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak revi Pou Fòs yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Mwen se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.
-
Pou ede timoun ou yo aprann non Legliz la epi konprann poukisa li enpòtan, konsidere mande si nenpòt nan yo ka di non konplè Legliz la. OU t aka apresa montre yo non an nan Doktrin ak Alyans 115:4 and have them repeat it with you. Pandan w fè sa, konsidere endike mo siyifikatif yo ak poukisa yo enpòtan. OU ta ka repase tou “Chapit 43: Jezikri Bay Legliz Li a yon Non” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 164, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la) oswa chante “L Eglise de Jesus Christ” (Chants pour les enfants, 88).
Chapter 43: Jesus Christ Names His Church: April 1838
Egzanp mwen kapab ede lòt moun vin jwenn Kris la ak jwenn sekirite.
-
Timoun ou yo ka konnen moun ki an difikilte epi bezwen “refij” anba “loraj lavi yo” (vèsè 6). Kijan nou ka ede moun sa yo? Konsidere envite timoun yo pou yo kanpe lè w li mo leve nan Doktrin ak Alyans 115:5. Envite yo pou yo detire dwèt yo tankou reyon solèy lè w li mo briyea. Raple timoun yo ke limyè nou soti nan Jezikri, epi ede yo panse a fason yo ka “briye” jan Li briye a.
-
Timoun ou yo ta ka desine yon pòtrè ki dekri Doktrin ak Alyans 115:6. Pa egzanp, yo ka desine yon tanpèt avèk moun k ap pran refij nan yon batiman Legliz la. Kisa tanpèt la gendwa reprezante? Kijan Legliz Sovè a ofri èd? Ede timoun yo panse a yon zanmi, manm fanmi, oswa vwazen ki nan bezwen. Kijan nou ka envite yo pou jwenn èd nan Legliz Jezikri?
Sakrifis mwen yo sakre pou Senyè a.
-
Envite timoun ou yo pou yo fè tankou yo sete Nwel K. Whitney. Kijan yo t ap santi yo si Senyè a ta mande yo pou yo kite bonjan travay yo epi demenaje ale yon lòt kote. (Li ta ka ede pou repase “Chapit 41: Difikilte nan Kirtland,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 158–60, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la.) Pandan n ap li ansanm Doktrin ak Alyans 117:1–11, mande timoun ou yo pou yo fè yon poz lè yo tande yon bagay ki t ap ede yo gen lafwa pou obeyi Senyè a. Ki sakrifye nou pou n obeyi Senyè a? Kijan Li beni nou?
Chapter 41: Trouble in Kirtland: 1837–1838
Pè Selès la itilize ladim pou beni pitit Li yo.
-
Anpil nan timoun w ap anseye yo kapab twò jèn pou yo travay pou lajan ak peye dim, men li bon pou yo konprann kijan dim kontribye nan gwo Senyè a toupatou nan mond lan. Konsidere itilize foto yo ak paj aktivite a nan fen plan leson sa a pou ede yo konprann kisa dim nan ye. (Gade tou “Chapit 44: Ladim,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 165–66, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotyèk Levanjil la.) Kijan Pè Selès la itilize ladim pou beni pitit Li yo? Pataje sa w santi osijè lwa dim nan ak kijan li beni w.
Chapter 44: Tithing: July 1838
Lè nou peye dim, nou montre lafwa niu nan Jezikri.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.