Vini, Suiv Mwen
20–26 Oktòb: “O Bondye, Ki Kote Ou Ye?”: Doktrin ak Alyans 121–123


“20–26 Oktòb: ‘O Bondye, Ki Kote Ou Ye?‘: Doktrin ak Alyans 121–123,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

Doktrin ak Alyans 121–123,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Joseph Smith nan Prizon Libète a

Prizon Libète, tablo Welden Andersen

20–26 Oktòb: “O Bondye, Ki Kote Ou Ye?”

Doktrin ak Alyans 121–123

Chanm ki anba nan prizon ki nan konte Liberty, Missouri a, te pote non “kacho.a” Mi yo te epè, atè anwòch la te frèt epi sal, manje te piti epi gate, epi de fenèt etwat anfè yo ki te tou pre plafon an pa t kite anpil limyè antre. Se la Joseph Smith ak kèk lòt te pase kat mwa fredi pandan livè 1838-39 la. Pandan moman sa a, Joseph te toujou kontinye resevwa nouvèl sou soufrans Sen yo. Lapè ak optimis yo te santi nan Far West la te dire kèk mwa sèlman, epi kounyea Sen yo te sanzabri yon lòt fwa ankò, ap mache pasipala nan dezè a ap chèche yon lòt kote pou yo rekòmanse—fwa sa a pandan Pwofèt yo a te nan prizon.

Men, menm nan prizon mizerab sa a, “konesans ki soti nan syèl la” te “devèse” (Doktrin ak Alyans 121:33). Kesyon Joseph, “O Bondye, ki kote ou ye?” a te jwenn yon repons klè ak puisan: “Pa pè …, paske Bondye ap avèk ou pou tout tan e ajamè” (Doktrin ak Alyans 121:1; 122:9).

Gade Les Saints, 1:323-96; “Dans la Prison de Liberty,” nan Révélations dans leur contexte,, 256-63.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 121:1–10, 23–33; 122

Advèsite kapab “pou byen [mwen].”

Lè noumenm oubyen moun nou renmen twouve yo nan mitan soufrans, se nòmal pou nou mande si Bondye konnen sa n ap andire. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 121:1-6, panse sou yon lè kote w te gen kesyon oubyen santiman ki tankou pa Joseph Smith yo. Kisa w jwenn nan repons Senyè a ki ta ka ede w lè w gen kesyon oubyen santiman sa yo? Pa egzanp, nan vèsè 7–10, 26–33, remake benediksyon Li pwomèt yo. Kisa w panse sa vledi pou w “andire … byen”? Kijan Sovè a ede nou fè sa?

Pandan w ap li seksyon 122a, reflechi sou fason Senyè a vle w konsidere advèsite w yo. Ou ta ka medite sou eksperyans ki soti nan eprèv yo ak sou fason yo ta ka “pou byen [ou]” (vèsè 7).

Gade tou Quentin L. Cook, “Lapè Pèsonèl nan Tan Difisil,” Lyawona, Nov. 2021, 89–92; “Où Pourrais-je chercher?,” Cantiques, no. 68.

Doktrin ak Alyans 121:34–36

senbòl seminè
Vrè pouvwa ak enfliyans base sou “prensip lajistis yo.”

Pouvwa mond lan te fòse Sen yo kouri kite Misouri epi Joseph Smith t ale nan prizon. Men pandan Joseph te la a, Senyè a te anseye li sou yon diferant kalite pouvwa: pouvwa pa Li, “pouvwa syèl yo” Lekti sou pouvwa sa a nan Doktrin ak Alyans 121:34–46 ta ka ede w aprann kijan pou w resevwa pouvwa sa a—ak kijan pou itilize l pou beni lòt moun. Petèt ou ta ka ekri sa w aprann yo nan yon tablo ki gen kolòt ou rele Pouvwa Syèl yo ak Pouvwa Mond lan. Nan ki fason de kalite pouvwa sa yo diferan? Kisa deskripsyon sa yo sou pouvwa Senyè a anseye w osijè Li?

Ou ta ka medite sou mo enfliyans la nan vèsè 41an tou. Nan ki kèk sitiyasyon ou ta renmen vin yon enfliyans pou byen—petèt nan yon relasyon familyal, nan lekòl, nan travay, oswa nan yon tach nan Legliz la? Kisa w aprann nan vèsè 41–46 sou fason Bondye enfliyanse Pitit Li yo? Ou ta ka rezime sa w aprann yo nan konplete yon fraz tankou sa a: “Pou enfliyanse pou byen, M ap .”

Gade tou Jeffrey R. Holland, “Pa Jan Mond Lan Bay la,” Lyawona, Me 2021, 35–38; David A. Bednar, “Pouvwa Syèl yo,” Lyawona, Me 2012, 48–51; “The Powers of Heaven (Pouvwa Syèl yo)” (video), Bibliyotèk Levanjil.

9:14

"The Powers of Heaven"

Chwazi yon fraz epi etidye l an pwofondè. Pou w aprann plis sou bèl benediksyon yo dekri nan vèsè 45-46 yo, ou ta gen dwa chwazi yon fraz ki frape ou epi etidye l an pwofondè. Pa egzanp, kisa mo gani an vledi, epi, kijan vèti ka gani panse ou? Oubyen petèt ou ta ka jwenn yon foto sou lawouze epi aprann sou fason lawouze fòme sou plant yo. Ki resanblans sa genyen avèk fason Senyè a anseye doktrin Li an? Pataje sa w dekouvri yo avèk fanmi w oswa zanmi w yo, enkli zanmi w yo nan legliz.

Doktrin ak Alyans 122:8

Jezikri te desann pi ba pase tout bagay pou L Ka leve m wo.

Kisa w panse sa vledi lè nou di ke Jezikri te “desann pi ba … pase tout [bagay]”? Men kèk vèsè adisyonèl ki ta ka ede w konprann fraz sa a: Ezayi 53:3–4; Ebre 2:17–18; 1 Nefi 11:16–33; Alma 7:11–13. Baze sou sa w aprann yo, panse pou w refòmile Doktrin ak Alyans 122:8 la nan pwòp mo pa ou. Kijan w ka montre gratitid ou pou Jezikri paske L desann pi ba pase tout bagay la?

Kijan ide Prezidan Dallin H. Oaks la afekte konpreyansyon ou? Nou ta gendwa menm di ke poutèt li te desann pi ba tout bagay, Li pafètman nan pozisyon pou L soulaje nou epi ban nou fòs nou bezwen pou nou sipòte afliksyon nou yo” (“Fòtifye pa Ekspyasyon Jezikri a,” Lyawona, Nov. 2015, 64).

Jezikri ap soufri nan Jetsemani

Detay ki soti nan Se pa Volonte pa M, Men Volonte Pa W, tablo Walter Rane

Doktrin ak Alyans 123

“Se pou nou fè tout sa ki nan pouvwa nou avèk kè kontan.”

Nan Doktrin ak Alyans 123:7–8, Joseph Smith te fè referans a fo kwayans ki mennen nan soufrans, enkli pèsekisyon Sen yo. An Mas 1839, li ka te sanble ke pa t genyen anpil bagay Sen yo ta ka fè osijè sa. Men nan lèt li te ekri pandan l te nan Prizon Liberty a, Joseph te di yo kisa yo te ka fè: “[rasanble] tout enfòmasyon sou tout aksyon” epi “kanpe trankil, avèk asirans ki pi solid la, pou nou wè sali Bondye” (Doktrin ak Alyans 123:1, 17). Pandan w ap konsidere pwoblèm ki nan mond lan jodia, panse sou fason pou w adrese yo ki “nan pwòp pouvwa pa [ou]” (vèsè 12, 17). Epi pa neglije “ti bagay” ki aparaman piti yo (vèsè,). Poukisa li enpòtan pou nou fè bagay sa yo “avèk kè kontan”? (vèsè 17

Anpil nan enfòmasyon Joseph te mande yo nan lèt sa a te rive jwenn gouvènman an epi yo te pibliye nan yon seri ki te gen 11 pati nan yon jounal nan Novou, Times and Seasons (gade “A History, of the Persecution, of the Church of Jesus Christ, of Latter Day Saints in Missouri, December 1839–October 1840,” [josephsmithpapers.org]).

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.

senbòl 03 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 68:2–3; 100:5–8

Avèk Bondye, eprèv mwen yo kapab pou byen mwen.

  • Pou ede timoun yo imajine kisa sa t ap sanble pou Joseph Smith ak zanmi l yo te nan Prizon Liberty a, nou ta ka li ansanm “Chapit 46: Joseph Smith nan Prizon Libète” (nan Istwa Doktrin ak Alyans, 172–74) oswa “Vwa Retablisman yo: Prizon Libète a” oubyen gade yon pati nan video “Joseph Smith: Pwofèt Retablisman an” (Bibliyotèk Levanjil, kòmanse nan 41:30). Apresa, pandan w ap li Doktrin ak Alyans 121:1–9, ou ta ka pale sou fason Sovè a te ede Joseph santi lapè. Kijan nou ka jwenn lapè nan Sovè a, menm nan tan difisil?

    1:51

    Chapter 46: Joseph Smith in Liberty Jail: November 1838–April 1839

    62:4

    Joseph Smith: The Prophet of the Restoration

  • Pou ede timoun ou yo rekonèt ke eprèv nou yo “se pou byen [nou]” (Doktrin ak Alyans 122:7; ou ta ka pale avèk yo de fason mis nou yo devlope lè nou pote yon bagay ki lou. Ou ta ka menm envite yo pou yo leve yon bagay lou. Eksplike yo ke travèse moman difisil kapab ede espri nou grandi—si nou mande Senyè a èd. Pataje menm kalite eksperyans la sou lavi w tou.

Doktrin ak Alyans 121:34–36

Lajistis pote “pouvwa syèl yo.”

  • Petèt yon analoji ta ka ede timoun ou yo konprann “pouvwa syèl yo.” Pa egzanp, ou ta ka konpare pouvwa Bondye avèk pouvwa elektrisite. Kisa ki ta ka anpeche yon aparèy elektrik resevwa pouvwa? Kisa ki diminye pouvwa espirityèl nou? Kisa ki ogmante li? (Chèche mo ak fraz yo nan Doktrin ak Alyans 121:34–46; gade tou Manyèl Jeneral, 3.5, 3.6, Bibliyotèk Levanjil la.)

Doktrin ak Alyans 122:7–9

Jezikri konn kisa m ap travèse.

  • Apre w fin li Doktrin ak Alyans 122:7–9 avèk timoun ou yo, ou ta ka pataje yon eksperyans kote w te santi Sovè a te avèk ou pandan yon eprèv difisil. Nou ta ka chante ansanm tou yon kantik tankou “Jésus enfant” (Chants pour les enfants,, 55), epi temwaye ke Jezikri ka ede nou paske L konn kijan nou santi nou.

Doktrin ak Alyans 123:15–17

Menm ti bagay piti yo ka fè yon gwo diferans nan sèvis Bondye.

  • Pou ede timoun ou yo konprann Doktrin ak Alyans 123:15–17, ou ta ka pataje avèk yo yon foto sou yon gwo bato avèk yon ti gouvènay, oubyen pataje avèk yo eksplikasyon Eldè David A. Bednar la nan “Prensip yo nan Levanjil mwen an” (Liahona, Me 2021, 125–26). Apresa ou ta ka pale sou ti fason nou ka jwayezman sèvi fanmi nou ak zanmi nou.

15:0

“The Principles of My Gospel”

ilistrasyon yon bato sou lanmè

Tankou ti gouvènay yon gwo bato, ti efò piti nou yo ka fè yon gwo diferans.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Joseph Smith te konfwonte yon moman difisil nan prizon Libertu a.

Joseph Smith nan prizon Liberty a, pa Greg K. Olsen

paj aktivite pou timoun yo