“21–27 Avril: “Si Nou Pa Fè Yonn, Nou Pa Moun Mwen”: Doktrin ak Alyans 37–40,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 37–40,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Sen yo demenaje al Kirtland, tablo Sam Lawlor
21–27 Avril: “Si Nou Pa Fè Yonn, Nou Pa Moun Mwen”
Doktrin ak Alyans 37–40
Pou premye Sen yo, Legliz la te plis pase yon lye pou yo te tande kèk predikasyon jou Dimanch. Revelasyon yo itilize mo tankou koz, wayòm, Siyon, epi, trè souvan, travay. Sete kapab yon pati nan sa ki te atire moun yo nan legliz retabli a. Otan yo te renmen doktrin retabli a, anpil nan yo te vle yon bagay ki sen pou konsakre lavi yo. Menm konsa, obeyi kòmandman 1830 Seyè a pou pou rasanble nan Ohio a pat fasil. Pou anpil moun, sa te vle di pou yo kite kay konfòtab yo pou ale nan yon fontyè ki pa familye (gade nan “Vwa Retablisman yo: Rasanble nan Ohio”). Jodia nou ka wè klèman sa Sen sa yo te ka sèlman wè ak je lafwa yo: Senyè a te gen gwo benediksyon k t ap tann yo nan Ohio.
Bezwen pou rasanble nan Ohio a pase depi lontan, men Sen yo jodia toujou ini alantou menm koz la: “etabli Siyon” (Doktrin ak Alyans 39:13 Menmjan avèk premye Sen sa yo, nou envite pou abandone “bagay mond lan” (Doktrin ak Alyans 40:2 epi kwè nan pwomès Senyè a: “W ap resevwa … yon benediksyon ki pi gwo pase sa ou pat janm konnen” (Doktrin ak Alyans 39:10.
Gade tou nan Sen yo, 1:109–11.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz
Bondye rasanble nou pou l beni nou.
Manm Legliz yo nan Fayette, New York, te gen pou fè sakrifis ki difisil pou demenaje al Ohio (plis pase 402,336 kilomèt distans) pandan livè 1831 an. Pandan w ap li konsènan kòmandman Seyè a nan Doktrin ak Alyans 37:3–4, ou ta ka panse sou sakrifis Seyè a mande w fè yo. Apresa, pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 38:1–33, chèche verite konsènan Sovè a ki ba ou lafwa pou w suiv konsèy Li. Kisa w aprann nan vèsè 11–33 yo sou benediksyon rasanbleman yo kòm disip Jezikri?
“Koute vwa m epi suiv mwen.”
Kijan nou ka fè Jezikri vin “lejislatè” ou? Kijan suiv lwa L yo fè nou vin “yon pèp lib”?
Gade tou nan 2 Nefi 2:26–27.
M prepare, m pa bezwen pè.
Kilè w te eksperimante prensip Seyè a te revele nan Doktrin ak Alyans 38:30: “Si nou prepare, nou pap pè”? Pandan w ap etidye seksyon 38, remake kouman Seyè a prepare Sen Li yo pou yo ka fè fas devan lavni avèk kouraj. Kouman L vle w prepare pou difikilte pou w ka pa bezwen pè?
Gade tou nan David A. Bednar, “Nou Pral Epwouve Yo,” Lyawona, Nov. 2020, 8–11.
Bondye vle pou nou “fè yonn.”
Sen ki te rasanble nan Ohio yo te sòti nan yon varyete sikonstans. Se menm jan avèk moun ki nan pawas ou yo. Men, Seyè a kòmande pèp Li a pou yo “fè yonn” (vèsè 27). Kijan nou ka akonpli kalte inite sa a? Ki ide ki vin nan panse w pandan w ap li Doktrin ak Alyans 38:24–27? Poukisa nou bezwen ini pou n ka tounen pèp Bondye?
Lè w li vèsè sa yo, sa ta ka enspire w tou pou w panse sou relasyon ou yo—paregzanp, avèk manm fanmi, manm pawas, ak manm kowòm oubyen manm klas yo. Kisa ki ta ka anpeche w vin ini nan Kris? Kijan Sovè a ka ede w “fè yonn”? Video “Yon Zanmi pou Tout Moun” oubyen “Amou nan Kè Nou” (Biblyotèk Levanjil la) ta ka ede w reponn kesyon sa yo. Ou ta ka jwenn ide tou nan mesaj Elder Dale G. Renlund nan “Lapè Kris la Aboli Inimitye,” Lyawona, Nov. 2021, 83–85.
A Friend to All
Love in Our Hearts
Kouman w ta ka ede gwoup sa yo vin pi infye? Paregzanp, konsidere voye oubyen ekri tèks yon ti nòt bay manm nan kowòm, nan klas, oubyen fanmi ou yo. Kiyès ou santi ki enspire pou w lonje men bay?
Kisa ki enspire w konsènan egzanp Sovè a nan Efezyen 2:14, 18–22; 2 Nefi 26:24–28?
Gade tou nan Quentin L. Cook, “Kè Yo Lye nan Jistis ak Inite,” Lyawona, Nov. 2020, 18–21; “Aimez-vous les uns les autres,” Cantiques, no. 166; Sijè ak Kesyon, “Apatenans nan Legliz Jezikri a,” Libreri Levanjil.
Doktrin ak Alyans 38:39; 39–40
Pè Selès vle ban mwen richès letènite yo.
Nan opinyon w, ki diferans ki genyen ant “richès latè a” ak “richès letènite”? Doktrin ak Alyans 38:39). Ki eksperyans ki anseye w pou w valorize richès letènite?
Kenbe sa nan panse w pandan w ap li konsènan James Covel nan seksyon 39–40 (ansanm avèk enfòmasyon istorik nan antèt seksyon an). Konsidere nan ki fason eksperyans sa a ka aplike pou ou. Paregzanp, panse ak tan kote “kè w … te dwat devan [Bondye]” (Doktrin ak Alyans 40:1). Kijan w te beni poutèt fidelite ou? Epi tou, panse a ki “bagay nan mond la” ou fè fas. Kouman yo ta ka anpeche w resevwa pawòl Bondye a “avèk lajwa”? (Doktrin ak Alyans 39:9; 40:2). Kisa w jwenn nan seksyon sa yo ki enspire w pou w obeyisan avèk plis konsistans a Bondye?
Gade tou nan Matye 13:3–23.
Aplike ekriti yo nan lavi ou. “Youn nan fason ou ka ede etidyan yo wè koneksyon nan [ekriti yo] se poze yo kesyon tankou‘Kijan sa a ka ede w avèk yon bagay w ap travèse kounyea?’ ‘Poukisa li enpòtan pou w konnen sa?’ ‘Ki diferans sa ka fè nan lavi ou?’” Anseye nan Fason Sovè a, 23). Kesyon sa yo ki nan aktivite sa konsènan Doktrin ak Alyans 39–40 se lòt egzanp kesyon ki ka ede nou aplike revelasyon sa yo nan lavi nou.
Pou plis ide, gade nan piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Doktrin ak Alyans 37; 38:31–33
Bondye rasanble nou pou l beni nou.
-
Kat la ak paj aktivite ki nan fen plan leson sa a ta ka ede timoun ou yo konprann kisa Bondye te kòmande nan Doktrin ak Alyans 37:3 a. Petèt ou ka ede yo chèche kote ki mansyone nan revelasyon sa yo. Ou ta ka ede yo chèche yon fraz nan Doktrin ak Alyans 38:31–33 a tou ki dekri poukisa Bondye vle pèp Li a rasanble ansanm.
Bondye vle nou “fè yonn.”
-
Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 38:24–25 avèk timoun ou yo, pale sou kisa sa vle di pou estime frè w oubyen sè w tankou tèt pa w (gade tou nan Matye 7:12). Ede yo repete ekriti a, ranplase “frè l” la pa non yo chak.
-
Pou anseye timoun ou yo kisa sa vle di pou yo “fè yonn” (Doktrin ak Alyans 38:27), ou ta kapab ede yo desine yon gran kantite 1 epi dekore l avèk non ak desen oubyen foto chak moun nan fanmi w oubyen nan klas la. Bòkote desen an 1, ou ta ka ekri bagay ou pral fè pou ou ka vin plis ini.
-
Konsidere pou w pataje yon leson ilistrasyon ki demontre kijan nou ka konbine oubyen ini kèk bagay pou yo fè yon sèl, tankou mòso twal ki fè dra oubyen engredyen ki vin tounen pen. Kisa egzanp sa yo anseye nou osijè vin fè youn antanke pèp Bondye?
Si m prepare, m pa bezwen pè.
-
Pandan w ap li ansanm Doktrin al Alyans 38:30, ou menm ak timoun ou yo ta ka pale sou eksperyans resan ki te egzije preparasyon. Apresa, ou ta ka mande timoun yo sou bagay Pè Selès vle nou prepare. Pataje avèk timoun ou yo yon eksperyans kote preparasyon te ede w pa pè. Nou ta ka gade ansanm tou video “Kè Lèzòm pral abandone yo” (Biblyotèk Levanjil la).
Men's Hearts Shall Fail Them
Mwen te resevwa don Sentespri a lè m te konfime.
-
Konsidere montre yon foto yon moun k ap resevwa konfimasyon. Mande timoun ou yo pou yo dekri sa k ap pase nan foto a. Ou ta ka envite yo tou pou yo pwente sou foto a nenpòt lè yo tande mo Sentespri a nan Doktrin ak Alyans 39:6, 23 (oubyen nan yon kanyik tankou “Le Saint-Esprit,” Chants pour les enfants, 105). Pataje yonn avèk lòt kouman don Sentespri a beni ou.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.