“Vwa Retablisman an: Premye Konvèti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Premye Konvèti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Vwa Retablisman an
Premye Konvèti yo
Menm anvan Legliz la te òganize an avril 1830, Senyè a te dekare: “Jaden an deja mi pou rekòlte” (Doktrin ak Alyans 4:4). Deklarasyon sa a te pwouve ke l te vrè nan mwa ki te vini apre yo, lè Lespri Bondye te dirije anpil moun ki t ap chèche laverite te pou yo te jwenn Legliz retabli Jezikri a.
Anpil nan premye konvèti sa yo te jwe yon wòl enpòtan nan tabli fondasyon Retablisman an, epi istwa konvèsyon yo plen valè pou nou jodi a. Lafwa yo te montre a se menm lafwa nou bezwen pou nou vin tounen moun ki konvèti nan levanjil Jezikri a.
Abigail Carking Leonard
Lè Abigail Calkins Leonard te nan mitan trantèn li, li te vle jwenn padon pou peche l yo. Li te li Bib la yon lè konsa, epi moun legliz Kretyen yo te konn vizite lakay li, men li te gen konfizyon apwopo kisa k te fè diferans ant yon legliz ak yon lòt. Li te di: “Yon jou maten, m te pran Bib mwen epi m t al nan bwa yo, lè m te mete m ajenou.” Li te priye Senyè a anpil. “Imedyatman yon vizyon te pase devan je m, epi diferan gwoup relijye yo te pase devan m youn apre lòt, epi yon vwa te rele m, li te di: ‘Sa yo bati pou fè lajan.’ Epi, pa dèyè yo, m te kapab wè yon gwo limyè, ak yon vwa ki te soti anlè a ki te di: ‘M ap elve yon pèp, ke m ap kontan posede ak beni.’” Yon ti moman apre, Abigail te tande pale de Liv Mòmon an. Malgre l pa t ko gen yon kopi, li te chèche “konnen verasite liv sa a, pa don ak pouvwa Sentespri a,” epi li “imedyatman li te santi prezans li” Lè l te finalman kapab li Liv Mòmon an, li te “pare pou l te resevwa l.” Limenm ak mari l, Lyman, te batize an 1831.
Thomas B. Marsh
Lè Thomas B. Marsh te yon jèn adilt, li te etidye Bib la epi l te antre nan yon legliz kretyen. Men li pa t satisfè, finalman li te kite tout legliz yo. “Li te di: “M te gen enpe espri pwofesi,” epi m te di [yon lidè relijye] ke m t ap tann yon nouvo legliz leve, ki tap gen verite a nan pite li.” Yon tikras tan apre sa, Thomas te santi l pouse espirityèlman pou l te kite lakay li nan Boston, Massachussetts, pou l te vwayaje al nan lwès. Apre l te fin pase twa mwa nan Lwès Nouyòk san l pa t jwenn sa l t ap chèche a, li te derape pou l te retounen lakay li. Pandan l te sou wout, yon madanm te mande Thomas si l te tande pale de yon “Bib annò yon jèn mesye ki te rele Joseph Smith te jwenn”. Thomas, ke panse sa a te kaptive, te vwayaje imedyatman pou l te ale Palmira, e li te rankontre Martin Harris nan enprimri a, egzakteman lè 16 premye paj Liv Mòmon an t ap soti nan près la. Yo te pèmèt Thomas pran yon kopi 16 paj sa yo, e li te pote yo lakay li bay madanm li, Elizabeth. Thomas rakonte: “Li te satisfè” de liv la, li te “kwè ke l se te pawòl Bondye.” Thomas ak Elizabeth te demenaje al abite Nouyòk avèk pitit yo apre sa, epi yo te batize. Pou plis enfòmasyon sou Thomas B. Marsh, gade nan Doktrin ak Alyans 31.)
Parley ak Thankful Pratt
Menm jan avèk Thomas Marsh, Parley ak Thankful Pratt te reponn a pouse espirityèl pou yo te kite fèm yo a ki t ap pwospere nan Ohio avèk entansyon pou yo t al preche levanjil la jan yo te konprann li nan Bib la. Jan Parley te di frè l la: “Lespri bagay sa yo te tèlman gen yon gwo enpak sou panse m ak lespri m ke m pa ka pran repo.” Lè yo te rive nan lès Nouyòk, Parley te santi l pouse pou l te rete nan zòn nan pandan yon ti moman. Yo te deside ke [madanm li], Thankful, tap kontinye san li. Parley te di l: “Mwen gen yon travay pou m fè nan zòn sa a, e kisa l ye, ni konbyen tan l ap pran pou l fèt, m pa konnen, men, m ap vini lè l fin akonpli.” Se te la Parley te tande pale de Liv Mòmon an pou lapremyèfwa. Li te di: “M te santi yon enterè etranj nan liv la”. Li te mande yon kopi epi l te li l pandan tout nuit la. Rive nan maten, li te konnen ke liv la te vrè, li te di ke l te vo “plis pase tout richès mond lan.” Nan lespas kèlke jou, Parley te batize. Apre sa li te retounen al jwenn Thankful, ki te batize tou. Pou plis enfòmasyon sou Parley P. Pratt, gade nan Doktrin ak Alyans, 32).
Parley P. Pratt k ap Li Liv Mòmon an, pa Jeffrey Hein
Sidney ak Phebe Rigdon
Sou wout li soti Nouyòk pou l t al nan yon misyon nan Missouri, Parley P. Pratt ak zanmi konpayon l yo te fè yon ti rete nan Mentor nan Ohio lakay Sidney ak Phebe Rigdon—ansyen zanmi Parley te konnen lè l te abite Ohio. Sidney se te yon pastè kretyen, epi Parley se te yon manm nan kongregasyon l lan otrefwa e l te konsidere l kòm yon dirijan espirityèl. Parley te kontan pale zanmi l yo de Liv Mòmon an ak Retablisman levanjil Jezikri a. Sidney limenm t ap chèche retablisman vrè Legliz li te wè yo dekri nan Nouvo Testaman an, malgre l te gen dout sou Liv Mòmon an nan kòmansman. Li te di zanmi l Parley: “Men m ap li liv ou a “epi m ap chèche konnen, si l se yon revelasyon ki soti nan men Bondye oubyen non.” Apre de semèn ap etidye ak priye, limenm ak Phebe te vin gen konviksyon ke liv la te vrè. Men Sidney te konnen tou ke antre nan legliz la se tap yon gwo sakrifis pou fanmi l. San okenn dout, Li tap pèdi travay li kòm pastè, ansanm avèk ran sosyal li nan kominote a. Pandan li menm ak Phebe t ap diskite sou posiblite a, Phebe te deklare: “Mwen evalye ki konsekans sa kapab genyen, epi … mwen vle fè volonte Bondye, pou lavi oubyen pou lanmò.”