Vini, Suiv Mwen
Pak: “Se Mwen Menm Ki Vivan an, Se Mwen Menm Yo Te Touye a“


“14–20 Avril: ‘Se Mwenmenm ki Vivan an, Se Mwenmenm Yo te Touye a’: Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (20205)

“Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Estati Kris la

14–20 Avril: “Se Mwen Menm Ki Vivan an, Se Mwen Menm Yo Te Touye a“

Pak

3 Avril 1836 sete Dimanch Pak. Apre l te fin administre sentsèn bay Sen yo ki te rasanble nan nouto Tanp Kirtlland ki te fèk konsakre a, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te jwenn yon ti plas trankil dèyè yon vwal nan tanp lan epi yo te mete ajenou nan priyè an silans. Epi, nan jou sakre sa a kote Kretyen toupatou t ap komemore Rezirèksyon Jezikri a, Sovè resisite a limenm te parèt nan tanp li a, li te deklare: “Se mwen menm ki vivan an, se mwen menm yo te touye a” (Doktrin ak Alyans 110:4).

Kisa sa siyifi pou n di ke Jezikri se “limenm ki vivan an”? Sa pa jis vledi ke L te leve soti nan tonm nan nan twazyè jou a epi L te parèt devan disip Li yo nan Galile. Sa vle di ke Li vivan jodia. Li pale atravè pwofèt jodia. L ap dirije Legliz Li a jodia. Li geri nanm blese ak kè brize jodia. Konsa, nou ka repete pawòl temwayaj puisan Joseph Smith la: “Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, dènye nan tout, nou fè konsènan li pou fè konnen: Li vivan! (Doktrin ak Alyans 76:22). Nou ka tande vwa Li nan revelasyon sa yo, temwaye de men Li nan lavi nou, epi santi “lajwa ke fraz sa a bay la: ‘Mwen konnen Redanmtèm nan vivan!’”” (Cantiques, no. 136).

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

senbòl seminè
Jezikri vivan.

Pifò nan nou pa wè Jezikri jan Pwofèt Joseph Smith te wè l la. Men nou ka konnen, jan l te konnen an, ke Sovè a vivan, ke Li konnen siksè nou ak lit nou yo, epi L ap ede nou nan moman bezwen. Konsidere pwòp temwayaj pa w konsènan Kris vivan an pandan w ap medite sou kesyon yo ki anba la a epi etidye dokimantasyon ki akonpaye yo.

Pouvwa soti nan memorizasyon. Èldè Richard G. Scott te eksplike: “Gwo pouvwa soti nan memorize ekriti yo. Memorize yon pasaj ekriti se tankou kreye yon nouvo amitye. Se tankou dekouvri yon nouvo moun ki ka ede nan moman bezwen, ki ka bay enspirasyon ak rekonfò, epi ki ka yon sous motivasyon lè yon chanjman nesesè” (Richard G. Scott, “Le pouvoir des Ecritures,” Ensign, oswa Liahona, Nov. 2011, 6). Si w jwenn yon ekriti sou Sovè a ki espesyalman siyifikatif pou ou—petèt youn ki ta ka ba w rekonfò nan moman bezwen—konsidere pou w memorize li.

Nan video “Bi Espirityèl Mwen” an, yon jènfi deside pou l memorize “Kris Vivan an” (Libreri Levanjil). Kisa ki enpresyone w de li? Kisa w santi w enspire pou w fè pou w resevwa verite nan “Kris Vivan an” nan kèw ak nan lespri w?

2:5

Let Your Goals Be Guided by the Spirit

Pou w aprann osijè fason Sovè a beni nou jodia, ou ka etidye, koute, oswa chante “Je sais qu’il vit mon Rédempteur” (Cantiques, no. 136). Li ta ka enspiran pou w chèche verite ki nan kantik sa a ke yo anseye tou nan n Doktrin ak Alyans 6:34; 84:77; 98:18; 138:23.

Gade Sijè ak Kesyon tou, “Jezikri,” Libreri Levanjil.

Gras ak Jezikri, m ap resisite.

Joseph SMith te konn kisa sa te vle di pou kriye pou moun nou ki mouri, enkli papa l ak de frè li Joseph ak Emma te antere sis pitit, chak pi piti pase dezan. Nan revelasyon Bondye te bay yo, Joseph ak Emma te jwenn yon pèspektiv etènèl.

Chèche verite osijè lanmò ak plan etènèl Bondye a nan Doktrin ak Alyans 29:26–27; 42:45–46; 63:49; 88:14–17, 27–31; 93:33–34. Kijan revelasyon sa yo afekte fason w wè lanmò? Kijan yo ka afekte fason w ap viv?

Gade tou 1 Korentyen 15; Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 174–76; Easter.ChurchofJesusChrist.org

Jezikri te akonpli yon “ekspyasyon pafè.”

Yon fason pou konsantre sou Sovè a nan Pak se etidye revelasyon nan Doktrin ak Alyans yo ki anseye sou sakrifis ekspyatwa l la. Ou ka jwenn kèk nan Doktrin ak Alyans 18:10–13; 19:16–19; 45:3–5; 76:69–70. Panse fè yon lis sou verite ou jwenn nan vèsè sa yo. Pou apwofondi etid ou a, ou ta ka ajoute sou lis ou a nan chèche nan Lik 22:39–44; 1 Jan 1:7; 2 Nefi 2:6–9; Mozya 3:5–13, 17–18; Mowoni 10:32–33.

Men kèk kesyon ki ta ka gide etid ou a:

  • Kisa Ekspyasyon Jezikri a ye menm?

  • Poukisa Jezikri te chwazi pou L te soufri ak mouri pou nou?

  • Kisa m dwe fè pou m ka resevwa benediksyon sakrifis li a pote yo?

  • Kisa m panse apwopo Jezikri apre m fin li vèsè sa yo?

Gade Gid Ekriti yo tou, “Ekspyasyon,” Libreri Levanjil; “Sovè a nan Jetsemani” (video), Libreri Levanjil.

8:48

The Savior Suffers in Gethsemane

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.

senbòl 01 nan seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Gras ak Jezikri, m ap resisite.

  • Pou anseye timoun yo sou rezirèksyon an, ou ta ka kòmanse montre yo foto sou lanmò ak rezirèksyon Sovè a Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen apwopo evenman sa yo. Ou ta ka chante yon kantik tou tankou “Jésus est-il ressucité?” (Chants pour les enfants, 45).

  • Panse avèk yon leson objè ki ka ede timoun yo konprann sa k pase lè nou mouri (lespri nou ak kò nou separe) ak lè nou resisite (lespri nou ak kò nou reyini ankò, epi kò nou pafè ak imòtèl). Pa ekzanp, kisa k pase lè nou retire batri nan yon flach oubyen tib lank lan nan yon plim? Kisa k pase lè bagay sa yo vin reyini? (Gade Alma 11:43–45.)

  • Èske tmoun ou yo konnen yon moun ki te mouri? Kite yo pataje yon ti kal sou moun sa yo, epi apresa li ansanm Doktrin ak Alyans 138:17. Pale youn ak lòt sou kijan sa ye pou w konnen ke moun chè w yo ap resisite epi jwenn yon kò ankò.

  • Si w gen timoun ki pi gran, ou ta ka envite yo chèche fraz ki kaptire mesaj Pak la nan pasaj sa yo: Doktrin ak Alyans 63:49; 88:14–17, 27; 138:11, 14–17. Yo ta ka fè menm bagay avèk video “Parce qu’il vit” (Libreri Levanjil). Kijan nou ka pataje mesaj sa a avèk lòt moun?

antèman ak Rezirèksyon Kris la

Pwofèt Joseph Smith te wè Jezikri.

  • Oumenm ak timoun ou yo ta ka enterese nan li osijè twa moman diferan kote Jezikri te parèt devan Joseph Smith ak lòt, jan sa ekri nan Istwa—Joseph Smith 1:14–17; Doktrin ak Alyans 76:11–24; 110:1–10. Timoun yo ta ka gade foto sou evenman sa yo nan paj aktivite semèn sa a. Kisa nou aprann konsènan Jezikri nan chak nan eksperyans sa yo? Poukisa se yon benediksyon pou nou konnen ke Joseph Smith ak lòt te wè Sovè resisite a?

Gras avèk Jezikri, m ka jwenn padon pou peche mwen.

  • Verite Joseph Smith te aprann osijè padon atravè Kris la ka bay timoun ou yo lespwa ke yo ka jwenn padon pou erè ak peche yo. Panse pou w envite timoun ou yo pou yo kreye yon tablo avèk antèt tankou sa yo: Sa Sovè a fè pou mwen ak Kisa pou m fè pou m resevwa padon Li. Envite timoun yo pou yo fouye youn nan pasaj sa yo pou yo jwenn yon bagay ki ale anba tit sa yo: Doktrin ak Alyans 18:10–13; 19:16–19; 45:3–5; 58:42–43. Pataje lajwa ak rekonesans ou pou sa Sovè a te fè pou nou.

  • Ou ta ka gade video “Le vélo brillant” avèk timoun yo epi pataje eksperyans kote w te santi padon Sovè a lè w te repanti.

3:4

The Shiny Bicycle

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Kris resisite a parèt devan Mari

Kris la avèk Mari nan tonbo vid la, pa Joseph Brickey

paj aktivite pou timoun yo