“7–13 Avril: “Leve Vwa Ou … pou Deklare Levanjil Mwen an”: Doktrin ak Alyans 30–36” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 30–36” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
7–13 Avril: “Leve Vwa Ou … pou Deklare Levanjil Mwen an”
Doktrin ak Alyans 30–36
Parley P. Pratt te manm Legliz la depi prèske yon mwa lè yo te aple l “al nan dezè a” pou l t al preche levanjil la. (Doktrin ak Alyans 32:2). Thomas B. March te gen mwens tan toujou depi l te manm lè yo te di l “Lè misyon w rive” (Doktrin ak Alyans 31:3.). Menm jan an tou, Orson Pratt, Edwart patridge, ak anpil lòt te apèn fin batize lè apèl pou misyon yo te rive. Petèt gen yon leson nan chema sa a pou nou jodi a: si w konnen ase pou w aksepte levanjil retabli a atravè batèm, ou konnen ase pou pataje l avèk lòt moun. Natirèlman nou toujou vle ogmante konesans nou sou levanjil la, men Bondye pa janm ezite rele “moun ki pa save a” pou preche levanjil li a (Doktrin ak Alyans 35:13). Anfèt, li envite nou tout: “Ouvri bouch ou pou deklare levanjil mwen an” (Doktrin ak Alyans 30:5). Epi nou fè sa pi yen non pa pwòp sajès ak eksperyans pa nou men “pa pouvwa Lespri [a]” (Doktrin ak Alyans 35:13).
Gade tou “La foi et la chute de Thomas Marsh,” “Ezra Thayer: From Skeptic to Believer,” “Orson Pratt’s Call to Serve,” nan Révélations dans leur Contexte, 54–69.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Mwen resevvwa apèl pou m sèvi kòm yon temwen Jezikri.
Ke w gen yon apèl fòmèl kòm misyonè ou non, ou ka yon temwen Jezikri “tout tan, nan tout bagay, ak nan tout kote” (Mozya 18:9). Pandan w ap etidye Doktrin al Alyans 30–36, ekri sa w aprann sou opòtinite pou pataje levanjil la. Ou ta kapab fè yon lis bagay Senyè a mande w ak yon lòt lis pwomès Senyè a fè lè w pataje levanjil la (pa egzanp, gade nan Doktrin ak Alyans 30:8; 31:3–5; 32:1, 5; 35:13–15, 24). Ou ka chèche tou prensip ki ka ede w pataje levanjil la. Kisa w twouve ki enspire w pou w “deklare bòn nouvèl ki pote gwo jwa” a? (Doktrin ak Alyans 31:3).
Èldè Gary E. Stevenson te anseye ke pwoklame levanjil la “ka akonpli atravè prensip senp, ki konpreyansib fasilman ke yo te anseye nou chak depi nan anfans nou: renmen, pataje, ak envite” (“Renmen, Pataje, Envite,” Lyawhona, Me 2022, 85). Anvizaje etidye mesaj li a pandan w ap reflechi sou moun ou konnen yo, sou zanmi, ak fanmi w yo. Ki ede ki vin nan tèt ou sou jan w ka pataje avèk yo “sa [w] renmen nan levanjil Jezikri a”? Kijan w ka envite yo pou yo “vin wè,” “vin sèvi,” ak “vini epi santi yo nan plas yo”? Pandan w ap chante oubyen koute “J’irai où tu veux” (Recueil de Cantiques, no. 174) oubyen yon kantik ki an rapò, ou ta gen dwa mande tèt ou: “Kisa Senyè a vle pou m di ak pou m ye pou m ka pataje levanjil Li a”?
Gade tou Marcos A. Aidukaitis, “Leve Tèt ou epi Rejwi,” Lyawona, Me 2022, 40–43; Sijè ak Kesyon, “Envite Tout Moun pou yo Resevwa Levanjil Jezikri a,” “Sèvi Jan Avè Sovè a,” Bibliyotèk Levanjil; (videyo) “Envite Tout Moun pou yo Vin Pataje Levanjil la,” Bibliyotèk Levanjil.
Inviting All to Come unto Christ: Sharing the Gospel
Doktrin ak Alyans 31:1–2, 5–6, 9, 13
Senyè a kapab ede m nan relasyon familyal mwen yo.
Nan ane1830 yo fanmi te konn ap lite anba anpil nan pwoblèm fanmi yo ap rankontre jodi a. Ki konsèy ak pwomès Senyè a te bay Thomas B. Marsh konsènan fanmi l nan Doktrin ak Alyans 31? (gade sitou nan vèsè 1–2, 5–6, 9, 13). Kijan pawòl li yo ka ede w nan relasyon familyal ou yo?
Pou plis enfòmasyon sou Thomas B. March, gade Les Saints, 1:79–80, 119–20.
Senyè a prepare m pou travay Li vle m fè a.
Etidye lavi moun yo pale nan Doktrin ak Alyans 32–33; 35 yo ta ka ede w rekonèt kijan Senyè a ap prepare w pou travay Li a. Pa egzanp, ou ta kapab li sou relasyon ant Parley P. Pratt ak Sidney Rigdon nan “Vwa Retablisman yo: Premye Konvèti yo.” Kijan relasyon sa a te beni pitit Bondye yo? (gade Doktrin ak Alyans 35).
Men yon lòt egzanp: Ezra Thayer te ekri ke yon ti tan anvan l te batize, li te fè yon vizyon kote “yon mesye te vini e li te pote ban mwen yon woulo papye e li te prezante l ban mwen, epi li te prezante yon twonpèt ban mwen tou epi li te di m pou m [jwe] l. M te di l ke m pa t janm [jwe] okenn enstriman nan lavi m. Li te di ou kapab [jwe] l, eseye l. … Li te fè pi bèl son mwen janm tande ” (“Revelation, October 1830–B, Revelation Book 1,” josephsmithpapers Lè Joseph Smith te vin resevwa yon revelasyon pou Ezra Thayer ak Northrop Sweet nan apre, revelasyon ki anrejistre kounyeya kòm Doktrin ak Alyans 33, Ezra te entèprete revelasyon an kòm woulo papye ki te nan vizyon l lan. Kijan Senyè a te prepare Ezra pou misyon li te ba li a l fè a? (gade nan Doktrin ak Alyans 33:1–13)?
Ki prèv ou wè ki montre ke men Senyè a te nan lavi premye manm Legliz la? Kimoun Senyè a plase nan lavi w pou ede w vin jwenn Kris la? Kijan L ap prepare w pou w beni lòt moun atravè fidelite, lanmou, oswa envitasyon w?
Gade tou “Yon Misyon kote Lamanit yo,” nan Revelations in Context, 45–49.
Si m bati lavi m sou levanjil Sovè a, mwen p ap echwe.
Doktrin ak Alyans 33 te adrese a Northrop Sweet ak Ezra Thayer, de nouvo manm nan Legliz la. Northrop te kite Legliz la byen vit apre revelasyon sa a te fin bay. Ezra te sèvi fidèlman pandan yon tan, men finalman li te ale tou. Li bagay ki konsène yo nan seksyon sa a ta ka fè w konsidere kijan w gen yon fondasyon solid “sou wòch” (vèsè 13) levanjil la. Ki verite nan vèsè sa yo ki ka ede w rete fidèl anvè Sovè a?
Gade tou nan Elaman 5:12.
Pou plis ide, gade nimewo magazin Lyawona a ak Pou Fòs Jèn yo pou mwa sa a.
Ide pou Anseye Timoun yo
M ta dwe konsantre m plis sou bagay Bondye ke sou bagay tè a.
-
Sa ka petèt amizan pou timoun ou yo ta eseye fè de tach alafwa, tankou resite pawòl yon kantikyo renmen pandan y ap ekri non tout manm fanmi yo. Poukisa li difisil pou moun fè de bagay alafwa? Apre sa nou ta kapab li Doktrin ak Alyans 30:1, 2 ansanm. Ki egzanp “bagay latè” ki kapab distrè nou pou nou pa sonje Jezikri ak levanjil Li a? Kijan nou ka konsantre nou sou Li?
Doktrin ak Alyans 33:2–3, 6–10
M ka pataje Levanjil Jezikri a.
-
Pou ede timoun ou yo konprann Doktrin ak Alyans 33:8–10 la, ou ta ka envite yo pou yo eseye di yon ekspesyon avèk bouch yo fèmen pandan oumenm oubyen lòt timoun yo ap devine sa y ap di a. Li vèsè 8–10 epi mande yo pou yo ouvri bouch yo chak fwa ekspresyon “ouvri bouch nou” an repete. Poukisa Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou ouvri bouch nou pou nou pataje levanjil la avèk lòt moun? Kisa nou ka di fanmi nou ak zanmi nou yo konsènan Sovè a ak levanjil Li a? Nou ta kapab chante tou yon chan sou levanjil la, tankou “Proclamons la vérité” (Chants pour les enfants, 92–93).
-
Anvizaje pataje eksperyans ou te deja lye avèk bann prensip oswa pwomès ki nan Doktrin ak Alyans 30:34. yo. Kisa w te aprann oubyen santi konsènan Sovè w la ak travay Li a pandan w t ap sèvi L?
Gen anpil lòt opòtinite pou pataje levanjil la.
Temwaye konsènan benediksyon yo pwomèt yo. Lè w envite timoun pou yo respekte yon prensip levanjil la, ou ka di ki pwomès Bondye fè moun ki respekte prensip sa a. Pa egzanp, ou ka rann yo temwayaj sou benediksyon Senyè a ba nou lè nou ouvri bouch nou pou nou pataje levanjil la.
M ka bati lavi m sou levanjil Jezikri a.
-
Ou ta kapab mennen timoun ou yo deyò pou yo wè fondasyon kay yo a oubyen batiman Legliz la epi mande yo pou yo dekri l. Poukisa yon batiman bezwen yon fondasyon solid ak djanm? Li avèk yo Doktrin ak Alyans 33:12-13, epi fè youn eksplike lòt sa yo santi konsènan rezon ki fè Senyè a vle nou bati lavi nou sou Levanjil li a. Poukisa “wòch” se yon bon mo pou moun dekri levanjil la? Kijan nou ka bati lavi nou sou wòch levanjil la? (gade tou Matye 7:24–29).
Pou plis ide, gade nan nimewo magazin Zanmi pou mwa sa a.
Ale nan dezè a, pa Robert T. Barrett