Èd pou Etid
TJS, Lik 24


TJS, Lik 24:2–4. Konpare avèk Lik 24:2–5

Medam yo wè de zanj bò kavo Jezi a.

2 Epi yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen, epi de zanj te kanpe bò kote li ak rad yo byen klere.

3 Epi yo te antre nan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi a, epi yo pa t konn sa pou yo te fè akoz de sa;

4 Epi yo te pè anpil, epi yo te bese tèt yo atè. Men, gade, zanj yo te di yo, Poukisa n ap chèche moun ki vivan an nan mitan mò yo?