Èd pou Etid
TJS, 1 Timote 3


TJS, 1 Timote 3:15–16. Konpare avèk 1 Timote 3:15–16

Legliz la fonde sou prensip santral ki di Jezi te vini nan mòtalite a, li te anseye levanjil la, epi li te retounen al jwenn Papa li. Nòt: Chanjman tou piti yo fè nan vèsè sa yo mete aksan sou lefèt ke “pilye ak fondasyon laverite a” se Jezikri.

15 Men, si m pran reta, pou w ka konn kijan pou w konpòte w nan kay Bondye a, ki se legliz Bondye vivan an.

16 Pilye ak fondasyon laverite a se, (epi san kontwovès, mistè pyete a gran) Bondye ki te manifeste l nan lachè a, jistifye nan Lespri a, zanj yo te wè li, yo te preche Janti yo osijè li, yo te kwè li nan mond lan, li te anlve al nan laglwa.