Ekriti yo
Jakòb 3


Chapit 3

Moun ki gen kè pi, resevwa bon pawòl Bondye a—Dwati Lamanit yo depase pa Nefit yo—Jakòb avèti kont fònikasyon, imoralite ak tout peche. Anviwon 544–421 anvan Jezikri.

1 Men, gade mwen menm, Jakòb, m vle pale avèk moun ki gen kè pi yo. Leve tèt gade Bondye avèk panse nou fèm, priye l avèk anpil lafwa, e l ap konsole nou nan afliksyon, l ap plede kòz nou, e l ap voye lajistis desann sou moun k ap chèche detwi nou.

2 O, tout moun ki gen kè pi, leve tèt nou pou nou resevwa bon pawòl Bondye, fè fèt avèk lanmou li; paske, nou kapab, si panse nou afèm pou tout tan.

3 Men, malè, malè pou moun ki pa gen kè pi, ki asal jodi a devan Bondye; paske si nou pa repanti, peyi a ap modi poutèt nou; e Lamanit yo ki pa sal tankou nou, menm si yo gen yon bmalediksyon terib, yo pral chatye nou jistan nou detwi.

4 Epi, lè a ap vini rapid, si nou pa repanti, yo pral posede tè eritaj nou yo, e Senyè Bondye a pral awete moun ki jis yo nan pami nou.

5 Gade Lamanit yo, frè nou yo nou rayi yo poutèt salte yo ak malediksyon ki te tonbe sou yo a, yo pi jis pase nou; paske yo pa abliye kòmandman Senyè a te bay papa nou an—Pou yo genyen yon sèl madanm, e yo pa dwe gen okenn manmzèl, e pou libètinaj seksyèl pa fèt nan pami yo.

6 Epi kounyeya, yo te eseye respekte kòmandman sa a; se poutèt sa, poutèt yo te eseye respekte kòmandman sa a, Senyè Bondye a p ap detwi yo, men li pral gen amizèrikòd pou yo, e yon jou yo pral vin tounen yon pèp beni.

7 Gade, mari yo arenmen madanm yo, madanm yo renmen mari yo; e mari ak madanm yo renmen pitit yo; e enkredilite yo ak rayiman yo genyen kont nou an, se akoz inikite papa yo; se poutèt sa, kisa ki fè nou pi bon pase yo, devan je gran Kreyatè nou an?

8 O, frè m yo, m pè, si nou pa repanti nan peche nou yo, pou po yo pa vin pi blan pase po nou, lè yo kanpe avèk nou devan twòn Bondye a.

9 Se poutèt sa, m ba nou yon kòmandman ki se pawòl Bondye, pou nou sispann ensilte yo poutèt po yo ki fonse; ni tou pa ensilte yo poutèt salte yo; men, sonje salte pa nou yo, e sonje salte yo genyen an, se poutèt papa yo.

10 Se poutèt sa, sonje apitit nou yo, sonje kòman nou te atriste kè yo poutèt egzanp nou trase devan yo a, e sonje nou kapab atire destriksyon sou pitit nou yo, poutèt salte nou yo, e peche yo kapab anpile sou tèt nou nan dènye jou a.

11 O, frè m yo, koute pawòl mwen yo; reveye tout fòs nanm nou yo; souke kò nou pou nou kapab areveye nan somèy lanmò; e demare kò nou anba doulè blanfè, pou nou kapab pa vin tounen czanj dyab la, pou yo pa chase nou al nan lak dife ak souf la, ki se dezyèm dlanmò a.

12 Epi mwen menm Jakòb, m te pale anpil lòt pawòl avèk pèp Nefi a, pou m avèti yo kont afònikasyon ak bimoralite ak tout kalite peche, m te di yo konsekans terib bagay sa yo.

13 Epi, yon santyèm pati nan bagay pèp sa a, ki kòmanse vin anpil, pa kapab ekri sou aplak sa yo; men, anpil nan bagay ki te pase yo ekri sou pi gwo plak yo, lagè yo, ak chirepit yo, ak gouvènman wa yo.

14 Plak sa yo rele plak Jakòb, e se Nefi ki te fè yo avèk men li. Epi, m fin pale pawòl sa yo.