Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo
Apendis B: Pou Primè—Prepare Timoun yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a


“Apendis B: Pou Primè—Prepare Timoun yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

Apendiks B,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024

Apendis B

Prepare Pitit Ou Yo Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a

Nan mwa ki gen senk Dimanch yo, nou ankouraje enstriktè Primè yo pou yo ranplase plan leson Vini, Suiv Mwen ki pwograme pou senkyèm Dimanch lan pa youn oubyen plizyè nan aktivite aprantisaj sa yo.

Prensip ak Òdonans yo nan Levnajil Jezikri a

Doktrin Kris la anseye nou kijan pou nou retounen al jwenn Bondye.

Lè Jezikri te parèt devan moun nan Amerik yo, Li te anseye yo dotrin Li an. Li te di ke nou kapab antre nan wayòm Bondye a si nou gen lafwa, nou repanti, batize, resevwa Sentespri a, epi pèsevere jiska lafen (gade nan 3 Nefi 11:31–40; Doktrin ak Alyans 20:29). Aktivite ki pi ba la a yo kapab ede w anseye timoun yo ke prensip ak òdonans sa yo ap ede nou vin pi pre Sovè a pandan tout lavi nou.

Pou aprann plis sou doktrin Kris la, gade nan 2 Nefi 31.

Aktivite Posib

  • Bay timoun yo imaj ki reprezante lafwa nan Jezikri, repantans, batèm, ak konfimasyon (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 1, 111, 103, and 105). Li oubyen resite avèk timoun yo katriyèm atik lafwa a, epi mande yo pou yo leve foto yo lè prensip oubyen òdonans sa a mansyone. Ede timoun yo konprann kijan chak nan prensip oswa òdonans sa yo ede nou vin plis tankou Pè Selès la ak Jezikri.

  • Kijan w ka ede timoun yo konprann ke lafwa, repantans, batèm ak konfimasyon se pa evenman yon sèl fwa men yo enfliyanse kwasans espirityèl nou pandan tout lavi nou? Pa egzanp, ou ta ka montre yo foto yon semans ak yon gwo pyebwa (oubyen desine bagay sa yo sou tablo a). Ede yo panse a bagay ki ede semans lan grandi vin tounen yo gwo pyebwa, tankou dlo, tè ak limyè solèy la. Ede yo wè ke bagay sa yo se tankou bagay nou fè pou nou vin pi pre Bondye pandan tout lavi nou—bati lafwa nou nan Jezikri, repanti chak jou, viv alyans batèm nou, ak koute Sentestpri a.

  • Pataje avèk timoun yo istwa konsènan peta ki nan mesaj Eldè Dale G. Renlund lan “Kijan Repanti Ede M Santi M Kontan?” an. (Zanmi, Des. 2017, 12–13, oswa Lyawona, Des. 2017, 70–71; gade tou videyo “Repantans: Yon Chwa Ki Bay Lajwa” a nan [Bibliyotèk Levanjil la]).

    Nan divès pwen nan istwa a, envite timoun yo pou yo reflechi sou fason Èldè Renlund te petèt santi li. Poukisa nou santi nou an jwa lè nou repanti? Pataje avèk timoun yo lajwa ak lanmou ou te santi lè w te mande Pè Selès pou L padone w.

Batèm

Jezikri te trase yon egzanp pafè pou mwen lè L te batize a.

Malgre Jezi te san peche, Li te batize pou trase yon egzanp pafè sou obeyisans pou Pè Selès la (gade nan 2 Nefi 31:6–10).

Pou aprann plis konsènan batèm, gade nan Doktrin ak Alyans 20:37; Sijè Levanjil yo, “Batèm,” Bibliyotèk Levanjil la.

Aktivite Posib

  • Montre imaj batèm Sovè a ak batèm yon lòt moun (oswa gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 35 oswa no. 103 oubyen no. 104). Mande timoun yo pou yo pataje sa ki diferan ak sa ki menm bagay nan de foto yo. Li ansanm Matye 3:13–17oswa “Chapit 10: Jezi Batize” a nan Istwa Nouvo Testaman yo, 26–29, oswa gade videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la.

    Kite timoun yo siyale bagay nan foto yo ke yo mansyone nan lekti a oubyen nan videyo a. Pale timoun yo de lanmou w pou Sovè a ak dezi w pou w suiv Li.

  • Tande oswa chante yon kantik konsènan batèm, tankou “When Jesus Christ Was Baptized” (Children’s Songbook, 102). Kisa nou aprann konsènan batèm nan kantik la? Li 2 Nefi 31:9–10, epi envite timoun yo pou yo koute poukisa Jezikri te batize. Envite yo pou yo desine foto yomenm k ap batize yon jou.

Mwen ka chwazi pou m fè yon alyans avèk Bondye epi batize.

Prepare pou batèm vle di pi plis pase prepare pou yon evenman. Li vle di prepare w pou w fè yon alyans epi pou w respekte alyans sa a pandan tout yon lavi. Medite sou kijan ou ka ede timoun yo konprann alyans yo ap fè avèk Pè Selès la lè yo batize, ki enkli pwomès Li fè yo ak pwomès yo fè Li.

Aktivite Posib

  • Eksplike ke yon alyans se yon pwomès ant yon moun e Pè Selès la. Pandan n ap fè efò pou nou respekte pwomès nou yo devan Bondye, Bondye pwomèt pou L beni nou. Ekri sou tablo a Pwomès Mwen Fè Bondye yo ak Pwomès Bondye Fè M yo. Li ansanm Mozya 18:10, 13 ak Doktrin ak Alyans 20:37, epi ede timoun yo fè yon lis pwomès yo jwenn anba tit apwopriye yo (gade tou nan Dallin H. Oaks, “Alyans Batèm Ou an,” Zanmi, Fev. 2021, 2–3). Pataje kijan Pè Selès la beni w lè w fè efò pou w respekte alyans batèm ou an.

  • Montre timoun yo foto bagay Jezikri te fè lè L te sou tè a (pou kèk egzanp, gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil lanimewo33–49). Kite timoun yo pale de sa Jezi ap fè nan chak foto. Li Mozya 18:8–10, 13, epi envite timoun yo pou yo koute bagay yo pwomèt pou yo fè lè y ap batize (gade tou “Alyans Batèm nan,” Zanmi, Fev. 2019, 7; Lyawona, Fev. 2019, F3). Kijan pwomès sa yo enfliyanse aksyon nou yo chak jou? Envite timoun yo pou yo desine yomenm ki ap ede yon moun fason Jezi ta fè l. Oubyen ou ta ka fè yon senp badj pou timoun yo mete sou yo avèk non Sovè a sou li.

    Imaj
    yon tigason k ap batize

    Eksplike ke lè nou batize, nou fè Bondye pwomès epi Li fè nou pwomès.

Konfimasyon

Lè mwen konfime, mwen vin tounen yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Vin tounen yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pote anpil benediksyon, ki enkli opòtinite pou timoun yo patisipe aktivman nan travay Bondye a.

Pou aprann plis konsènan konfimasyon ak don Sentespri a, gade sa Gary E. Stevenson te di nan “Kijan Sentespri a Ede Nou?,” Lyawona, Me 2017, 117–20; Sijè Levanjil yo, “Sentespri,” Bibliyotèk Levanjil la.

Aktivite Posib

  • Envite yon moun ki te batize ak konfime resamman pou l vini nan klas la epi pou l pataje kisa konfime a te vle di pou li. Kisa vin tounen yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo vle di? Ede timoun yo panse a fason yo kapab respekte alyans batèm yo kòm manm Legliz la (tankou sèvi lòt moun, envite lòt moun pou yo aprann plis konsènan Jezi, fè priyè nan reyinyon, eksetera). Pataje kijan fè bagay sa yo te ede w santi lajwa dèske w se yon manm Legliz Kris la.

  • Montre yon foto moun nan Dlo Mòmon yo (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 76), epi mande timoun yo pou dekri sa yo wè nan foto a. Rakonte istwa Alma ak moun li yo ki ap batize la a (gade Mozya 18:1–17; “Chapit 15: Alma Anseye ak Batize,” Istwa Liv Mòmon yo, 43–44, oubyen videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la).

    Revize Mozya 18:8–9 epi envite timoun yo pou yo fè aksyon ki pou ede yo sonje bagay moun yo te dispoze pou yo te fè kòm manm Legliz Kris la. Pataje yon eksperyans kote w konn temwen manm Legliz la ki ap sèvi nan fason sa yo.

Lè mwen konfime, mwen resevwa don Sentespri a.

Lè nou batize ak konfime, Pè Selès la pwomèt ke nou “ka toujou gen Lespri Li avèk [nou]” (Doktrin ak Alyans 20:77). Yo rele kado mèveye sa a ki soti nan Bondye a don Sentespri.

Aktivite Posib

  • Li Doktrin ak Alyans 33:15, epi mande timoun yo pou yo pote atansyon a don espesyal ke Pè Selès la ba nou lè nou batize ak konfime. Pou ede yo aprann plis konsènan fason don Sentespri a ap ede yo, revize ansanm Jan 14:26; Galat 5:22–23; 2 Nefi 32:5; 3 Nefi 27:20. Ou ta ka egzamine atik “Sentespri a se …” (Zanmi, Jen 2019, 24–25; Liahona, Jen 2019, F12–F13).

  • Avan klas la, mande paran youn oubyen plis nan timoun yo pou yo di kijan yo te beni paske yo gen don Sentespri a. Kijan Li ede yo? Kijan yo tande vwa Li?

  • Chante ansanm yon kantik sou Sentespri a, tankou “Le Saint-Esprit” (Chants pour les enfants, 56). Ede timoun yo konprann kisa kantik sa a anseye yo konsènan fason Sentespri a ka ede nou.

Sentespri a ka pale avèk mwen nan anpil fason.

Timoun ki kapab rekonèt vwa Sentestpri a ap prepare pou yo resevwa revelasyon pèsonèl pou gide yo pandan tout lavi yo. Anseye yo ke gen anpil fason Sentespri ka pale avèk nou.

Aktivite Posib

  • Ede timoun yo panse a divès fason nou ta kapab pale avèk yon zanmi ki abite lwen, tankou ekri yon lèt, voye yon imel, oubyen pale nan telefòn. Anseye yo ke Pè Selès la ka pale avèk nou atravè Sentespri a. Itilize mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Kijan Pè Selès la Pale avèk Nou?” an pou ede timoun yo konprann fason diferan Sentespri a ka pale nan espri nou ak nan kè nou (Zanmi, Mar. 2020, 2–3; Liahona, Mas. 2020, F2–F3).

  • Pataje yon eksperyans kote Sentespri a te kominike avèk ou, swa atravè panse nan espri w oubyen atravè yon sansasyon nan kè ou (gade nan Doktrin ak Alyans 6:22–23; 8:2–3; gade tou Henry B. Eyring, “Ouvri Kè Ou bay Sentespri a,” Zanmi, Out.2019, 2–3; Liahona, Out. 2019, F2–F3). Temwaye pou timoun yo ke Sentespri a ka ede yo nan menm fason yo tou.

  • Ede timoun yo panse a moman kote yo kapab te santi Lespri a—pa egzanp, lè yo t ap chante yon kantik sou Sovè a oubyen lè yo te fè yon bagay janti pou lòt moun. Ede yo rekonèt santiman espirityèl ke Sentespri a pote. Poukisa ou panse Sentespri a ba nou santiman sa yo? Ede timoun yo panse a kèk bagay nou bezwen fè pou nou tande Lespri a lè L pate avèk nou. Pale de sa w fè pou w ka tande Sentespri a pi klè.

Sentsèn nan

Lè m pran sentsèn, m sonje sakrifis Sovè a epi m renouvle alyans mwen yo.

Sovè a te ba nou sentsèn nan pou ede nou sonje sakrifis Li te fè pou nou an epi pou renouvle alyans nou yo. Gras a òdonans chak semèn sa a, nou ka kontinye jwi benediksyon ki soti nan batèm nou yo pandan tout lavi nou.

Pou aprann plis, gade Matye 26:26–30; 3 Nefi 18:1–12; Doktrin ak Alyans 20:77, 79.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo kolore “Jezi te Entwodui Sentsèn nan pou Nefit yo” nan Liv Koloryaj Istwa Ekriti yo: Liv Mòmon (2019), 26. Mande yo pou yo siyale kisa moun yo ap panse nan foto a. Li pou timoun yo pòsyon nan 3 Nefi 18:1–12 oswa “Chapit 45: Jezikri Anseye konsènan Sentsèn ak Priyè,” Istwa Liv Mòmon yo, 126–27, oswa gade videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org. Kisa nou ka fè pou nou sonje Jezi pandan sentsèn nan?

  • Mande timoun yo pou yo di w kèk bagay yo ta dwe toujou sonje pou yo fè, tankou lase soulye yo oubyen lave men yo anvan yo manje. Poukisa li enpòtan pou nou sonje bagay sa yo? Li Mowoni 4:3 pou timoun yo, epi envite yo pote atansyon a sa nou pwomèt pou nou toujou sonje lè nou pran sentsèn nan. Poukisa li enpòtan pou nou sonje Jezikri? Ede timoun yo konprann kijan pen ak dlo sentsèn nan ede nou sonje sa Jezi te fè pou nou (gade Mowoni 4:3; 5:2).

  • Ekri sou tablo a “Mwen pwomèt pou …” Li priyè Sentsèn nan pou timoun yo (gade Doktrin ak Alyans 20:77, 79). Lè yo tande yon pwomès nou fè Bondye, pran yon ti poz epi ede yo konplete fraz ki sou tablo a avèk pwomès yo te tande a. Ede yo konprann ke lè nou pran Sentsèn nan, nou fè menm pwomès nou te fè nan batèm nou an.

  • Kisa pran non Jezikri sou tèt nou vle di? Pou ede timoun yo reponn kesyon sa a, pataje egzanp sou kèk bagay ke nou te mete non nou sou yo. Poukisa nou mete non nou sou bagay yo? Poukisa Jezikri ta renmen pou nou mete non L sou nou? Anvizaje pataje eksplikasyon sa a ke Prezidan Russell M. Nelson te bay: “Pran non Sovè a sou nou enkli deklare ak temwaye pou lòt moun—atravè aksyon nou yo ak pawòl nou yo—ke Jezi se Kris la” (“Non Kòrèk Legliz la,” Lyawona, Nov. 2018, 88).

Pouvwa, Otorite ak Kle Prètriz yo

Bonde beni pitit Li yo gras a pouvwa prètriz la.

Tout pitit Bondye—fi ak gason, jèn ak granmoun—resevwa pouvwa Bondye lè yo respekte alyans yo te fè avèk Li yo. Nou fè alyans sa yo lè nou resevwa òdonans prètriz tankou batèm (gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 3.5. Bibliyotèk Levanjil la). Pou aprann plis, gade sa Russell M. Nelson te di nan “Trezò Espirityèl yo,” Lyawona, Nov. 2019, 76–79; “Prensip Prètriz,” chapit 3 nan Manyèl Jeneral.

Aktivite Posib

  • Ede timoun yo remake benediksyon yo resevwa gras ak prètriz la. Pou ba yo kèk ide, ou ta ka pase videyo “Benediksyon Prètriz yo” (Bibliyotèk Levanjil la).

  • Anvizaje ekri benediksyon sa yo sou tablo a. Poukisa benediksyon sa yo enpòtan pou nou? Temwaye ke benediskyon sa yo vin jwenn nou gras a Jezikri ak pouvwa prètriz Li a.

  • Ekri tit sa yo sou tablo a: Pouvwa Bondye ak pouvwa ak otorite Bondye bay lèzòm sou tè a. Mande timoun yo pou yo plase imaj yo anba premye tit la ki ede nou konprann kijan Bondye itilize pouvwa Li pou beni nou, tankou nan kreye mond lan, gide ak dirije nou, montre nou ke Li renmen ak konnen nou, epi tande ak reponn priyè nou yo (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo.3, 68, 90,111). Mande yo pou yo plase imaj yo anba dezyèm tit la ki ede nou konprann kijan gason diy sou tè a itilize pouvwa ak otorite Bondye pou beni nou, tankou nan beni moun malad, batize, konfime, administre sentsèn nan, ak sele fanmi (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo46, 104, 105, 107,120). Pataje poukisa ou rekonesan pou prètriz la ak benediksyon li pote yo.

  • Youn nan prensipal fason nou resevwa benediksyon pouvwa Bondye nan lavi nou se atravè òdonans prètriz yo (gade nan Doktrin ak Alyans 84:20). Pou ede timoun yo aprann verite sa a, ou ta ka drese lis ekriti sa yo sou tablo a: 3 Nefi 11:21–26, 33 (batèm); Mowoni 2 (konfimasyon); Mowoni 4–5 (sentsèn). Chak timoun yo ta kapab chwazi youn nan pasaj sa yo epi idantifye òdonans li dekri a. Envite timoun yo pou yo pataje kijan yo te beni pèsonèlman poutèt yo resevwa òdonans prètriz yo.

  • Ede timoun yo konprann ke yo pral resevwa pouvwa nan men Bondye lè yo batize ak respekte alyans batèm yo a. Mande timoun yo kijan pouvwa sa a ta kapab ede yo.

Travay Bondye a dirije pa kle prètriz epi li akonpli pa otorite prètriz la.

Manm gason Legliz la ki diy kapab òdone nan yon ofis nan prètriz la. Anplis de sa, lè yo mete yon moun apa pou yon apèl oubyen lè l resevwa tach pou l ede nan travay Bondye a, li kapab egzèse otorite prètriz ke yo delege l. Itilizasyon tout otorite prètriz la nan Legliz la dirije pa moun ki gen kle prètriz yo, tankou prezidan pieue a, evèk la, ak prezidan kowòm yo. Kle prètriz yo se otorite pou dirije itilizasyon prètriz la pou fè travay Senyè a.

Aktivite Posib

  • Li avèk timoun yo Mak 3:14–15, epi montre yo yon imaj evenman ki dekri ladan l lan (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo 38). Mande timoun yo si yo janm wè yon moun ki t ap òdone nan yon ofis nan prètriz la oubyen ki resevwa mizapa pou yon apèl (oubyen pale yo de eksperyans ou te fè). Ki resanblans ki genyen ant sa ak sa Sovè a te fè avèk Apot Li yo? Ede timoun yo drese sou tablo a yon lis ofis prètriz oubyen apèl manm nan Legliz la ka resevwa, tankou enstriktè oswa dirijan nan yon òganizasyon. Akote chak ofis oubyen apèl, ou ta ka ekri sa yon moun ki gen ofis sa a oswa apèl sa a gen otorite pou l fè. Di timoun yo kijan resevwa mizapa nan men yon moun sou direksyon kle prètriz yoede w sèvi.

  • Envite timoun yo pou yo panse a yon bagay ou bezwen yon kle pou li, tankou yon machin oswa yon pòt. Kisa ki ap rive si w pa gen kle a? Li ansanm Doktrin ak Alyans 65:2, epi pataje temwayaj ou sou kijan li enpòtan pou nou genyen kle pretriz yo sou tè a. Ou ta ka gade videyo “Kibò Kle yo Ye?” a (Bibliyotèk Levanjil la) epi chèche jwenn sa Èldè Stevenson anseye konsènan kle prètriz yo.

  • Mande yon moun nan pawas la ki gen kle pou l vini nan klas la epi pou l pataje avèk timoun yo kisa detni kle prètriz yo vle di. Envite l pou l dekri responsablite l yo. Ki pati nan travay Senyè a l ap dirije? Kijan Sovè a ede li?

Tanp lan ak Plan Bonè a

Tanp lan se kay Senyè a.

Tanp toujou fè pati plan Pè Selès la pou pitit Li yo. Nan tanp yo, nou fè alyans sakre avèk Li, nou dote avèk pouvwa prètriz, nou resevwa revelasyon, nou akonpli òdonans pou zansèt desede nou yo, epi nou sele avèk fanmi nou pou letan ak letènite. Tout sa posib akozde Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo rekonèt karaktè sakre kay Senyè a epi prepare yo pou yo ka diy pou yo patisipe nan òdonans tanp yo? Anvizaje revize resous sa yo: Doktrin ak Alyans 97:15–17; Russell M. Nelson, “Remak Final,” Lyawona, Nov. 2019, 120–22; “Poukisa Sen Dènye jou yo Bati Tanp,” temples.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
jèn ki deyò yon tanp

Tanp toujou fè pati plan Pè Selès la pou pitit Li yo.

Aktivite Posib

  • Afiche youn oubyen plis foto tanp. Mande timoun yo kisa ki fè tanp lan se yon kote espesyal. Siyale ke sou chak tanp gen enskripsyon sa a: “Sentete pou Senyè a: Kay Senyè a.” Mande timoun yo kisa yo panse “Sentete pou Senyè a” ta kapab vle di. Poukisa yo rele tanp lan kay Senyè a? Kisa sa anseye nou konsènan tanp la? Si gen nan timoun yo ki te ale nan yon tanp, yo ta ka pataje jan yo te santi yo lè yo te ladan l tou. Si w te ale nan tanp, rakonte kijan w te santi prezans Senyè a nan kote sa a, epi pale de rezon ki fè tanp lan se yon kote sakre pou ou.

  • Li ansanmDoktrin ak Alyans 97:15–17. Mande timoun yo pou yo chèche jwenn sa Senyè a atann pou moun ki antre nan Kay sakre L la fè. Poukisa nou bezwen diy pou nou antre nan kay Li a? Kòm yon pati nan konvèsasyon sa a, pale timoun yo de rekòmandasyon tanp, ansanm avèk kijan pou yon moun resevwa youn. Ou ta ka envite yon manm episkopa a pou l vin pataje avèk yo kisa yon entèvyou pou rekòmandasyon tanp ye ak kesyon yo poze moun nan yon entèvyou konsa.

Nan tanp lan, nou fè alyans avèk Bondye.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye, “Jezikri envite nou pou nou pran chemen alyans lan retounen lakay Paran Selès nou yo epi viv avèk moun nou renmen yo” (“Vini, Suiv Mwen,” Lyahona, Me 2019, 91). Ede timoun yo konprann ke chemen alyans lan enkli batèm, konfimasyon, ak dotasyon nan tanp ak sèlman.

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo ede w revize alyans ke nou te fè avèk Bondye lè nou te batize e ke nou renouvle lè nou pataje sentsèn nan (gadeMozya 18:10; Doktrin ak Alyans 20:77, 79). Montre yon foto tanp epi eksplike ke Pè Selès la gen plis benediksyon Li vle ba nou nan tanp lan.

  • Desine yon baryè ki mennen nan yon wout. Mande timoun yo poukisa yo panse li itil pou yo gen yon wout pou yo mache. LI ansanm 2 Nefi 31:17–20, kote Nefi konpare alyans batèm lan avèk yon baryè epi li envite nou pou nou kontinye sou wout la apre batèm. Gen plis alyans pou nou fè apre batèm, sa enkli alyans ki fèt nan tanp yo. Eksplike ke Prezidan Nelson rele chemen sa a “chemen alyans lan”

Nan tanp lan, nou ka batize ak konfime pou zansèt ki mouri yo.

Levanjil Jezikri a rann posib pou tout pitit Bondye retounen al viv avèk Li menm si yo mouri san yo pa konnen levanjil la. Nan tanp lan, nou ka batize ak konfime kòm manm Legliz Jezikri a pou yo.

Aktivite Posib

  • Pale de yon lè kote yon moun te fè pou ou yon bagay ke w pa t kapab fè pou tèt ou. Envite timoun yo pou yo pataje menm kalite eksperyans yo. Eksplike ke lè nou ale nan tanp, nou kapab resevwa òdonans sakre tankou batèm pou lòt moun ki mouri. Kijan nou ka sanble avèk Jezikri lè nou ap fè travay pou mò yo? Kisa Li te fè pou nou ke nou pa ka fè pou tèt nou?

  • Envite youn oubyen plis jèn ki te batize pou zansèt yo pou yo vin pataje eksperyans yo a. Mande yo kisa yo te santi nan tanp lan. Ankouraje yo pou yo pataje kijan yo te santi yo lè yo t ap fè travay sa a pou zansèt yo.

  • Desine yon pyebwa sou tablo a, ansanm avèk rasin ak branch yo. Mande timoun yo pou yo panse a kijan yon fanmi se tankou yon pyebwa. Rele rasin yo Zansèt, make branch yo kòm Desandan, epi make mitan pyebwa kòm Oumenm. Li ansanm dekalrasyon sa a nan Doktrin ak Alyans 128:18: “Paske nou pa kapab vin pafè san [zansèt nou yo]; ni yo pa kapab vin pafè san noumenm.” Poze kesyon tankou sa a: “Poukisa nou bezwen zansèt nou yo? Poukisa desandan nou yo bezwen nou? Kijan paran nou yo, gran paran nou yo ak lòt zansèt nou yo ede nou? Envite timoun yo pou yo fouye nan rès Doktrin ak Alyans 128:18 la pou yo ka jwenn yon fraz ki dekri kijan nou kapab ede zansèt nou yo.

  • Anvizaje travay avèk paran chak timoun pou w ka jwenn non yon zansèt pou timoun nan pote nan tanp (gade FamilySearch.org).