Vini, Suiv Mwen
23-29 Septanm. Galat: ‘Mache selon Lespri a’


“23-29 Septanm. Galat: ‘Mache selon Lespri a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“23-29 Septanm. Galat,” Vini, Suiv Mwen—Pou LekòldidDimanch: 2019

Imaj
Kris la parèt devan Pòl nan prizon an

23-29 Septanm.

Galat

‘Mache selon Lespri a’

Pandan w ap li ak medite sou Galat nan lapriyè, Senyè a ap anseye w sa w bezwen pataje avèk klas ou a. Ekri enpresyon ou se bagay ki montre rekonesans anvè Bondye pou èd li (gade Paul B. Pieper, “To Hold Sacred,” Ensign oswa Liahona, Me 2012, 109).

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekriti yo souvan mennen nan diskisyon siyifikan sou levanjil la avèk fanmi nou ak zanmi nou. Èske sa te rive manm klas ou yo semèn sa a? Envite yo pou yo pataje eksperyans yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Galat 1:6–7; 3:1–5; 4:8–21; 5:1, 13–14

Levanjil Jezikri a ofri nou libète.

  • Etid nenpòt liv ekriti pi fasil lè nou konnen poukisa yo te ekri l. Pou rezon sa a, li ta bon pou w ta kòmanse diskisyon w lan sou Galat la avèk yon kesyon tankou sa a “Daprè noumenm, nan ki bi Pòl te ekri epit sa a?” oubyen “Ki pwoblèm Pòl t ap eseye rezoud?” Envite manm klas yo pou yo chèche endis nan Galat 1:6–7; 3:1–5; 4:8–21. Kijan mesaj Pòl la aplike pou nou jodia?

  • Gen kèk Sen nan Galat ki te panse yo te bezwen kontinye viv lwa Moyiz la. Pou Pòl, sete kòmsi yo te mete tèt yo anba yon “jouk esklavaj” konpare a libète lwa Kris la ofri a (Galat 5:1). Byenke nou pa rankontre pwoblèm sa a jodia, nou tout fè fas a menm kalite chwa ant esklavaj spirityèl ak libète atravè Jezikri a. Pou ede manm klas ou yo eksplore ansèyman Pòl sou libète ak esklavaj la, ou gen dwa mande yo pou yo site kèk atitid ak aksyon ki ta ka mennen nan esklavaj spirityèl (tankou tradisyon kiltirèl, move abitid, fos kwayans, oubyen konsantre sou aspè eksteryè a olye nou konsantre sou kovèsyon aletenryè a). Selon Galat 5:1, 13–14, kijan nou ka libere nou anba esklavaj espirityèl? Ki fason manm klas yo fè eksperyans libète yo pwomèt nan levanjil Kris la? Ou gen dwa envite manm klas pou di kisa yo ta ka reponn yon moun ki santi ke viv levanjil la limite libètè pèsonèl li.

Galat 5:16–26

Si nou “mache selon Lespri a,” n ap resevwa “fwi Lespri yo.”

  • Anpil moun gen pwoblèm pou yo rekonèt enfliyans Lespri a. Galat 5 ka ede manm klas yo rekonèt fwi Lespri yo. Petèt ou gen dwa kòmanse pa mande yo pou yo gade nan Galat 5:22–25 pou yo ka wè ki pawòl Pòl te itilize pou l te dekri fwi Lespri yo. Poukisa fwi se yon bon metafò pou fason Lespri a enfliyanse nou? Petèt manm klas yo ta ka di kijan fwi sa a evidan nan lavi yo oubyen nan lavi moun yo konnen. Pami kèk lòt referans nou ta ka eksplore, nou gen Matye 7:16–18; Jan 14:26–27; Mowoni 7:13–17; Doktrin ak Alyans 11:12–13; ak temwayaj Prezidan Gordon B. Hinckley a nan seksyon “Resous adisyonèl” la.

    Imaj
    pòm sou yon pye pòm

    Nou ka resevwa “fwi Lespri yo” si nou chèche yo.

  • Pafwa, nou ka aprann yon prensip nan aprann opoze li. Paregzanp, nan Galat 5:16–26, Pòl fè konpararezon ant “zèv lachè yo” ak “fwi Lespri yo.” Pou ede manm klas yo reflechi nan ki pwen y ap “mache selon Lespri a,” ou gen dwa sigjere yo pou yo li Galat 5:16–26 epi apresa fè yon evalyasyon pèsonèl menmjan avèk Aktivite konsènan vèti a ki nan paj 126 Preche Levanjil mwen an. Paregzanp, pou chak bagay yo mansyone nan vèsè 19–23 yo, yo ka ekri yon kesyon tankou “Èske m anvye zanmi m yo?” oubyen “Èske m santi lanmou chak jou?” Manm klas yo pa oblije pataje repons yo pou kesyon oto evalyasyon sa yo, men ou ka envite yo pou yo pataje ide yo oubyen panse yo pou chak ede lòt “mache selon Lespri a.” Si w pa gen tan pou w fini aktivite sa a nan klas ou a, ou gen dwa sigjere manm klas yo pou yo fini l lakay yo.

Galat 6:7–10

Lè nou seme “pou Lespri a,” nou rekòlte benediksyon lè moman an rive.

  • Etidye Galat 6:7–10 ta ka ede manm klas yo reflechi pi plis sou konsekans chwa yo genyen alontèm. Pou ede yo, ou gen dwa pote plizyè varyete semans nan klas la, avèk plant, fwi, oubyen legim semans sa yo pwodui (oubyen ou ka pote foto sou bagay sa yo). Manm klas yo ta gen dwa travay ansanm pou yo fè chak semans matche avèk sa l pwodui a. Apresa, yo ka li vèsè 7–10 la epi di kisa sa vledi pou n semen “pou lachè” ak “pou Lespri a.” (Mesaj Èldè Ulisses Soares la nan "Resous adisyonèl" la ta ka ede tou.) Kisa nou rekòlte lè nou seme pou lachè? Kisa nou rekòlte lè nou seme pou Lespri? (gade Galat 5:22–23). Panse pou w envite manm klas yo pou yo medite sou benediksyon spirityèl yo espere resevwa. Ki "seme" yo ka fè kounyeya pou yo ka prepare yo pou yo resevwa benediksyon sa yo? Ou gen dwa menm envite yo pou yo ekri panse yo epi, si yo santi yo konfòtab, pou yo pataje yo.

  • Kèk manm nan klas la ka santi yo “fatige fè byen” (Galat 6:9)—petèt paske yo pa si ke efò yo ap pote fwi. Yon diskisyon sou Galat 6:7–10 ka itil tou. Pou entwodui vèsè sa yo, ou gen dwa envite yon moun nan klas la pou l pale brèfman de yon okazyon kote l te bezwen pasyans pandan l t ap eseye fè yon bagay pouse. Kisa eksperyans moun sa a, ansanm ak Galat 6:7–10, ka anseye nou sou efò nou pou n “mache selon Lespri a” (Galat 5:25).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo li Epit Efezyen yo, ou gen dwa di yo nan epit sa a yo pral aprann kijan yo ka “kanpe kont riz dyab la” (Efezyen 6:11).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Galat

Fwi Levanjil ann aksyon yo.

Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye: “Kijan nou ka konn bagay Lespri yo? Kijan nou fè konnen sa soti nan Bondye? Pa fwi yo. Si yo pwodui pwogresyon ak devlopman, si yo pwodui lafwa ak temwayaj, si yo mennen nou nan yon pi bon fasyon pou n fè bagay yo, si yo mennen nan pyete, enben, yo soti nan Bondye. Si yo kraze nou, si yo mennen nou nan fènwa, si yo pote konfizyon epi yo enkyete nou, si yo fè nou pèdi lafwa, enben se nan dyab la yo soti.”

Nan yon lòt okazyon, Prezidan Hinckley te di: “Ou rekonèt enspirasyon Lespri yo pa fwi Lespri yo—sa ki eklere, sa ki edifye, sa ki pozitif ak afimatif epi ki elve nou e fè nou gen pi bon panse ak pi bon pawòl ak pi bon aksyon yo soti nan Lespri Bondye a. Sa ki chèche detwi nou, ki mennen nou nan chemen entèdi—yo soti nan advèsè a. M panse l osi senp ke sa, trè senp” (Enseignements des présidents de l'église: Gordon B. Hinckley [2016], 121).

Simen Lespri a.

Èldè Ulisse Soares te eksplike: "Simen nan Lespri a vledi ke tout panse nou, tout pawòl nou, ak aksyon nou dwe elve nou nan nivo divinite paran selès nou yo. Sepandan, ekriti yo fè referans ak lachè kòm nati fizik oswa chanèl lòm natirèl, ki pèmèt nou enfliyanse pa pasyon, dezi, apeti, ak motivasyon chanèl nou olye nou chèche enspirasyon Sentespri a. Si nou pa fè atansyon, enfliyans sa yo ansanm avèk presyon mal ki nan mond lan ka pouse nou adopte yon konpòtman vilgè ak ensousyan ki ka vin fè pati karaktè nou” (“Rete sou teritwa Senyè a!” Ensign oswa Liahona, Me 2012, 39).

Amelyore ansèyman nou

Ede manm klas yo pou youn sipòte lòt. “Chak moun nan klas ou a se yon sous temwayaj, ide, ak eksperyans abondan nan viv levanjil la. Envite yo pou youn pataje ak lòt epi pou youn elve lòt” (Anseye nan fason Sovè a, 5).