Vini, Suiv Mwen
16–22 Septanm. 2 Korentyen 8–13: ‘Bondye renmen moun ki bay ak lajwa’


“16–22 Septanm. 2 Korentyen 8–13: ‘Bondye renmen moun ki bay ak lajwa’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“16–22 Septanm. 2 Korentyen 8–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezi ap pale avèk yon timoun piti

16-22 Septanm

2 Korentyen 8–13

“Bondye renmen moun ki bay ak lajwa”

Pandan w ap li 2 Korentyen 8–13, panse a moun w ap anseye yo epi planifye aktivite ki ap ede yo dekouvri prensip ki nan chapit sa yo. Apresa, repase plan leson sa a pou ide adisyonèl.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Men yon fason pou w envite manm klas yo pou yo pataje sa yo te aprann nan 2 Korentyen 8–13 yo. Mande yo pou yo ekri yon fraz yo renmen nan lekti yo a sou tablo a, epi apresa mande rès klas la pou yo jwenn fraz la nan ekriti yo. Envite yo pou yo di poukisa fraz sa yo enpòtan pou yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

2 Korentyen 8:1–15; 9:6–15

Sen yo pataje sa yo genyen ak lajwa pou yo ka beni pòv yo ak moun ki nan bezwen.

  • Bondye kòmande Sen l yo pou yo ede pran swen moun ki nan bezwen, epi pasaj nan 2 Korentyen 8–9 la ka enspire manm klas yo nan efò yo. Pou ede yo jwenn pasaj sa yo, ou gen dwa ekri kesyon tankou Poukisa nou bay? ak Kijan nou dwe bay? Mwatye klas la dwe chèche repons yo nan 2 Korentyen 8:1–15, epi lòt mwatye a ka chèche nan 2 Korentyen 9:6–15. (Ou gen dwa eksplike ke nan chapit 8, vèsè 1–5 la, Pòl te site Sen nan Masedwan yo kòm egzanp moun ki bay avèk jenewozite.) Nan ki fason prensip Pòl anseye yo ka ede nou pi byen pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo.

  • Pou ede manm klas yo pi byen konprann ki fason Senyè a te reponn bezwen tanporèl Sen l yo, gen anpil referans w ap jwenn nan seksyon "Resous adisyonèl" la. Petèt ou ta ka mande manm klas yo pou yo li youn oubyen plis nan referans sa yo epi pataje kisa k enpresyone yo. Èske manm klas yo ka jwenn ide nan 2 Korentyen 8:1–15; 9:6–15 la ki montre ke Sen yo nan epòk Pòl la te pran swen pòv yo nan menm fason n ap fè jodia?

2 Korentyen 11:13–33

Fo pwofèt yo chèche twonpe moun.

  • Paske noumenm, tankou Sen Korentyen yo, nou ekspoze anba fo ansèyman, nou ka benefisye nan repase avètisman Pòl te bay Korentyen yo sou “apot ki fo” yo. Manm klas yo ka jwenn egzanp sou fo ansèyman ki gen enfliyans sou nou jodia nan mesaj Èldè Quentin L. Cook la “Vanyan nan temwayaj Jezi” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 40–43). Petèt ou ta ka bay yon moun tach pou l li mesaj sa a alavans epi pataje avèk klas la sa l anseye sou fason nou ka evite “pyèdachopman” ki mennen nou lwen levanjil la. Ki lòt ansèyman kouran nan epòk nou an ki ka detounen nou de verite levanjil yo? Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo repase 2 Korentyen 11:21–33 epi pataje sa yo aprann nan vèsè sa yo sou vrè “minis Kris” yo.

2 Korentyen 11:3; 13:5–8

Nou dwe “egzamine” fidelite nou nan levanjil Jezikri a.

  • Pafwa manm Legliz yo santi yo depase pa demann lavi yo—spesyalman pa sa yo ka konsidere kòm responsablite ki genyen nan lefèt ke n se yon Sen Dènye Jou yo. Konsèy Pòl la pou “egzamine tèt nou, pou n konnen si nou nan lafwa a” ka ede oumenm ak manm klas ou yo konsantre sou “senplisite ki nan Kris la” (2 Korentyen 13:5; 11:3). Petèt nou ka li ansanm 2 Korentyen 11:3 epi diskite sou kisa fraz “senplisite ki nan Kris la” vledi. Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo imajine ke yo envite yo pou yo ekri yon deskripsyon sou levanjil Jezikri a pou yon jounal, avèk yon limit 100 mo. Ba yo tan pou yo ekri deskripsyon yo a, epi fè yo pataje sa yo ekri a youn ak lòt. Si yo bezwen èd, yo gen dwa al nan referans Jan 3:16–17; 3 Nefi 27:13–21; ak Ankre nan lafwa, 76. Envite manm klas yo pou yo medite sou fidelite yo pou rete vrè nan prensip levanjil levanjil yo.

  • Pou ede manm klas yo “egzamine” kijan yo ka senplifye lavi yo pou yo ka pi bon disip, ou gen dwa pataje deklarasyon Prezidan Dieter F. Uchtdorf la ki nan seksyon “Resous adisyonèl” la avèk yo. Yo gen dwa diskite sou fason yo ka aplike envitasyon Prezidan Uchtdorf la pou "konsantre sou pwen doktrin, prensip, ak aplikasyon debaz levanjil yo. Ki lòt ide manm klas yo genyen sou fason nou ka egzamine tèt nou pou asire ke nou rete ankre nan lafwa?

2 Korentyen 12:5–10

Gras Sovè a ase pou ede nou jwenn fòs nan feblès nou.

  • Kisa w t ap di yon zanmi ki te priye pou l te jwenn soulajman anba yon maladi fizik men l santi ke l pa jwenn repons pou priyè sa a. Panse pou w envite manm klas yo pou yo medite sou kesyon sa a pandan y ap li 2 Korentyen 12:5–10 an silans. Apresa yo ka pataje ide nan vèsè sa yo ki ta ka ede nan sitiyasyon sa a. Yo gen dwa rakonte eksperyans kote, pa lagras Jezikri, yo te jwenn fòs nan feblès yo. Kijan eksperyans sa a te enfliyanse lavi yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Galat, ou gen dwa mande yo si yo konn yon moun ki te ekate l de levanjil la. Si wi, yo ta renmen li pou wè ki fason Pòl te envite moun Galat yo ki te ekate de levanjil la pou yo retounen.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

2 Korentyen 8–13

Fason Senyè a pou pran swen pòv yo ak moun ki nan nesesite yo.

  • Mozya 4:16–27; Alma 34:27–29; Doktrin ak Alyans 104:14–18.

  • Manyèl Enstriksyon 2: Administrasyon Legliz la (2010), 6.1.

  • “Dim ak Ofrann,” Pou fòs jèn yo (2011), 38–39.

  • Kantik: “Seigneur, j'ai tant reçu,” “Seigneur, je te suivrai,” “Have I Done Any Good?” (Cantiques ak Hymns, no. 139, 141, 223).

  • Videyo nan LDS.org: “Welfare Facilities––Bishops’ Storehouse,” “The Labor of His Hands,” “Thanks Be to God,” and “Fast Offerings: Are We All Not Beggars.”

  • “Antrèd,” topics.lds.org.

Nou ka senplifye apwòch nou de levanjil la.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye:

“Frè m ak sè m yo, viv levanjil la pa bezwen konplike.

“Li reyèlman senp. Nou ka dekri l konsa:

  • “Si nou koute pawòl Bondye a avèk entansyon reyèl, sa ap fè nou kwè nan Bondye e kwè nan pwomès li yo.

  • “Plis nou fè Bondye konfyans, se plis kè nou ap ranpli ak lanmou pou li menm ak youn pou lòt.

  • “Poutèt amou nou pou Bondye, nou vle suiv li e aji konfòm avèk pawòl li.

  • “Paske nou renmen Bondye, nou vle sèvi l; nou vle beni lavi lòt moun epi ede pòv yo ak moun ki nan bezwen yo.

  • “Plis n ap avanse sou chemen disip sa a, se plis n ap anvi aprann pawòl Bondye a.

“Epi se konsa, chak pa ap mennen nou nan pwochen an e ranpli nou avèk lafwa, lesperans, ak charite k ap toujou ogmante.

“Li mayifikman senp, e li fonksyone mayifikman.

“Frè m ak sè m yo, si nou panse ke levanjil la pa benefik pou nou, m envite nou pou n pran yon rekil, egzamine lavi nou, epi senplifye apwòch nou. Konsantre sou pwen doktrin, prensip, ak aplikasyon debaz levanjil yo. Mwen pwomèt nou Bondye ap gide nou epi l ap beni nou sou chemen an jiskaske nou vin gen yon lavi akonpli, epi levanjil la ap definitivman travay pi byen pou nou” (“It Works Wonderfully,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 22).

Amelyore ansèyman nou

Travay ansanm avèk manm fanmi yo. “Moun ki gen plis enfliyans sou yon lòt moun—pou byen oswa pou mal—se souvan moun ki andedan fwaye li. Paske fwaye a se sant pou viv ak aprann levanjil la, efò ou pou fòtifye yon manm nan klas la ap vin pi efikas lè w travay ansanm avèk yon ... manm fanmi li” (Anseye nan fason Sovè a, 8).