Vini, Suiv Mwen
26 Out–1 Septanm. 1 Korentyen 8–13: ‘Nou se kò Kris la’


“26 Out–1 Septanm. 1 Korentyen 8–13: ‘Nou se kò Kris la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“26 Out–1 Septanm. 1 Korentyen 8–13” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
reyinyon sentsèn

26 Out–1 Septanm 

1 Korentyen 8–13

“Nou se kò Kris la”

Èldè Richard G. Scott te anseye ke nou “kapab pate direksyon ki pi presye ak pi pèsonèl Lespri a banou yo” si nou pa note e reyaji sou “premye enspirasyon [nou] resevwa yo” (“To Acquire Spiritual Guidance,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 8).

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pòl itilize analoji ak metafò nan 1 Korentyen 8–13 la, tankou yon atlèt ki nan yon kous, yon kò imen, ak “yon senbal k ap retanti” (1 Korentyen 13:1). Ki ide manm klas yo genyen sou metafò sa a? Kijan l te ede yo pi byen konprann yon verite nan levanjil la?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

1 Korentyen 10:1–13

Nou tout fè fas ak tantasyon, men Bondye ba nou yon mwayen pou n reziste.

  • Kijan w ka ede manm klas ou yo dekouvri verite puisan ki nan 1 Korentyen 10:13 yo? Yon ide se pou w ta divize vèsè a an de gwoup mo, bay manm klas yo chak gwoup mo, epi mande yo pou yo refòmile fraz la nan pwòp mo pa yo. Paregzanp, ki lòt fason nou ka di “Bondye fidèl” oubyen “tante odela fòs nou”? Apresa ou gen dwa mete deklarasyon manm klas la fè yo ansanm epi chèche lòt aplikasyon yo nan lavi nou. Manm klas yo gen dwa pataje eksperyans kote yo te wè ke pwomès nan vèsè sa a se verite tou. Ki ide adisyonèl nou ka jwenn nan vèsè sa yo nan Alma 13:27–28?

  • Olye ke w rete sou egzanp tantasyon espesifik, ou gen dwa konsantre diskisyon 1 Korentyen 10:13 la sou tantasyon ki, nan pawòl Pòl, “komen pou lòm” yo. Manm klas yo gen dwa kòmanse pa idantifye tantasyon Pòl avèti nou yo nan vèsè 1–12 yo. Yo gen dwa sigjere kèk egzanp modèn sou tantasyon imèn tou, tankou tantasyon pou n pa onèt, pou n fè tripotaj, oswa jije lòt moun. Kijan yon moun, avèk èd Bondye, ka “chape” anba tantasyon sa yo? Ou gen dwa jwe wòl kèk sitiyasyon.

  • Sa ta ka itil pou w konsidere 1 Korentyen 10:13 nan kontèks dezi Pòl pou gen inite pami Sen yo. Kisa nou ka fè pou youn ede lòt “chape” ak “reziste” anba tantasyon nou ka rankontre yo. Kijan inite ede nou reziste anba tantasyon?

1 Korentyen 10:16–17; 11:23–30

Sentsèn ini nou kòm manm Legliz Kris la.

  • Vèsè sa yo ka enspire yon diskisyon sou fason sentsèn nan ka ini pawas nou nan efò nou pou n vin plis menmjan ak Sovè a. Ou gen dwa kòmanse li 1 Korentyen 10:16–17 epi etidye kisa mo kominyon an ta ka vledi nan kontèks sa a (yon moun ta ka chèche kèk definisyon posib nan yon diksyonè). Kijan pran sentsèn ansanm nan ede nou santi nou pi ini? Kisa nou ka fè pou n favorize inite nan reyinyon Sentsèn yo? Ki fason konsèy Pòl la pou “chak moun egzamine tèt li" a gen rapò avèk bi sa a? (1 Korentyen 11:28).

(1 Korentyen 11:28).

Nou dwe chèche don Lespri yo pou n ka beni tout pitit Pè Selès yo.

  • Kijan w ka ede manm klas ou yo repase don spirityèl Pòl dekri yo e rekonèt gwo varyete don spirityèl sa yo? Ou gen dwa ba yo yon minit ou yo fè yon lis sou tout don Lespri yo ka panse. Lè yo fini, envite manm klas yo pou you pataje sa yo ekri a jiskaske yo fin mansyone tout don ki sou lis yo a. Apresa, yo ka jwenn lòt don pou ajoute sou lis yo a si yo chèche nan 1 Korentyen 12 ak nan lis Èldè Marvin J. Ashton nan nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Kiyès nan don sa yo manm klas yo wè nan moun yo konnen? Kijan devlope don sa yo kapab ede nou vin tankou Jezikri?

  • Pou ede manm klas yo wè egzanp sou fason devlope don spirityèl yo ka ede yo edifye Legliz la, panse pou w envite yo pou yo panse sou don spirityèl moun yo site nan ekriti yo te genyen. Pou w ka jwenn ide, ou gen dwa mande yo pou yo li youn nan referans ekriti ki nan seksyon "resous adisyonèl" yo atantivman epi di ki don spirityèl yo panse moun sa a te genyen. Kijan don spirityèl moun sa yo te yon benediksyon pou byen pa yo ak pou byen lòt moun. Kijan nou ka itilize don spirityèl nou yo pou beni lòt moun ak pou edifye kò Kris la, oubyen Legliz la? (gade 1 Korentyen 12:12–31; gade tou 1 Korentyen 14:12).

  • Pou ede manm klas yo konprann kijan pou yo devlope don spirityèl sa yo, envite yo pou yo li 1 Korentyen 12:27–31; Mowoni 7:48; 10:23, 30; Doktrin ak Alyans 46:8; ak sitasyon Prezidan George Q. Cannon nan nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Kisa egzanp sa yo anseye nou sou akeri don spirityèl? Kijan devlope don spirityèl ka fè nou vin plis tankou Kris la? Envite manm klas yo pou yo chwazi yon don yo ta renmen akeri epi pou yo chèche èd Senyè a pou yo ka akeri don sa a.

1 Korentyen 13

Charite se pi gran don spirityèl la.

  • Gen kèk moun ki konfonn charite avèk don yo bay pòv yo oubyen jantiyès yo pou pwochen yo. Pandan ke bagay sa yo ka sètènman demontre charite a, deskripsyon Pòl la menm pi konplè toujou. Pou ede manm klas yo analize li, ou gen dwa mande yo pou yo medite ansilans sou 1 Korentyen 13 la epi panse ak yon moun yo konnen ki se yon bon egzanp nan youn oubyen plis aspè charite Pòl mansyone yo. Kèk manm nan klas la ka dekri moun yo panse a ak yon eksperyans kote moun sa a te bay egzanp charite. Ou gen dwa menm fè yon lis sou tablo a sou kèk pati nan deskripsyon Pòl la epi envite manm klas yo pou yo pataje ide yo sou sa savledi, selon yomenm, pou yon moun “pasyan” oswa “pa fasilman pran nan pwovokasyon” (1 Korentyen 13:4–5). Nan ki fason Sovè a te egzanp kalite sa yo sou charite a? Ki fason nou ka devlope charite? (gade Mowoni 7:46–48).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Èske manm klas yo konnen doktrin batèm pou mò yo ak twa degre laglwa yo mansyone nan Bib la? Di yo ke yo pral aprann sou verite sa yo lè y ap etidye 1 Korentyen 14–16 la semèn sa a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

1 Korentyen 8–13

Don spirityèl ou gen dwa pa panse.

Èldè Marvin J. Ashton te pataje egzanp sou sa l rele "don mwens aparan" Lespri yo: “Don pou mande; don pou koute; don pou tande ak itilize yon ti vwa dous; don pou n ka kriye; don pou evite kontansyon; don pou nou emab; don pou nou evite repetisyon initil; don pou n chèche sa ki jis; don pou n pa pote jijman; don pou gade vè Bondye pou gidans; don pou n se yon disip; don pou n sousye pou lòt; don pou n kapab medite; don pou n ka ofri priyè; don pou n rann yon temwayaj puisan; ak don pou reseva Sentespri a” (“There Are Many Gifts,” Ensign, Nov. 1987, 20).

Men kèk egzanp nan ekriti yo sou don spirityèl.

Chèche don spirityèl yo.

Prezidan George Q. Cannon (1827–1901) nan Premye Prezidans lan te di nou gen devwa pou nou “priye Bondye pou l ba [nou] don ki pral korije enpèfeksyon [nou] yo. ... Yo la pou bi sa a. Okenn moun pa dwe di, 'O, se pa fòt mwen; sa pa nan nati m.' Se pa yon jistifikasyon, paske Bondye pwomèt pou l ba nou fòs pou n korije bagay sa yo, epi l ap ba nou don ki ap elimine yo nèt. Si yon moun manke sajès, se devwa l pou l mande Bondye sajès. Se menm bagay la pou tout lòt bagay tou” (Millennial Star, Avr. 23, 1894, 260).

Amelyore ansèyman nou

Viv prensip w ap anseye yo. Viv prensip w ap anseye yo ap ede w rann temwayaj sou yo avèk plis puisans. "Konsa tou, Senyè a bay lòd pou tout moun k ap preche levanjil la pou yo viv sou kont travay levanjil la” (1 Korentyen 9:14).