Vini, Suiv Mwen
2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16: ‘Bondye pa yon Bondye konfizyon, men l se yon Bondye lapè’


“2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16: ‘Bondye pa yon Bondye konfizyon, men l se yon Bondye lapè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“2–8 Septanm. 1 Korentyen 14–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Fon batismo tanp

2–8 Septanm

1 Korentyen 14–16

“Bondye pa yon Bondye konfizyon, men l se yon Bondye lapè”

Anvan w etidye plan leson sa a, li 1 Korentyen 14–16. Ekri premye enpresyon ou sou verite ki pral ede manm klas ou yo, epi chèche gidans Lespri a san rete pandan semèn sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo kèlke minit pou yo repase 1 Korentyen 14–16 pou yo ka jwenn yon vèsè yon santi ki espesyalman siyifikan. Envite yo pou yo chwazi yon moun nan klas la yo ka pataje vèsè yo a avèk li epi eksplike poukisa yo te chwazi li.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

1 Korentyen 14

Lè Sen yo reyini ansanm, yo dwe chèche pou youn edifye lòt.

  • Panse pou w itilize ansèyman Pòl yo nan 1 Korentyen 14 la pou raple manm klas yo ke nou tout ka edifye—oubyen sipòte ak elve—lòt nan legliz la. Yon mwayen senp pou repase chapit sa a gen dwa se ekri yon kesyon sou tablo a, tankou Ki bi nou dwe genyen lè nou reyini ansanm? Envite manm klas yo pou yo chèche repons posib nan 1 Korentyen 14. Gen lòt ide nou ta ka jwenn nan Mowoni 6:4–5 ak Doktrin ak Alyans 50:17–23. Pandan manm klas yo ap pataje sa yo jwenn yo, mande yo si yo panse sa k ap fèt nan klas la ap akonpli objektif sa yo. Yo gen dwa pataje eksperyans kote yo te santi yo edifye pa yon bagay youn nan manm nan klas la te pataje tou.

  • Pou ede yo konprann konsèy Pòl la ki di manm yo dwe chèche pwofetize a, panse pou w mande yo pou yo sigjere kèk definisyon pou mo pwofetize a. Oumenm oubyen manm klas yo gen dwa ekri chak definisyon sou tablo a epi ansanm, repase definisyon pwofetize nan Gid Ekriti yo ak nan konsèy Pòl la nan 1 Korentyen 14:3, 31, 39–40. Kisa nou ka ajoute sou definisyon nou jwenn nan referans sa yo? (Gade Revelasyon 19:10 tou.) Kisa nou enspire pou n fè nan legliz la ak lakay nou kòm rezilta ansèyman Pòl yo?

1 Korentyen 15

Paske Jezikri te resisite, nou menm tou n ap resisite.

  • Kijan w ka itilize temwayaj Pòl la nan 1 Korentyen 15 la pou fòtifye temwayaj manm klas ou yo sou Rezirèksyon an? Yon fason se divize klas la an de gwoup epi mande youn nan gwoup yo pou yo gade nan 1 Korentyen 15 pou yo wè ki konsekans sa ta p genyen pou nou si Jezikri pa t resisite. Lòt gwoup la gen dwa chèche benediksyon nou resevwa gras ak Rezirèksyon l lan. Apresa chak gwoup ka ekri sa yo aprann sou tablo a. Kisa yo ka ajoute sou lis yo a apre yo fin li deklarasyon Èldè D. Todd Christofferson nan nan seksyon “Resous adisyonèl” la? Pou ede manm klas yo santi Lespri a pandan diskisyon sa a, panse pou w montre yo foto Sovè resisite a (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo a).

  • Paske Pòl t ap reponn moun ki pa t kwè nan rezirèksyon, klas la ta ka benefisye nan jwe wòl yon sitiyasyon konsa. Paregzanp, kijan yo ta ka fòtifye lafwa yon moun ki chè pou yo nan Rezirèksyon an? Kisa yo jwenn nan 1 Korentyen 15 la ki ta ka ede yo eksplike itilite ak prèv Rezirèksyon Jezikri a? Ki lòt ekriti yo ta ka itilize? (Gade, paregzanp, Lik 24:1–12, 36–46; Alma 11:42–45.)

  • Pòl fè referans ak twa degre laglwa yo apre rezirèksyon an plizyè fwa nan epit li yo (gade 1 Korentyen 15:40–42 ak 2 Korentyen 12:1–2). Pou ede klas la dekouvri kijan revelasyon modèn nan eksplike ansèyman Pòl yo, ou gen dwa divize klas la an twa gwoup epi bay chak gwoup yon moso papye ki koupe tankou yon solèy (DA 76:50–70), yon lalin (DA 76:71–80), oubyen yon etwal (DA 76:81–89). Envite yo pou yo li ekriti asosye yo nan Doktrin ak Alyans 76 epi di kisa nou bezwen fè pou n resevwa diferant laglwa Pòl dekri yo. Gade Doktrin ak Alyans 131:1–4; 137:7–10.

    Imaj
    leve solèy

    “Ekla solèy la se youn” (1 Korentyen 15:41).

  • 1 Korentyen 15 se youn nan kèk kote nan ekriti yo nou wè yo mansyone batèm pou mò yo (gade vèsè 29; gade tou DA 128:18). Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans yo te fè avèk batèm ak lòt òdonans pou zansèt yo. Panse pou w pale de eksperyans Wilford Woodruff la nan seksyon “Resous adisyonèl” la kòm yon pati nan diskisyon an. Poukisa Pòl fè referans ak batèm pou mò yo antanke prèv Rezirèksyon an? Li ta bon pou n ta di poukisa batèm pou mò yo nesesè, gade “Batèm pou mò yo,” Gospel Topics, topics.lds.org. Video “Glad Tidings: The History of Baptisms for the Dead” (LDS.org) nan eksplike kijan prensip sa a te retabli nan epòk nou an.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande manm klas yo pou yo panse ak eprèv y ap travèse oubyen feblès yo genyen. Di yo pandan y ap li 2 Korentyen an, yo pral aprann kisa k te ede Pòl travèse eprèv yo ak kijan l te wè feblès li yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

1 Korentyen 14–16

Enpòtans Rezirèksyon an

Èldè D. Todd Christofferson ta anseye:

“Ann reflechi yon moman sou enpòtans Rezirèksyon an pou n detèmine yon fwa pou tout vrè idantite Jezi Nazarèt la ak gwo kesyon ak diskisyon filozofik lavi yo. Si Jezi te anfèt literalman resisite, sa obligatwaman vle di li se yon èt divin. Pa gen okenn moun mòtèl ki gen pouvwa nan limenm pou l retounen viv ankò apre l fin mouri. Paske l te resisite a, Jezi pa ka tou senpleman yon chapantye, yon enstriktè, yon rabi, oubyen yon pwofèt sèlman. Paske l te resisite a, Jezi te sètènman yon Bondye, Sèl Pitit Gason Literal Papa a.

“Se poutèt sa, sa l te anseye yo se verite; Bondye pa kapab bay manti.

“Se poutèt sa, Li se Kreyatè tè a, jan l te di a.

“Se poutèt sa, syèl la ak lanfè reyèl, jan l te anseye a.

“Se poutèt sa, gen yon mond espri kote li te ale apre lanmò li.

“Se poutèt sa, l ap retounen ankò, jan zanj yo te di a, pou l vin “renye pèsonèlman sou tè a.”

“Konsa, gen yon rezirèksyon ak yon jijman final pou tout moun” (“Rezirèksyon Jezikri a,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 113).

Òdonans pou mò yo: “Yon reyon limyè ki soti nan twòn Bondye.”

Èldè Wilford Woodruff te di lè l te aprann manm vivan nan Legliz la te ka resevwa òdonans sali pou zansèt yo ki te desede yo, “sete tankou yon reyon limyè k te soti nan twòn Bondye a pou penetre nan kè nou. Li te ouvri yon espri pèspektif osi laj ke letènite nan lespri nou.” Li te di tou: “Sa te aparan pou mwen ke Bondye ki te revele lòm prensip sa a te saj, jis, e vrè, epi l te posede pi bon kalite ak bon sans ak konesans yo. M te santi l te annakò avèk lanmou, mizèrikòd, jistis ak jijman, epi m te santi pou m te renmen Senyè a plis pase jamè anvan nan lavi m. ... M te santi m ta rele alelouya lè yo te ba nou revelasyon konsènan batèm pou mò yo. …”

“Premye sa k te antre nan lespri m,” li te di, “sèke m te yon manman nan mond lespri a. Li te mouri lè m te gen 14 zan. …” Nan apre, li te pale de lè kote l te gen okazyon pou l te sele manman l ak papa l la: “L apral ka fè pati premye rezirèksyon an; epi sa sèlman apral rekonpanse m pou tout travay lavi m yo” (Enseignements des présidents de l'église: Wilford Woodruff, [2011], 185–86).

Amelyore ansèyman nou

Aprann konnen moun w ap anseye yo. De moun pa janm parèy; chak moun gen yon pase, yon pèspektiv, ak kalite ki pwòp a limenm. Priye pou w ka konn kijan w ka itilize bagay sa yo pou angaje moun w ap anseye yo. Lè w pi byen konprann moun w ap anseye yo, ou ka kreye moman ansèyman siyifikan ak memorab pou yo (gade Anseye nan fason Sovè a, 7).