Vini, Suiv Mwen
9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7: ‘Rekonsilye nou avèk Bondye’


“9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7: ‘Rekonsilye nou avèk Bondye’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezikri

9–15 Septanm

2 Korentyen 1–7

“Rekonsilye nou avèk Bondye“

Pandan w ap li 2 Korentyen 1–7 semèn sa a, panse avèk kèk manm klas byen spesifik—sa k vin nan klas yo ak sa k pa vini yo. Kijan prensip ki nan chapit sa yo ka beni yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo tan pou yo pataje ide ki ka fè etid ekriti yo vin pi efikas.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

2 Korentyen 1:3–7; 4:6–10, 17–18; 7:4–7

Eprèv nou yo ka yon benediksyon pou nou.

  • Gen dwa gen yon moun nan klas ou a k ap travèse yon eprèv difisil. Eksperyans Pòl dekri yo ak konsèy li te bay nan 2 Korentyen yo ka ede yo panse sou benediksyon ki soti nan eprèv yo. Pou kòmanse yon diskisyon, ou gen dwa mande yon manm nan klas la pou l vin prepare pou di kijan yon eprèv te beni lavi li oubyen sa l te aprann nan men yon lòt moun ki te travèse yon eprèv. Apresa, ou gen dwa envite manm klas yo pran kèlke minit pou repase 2 Korentyen 1:3–7; 4:6–10, 17–18; ak 7:4–7, pandan w ap chèche kida Pòl te anseye sou objektif ak benediksyon eprèv. (Pou plis egzanp sou ansèyman l yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Mande plizyè manm nan klas la pou yo pataje sa yo te jwenn. Ou ka sigjere pou yo li vèsè yo te jwenn yon ansèyman patikilye ladan l lan awotvwa epi apresa pataje yon eksperyans oubyen yon temwayaj anrapò avèk ansèyman sa a.

  • Panse pou w bay manm klas yo tan pou yo medite sou fason eprèv yo ka beni lavi nou, pandan w ap repase ansèyman Pòl yo nou jwenn nan 2 Korentyen 1:3–7; 4:6–10, 17–18; ak 7:4–7 tou. Pandan tan sa a yo ta ka ekri kijan ansèyman Pòl yo ka aplike a afliksyon y ap travèse nan pwòp lavi yo.

  • Pou ajoute sou diskisyon an, panse pou fè manm klas yo chante ansanm kèk kantik favori ki temwaye de rekonfò ak benediksyon Pè Selès la ak Sovè a ofri nou nan moman eprèv yo—tankou “Quel fondements fermes” (Cantiques, no. 85). Lè nou fin chante ansanm, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo chèche fraz nan 2 Korentyen 1 ak 4 yo santi ki mache avèk mesaj ki nan kantik la.

2 Korentyen 2:5–11

Nou resevwa benediksyon epi nou beni lòt moun lè nou padone.

  • Nou tout konn fè eksperyans kote yon moun “lakoz tristès” pou nou oubyen fanmi nou (vèsè 5). Petèt manm klas yo ta ka etidye 2 Korentyen 2:5–11, pandan y ap chèche konsèy nan men Pòl sou fason pou nou trete yon moun ki ofanse nou. Panse pou w envite manm klas yo pou repase Lik 15:11–32; Jan 8:1–11; ak sitasyon Èldè Kevin R. Duncan (gade “Resous adisyonèl”) pou yo aprann plis sou fason nou dwe trete moun ki peche. Kijan nou ka fè tèt nou oubyen lòt moun mal lè nou pa dispoze pou n padone?

2 Korentyen 5:14–21

Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka rekonsilye avèk Bondye.

  • Anpil moun vin legliz avèk yon dezi pou yo santi yo pi pre Bondye, epi yon diskisyon sou 2 Korentyen 5:14–21 an kapab ede yo. Pou kòmanse, manm klas yo ka etidye siyifikasyon mo rekonsilye a, petèt nan kòmanse chèche mo a nan yon diksyonè. Ki eksplikasyon bagay sa a bay sou rekonsilye nou avèk Bondye? Ki eksplikasyon adisyonèl nou jwenn nan definisyon mo “Ekspyasyon” an nan Diksyonè Bib la? Kijan eksplikasyon sa yo ede nou konprann 2 Korentyen 5:14–21? Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje sa yo santi osijè Sovè a, ke Ekspyasyon l lan rann posib pou nou reyini avèk Bondye a.

2 Korentyen 7:8–11

Tristès Bondye mennen nan repantans.

  • 2 Korentyen 7:8–11 bay yon eksplikasyon itil sou tristès selon Bondye ak wòl li nan repantans. Kisa nou aprann osijè tristès selon Bondye nan 2 Korentyen 7:8–11 ak nan pawòl Prezidan Dieter F. Uchtdorf yo nan seksyon “Resous adisyonèl” la? Poukisa tristès selon Bondye esansyèl pou repantans?

  • Ou gen dwa santi w pouse pou w ankouraje pi plis diskisyon sou repantans. Si wi, ou gen dwa eseye yon bagay tankou sa a: Ekri sou tablo a Repantans se . Mande manm klas yo pou yo chèche fason pou konplete fraz sa a, kote y ap itilize sa yo aprann nan 2 Korentyen 7:8–11 yo, osibyen nan ekriti yo ak lòt resous yo jwenn nan “Resous adisyonèl.” Kijan yo ta ka itilize ansèyman sa yo pou ede yon moun konprann kijan pou l repanti sensèman?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande manm klas yo si yo konn janm priye pou yon eprèv oubyen yon afliksyon ka efase. Nan 2 Korentyen 8–13, y ap wè kijan Pòl te reyaji lè l te priye pou sa a epi yo pa t reponn priyè l la nan fason l te atann nan.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

2 Korentyen 1–7

Gade lòt moun jan Bondye wè yo a ede nou padone.

Èldè Kevin R. Duncan te anseye: “Yon bagay kle nan padone lòt moun se eseye wè yo jan Bondye wè yo a. Pafwa, Bondye gen dwa ouvè rido a pou beni nou avèk don pou nou wè nan kè, nanm, ak lespri yon lòt moun ki te ofanse nou. Eksplikasyon sa a ka menm mennen nan yon lanmou irezistib pou moun sa a” (“The Healing Ointment of Forgiveness,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 34).

Tristès selon Bondye pote chanjman ak lespwa.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te eksplike:

Tristès selon Bondye enspire chanjman ak lespwa atravè Ekspyasyon Jezikri a. Tristès selon mond lan rabese nou, li elimine lespwa e pèsyade nou pou n sede anba pi plis tantasyon.

Tristès selon Bondye mennen nan konvèsyon ak yon chanjman kè. Li fè nou rayi peche e renmen bagay ki byen. Li ankouraje nou pou n kanpe pou n mache nan limyè lanmou Kris la. Vrè repantans se yon zafè transfòmasyon, non pa tòti ni touman” (“You Can Do It Now!” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 56).

Kisa repantans ye?

Èldè Neil L. Andersen te anseye:

“Lè nou peche, nou vire do bay Bondye. Lè nou repanti, nou retounen vin jwenn Bondye.

“Envitasyon pou nou repanti a se raman yon vwa chatiman men se pito yon apèl eman pou n fè demi tou epi ‘retounen’ al jwenn Bondye [gade Elaman 7:17]. Se apèl yon Papa eman ak Pitit Gason Byeneme l la lanse nou pou n pi plis pase sa nou ye a, pou n elve fason n ap viv, pou n chanje, epi santi bonè ki gen nan kenbe kòmandman yo. Antanke disip Kris la, nou rejwi pou benediksyon repantans lan ak lajwa ki gen nan resevwa padon an. Yo vin fè pati nou, yo modle fason nou panse ak fason nou pèsevwa bagay yo. …

“Pou pifò, repantans plis pase yon vwayaj ke yon evenman ki fè yon sèl fwa. Li pa fasil. Chanje se bagay ki difisil. Sa mande kouri kont van an, naje a kontkouran. Jezi te di: ‘Si yon moun vle vin jwenn mwen, se pou l renonse a limenm, epi pran kwa li, epi suiv mwen’ [Matye 16:24]. Repantans se vire do bay kèk bagay, tankou malonètete, lògèy, kòlè, panse k pa pur, ak vire vin jwenn lòt bagay tankou jantiyès, dezeteresman, pasyans, ak spirityalite. Se ‘retounen al jwenn Bondye” (“Repent … That I May Heal You,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 40–41).

Amelyore ansèyman nou

Enplike moun ki gen difikilte yo. Pafwa gen manm klas la k ap lite ki jis bezwen santi yo entegre epi nou renmen yo. Panse pou w ba yo tach pou yo patisipe nan yon leson k ap vini. Pa dekouraje si yo pa reponn a efò w la toudabò. (Gade Anseye nan fason Sovè a,8–9.)