Vini, Suiv Mwen
19–25 Out. 1 Korentyen 1–7: ‘Se pou nou pafètman ini’


“19–25 Out. 1 Korentyen 1–7: ‘Se pou nou pafètman ini’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“19–25 Out. 1 Korentyen 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Korent

Korent, Sid La Grèce, Fowòm nan ak Sant sivik la, tablo pa Balage Balogh

19-25 Out

1 Korentyen 1–7

‘Se pou nou pafètman ini’

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye ke pifò moun “vin [legliz la] ap chèche yon eksperyans spirityèl” (“A Teacher Come from God,” Ensign, Me 1998, 26). Pandan w ap li 1 Korentyen 1–7 la, nan yon espri lapriyè, panse a sa w ka fè pou ede kreye eksperyans spirityèl nan klas ou a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Panse pou w envite manm klas yo pou yo ekri ki fason yo aplike sa yo aprann nan ekriti yo. Mande plizyè manm nan klas la pou yo pataje sa yo te ekri.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

1 Korentyen 1:10–173

Manm Legliz Kris yo dwe ini yo.

  • Pale de premye chapit 1 Korentyen yo se kapab yon opòtinite pou bati yon pi gran inite pami manm pawas yo. Ou gen dwa kòmanse pa mande manm klas ou yo pou yo pale se yon klèb, yon gwoup, oswa yon ekip yo fè pati kote yo te santi gran inite sa a. Poukisa gwoup sa a te si ni konsa? Apresa ou ka etidye kèk nan ansèyman Pòl yo sou inite a ki nan 1 Korentyen 1:10–13; 3:1–11. Kisa vèsè sa yo, ansanm avèk eksperyans nou, anseye nou osijè sa k ede kreye inite ak sa k menase inite? Ki benediksyon moun ki ini yo resevwa? Istwa Prezidan Henry B. Eyring pataje nan seksyon “Resous adisyonèl” la kapab ede avèk diskisyon sa a.

  • Pòl itilize imaj yon edifis pou ankouraje inite nan 1 Korentyen 3:9–17. Kijan analoji sa a kapab ede klas ou a pi byen konprann sa inite ye? Paregzanp, apre w fin li vèsè sa yo ansanm, ou ka bay chak manm klas la yon blòk pou yo travay ansanm pou bati yon bagay. Nan ki sans nou se “edifis Bondye”? (1 Korentyen 3:9). Kijan Bondye bati nou endividyèlman? Kisa n ap bati ansanm antanke Sen? Kisa nou ka fè antanke yon pawas ini ki pa t ap posib pou nou fè endividyèlman?

1 Korentyen 1:17–31; 2; 3:18–20

Pou akonpli travay Bondye a, nou bezwen sajès Bondye.

  • Gen kèk moun ki santi yo pa kalifye pou yo sèvi nan Legliz la akoz mank enstrikson oubyen fòmasyon pwofesyonèl. Gen lòt moun ki santi yo trè kaligye paske yo gen diplòm oubyen fòmasyon pwofesyonèl. Toulède pwendvi sa yo reflete yon mank konpreyansyon sou sa k vrèman kalifye nou pou travay Bondye a. Men yon ide pou ede klas ou a gen konfyans nan Bondye: Divize klas la an de gwoup epi mande yo pou yo etidye 1 Korentyen 1:17–31; 2; oswa 3:18–20 pandan y ap chèche mo tankou sajès ak foli. Apresa yo ka pataje nan gwoup yo a kisa vèsè sa yo anseye konsènan sajès nan travay Senyè a. Ki bagay osijè levanjil la ki ka sanble yo se foli nan je kèk moun? Kijan bagay sa yo demontre sajès Bondye? Petèt manm klas yo ta ka rakonte eksperyans kote yo te apiye sou sajès Bondye, olye de sajès pa yo, pou akonpli travay li.

 1 Korentyen 6:9-20

Kò fizik nou sakre.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou vèsè sa yo, ou gen dwa ekri sou tablo a kèk kesyon tankou: Kijan Senyè a konsidere kò nou? Kijan sa diferan avèk fason Satan vle nou panse ak kò nou? Kisa sa vledi ke kò nou se tanp Sentespri a? Envite manm klas o pou yo jwenn repons pou kesyon sa yo nan 1 Korentyen 6:9–20 (gade tou DA 88:15; Moyiz 6:8–9).

  • Diskisyon w sou sentete kò nou an ka enkli yon konvèsyon sou lwa chastete a tou. Sa ka patikilyèman itil paske antanke Sen Dènye Jou, nou souvan gen okazyon pou n eksplike kwayans nou sou chastete bay moun ki pa pataje menm kwayans avèk nou. Petèt ou ta ka mande manm klas yo kisa yo aprann nan men Pòl—ak nan lòt resous Legliz yo—ki ta ka ede yo eksplike lòt moun poukisa chastete enpòtan. Gen kèk nan resous sa yo ki ka enkli sa k nan seksyon “Resous adisyonèl.”

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Di manm klas ou yo si yo ta renmen ide adisyonèl sou fason pou gen yon pi gwo inite avèk konjwen yo, fanmi yo, oswa pawas yo, tèt inite a kontinye nan 1 Korentyen 8–11 la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

1 Korentyen 1–7

Egzanp sou inite.

Prezidan Henry B. Eyring te anseye:

“Yo te envite m pou m te mete m ajenou pou priye avèk yon fanmi ki ta pral dòmi, pandan m te envite lakay yo. Timoun ki te pi piti a te fè priyè a. Li te priye tankou yon patriyach pou chak moun nan fanmi an, pa non yo. M te louvri je m pandan yon ti moman pou m te gade figi lòt timoun yo ak paran yo. M te ka di ke yo te ini nan lafwa ak nan kè yo nan priyè ti pitit gason sa a.

“Dènyèman, gen kèk sè Sosyete Sekou ki t ap priye ansanm pou yo te prepare yo pou al vizite yon jèn vèv mari l te mouri. Yo te anvi konn kisa pou yo te fè ak kijan pou yo te travay ansanm pou yo te ede prepare kay la pou fanmi ak zanmi ki t ap gen pou vini pou antèman an. ... Yo te resevwa yon repons pou priyè yo a. Lè yo te rive nan kay la, chak sè te pran yon tach pou yo te konplete. Kay la te pare sitèlman vit ke gen kèk nan sè yo ki te regrèt pa t gen plis bagay pou yo te fè. Pawòl rekonfò k te eksprime yo te pafètman adapte. Yo te rann Senyè a sèvis antanke yon sèl moun, ak kè yo ini ansanm” (“Our Hearts Knit as One,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 68–69).

Benediksyon pite seksyèl.

Nan yon devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Sè Wendy W. Nelson te di:

“Pite pèsonèl se kle vrè lanmou. Plis panse nou ak santiman nou pwòp, se plis pawòl nou ak aksyon nou ap pwòp tou, epi n ap gen pi plis kapasite pou n bay ak resevwa vrè lanmou. …

“Kòm yon pati enpòtan nan eksprime lanmou yo, Senyè a vle pou yon mari ak yon madanm pataje lajwa ak mèvèy entimite konjigal yo. …

“… Tout sa ki envite Lespri nan lavi nou, ak nan lavi konjwen nou ak nan maryaj nou, ap ogmante kapasite nou pou n fè eksperyans entimite konjigal. … Yon lòtbò, tout bagay ki ofanse Lespri a ap diminye kapasite nou pou n fè youn avèk konjwen nou. …

“Entimite konjigal apwouve pa Lespri a se yon bagay Bondye beni epi l sanktifye” (“Lanmou ak maryaj,” Devosyon mondyal pou Jèn adilt yo, Jan. 8, 2017, broadcasts.lds.org).

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Kite m di nou ke entimite konjigal rezève pou moun ki marye paske l se senbòl siprèm inyon total la, yon inyon total ki òdone e defini pa Bondye. …

“Men, inyon total sa a, yon angajman total ant yon gason ak yon fi sa a kapab sèlman vini avèk pwoksimite ak pèmanans ki asire nan yon maryaj alyans, avèk pwomès solanèl ak angajman tout sa yo posede—kè yo ak lespri yo, tout jounen yo ak tout rèv yo” (“Personal Purity,” Ensign, Nov. 1998, 76).

Eldè David A. Bednar te eksplike: “Relasyon [seksyèl] se pa senpleman yon objè kiryozite pou nou eksplore, yon apeti pou nou satisfè oubyen yon kalite lwazi oswa divètisman pou nou chèche avèk egoyis. Se pa yon konkèt pou n reyalize ni yon aksyon pou n akonpli. Men, olyesa, se ekspresyon siprèm nati ak potansyèl divin nou nan mòtalite a, epi se yon fason pou n ranfòse lyen emosyonèl ak spirityèl ant mari ak madanm yo. Nou se moun ki dote avèk libabit epi nou defini pa eritaj divin nou kòm pitit Bondye—e non pa pa konpòtman seksyèl, atitid epòk nou yo, oubyen filozofi mond lan” ("Nou kwè ke nou dwe gen chastete," Ensign oswa Liahona, Me 2013, 42).

Kijan pou n rete seksyèlman pur?

  • “Chastite: Kisa limit yo ye?” “M chwazi pou m pur” (videyo), LDS.org

  • “Pite seksyèl,” Pou fòs jèn yo, 35–37

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj konsènan Jezikri. Lè w ap anseye, sonje egzanp Pòl la: li “pa t vin avèk siperyorite langaj oubyen sajès, pou l te deklare … temwayaj konsènan Bondye a” (1 Korentyen 2:1). Temwayaj senp ou sou Sovè a kapab gen yon gwo enfliyans.