Vini, Suiv Mwen
29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28: ‘Yon minis ak yon temwen’


“29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28: ‘Yon minis ak yon temwen’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2019

Imaj
Pòl ki nan prizon

29 Jiyè–4 Out 

Travay 22–28

‘Yon minis ak yon temwen’

Li Travay 22–28 avèk yon priyè nan kè ou pou Sentespri a ka enspire w pou w konnen sou kisa pou w konsantre pou w ka ede manm klas ou yo. Ekri tout ide ki vin nan lespri ou; yo gen dwa se kòmansman plan ansèyman w lan.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande manm klas yo pou yo ekri yon referans ekriti nan Travay 22–28 ki te enpresyone yo semèn sa a. Ranmase repons yo epi li kèk vèsè. Envite plizyè ladan yo pou yo di poukisa vèsè sa yo enpòtan pou yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Travay 22:1–21; 26:1–29

Yon temwayaj se yon deklarasyon sou laverite ki baze sou konesans oswa kwayans pèsonèl.

  • Temwayaj Pòl te rann devan Festus ak Wa Agripa a kapab yon opòtinite pou n diskite sou kisa savle di pou yon moun rann temwayaj li. Ou ta gen dwa kòmanse mande manm klas yo pou yo repase Travay 22:1–21 ak 26:1–29. Kisa nou aprann nan egzanp Pòl la sou rann temwayaj? Ki prensip adisyonèl nou aprann sou temwayaj nan deklarasyon M. Russell Ballard la nan seksyon “Resous adisyonèl” la? Chante oubyen jwe kantik “Le Saint-Esprit a témoigné” a (Cantiques, no. 137) la ka ede mennen Lespri a nan diskisyon nou an.

  • Manm klas yo gen dwa jwenn akeri yon konpreyansyon pèsonèl pandan y ap etidye temwayaj Pòl la devan Festus ak Wa Agripa a tou. Envite yo pou yo pataje. Ki avètisman repons Wa Agripa a pou temwayaj Pòl la ka ba nou jodi a? (gade Travay 26:28). Manm klas yo ta gen dwa panse ak lòt temwayaj nan ekriti yo ki te enspire yo tou. (Kèk egzanp ka enkli Jòb 19:25–27; 2 Nefi 33:10–15; Alma 5:45–48; and DA 76:22–24.) Oubyen petèt yo te ka pataje eksperyans kote yo te enfliyanse pa temwayaj yon moun.

  • Pwofèt Joseph Smith te konpare eksperyans li te viv lè l t ap temwaye sou Premye Vizyon an avèk eksperyans Pòl devan Wa Agripa a (gade Joseph Smith—Istwa 1:24–25). Petèt manm klas yo ta ka travay de pa de pou yo kreye yon lis rapò ki genyen ant de sèvitè Bondye sa yo. Kijan aktivite sa a ka ede nou konprann kijan pou n pataje temwayaj nou menm lè sa difisil?

  • Byenke Pòl pa t ap chèche temwayaj spirityèl li te resevwa sou wout Damas la, li te pase rès lavi li ap travay pou l te kenbe ak defann temwayaj li te resevwa a (gade Travay 22:10, 14–16; 26:19). Egzanp Pòl la ka ede klas ou a konprann ke yon temwayaj mande travay ak sakrifis. Pou kòmanse yon diskisyon sou sa, petèt youn nan manm klas yo ta ka dekri efò l te fè pou l te vin yon mizisyen, yon atis, oswa yon atlèt akonpli. Nan ki fason akeri yon talan konsa sanble avèk akeri ak fòtifye yon temwayaj? Ki efò nou dwe fè pou n ka akeri ak fòtifye yon temwayaj? (gade tou Alma 5:46).

Travay 26:9–23

Nou gen responsablite pou n sèvi pwochen nou.

  • Senyè a te aple Pòl pou l te vin “sèvi” (Travay 26:16), men kisa mo sa a vledi? Pou ede manm klas yo detaye fason yo ka sèvi lòt moun, ou gen dwa ekri yon kesyon tankou sa a sou tablo a Kisa sa vledi pou n sèvi? Envite manm klas yo pou chèche repons nan referans sa yo: Matye 20:25–28; Travay 26:16–18; 3 Nefi 18:29–32; Gid ekriti yo, “Sèvi,” scriptures.lds.org. Lè y ap pataje sa yo jwenn, ankouraje yo pou yo pale de fason nou tout ka sèvi lòt moun, enkli nan apèl nou nan Legliz la.

  • Frè David L. Beck te pale osijè responsablite detantè prètriz yo genyen pou yo sèvi lòt moun, epi anpil nan sa l te di yo kapab aplike a tout moun k ap sèvi nan Legliz la (gade “Votre devoir sacré de servir,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 55–57). Paregzanp, kisa istwa Chy Johnson nan anseye nou sou sèvi lòt moun? Videyo “Le miracle du toit” a nan (LDS.org) se yon bon egzanp sou sèvis tou. Ki lòt egzanp manm klas yo ka pataje? Ba yo tan pou yo panse ak yon moun yo ka sèvi semèn sa a ak ki fason yo pral fè sa.

Travay 27

Si nou koute pwofèt li yo, Senyè a ap gide nou ak pwoteje nou kont mal.

  • Manm klas yo pwobableman konn fè eksperyans kote yo konn suiv direksyon pwofèt yo menm lè yo diferan avèk konsèy ekspè nan mond lan oubyen opinyon moun bò kote yo. Envite kèk ladan yo pou vin nan klas la tou prepare pou yo pataje eksperyans konsa. Apresa envite yo pou yo di kijan moun yo k te sou bato a te reyaji lè Pòl te pwofetize ke bato a t apral travèse "peril ak anpil domaj” (Travay 27:10). Ki reyaksyon kèk moun genyen devan konsèy pwofèt yo nan epòk pa nou an?

  • Kisa nou aprann nan Travay 27 sou suiv pwofèt Senyè a yo? Sitasyon Èldè Ronald A. Rasband nan nan “Resous adisyonèl” la gen kesyon pou nou medite ak yon lis sou danje pwofèt aktyèl yo mete nou angad. Ki benediksyon nou resevwa lè nou suiv konsèy pwofèt vivan yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ede enspire manm klas yo pou yo kòmanse li epit Pòl la, mande yo pou yo imajine ke yon manm Kolèj Douz Apot yo te ekri yon lèt pèsonèl voye bay pawas ou a. Kijan nou t ap santi nou osijè lèt sa a? Kisa l ta ka di nou? Envite manm klas yo pou yo kenbe panse sa yo nan lespri yo pandan y ap li lèt Pòl te voye bay Sen nan Wòm yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Travay 22–28

Rann temwayaj

Èldè M. Russell Ballard te pale de temwayaj Pòl la devan Wa Agripa a epi l te anseye kisa sa vle di pou nou rann temwayaj nou:

“Reyinyon temwayaj nou yo dwe santre sou plis sou Sovè a, sou doktrin levanjil yo, sou benediksyon Retablisman yo, ak ansèyman nan ekriti yo. Nou bezwen ranplase istwa yo, resi vwayaj yo, ak pil pale yo pa temwayaj ki pur. Moun yo bay tach pou pale ak pou anseye nan reyinyon nou yo bezwen fè sa avèk yon puisans ki soti nan doktrin nan ke moun ka tande ak santi, k ap elve lespri ak edifye moun. ...

“… Byenke l toujou bon pou nou eksprime lanmou ak gratitid nou, tip ekspresyon sa yo se pa kalite temwayaj ki ka limen yon flanm lafwa nan lavi lòt moun. Rann temwayaj se 'temwaye pa pouvwa Sentespri a; pou fè yon deklarasyon solanèl sou laverite ki baze sou konesans oswa kwayans pèsonèl nou’ Gid ekriti yo, “Temwaye,” scriptures.lds.org]. Yon deklarasyon klè sou laverite fè yon diferans nan lavi moun. Se sa k chanje kè moun. Se sa Sentespri a ka konfime nan kè pitit Bondye yo” (“Pure Testimony,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2004, 41).

Soutni dirijan Legliz yo

Èldè Ronald A. Rasband te anseye:

“[Dirijan nou yo] aple pa enspirasyon divin pou ansenye nou ak gide nou epi ... yo avèti nou pou nou fè atansyon a danje n ap rankontre chak jou yo—soti nan pran Jou Saba a alalejè, rive nan menas ki peze sou fanmi yo, atak kont libète relijye yo, e menm fè kont osijè revelasyon dènye jou yo. Frè m ak sè m yo, èske nou koute konsèy yo? …

“Lè nou mache avèk fèmte, pandan n ap chwazi pou n suiv konsèy ak avètisman dirijan nou yo, nou chwazi pou nou suiv Sovè a tandiske mond lan apral nan yon lòt direksyon. Nou chwazi pou nou kenbe ba fè a byendi, pou nou kapab Sen Dènye jou, k ap fè travay Bondye, e ki ranpli “avèk gwo lajwa.”’ [1 Nephi 8:12].

“Kesyon k ap soulve jodia klè: èske nou soutni dirijan Legliz yo nan yon mond k ap antre nan fènwa pou nou kapab simaye Limyè Kris la? (“Soutni dirijan yo nan Legliz la,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 47–48).

Amelyore ansèyman nou

Prepare alavans. “Pandan w ap medite sou kijan prensip levanjil w ap anseye yo pral beni manm klas ou yo, ide ak enpresyon ap vini nan lavi kotidyèn ou—pandan w pral nan travay ou, pandan w ap fè travay nan kay la, oubyen pandan w ap pale avèk fanmi ak zanmi. Pa panse a preparasyon spirityèl tankou yon bagay ou pran tan pou w fè men panse avèk li kòm yon bagay pou w ap fè tout tan” (Anseye nan fason Kris la, 12).