Vini, Suiv Mwen
5-11 Out. Women 1–6: ‘Pouvwa Bondye pou sali’


5-11 Out. Women 1–6: ‘Pouvwa Bondye pou sali’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

5-11 Out. Women 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2019

Imaj
Pòl k ap ekri yon epit

5-11 Out

Women 1-6

"Pouvwa Bondye pou sali"

Nan lapriyè, li Women 1–6 avèk manm klas ou yo nan lespri ou. Sa ap ede w sansib a enspirasyon lespri yo pandan w ap prepare w pou anseye a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Panse pou w bay manm klas yo kèlke minit pou yo li Women 1–6 pou yo ka jwenn yon vèsè yo patikilyèman renmen. Apresa yo ka pataje vèsè yo te chwazi a avèk yon moun ki chita bò kote yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Women 1:16–17

“M pa wont pou levanjil Kris la.”

  • Èske manm klas ou yo konn janm fè fas ak moun k ap moke kwayans yo? Envite yo pou yo li Women 1:16–17 epi pou yo panse a sitiyasyon nan liv Travay la kote Pòl te montre ke l pa t wont pou levanjil la. Ki kèk bagay ki ka fè nou wont dèske nou se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo? Envite manm klas yo pou yo pataje eksperyans kote yomenm oubyen lòt moun te montre ke yo pa wont pou levanjil Jezikri a.

Women 1:16–17; 2:28–29; 6:1–11

Nou se vrè disip yo poutèt angajman alenteryè nou, e non pa poutèt aksyon nou.

  • Kijan nou evalye tèt nou antanke disip? Konsèy Pòl bay Women yo ka ede nou sonje pou n konsantre non pa sou konplete yon lis tach men sou “kè a [ak] lespri a” (Women 2:29). Pou ede klas ou a konprann konsèy Pòl la, ou ka ekri tèks nan Women 2:28–29 a sou tablo a. Ranplase mo Juif la pa Sen Dènye Jou epi mo sikonsizyon an pa mo alyans la. Kisa chanjman sa a ajoute sou konpreyansyon nou de ansèyman Pòl yo? Ou ka diskite sou egzanp bagay nou fè antanke manm Legliz la ki pi enpòtan ak pi puisan lè yo soti “nan kè, selon lespri a” (Women 2:29). Paregzanp, gade diskou Èldè Jeffrey R. Holland nan sou vizit ofwaye a, “Reprezantan Legliz yo” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 61–67), oubyen diskou Èldè Neil L. Andersen osijè travay misyonè a, "Yon temwen Bondye" (Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 35–38).

Women 3-6

“Kote peche abonde, lagras pi abonde toujou.”

  • Gen dwa gen moun nan klas ou a ki bezwen èd pou yo konprann ansèyman Pòl bay nan chapit sa yo sou lafwa, zèv, ak lagras yo (gade plan leson semèn sa a tou nan Vini Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak Tradiksyon Joseph Smith pou chapit sa yo nan referans yo ak nan apendiks Bib la). Kijan w ka ede yo aprann youn nan men lòt? Panse pou w prezante de senaryo pou ede manm klas yo konprann yo pa dwe konsidere bon zèv yo kòm yon mwayen pou pwouve diyite nou, ni yo pa dwe konsidere gras Kris la kòm yon rezon oubyen yon ekskiz pou peche ak erè nou non plis. Envite manm klas yo pou yo chèche verite ki nan Women 3:20–31 yo; 5:1–2; 6:1–2, 21–23 ki ta ka ede Gloria ak Justin. Ki lòt verite doktrinal nan “Resous adisyonèl” yo ki ta ka ede yo konprann enpòtans pou yo fè bon zèv ak pou yo kwè nan gras Kris la? Ou ka mande yo pou yo pataje sa yo jwenn yo oubyen pou yo jwe wòl yon konvèsasyon.

Senaryo 1

Ou gen yon zanmi ki rele Gloria ki santi l depase malgre efò l pou l rete yon disip fidèl. Li travay di pou l fè tout sa l santi l ta dwe fè, men li souvan pè pou efò l yo pa sifi. L ap mande tèt li “Èske m bon ase?”. “Èske Senyè a ap aksepte m?”

Senaryo 2

Ou gen yon zanmi ki rele Justin ki pa sousye twòp osijè fè chwa ki jis. Li kwè nan Jezikri, li al nan reyinyon legliz yo, epi li se yon papa eman ak yon bon pwochen. Sepandan, li chwazi pou l pa viv kèk prensip ki ta ka kalifye l pou yon rekòmandasyon tanp. Lè fanmi ak zanmi eseye ankouraje l pou l prepare l pou tanp, li reponn: “M se yon bon moun. M gen lafwa nan Kris la. Li te deja peye pri pou peche m yo, e m pa panse l ap entèdi m aksè nan wayòm selès la pou detay osi ensiyifyan konsa.”

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Women 7–16, ou gen dwa di yo ke Pòl te dekri yon lagè k t ap fèt andedan li—ak andedan nou tout. Nan Women 7–16 nou wè kisa lagè sa a ye ak ki fason pou nou ranpòte laviktwa sou li.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Women 1-6

Lafwa, lagraz, ak zèv.

Byenke nou ta dwe fè tout efò nou pou n obeyi kòmandman yo, obeyi lwa Bondye yo poukont yo p ap sove nou (gade Women 3:27–31). Menm avèk pi bon efò nou, nou “tout peche, epi nou tout prive de laglwa Bondye” (Women 3:23). Pou rezon sa a, nou tout bezwen Jezikri, paske gras li pèmèt nou jwenn padon pou peche nou e l pèmèt nou kontinye fè bon zèv. Jan Pòl te anseye, “Kote peche abonde, lagras abonde pi plis toujou” (Women 5:20).

David O. McKay te pataje yon analoji osijè yon ti gason ki te kòmanse ap nwaye pandan l t ap naje avèk zanmi li: “Erezman, youn nan ti gason yo te gen lespri vif e ki te aji vit, te rapidman rale yon bwa nan yon kloti anbwa epi l te lonje yon pwent bwa a bay ti gason ki t ap nwaye a, ki te gripe l nan bwa a byen fèm epi li te sove.

“Tout tigason yo te di ke jèn avantirye sa a te gen lavi gras ak tigason an ki te founi mwayen pou sekouri l la.

“Sa se verite endiskitableman; malgre mwayen yo te founi l lan, si tigason an pa t pwofite mwayen sa a, si l pa t mete tout efò pèsonèl li te kapab founi an, li t ap nwaye, malgre zak ewoyik kanmarad li a” (David O. McKay, “The Gospel of Work,” Instructor, Jan. 1955, 1).

Pou reponn kesyon ki se konnen si nou sove pa lafwa oubyen pa zèv nou yo, otè kretyen an, C. S. Lewis te ekri: “Pou mwenmenm, sa [sanble] avèk mande kiyès nan de làm ki nan yon sizo ki pi nesesè” (Mere Christianity, 148).

Senaryo 1

“Nou pa ka achte sali avèk lajan obeyisans; nou achte l avèk san Pitit Gason Bondye a [gade Travay 20:28]. …

“Lagras se yon kado Bondye fè nou, epi dezi nou pou n obeyi chak nan kòmandman Bondye yo se lonje men mòtèl nou pou n resevwa kado sakre sa a nan men Pè Selès nou an” (Dieter F. Uchtdorf, “Kado lagras la,” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 109–10).

Senaryo 2

“Si lagras se yon kado Bondye, enben, poukisa obeyi kòmandman Bondye yo si enpòtan konsa? Poukisa pou n anbete tèt nou avèk kòmandman Bondye yo—oubyen menm repantans tou? …

“Se poutèt sa, obeyisans nou nan kòmandman Bondye yo vini kòm rezilta natirèl amou ak gratitid enfini nou pou bonte Bondye. Fòm lanmou ak rekonesans sensè sa a ap mirakilezman blinde zèv nou yo avèk lagras Bondye” (Dieter F. Uchtdorf, “Kado lagras la” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 109).

Bezwen pèmanan pou lagras la.

“Anplis lagras ki nesesè pou sali final nou an, nou bezwen pouvwa ekspyatwa sa a chak jou nan lavi nou. Si nou apwoche nou de Pè Selès la avèk dilijans, imilite, ak dousè, l ap elve nou e l ap fòtifye nou atravè lagras li (gade Pwovèb 3:34; 1 Pyè 5:5; DA 88:78; 106:7–8). Si nou konfye nou nan lagras li, sa ap pèmèt nou pwogrese ak grandi nan lajistis” (Ankre nan lafwa, 78).

Amelyore ansèyman nou

Apèl ou enspire. Se Senyè a ki aple w kòm enstriktè, pou beni pitit li yo. Senyè a vle w reyisi, konsa, si w viv diy pou w resevwa èd li, l ap ba w revelasyon w ap chèche a. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 5.)