2010–2019
Yon temwen Bondye
Oktòb 2016


Yon temwen Bondye

Mwen sigjere pou nou sispann santi nou koupab paske nou panse nou pa fè ase pou fè konnen levanjil la. Men, priye pito, pou nou ka “kanpe kòm [temwen] Bondye.” Sa se yon motivasyon ki pi solid pase kilpablite.

Pifò nan travay enpòtan Bondye a envizib nan je mond lan. Malgre nan sizyèm syèk anvan Kris la te gen save renome tankou Confucius an Chine ak Buddha nan Lès End, pouvwa prètriz Bondye a te sou Danyèl, pwofèt ki t ap viv an kaptivite pandan rèy Wa Babilonyen an, Nebukadneza.

Twouble pa yon rèv li te fè lannuit, Wa Nebikadneza te mande majisyen l yo ak sòsye l yo pou yo te di l sa l te reve a ak entèpretasyon li. Natirèlman, yo pa t ka di wa a kisa l te reve a epi yo te pwoteste: “Pa gen pèsonn sou latè ki ka fè bagay sa a, ni pa gen okenn wa ki konn mande] yon bagay konsa.”1 Wa Nebikadneza te fache anpil dèske yo pa t ka ede l sonje rèv la epi ankòlè, li te deklare ke l t ap touye tout konseye l yo.

Danyèl, youn nan mesye saj Wa a, te priye pou l te ka jwenn “mizèrikòd … Bondye … konsènan sekrè sa a.”2

Yon mirak te fèt. Bondye te revele Danyèl sekrè sou sa wa a te reve a.

Yo te mennen Danyèl devan wa a. “Èske w ka di m rèv mwen te fè a, èske w ka fè m konnen sa l vledi?”

Danyèl te reponn:

“Nèg save yo, divinò yo, ak majisyen yo [pa ka di w sa w te reve a]. …

“Men, gen yon Bondye nan syèl la ki [ka devwale bagay sa yo epi li] pou fè … wa Nebikadneza konnen sa ki gen pou rive nan dènye jou yo. …

Danyèl te di: “Bondye nan syèl la [pral] fè yon wayòm parèt, [yon wòch ki detache san okenn men pa manyen l, ki ap vin tounen yon gwo montay epi l ap ranpli tout tè a] e li pap janm detwi … [men] l ap kanpe etènèlman. …

Danyèl te di: “Rèv la klè, epi entèpretasyon an … sèten.”3

Avèk lespri li rafrechi epi rèv li a entèprete, wa a te pale dirèk: “Bondye w la se Bondye tout bondye yo, e Senyè tout senyè yo.”4

Apati entèvansyon mirakile sa a Bondye te bay Danyèl la, nou wè fiti yo te pwofetize ki di levanjil Jezikri a t ap gen pou retabli sou tè a,” yon wayòm … [ki t ap gen pou ranpli] tout tè a … pou l pa janm detwi … [men] rete etènèlman.”

Kantite manm nan Legliz nan nan dènye jou yo t ap relativman piti, jan Nefi te pwofetize a, men yo t ap ranpli tout sifas tè a epi, pouvwa ak òdonans prètriz yo t ap disponib pou tout moun ki vle, pou ranpli tè a jan Danyèl te predi a.5

An 1831, Pwofèt Joseph Smith te resevwa revelasyon sa a: “Bondye te bay lòm sou tè a kle wayòm Bondye a [ak kle rasanbleman Izrayèl soti nan kat pati tè a], epi se la levanjil la pral dewoule pou ale nan tout kwen tè a, tankou wòch ki dekole soti sou mòn nan san okenn men pa pouse l woule desann, jistan l ranpli tout tè a.”6

Yon responsablite nou pataje

Rasanbleman Izrayèl la se yon mirak. Se tankou yon gwo jwèt kastèt yo pral mete pyès yo anplas anvan evenman gloriye Dezyèm Vini yo. Menmjan pil pyès yon jwèt kastèt yo gen dwa yon tijan plen tèt nou yo, se konsa tou premye Sen yo siman te konsidere responsablite pou yo te pote levanjil retabli a nan tout mond lan kòm yon tach prèske enposib. Men yo te kòmanse, yon moun, yon pyès alafwa, ap jwenn pyès ki pou kwen yo dabò, epi travay pou ankadre travay diven sa a. Ti kal pa tikal, wòch la te koupe san okenn men pa t pouse l epi l te kòmanse woule desann; soti nan santèn rive nan milye, soti nan dizèn rive nan milye, epi kounyeya dè milyon Sen Dènye Jou nan tout nasyon konekte pyès jwèt yo ansanm nan travay mèveye ak pwodij sa a.

Imaj
Yon gwo jwèt kastèt

Nou chak se yon pyès nan jwèt la, epi nou chak ede mete lòt pyès enpòtan yo anplas. Yo bezwen nou nan gran kòz sa a. Vizyon nou pou demen an klè kounyeya. Nou ka wè mirak k ap kontinye, ak men Senyè a k ap gide nou pandan n ap konplete entèval ki rete a. Epi lè sa a, “Gran Jewova a di travay la fini,”7 epi L ap retounen nan majeste ak laglwa.

Imaj
Nou chak se yon pyès nan jwèt la

Prezidan Thomas S. Monson te di: “Moman an rive pou manm yo ak misyonè yo ini yo, pou yo mete ansanm, pou travay ansanm … pou mennen nanm ba li. … L ape de nou nan tach nou si nou aji ak lafwa pou akonpli travay li a.”8

Responsablite sa a Bondye konfye nou an, ki te repoze otrefwa sou zepòl misyonè aplentan yo, repoze sou nou tout kounyeya. Nou tout anvi pataje levanjil retabli a, e m rekonesan dèske dè milye moun ap batize chak semèn. Men, menm avèk benediksyon mèveye sa a, enkyetid nou pou frè n ak sè nou yo ak dezi nou pou fè Bondye plezi a ba nou yon santiman ijans pou nou pataje ak fòtifye wayòm Bondye a nan tout mond la.

Limit kilpabilite

Menm avèk yon gwo dezi pou pataje levanjil la, nou gen dwa pa twò satisfè siksè efò pase nou yo. Nou gen dwa santi n tankou yon zanmi ki te di m: “M pale avèk fanmi m ak zanmi m de legliz la, men pa gen anpil ki enterese, epi, apre chak rejè, m vin pi ezitan. M konnen m ta dwe fè plis, men, m bloke, epi m santi m koupab anpil.”

Kite m wè si m ka ede.

Kilpabilite jwe yon wòl enpòtan paske li fè nou pran konsyans chanjman nou bezwen fè, men gen limit nan èd li ka pote ba nou.

Kilpabilite se tankou yon batri nan yon machin ki mache ak gazolin. Li ka limen machin nan, estat motè a, epi limen limyè machin yo, men li pa p ka bay gaz pou fè long vwayaj k ap tann nou an. An limenm, batri a pa ase. E se konsa sa ye pou kilpabilite tou.

M ap sigjere pou nou sispann santi nou koupab pou tout mankman nou panse nou genyen nan pataje levanjil la. Olyesa, jan Alma te anseye a, priye pou opòtinite, “pou nou kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote nou ta kapab ye … pou Bondye kapab rachte [lòt moun] yo, e pou yo kapab pami moun premye rezirèksyon yo, pou yo kapab gen lavi etènèl.”9 Sa se yon motivasyon ki pi solid pase kilpabilite.

Pou nou yon temwen Bondye tout tan ak nan tout kote, sa dwe reflete nan fason nou viv ak nan fason nou pale.

Pale ouvètman sou lafwa nou nan Kris la. Lè okazyon an prezante, pale de lavi li, ansèyman l yo, ak don enkonparab li pou tout limanite. Pataje verite puisan ki nan Liv Mòmon yo. Li ba nou pwomès sa a: “Kèlkeswa moun … ki konfese m devan lèzòm, mwenmenm m ap konfese l tou … devan Papa m … nan syèl la.”10 Mwen pwomèt nou ke si nou priye souvan e sensèman pou n jwenn opòtinite pou n “kanpe kòm temwen Bondye,” opòtinite sa yo ap vini, epi y ap mete moun k ap chèche plis limyè ak konesans yo devan nou. Si nou reponn ak pouse espirityèl yo, Sentespri a ap pote pawòl nou nan kè yon lòt moun, epi yon jou, Sovè a ap konfese nou devan Papa li.

Yon efò konsantre

Travay espirityèl ki se ede yon moun antre nan wayòm Bondye a se yon efò an gwoup. Itilize misyonè yo osito nou kapab epi priye pou n jwenn èd syèl la. Men sonje, moman konvèsyon yon lòt moun nan pa totalman depann de ou.11

Kamla Persand te soti nan Île Maurice, li t al lekòl medikal nan Bordeaux, an France, lè nou te rankontre l an Fevriye 1991. Nou te priye an fanmi pou n te kapab pataje levanjil la ak yon moun ki t ap chèche laverite, epi nou te anseye l lakay nou. M te gen privilèj pou m te batize li, men se pa t nou menm ki te egzèse pi gwo enfliyans sou chwa li te fè pou nan Kamla a lè l te antre Legliz la. Zanmi, misyonè, e menm manm fanmi te “temwen Bondye” nan peyi li, epi yon jou an France, lè moman an te rive pou Kamla, li te pran desizyon pou l te batize. Kounyeya, 25 ane apre, li wè benediksyon desizyon sa a toupatou bò kote li, epi pitit gason l lan se yon misyonè nan Madagascar.

Imaj
Kamla Persand ak fanmi li

Tanpri pa konsidere efò nou pou pataje lanmou Sovè a avèk yon lòt moun nan kòm yon tès nou te pase epi nou echwe avèk yon nòt ki detèmine pa fason zanmi nou yo te pozitivman reyaji sou santiman oswa envitasyon pou rankontre misyonè yo.12 Avèk je mòtèl nou, nou pa ka jije efè efò nou yo genyen, ni nou pa ka define moman sa ap rive a. Lè nou pataje lanmou Sovè a avèk yon lòt moun, nòt nou se toujou 10 sou 10.

Gen kèk gouvènman ki limite travay misyonè, sa ki fè manm nòb nou yo montre menm pi gwo kouraj toujou nan rete “temwen Bondye tout tan ak nan tout … kote” a.

Nadezhda, nan Moscou, souvan ofri lòt moun yon Liv Mòmon ke l mete nan mitan anpil sirèt nan yon bwat an kado. Li di: “M di yo se kado ki pi dous m ta ka posibman ba yo.”

Tousuit apre l te fin batize nan Ukraine, Svetlana te santi enpresyon pou l te pataje levanjil la avèk yon mesye li te souvan wè nan bis la. Lè mesye a te rive nan arè l la, li te mande l: “Èske w ta renmen konn plis osijè Bondye?” Mesye a te di: “Wi.” Misyonè yo te anseye Viktor, epi li te batize. Limenm ak Svetlana te sele nan Tanp Freiberg la an Almay nan apre.

Se pou w veyatif; benediksyon w yo ka vini nan fason sanzatann.

Sa gen setan, Kathy avèk mwen te rankontre Diego Gomez ak bèl fanmi li nan Salt Lake City. Yo t ale nan pòt ouvèt yon tanp avèk nou, men yo te jantiman rejte envitasyon nou pou yo te aprann plis sou Legliz la. Mwa Me pase a m te resevwa yon apèl telefòn nan men Diego. Evenman nan lavi li te mennen l sou jenou li. Li te jwenn misyonè yo poukont li, li te pran diskisyon yo, epi li te pare pou batèm. Jou 11 Jen an, m te mache antre nan dlo batèm yo avèk zanmi mwen Diego Gomez. Konvèsyon li te fèt nan pwòp moman pa li epi li te fèt gras ak èd ak sipò anpil moun ki te lonje lamen ba li kòm “temwen Bondye.”

Imaj
Diego Gomez avèk yon gwoup

Yon envitasyon pou jèn yo

Pou jèn ak jèn adilt remakab nou yo toupatou nan mond lan, m ap lanse yon envitasyon espesyal ak yon defi pou nou “temwen Bondye.” Nan antouraj nou gen moun k ap fè rechèch espirityèl. Nou sonje jwèt kastèt la? Nou pa vin sou tab la ak men nou vid, men ak teknoloji ak medya sosyal alapòte nou. Nou bezwen ou; Senyè a bezwen w vin menm pi angaje toujou nan gran kòz sa a.

Imaj
Puzzle on mobile phone

Sovè a te di: “Ale, anseye tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.”13

Se pa pa chans n ap viv an Afrik, Azi, Ewòp, Amerik diNò, Amerik Santral, oswa Amerik diSid, Pasifik, oubyen yon lòt kote nan mond lan. Levanjil la dwe ale nan “tout nasyon, tout ras, tout lang, ak tout pèp.”14

“Bondye nan syèl la fè yon wayòm parèt, [yon wòch ki detache san okenn men pa manyen l, ki vin tounen yon gwo montay epi l ranpli tout tè a] e li pap janm detwi … [men] l ap kanpe etènèlman.”

“… Rèv la klè, epi entèpretasyon an … sèten.”15

M ap fini avèk pawòl sa yo ki nan Doktrin ak Alyans yo: “Rele Senyè a, pou wayòm li a kapab ale sou tè a, pou abitan yo ki sou tè a kapab resevwa l, epi pou yo pare pou jou ki pral vini yo, lè Pitit Gason Lòm nan pral desann soti nan syèl la, abiye nan klète laglwa li a, pou l rankontre wayòm Bondye a … sou tè a.”16 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Danyèl 2:10.

  2. Danyèl 2:18.

  3. Danyèl 2:26–28, 44–45; gade tou vèsè 34–35.

  4. Danyèl 2:47.

  5. Gade 1 Nefi 14:12–14.

  6. Doktrin ak Alyans 65:2; gade tou Doktrin ak Alyans 110:11.

  7. Enseignements des presidents de l’église: Joseph Smith (2007), 444; gade tou Boyd K. Packer, “The Standard of Truth Has Been Erected,” Liahona, Nov. 2003, 27.

  8. Thomas S. Monson, “Welcome to Conference, Liahona, Nov. 2013, 4.

  9. Mozya 18:9.

  10. Matye 10:32.

  11. Sa gen yon mwa m te nan Santa Maria, nan Brézil. Frè João Grahl te di m ke, lè l te jènjan, li t al legliz la pandan dezan, li te anvi batize, men papa l pa t vle. Yon jou, li te di sè l yo, ki te gen menm dezi a tou, ke yo te bezwen mete yo ajenou pou yo te priye pou Bondye te adousi kè papa yo. Yo te mete ajenou epi yo te priye epi apresa yo t al lekòl.

    Lè yo te retounen lakay jou sa a, yo tee tone wè yon tonton yo, frè papa yo, ki te vini wè yo soti nan yon vil byen elwanye. Le andedan kay la ap pale ak papa yo. Nan prezans tonton yo a nan sal la, timoun yo te mande papa yo si yo te ka batize. Tonton an te avanse, li te mete men l sou zepòl ti frè l la epi l te di: “Reinaldo, se vre. Kite yo batize.” San yo pa t konnen, tonton an te bagize kèk mwa anvan sa.

    Tonton an te santi l pouse pou l te vin kay frè l la, epi, paske li te “kanpe kòm temwen Bondye” jou sa a, nyès li yo ak neve l la te jwenn pèmisyon pou yo te batize. Kèk semèn apre, Reinaldo ak madanm ni te batize tou. Bondye te reponn priyè timoun sa yo nan yon fason mirakile, atravè yon moun ki te dispoze pou kanpe kòm “yon temwen Bondye.”

  12. “Ou gen siksè lè w enfite, kèlkeswa rezilta a” (Clayton M. Christensen, The Power of Everyday Missionaries [2012], 23; gade tou everydaymissionaries.org).

  13. Matye 28:19.

  14. Mozya 15:28.

  15. Danyèl 2:44–45; gade tou vèsè 34–35.

  16. Doktrin ak Alyans 65:5.