Vini, Suiv Mwen
30 Septanm–13 Oktòb. Efezyen: ‘Pou pèfeksyonman Sen yo’


“30 Septanm–13 Oktòb. Efezyen: ‘Pou pèfeksyonman Sen yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“30 Septanm–13 Oktòb. Efezyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou LekòldidDimanch: 2019

Imaj
yon fanmi k ap gade foto

30 Septanm–13 Oktòb.

Efezyen

“Pou pèfeksyonman sen yo”

Panse ak enpresyon ap vin nan tèt ou sou sa w dwe anseye ak sou fason pou w anseye pandan ke, nan yon espri lapriyè, w ap etidye Efezyen, diskou dènye konferans jeneral yo, plan leson sa a, ak Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Panse pou w mande manm klas yo pou yo ekri yon fraz ki rezime yon bagay yo te aprann nan etid yo sèn sa a epi apresa tache rezime yo sou tablo a. Pa aza, chwazi kèk ladan yo, epi envite manm klas yo ki te ekri yo a pou yo di sa yo panse.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Efezyen 2:19–22; 4:4–8, 11–16

Pwofèt yo ak apot yo—ak nou tout—fòtifye Legliz la e ini li.

  • Èske oumenm ak klas ou a ka konstwi yon bagay ansanm pou montre kijan Legliz la “bati sou fondasyon apot ak pwofèt” yo ak kijan Sovè a se “wòch fondasyon an”? (Efezyen 2:20). Petèt manm klas yo ta ka mete etikèt sou blòk oubyen vè an plastik epi mete yo ansanm pou fòme yon piramid, avèk Jezikri ak apot yo ak pwofèt yo ki fòme baz la. Apresa, ou gen dwa demontre yo kisa k t ap rive si n ta retire Kris la ak apot yo ak pwofèt yo. Poukisa wòch fondasyon an se yon bon metafò pou Jezikri ak wòl li nan Legliz la? (Pou yon deskripsyon sou yon wòch fondasyon, gade seksyon “Resous adisyonèl" la.) Manm klas yo ta ka gade nan Efezyen 2:19–22; 4:11–16 pou yo ka gade ki benediksyon nou resevwa gras ak apot, pwofèt, ak lòt dirijan nan Legliz la. Kisa nou ka fè pou bati lavi nou sou ansèyman yo?

    Imaj
    wòch fondasyon tanp

    Jezikri se tèt legliz la.

  • Pou montre kijan yon moun ka mal konprann doktrin nan san direksyon kontinyèl pwofèt ak apot yo, ou gen dwa jwe yon jwèt kote w ap rakonte youn nan manm klas yo yon istwa san w pa kite yon lòt moun tande l. Apresa envite manm klas sa a pou l di yon lòt moun nan klas la istwa a epi kontinye l konsa jiskaske anpil moun nan klas la fin tande istwa a. Apresa,mande dènye moun ki te tande istwa a pou l rakonte rès klas la sa l te tande a. Èske gen detay nan istwa a ki chanje? Kisa k t ap rive si enstriktè a te korije erè yo a chak etap? Kisa aktivite sa a anseye nou sou rezon k fè Legliz Kris la dwe “bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo”?

  • Si manm klas ou yo te koute konferans jeneral ant moman dènye klas la ak jodia, envite yo pou yo di kijan sa yo te anseye pandan konferans la te ede yo akonpli bi yo pale nan Efezyen 4:11–16.

  • Petèt ou gen dwa bay manm klas yo yon moman pou yo fè lis kèk nan “vokasyon” oswa responsablite yo te aple pou yo ranpli nan legliz la (gade Efezyen 4:1)—paregzanp, yon enstriktè oswa yon enstriksis ofwaye, yon paran, yon disip Kris la, eksetera. Apresa, yo ka chanje lis yo youn ak lòt nan klas la, li Efezyen 4:4–8, 11–16, epi di kijan apèl ak tach ki sou lis yo a ka ede yo edifye kò Kris la. Kijan nou ka travay ansanm pou n vin ini anba “yon sèl Senyè, yon sèl fwa, yon sèl batèm”?

Efezyen 5:22–6:4.

Suiv egzanp Sovè a ka fòtifye relasyon familyal.

  • Malgre Efezyen yo t ap viv nan yon kilti kote yo pa t trete fi yo egal avèk mari yo, epit sa a gen kèk leson valab pou koup marye yo jodia. Ou gen dwa ekri kesyon tankou sa a sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo diskite sou yo pandan y ap li Efezyen 5:22–33 an gwoup: Ki fason Kris la te montre amou li pou Legliz la? Kisa nou ka fè pou nou suiv egzanp li sou fason pou nou trete konjwen nou? Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo site kèk egzanp sou konjwen k ap aji youn ak lòt nan fason Kris la. Kijan nou ka aplike prensip sa yo a lòt relasyon familyal?

  • Pandan ke konsèy Pòl la pou “onore manman w ak papa w” la (Efezyen 6:2) te adrese a timoun yo, li ka aplike pou nou tout, kèlkeswa laj nou oswa sitiyasyon familyal nou. Envite manm klas yo pou yo panse sou fason yo ka aplike konsèy Pòl la nan Efezyen 6:1–3 a a pwòp sitiyasyon pa yo. Paregzanp, kijan nou ka onore paran nou menmsi chwa yo pa konfòm avèk ansèyman Jezikri yo? Ou gen dwa mande manm klas yo kèlke minit pou yo ekri sa yo ka fè pou yo pi byen onore paran yo.

  • Si gen paran—oubyen fiti paran—jèn timoun nan klas ou a, yo gen dwa benefisye nan diskite Efezyen 6:4. Kisa sa vledi pou n elve timoun yo “nan korije yo ak enstwi yo nan fason Senyè a”? Petèt manm nan klas la ki gen timoun ki pi gran ta ka di kisa sa vledi pou yo ak ki fason yo eseye aplike konsèy sa a nan fanmi yo.

Efezyen 6:10–18

Zam Bondye yo ap pwoteje nou kont mal.

  • Kisa k t ap ede enspire manm klas yo pou yo efòse yo mete zam Bondye yo sou yo chak jou? Ou gen dwa prepare yon aktivite kote y ap matche kèk pyès nan zam sa yo avèk prensip oswa vèti yo reprezante nan Efezyen 6:14–17 yo. Kijan chak pyès nan zam sa a ka pwoteje nou kont mal? (Pou w jwenn èd, gade seksyon "Resous adisyonèl" la.) Kijan manm klas yo ka mete zam sa a sou yo? Kòm yon pati diskisyon sa a, ou gen dwa pataje eksplikasyon Prezidan N. Eldon Tanner bay nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Kijan nou ka idantifye ak fòtifye tout feblès nan zam nou?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li Filipyen ak Kolosyen, ou gen dwa di yo ke youn nan Atik Lafwa yo baze sou yon vèsè nou jwenn nan youn nan epit sa yo. Èske yo ka jwenn ni nan etid yo nan semèn sa a?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Efezyen

Kisa yon wòch fondasyon ye?

Wòch fondasyon an se premye wòch yo poze nan yon fondasyon. Li sèvi kòm yon pwen referans pou mezi ak pozisyon lòt wòch yo ki dwe aliyen avèk wòch fondasyon an. Paske li pote tout pwa rès edifis la, wòch fondasyon an dwe solid, stab epi fyab (gade “Wòch fondasyon an,” Ensign, Jan. 2016, 74–75).

Zam Bondye yo

Mare ren nou avèk senti laverite:Pati sa a nan zam nan se tankou yon sentiwon nou mare nan tay nou. Pote senti a ka vledi fòtifye, ranfòse, oubyen konsolide tou.

Kuiras:Yon kuiras pwoteje kè a ak lòt ògàn vital yo.

Soulye:Sa fè referans a sa sòlda yo mete nan pye yo pou pwoteje yo.

Boukliye:Yon boukliye ka pwoteje kont prèske tout pati kò a kont yon pakèt atak.

Kas:Yon kas pwoteje tèt la.

Epe:Yon epe pèmèt nou angaje yon aksyon kont enmi an.

“Egzamine zam nou.”

Prezidan N. Eldon Tanner, ki te sèvi kòm konseye nan Premye Prezidans lan, te envite manm Legliz yo pou yo evalye fòs zam pèsonèl yo nan reflechi sou efò yo pou viv levanjil la. Apresa li te eksplike:

“Si … zam nou mete yo fèb, gen yon kote ki san pwoteksyon yo ka dekouvri, yon pwen fèb pou yo atake nou, epi n ap sibi blesi oswa destriksyon nan men Satan, ki ap chèche jiskaske l jwenn feblès nou, si nou genyen.

“Egzamine zam nou. Èske gen yon kote ki dekouvri oubyen k pa pwoteje ladan l? Detèmine kounyeya pou nou ajoute pati k manke a. Kèlkeswa jan pati nan zam nou yo ka antik oubyen l manke pyès, toujou sonje ke nou gen pouvwa andedan nou pou n fè ajisteman ki nesesè pou n konplete zam nou an.

“Atravè gwo prensip repantans lan, nou ka opere chanjman nan lavi nou e kòmanse depi kounyeya pou n mete zam Bondye yo sou nou atravè etid, lapriyè, ak yon detèminasyon pou n sèvi Bondye ak pou n kenbe kòmandman l yo” (“Put on the Whole Armor of God,” Ensign, Me 1979, 46).

Amelyore ansèyman nou

Efòse w pou w gen lanmou kretyen. Relasyon ou avèk moun w ap anseye yo dwe motive pa lanmou. Oumenm ak yomenm ap jwenn benediksyon si nou priye nan bi pou n devlope lanmou kretyen ak si nou chèche fason pou n montre sa (gade Anseye nan fason Sovè a, 6; Mowoni 7:48).