Vini, Suiv Mwen
21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen: ‘Pa kite nou fasilman ebranle nan lespri nou, ni pa kite nou twouble’


“21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen: ‘Pa kite nou fasilman ebranle nan lespri nou, ni pa kite nou twouble’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
sè misyonè k ap pale avèk yon jenòm

21–27 Oktòb

1 ak 2 Tesalonisyen

“Pa kite nou fasilman ebranle nan lespri nou, ni pa kite nou twouble”

Alma te anseye: “Pa mete konfyans nan pèsonn pou vin enstriktè nou ak pastè nou eksepte si l se yon moun Bondye, ki mache nan chemen li e ki respekte kòmandman l yo” (Mozya 23:14). Kisa ekriti yo sigjere sou fason nou dwe prepare tèt nou pou n anseye?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo kèk minit pou yo vit repase 1 ak 2 Tesalonisyen pou yo ka jwenn yon vèsè ki enpresyone yo. Envite yo pou yo pataje vèsè yo avèk yon lòt moun nan klas la, epi apresa mande kèk ladan yo pou pataje sa youn te aprann nan men lòt.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

1 Tesalonisyen 1:5–8; 2:1–13

Moun k ap preche levanjil yo preche avèk senserite ak lanmou.

  • Pòl te kòmanse Epit li te voye bay Tesalonisyen yo nan raple Sen yo ki fason limenm ak lòt moun yo te pataje levanjil la avèk yo. Sa ka yon bon opòtinite pou manm klas ou yo evalye kijan y ap pou youn anseye ak aprann lòt. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo li 1 Tesalonisyen 1:5–8; 2:1–13 epi idantifye prensip ki anrapò avèk pataje levanjil la efikasman yo. Apresa yo gen dwa ekri kesyon ki baze sou vèsè sa yo k ap ede yo evalye efò yo pou anseye lòt moun levanjil la. Paregzanp, youn nan kesyon sa yo se ka "èske m se egzanp nan bagay m konnen yo?" (gade 1 Tesalonisyen 1:7). Kijan suiv prensip nan pasaj sa a ka ede nou pi byen sèvi moun n ap anseye yo?

  • Lekti 1 Tesalonisyen 1:5–8; 2:1–13 la kapab raple manm klas yo kèk nan enstriktè nan fason Kris la ki te gen yon enfliyans pozitif sou yo “tankou jan yon papa ye pou piti li” (1 Tesalonisyen 2:11). Envite manm klas yo pou yo chèche nan pasaj sa yo pou yo ka jwenn karakteristik yon sèvitè sensè epi pou yo panse ak yon enstriktè yo konnen ki se egzanp karakteristik sa a. Ou gen dwa mande yo pou yo ekri yon lèt oubyen kreye yon sètifika pou enstriktè sa a yo panse a. Ankouraje yo pou yo mete nan lèt la oubyen nan sètifika a yon vèsè ki soti nan 1 Tesalonisyen ak yon eksplikasyon sou fason enstriktè a se egzanp vèsè sa a. Yo ka menm santi yo enspire pou yo bay moun yo te ekri sou li a lèt la oswa sètifika a.

1 Tesalonisyen 3:9–13; 4:1–12

Si nou suiv Jezikri, nou ka vin sen.

  • Pòl te anseye Tesalonisyen yo ke “Bondye pa aple nou pou nou ale nan enpite, men pou nou rive nan sanktifikasyon” (1 Tesalonisyen 4:7). Pou kòmanse yon diskisyon sou sentete, klas ou a oubyen yon moun ladan l ka chante “Ah, donne-moi, Père” (Cantiques, no. 131). Mande manm klas yo pou yo diskite sou karakteristik sentete yo mansyone nan kanti la ki atire atansyon yo. Ekri sou tablo a Ah, donne-moi, Père, plus  … , epi envite manm klas yo pou yo chèche mo ak fraz nan 1 Tesalonisyen 3:9–13; 4:1–12 pou yo ka konplete fraz la. Kijan nou ka devlope karakteristik sa yo?

  • Pou kèk moun, envitasyon pou nou vin sen an ka sanble l entimidan. Sa ka ede si manm klas yo ta konprann ke devlope sentete se yon pwosesis gradyèl ki mande pou nou “pwogrese plis an plis” avèk letan (1 Tesalonisyen 4:10). Pou ilistre pwosesis sa a, ou gen dwa envite youn nan manm klas yo pou l pale de yon talan oubyen yon akonplisman ki te mande efò konsistan avèk letan, tankou fè yon kra bwode oubyen jwe yon enstriman mizikal. Nan ki fason pwosesis sa a sanble ak pwosesis pou nou vin sen an? Mande yo pou yo repase 1 Tesalonisyen 3:9–13; 4:1–12 la epi pou yo pataje ide yo jwenn sou efò sa mande pou n vin sen nan fason Pòl dekri a. Kisa k ede nou pwogrese al nan sentete?

1 Tesalonisyen 4:11–12; 2 Tesalonisyen 3:7–13

Nou dwe travay pou n okipe tèt nou ak moun ki nan bezwen.

  • Kesyon tankou sa yo ka enspire yon diskisyon sou konsèy Pòl bay konsènan travay la: ki konsekans laparès genyen? Kisa w panse Pòl te vledi lè l te itilize mo “trankil” ak “pezib” la? (1 Tesalonisyen 4:11; 2 Tesalonisyen 3:12). Ou gen dwa ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a pou manm klas yo ka medite pandan y ap li 1 Tesalonisyen 4:11–12 ak 2 Tesalonisyen 3:7–13 yo. Envite yo pou yo diskiste kesyon sa yo de pa de, an ti gwoup, oubyen an klas. Ki lòt ekriti ki ka ede nou konprann enpòtans travay ak danje laparès? (gade sigjesyon yo bay nan seksyon “Resous adisyonèl” yo).

2 Tesalonisyen 2

Yon apostazi te presede Dezyèm Vini Jezikri a.

  • Konprann Gran Apostazi a ka fòtifye temwayaj manm klas yo sou Retablisman levanjil Jezikri a. Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo a gen anpil dokimantasyon sou Apostazi. Ou gen dwa envite kèk manm nan klas la pou yo vini prepare pou pataje ede nan etid yo sou dokimantasyon sa yo, oubyen ou ka etidye yo ak diskite yo ansanm nan klas la. Gen plizyè videyo sou Apostazi nan seksyon “Resous adisyonèl” la ki ka ajoute sou diskisyon an

  • Li ta bon pou n diskite sou kèk nan metafò pwofèt yo itilize pou dekri Apostazi a, tankou yon chit (gade 2 Tesalonisyen 2:3), yon grangou (gade Amòs 8:11–12), lou kriyèl k ap antre nan yon twoupo (gade Travay 20:28–30), ak zòrèy grate (gade 2 Timote 4:3–4). Panse pou w divize manm klas yo de pa de epi mande yo pou yo li youn oubyen plis nan ekriti sa yo (oubyen lòt ou chwazi) epi dekri sa vèsè yo anseye sou Gran Apostazi a. Kisa pwofèt yo anseye sou Apostazi a ak ki konsekans li t ap genyen?

  • Pou ede manm klas yo pi byen konprann Gran Apostazi a, envite yo pou yo imajine yo gen yon zanmi ki pa konprann bezwen retablisman levanjil la. Sou tablo a, fè de kolòn w ap rele Koz Apostazi a ak Efè Apostazi a. Envite yo pou yo mete yo de pa de oubyen an ti gwoup pou yo ka chèche nan seksyon ki rele “Gran Apostazi a” nan Preche levanjil mwen an (paj 35–36) pou yo ka jwenn koz ak konsekans Apostazi a pou yo ekri sou tablo a. Ki pwen nan sa k sou tablo a yo ta ka itilize pou ede zanmi yo a konprann bezwen Retablisman an?

  • Èske sa t ap benefisye klas la pou yo ta diskite sou fason pou yo evite "apostazi"? Ou gen dwa envite yo pou yo gade nan 2 Tesalonisyen 2 epi chèche konsèy yo ta ka bay yon zanmi ki ta ka ede l oubyen fè l evite apostazi pèsonèl.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li 1 ak 2 Timote, Tit, ak Filemon semèn sa a, envite yo pou yo imajine ke yo te resevwa yon lèt pèsonèl nan men yon Apot ki gen konsèy sou fason pou yo mayifye apèl yo nan Legliz la. Sigjere yo pou yo panse ak apèl yo a pandan y ap li lèt pèsonèl Pòl te voye bay premye dirijan Legliz yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

1 ak 2 Tesalonisyen

Ekriti osijè travay ak laparès.

Videyo sou Apostazi nan LDS.org.

  • “Gran Apostazi a”

  • “Apostazi—Jan”

  • “Apostazi a ak Retablisman an—Kisa Retablisman an vledi pou mwen”

Amelyore ansèyman nou

Itilize plizyè metòd ansèyman. Sa ka souvan fasil pou w santi w konfòtab avèk yon stil ansèyman patikilye, men diferant metòd ansèyman ap pèmèt ou atenn diferant manm nan klas la. Chèche fason pou w varye apwòch ansèyman w yo, tankou itilize videyo, ilistrasyon, oswa mizik oubyen bay manm klas yo opòtinite pou yo anseye (gade Anseye nan fason Sovè a, 22).