Vini, Suiv Mwen
14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: ‘M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs’ (Filipyen 4:13).


14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: ‘M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“14–20 Oktòb. Filipyen; Kolosyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Pòl k ap dikte yon lèt nan prizon an

14-20 Oktòb

Filipyen; Kolosyen

“M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fos”

Kòmanse li Filipyen ak Kolosyen, epi, nan lapriyè, medite sou doktrin Senyè a vle w anseye a. Kite Lespri a gide w pandan w ap konsidere kesyon ak resous ou ka itilize pou anseye doktrin sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo ekri yon mo oubyen yon fraz sou tablo a ki ka rezime sa yo aprann nan Filipyen ak Kolosyen yo epi apresa eksplike chwa yo a. Ankouraje yo pou yo pataje kèk vèsè ekriti pandan y ap bay eksplikasyon an.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Filipyen 2:1–5, 14–18; 4:1–9; Kolosyen 3:1–17

Disip Jezikri yo vin moun “nouvo” pandan y ap viv levanjil la.

  • Ou gen dwa anvi ede manm klas yo vizyalize kisa sa vledi pou “debarase yo de ansyen moun nan” epi “mete nouvo moun nan” atravè Jezikri (Kolosyen 3:9–10). Pou fè sa, ou gen dwa montre yo yon bagay ansyen ak yon bagay nouvo (tankou yon fwi ki twò mi ak menm fwi a ki vèt oubyen yon rad nèf ak yon ansyen rad). Manm klas yo gen dwa pale de kijan nou vin “nouvo” pa mwayen lafwa nou nan Jezikri ak dispozisyon nou pou n viv levanjil la. Kòm pati diskisyon sa a, ou gen dwa mande mwatye klas la pou yo etidye Filipyen 2:1–5, 14–18; 4:1–9 epi lòt mwatye a pou etidye Kolosyen 3:1–17, pandan y ap idantifye karakteristik “ansyen moun” nan ak “nouvo moun nan.” Ou gen dwa envite kèk manm nan klas la pou yo eksplike kijan gen lafwa nan Jezikri ak viv levanjil la ka ede yo vin moun nouvo. Lòt ekriti ou ka eksplore ansanm se Women 6:3–7; Mozya 3:19; and Alma 5:14, 26.

Filipyen 4:1-13

Nou ka jwenn lajwa nan Kris la, kèlkeswa sikonstans nou.

  • Menmsi sikonstans nou diferan avèk pa Pòl, nou tout ka tire yon bagay nan dispozisyon l pou l satisfè ak rejwi anba tout sikonstans lavi li. Pou kòmanse yon diskisyon sou sijè sa a, ou gen dwa repase kèk nan eprèv Pòl te travèse yo (gade, paregzanp, 2 Korentyen 11:23–28). Repase Filipyen 4:1–13 pou n ka wè konsèy Pòl te bay ki ka ede nou rejwi, menm nan moman eprèv yo.

    Si w ra renmen eksplore sijè sa a pi plis, ou gen dwa mande yon manm nan klas la pou l pataje kèk resi oubyen deklarasyon enspiran nan diskou Prezidan Russell M. Nelson an “Lajwa ak sivi espirityèl” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 81–84), oubyen klas la ka gade videyo “Eprèv advèsite" a (LDS.org). Kijan moun ki nan diskou Prezidan Nelson yo oubyen fi a nan videyo a te jwenn lajwa, malgre sikonstans difisil yo?

  • Petèt manm klas yo ka jwenn konsèy nan Filipyen 4 ki ka ede yo lè y ap travèse eprèv. Ou gen dwa bay chak manm klas yo yon fich an katon pou yo ka ekri sa yo jwenn. Mande yo pou yo mete l kote y ap wè li lè yo bezwen l.

  • Pafwa yon kantik ka ogmante konpreyansyon nou sou ekriti yo. Paregzanp, lè yo fin li Filipyen 4:7, 13, nou gen dwa chante ansanm “Où pourrais-je chercher?” oubyen premye vèsè nan “Seigneur, je te suivrai” (Cantiques, nos. 129, 220). Ki koneksyon manm klas yo wè ant pawòl kantik sa yo ak Filipyen 4:7, 13? Petèt yo ka pataje eksperyans kote yo te santi “lapè Bondye, ki depase tout konpreyansyon” oubyen kote yo te santi yo fòtifye “atravè Kris la” pou akonpli yon bagay yo pa t ap ka akonpli otreman. Eksperyans Èldè Jay E. Jensen nan, nou jwenn nan seksyon “Resous adisyonèl,” la ka ede enspire yon diskisyon sou vèsè sa yo.

  • Paske mechanste ap ogmante nan mond lan jodia, manm klas yo ap benefisye nan konsèy Pòl la pou “panse sou” bagay ki pur, ki emab, ki gen bon rapò, ki gen vèti, oubyen diy pou louwanj (Filipyen 4:8). Petèt ou ka bay chak manm klas la (oubyen ti gwoup manm) tach youn nan kalite ki nan Filipyen 4:8 oubyen Atik Lafwa 1:13. Yo ta ka itilize Gid Ekriti yo pou yo jwenn ekriti sou pasaj yo mande yo sou vèti a ak pou pataje sa yo jwenn avèk klas la. Yo gen dwa site kèk egzanp kalite sa a nan lavi moun yo? Kijan nou ka “chèche bagay sa yo”?

Kolosyen 1:12–23; 2:3–8

Lè lafwa nou “anrasinen” nan Jezikri, nou fòtifye kont enfliyans mond lan?

  • Temwayaj Pòl sou Sovè a ki nan Kolosyen 1:12–23; 2:3–8 la bay yon bon opòtinite pou manm klas yo medite ak fòtifye pwòp lafwa ou. Manm klas yo ta ka etidye vèsè sa yo pou yo jwenn bagay ki ka fòtifye lafwa yo nan Jezikri. Kisa sa vledi pou n “anrasinen ak fonde sou [Jezikri]”? (Kolosyen 2:7). Foto yon pyebwa nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo avèk videyo “Toubiyon spirityèl” la nan (LDS.org) ka ede manm klas yo diskite sou vèsè sa a. (Gade Neil L. Andersen, “Toubiyon spirityèl,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 18–21.) Kisa k fòtifye oubyen febli rasin yon pyebwa? Kijan lè nou “anrasinen e fonde nan [Jezikri]” fòtifye nou kont enfliyans mond lan? (gade Kolosyen 2:7–8; gade Elaman 5:12; Etè 12:4) tou.

  • Manm klas ou yo dwe konnen ke filozofi ak tradisyon lèzòm ki ka “atake” lafwa yon moun nan Kris la paske yo an kontradiksyon avèk verite levanjil epi rann yo pi difisil pou viv (Kolosyen 2:8). Petèt manm klas yo gen dwa fè lis kèk nan (ide Èldè Dallin H. Oaks yo nou jwenn nan seksyon “Resous adisyonèl,” la ka ede). Apresa ou ka di yo kijan anrasinen nan ansèyman Jezikri yo ka ede nou suiv konsèy Pòl la: “Konsa, jan yo resevwa nou nan Kris, Jezi, Senyè a, se konsa ou dwe mache avèk li” (Kolosyen 2:6). Kijan nou youn ka sipòte lòt nan efò nou pou n suiv Sovè a e non pa fos tradiksyon mond lan?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Èske manm klas yo konn janm jwenn pèsekisyon paske yo kwè nan levanjil la. Di yo 1 ak 2 Tesalonisyen gen konsèy Pòl te bay Sen yo ki t ap viv pami gwo pèsekisyon yo epi k te rete fidèl yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Filipyen; Kolosyen

Lapè ki depase tout konpreyansyon.

Pandan l t ap sèvi kòm manm Swasanndis yo, Èldè Jay E. Jensen te pataje eksperyans sa a:

“Pitit pitit nou an, Quinton, te fèt avèk anpil malfòmasyon epi l te viv twa semèn nan yon ane, pandan tan sa a li te antre soti nan lopital la. Sè Jensen avèk mwen t ap viv an Ajantin nan epòk sa a. Nou te vrèman anvi la avèk pitit nou yo pou rekonfòte yo ak pou yo rekonfòte nou. Sete pitit pitit nou ke n te renmen anpil epi nou te anvi viv pre yo. Nou te ka sèlman priye, konsa, nou te fè sa anpil!

“Sè Jensen avèk mwen t ap fè tou yon misyon lè l te resevwa pawòl ke Quinton te mouri. Nou te kanpe nan koulwa chapèl la epi nou youn te anbrase ak rekonfòte lòt. Mwen temwaye nou ke asirans nou te resevwa nan men Sentespri a, yon lapè ki depase tout konpreyansyon e ki kontinye jiska jodia (gade Filipyen 4:7). Nou temwaye de don ineksplikab Sentespri a nan lavi pitit gason nou an ak bèlfi nou an ak pitit yo, ki jiska jodia kontinye ap pale de epòk sa a avèk sitèlman lafwa, lapè, ak rekonfò” (“Sentespri a ak Revelasyon,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 78).

Prensip levanjil yo ak tradisyon lèzòm.

Èldè Dallin H. Oaks te idantifye plizyè tradisyon nan mond lan ki an kontradiksyon ak laverite (gade “Repentance and Change,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2003, 37–40):

  • Abandone lwa chastete a

  • Asistans iregilye ak pasif nan reyinyon Legliz yo

  • Vyolasyon Pawòl Sajès la

  • Malonètete

  • Aspire a “pwomosyon” nan pozisyon nan Legliz la

  • Yon kilti depandans olye de responsablite endividyèl

Amelyore ansèyman nou

Itilize mizik. Mizik sakre envite enfliyans Sentespri a. Li ka kreye yon atmosfè reverans e l enspire angajman ak aksyon. Reflechi sou fason lè “youn anseye lòt ansèyman ak konsèy nan sòm yo ak kantik yo” ka fè pati klas ou a (Kolosyen 3:16; gade Anseye nan fason Sovè a, 22 a tou).