Vini, Suiv Mwen
28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: ‘Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo’


“28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: ‘Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“28 Oktòb–3 Novanm. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: ‘Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
twa fi ki kanpe nan lakou yon tanp

28 Oktòb–3 Novanm 

1 ak 2 Timote; Tit; Filemon

“Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo”

Li 1 ak 2 Timote; Tit; ak Filemon avèk manm klas ou yo nan lespri ou. Panse ak enpresyon ki vini yo ap ede dirije w nan pasaj ekriti w bezwen yo ak pote Lespri nan klas ou w.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Li ta bon pou, nan klas ou a, youn tande lòt pale sou reyisit yo ak echèk yo nan etidye ekriti yo, endividyèlman epi antanke fanmi. Panse pou w kòmanse pa envite manm klas yo pou yo pale de sa k byen fonksyone nan etid ekriti yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

1 ak 2 Timote; Tit

Konprann vrè doktrin nan ap ede nou evite moun twonpe nou.

  • Manm klas yo ap viv nan yon epòk kote anpil fos doktrin ap sikile. Timote ak Tit te viv nan yon epòk konsa, epi petèt konsèt Pòl te ba yo a ka siman ede manm klas ou yo. Gen kèk pasaj nan konsèy Pòl la n ap jwenn nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Ou gen dwa bay chak manm klas la tach pou li youn nan pasaj sa yo epi pataje sa l aprann sou enpòtans vrè doktrin nan (gade tou Alma 31:5).

1 Timote 4:10–16

Si nou se “egzanp pou kwayan yo,” nou ka mennen lòt moun bay Sovè a ak nan levanjil li a.

  • Li posib ke manm klas ou yo pa reyalize pouvwa bon egzanp y ap bay yo. Panse pou w envite yo pou yo di kijan kèk moun yo konnen, enkli kanmarad klas yo, ka bay egzanp de sa yon disip Kris la ye. Sa ta ka ede diskisyon an si sou tablo a ou ta ekri lis mo ki nan vèsè 12 yo ki dekri fason nou ta dwe yon egzanp—pawòl, konvèsasyon (ki ka vledi konduit ak konpòtman tou), charite, lespri, lafwa, ak pite. Manm klas yo gen dwa di kijan nou ka egzanp pou kwayan yo nan chak nan fason sa yo.

2 Timote 1

“Paske se pa yon espri laperèz Bondye mete nan nou; men, se yon espri fòs, lanmou, ak sajès.”

  • Nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo, yo te envite manm klas yo pou yo gade nan 2 Timote pou yo ka wè konsèy Pòl te bay Timote pou l te ankouraje l nan ministè l la. Mande yo pou yo pataje nenpòt ide yo te jwenn, oubyen petèt ou gen dwa ba yo kèlke minit pou yo ka jwenn ak pataje kèk nan konsèy Pòl yo (chapit 1 an gen kèk egzanp). Yo gen dwa pataje yon eksperyans kote Bondye te ede yo simonte laperèz yo api l te ba yo “espri … fòs, lanmou, ak sajès” la (2 Timote 1:7).

2 Timote 3

Etid ekriti yo ka ede nou simonte danje ki gen nan dènye jou yo.

  • Apre l te fin avèti Timote sou “tan difisil” ki gen pou vini yo, Pòl te temwaye de pouvwa ak enpòtans ekriti yo (gade 2 Timote 3:1, 14–17). Pou kòmanse yon diskisyon sou enpòtans ekriti yo nan tan difisil, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo repase deskripsyon Pòl bay sou tan difisil yo nan dènye jou yo ke w ap jwenn nan 2 Timote 3:1–7. Apresa, yo gen dwa chèche epi pataje sa k te ede yo pwoteje tèt yo kont danje tankou sa yo (gen kèk egzanp nan seksyon “Resous adisyonèl” la). Ki fason etid ekriti w yo te pwoteje w kont pwoblèm ki nan mond lan jodia?

  • Etidye konsèy Pòl la sou pouvwa ekriti yo ka yon opòtinite pou manm klas yo pou youn ka ankouraje lòt nan efò yo pou etidye pawòl Bondye a. Petèt yo ka li 2 Timote 3:14–17 epi idantifye benediksyon ak pwoteksyon ki vini nan etidye ekriti yo. apresa yo ka pataje eksperyans kote benediksyon sa yo te akonpli nan lavi yo gras ak etid ekriti yo. Ou gen dwa ba yo kèlke minit pou yo medite sou sa yo ka fè pou yo ka fè plis eksperyans anrichisan avèk ekriti yo, endividyèlman epi antanke fanmi.

Filemon

Moun k ap suiv Kris la padone youn lòt.

  • Anvan w kòmanse yon diskisyon sou Epit Filemon an, ou gen dwa mande yon manm nan klas la pou pataje kèk enfòmasyon sou Filemon ak sèvitè li, Onesimus, (gen yon brèf deskripsyon nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo). Apresa ou ka divize klas la an de gwoup epi bay chak gwoup youn nan kesyon sa yo: Ki bagay nou wè k sanble ant sa Pòl te dispoze pou l te fè pou Onesime nan ak sa Sovè a te volontèman fè pou nou? Pandan ke l te siman difisil pou Filemon te padone esklav li a ki te sove a, kijan levanjil Jezikri a rann padon pi fasil? Lè gwoup yo fin pataje sa yo aprann, envite yo pou yo pataje kèk pasaj ekriti oubyen eksperyans ki te ede yo pi bon konprann padon. Mesaj Èldè Kevin R. Duncan an nan seksyon “Resous adisyonèl” la ka ede nan diskisyon sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li Epit Ebre yo, mande yo si yo konn yon moun ki santi Bondye distan, enpèsonèl oubyen inaksesib. Di yo y ap jwenn vèsè nan Ebre 1–6 ke yo ka pataje avèk yon moun pou montre l ke Bondye Papa a ak Jezikri se Moun ki plen konpasyon ki vle ede nou lè n ap soufri.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

1 ak 2 Timote; Tit; Filemon

Konsèy Pòl sou vrè doktrin nan.

Nan 2 Timote 3:2, n ap jwenn deskripsyon sou ekriti ki pwoteje nou kont danje nan dènye jou yo.

Danje nan dènye jou yo

Ekriti ki pwoteje nou

Danje nan dènye jou yo

Egoyis

Ekriti ki pwoteje nou

Jan 15:12–13

Danje nan dènye jou yo

Zanmi lajan

Ekriti ki pwoteje nou

Doktrin ak Alyans 88:123

Danje nan dènye jou yo

Chèlbè

Ekriti ki pwoteje nou

Mozya 2:24–25

Danje nan dènye jou yo

Awogan

Ekriti ki pwoteje nou

Alma 5:27-28

Danje nan dènye jou yo

Blasfematè

Ekriti ki pwoteje nou

Doktrin ak Alyans 63:64

Danje nan dènye jou yo

Rebèl anvè paran yo

Ekriti ki pwoteje nou

Efezyen 6:1-3

Danje nan dènye jou yo

Engra

Ekriti ki pwoteje nou

Doktrin ak Alyans 78:19

Danje nan dènye jou yo

Enpi

Ekriti ki pwoteje nou

Detewonòm 7:6

Remèd gerizon Ekspyasyon Sovè a ede nou padone lòt moun.

Èldè Kevin R. Duncan te anseye:

“Pa gen yon kretyen vivan, nan yon moman oswa yon lòt, ki pap viktim anba aksyon neglijan, movèz konduit, oubyen menm konpòtman peche yon lòt moun. Se yon bagay nou tout gen ankomen.

“Erezman, Bondye, nan lanmou ak mizèrikòd li pou pitit li yo, te prepare yon fason pou ede nou navige anba eksperyans ki pafwa twoublan nan lavi yo. Li prevwa yon pòt de sòti pou toun moun ki tonbe viktim anba move aksyon lòt moun. Li ansenye nou ke nou ka padone! …

“Sa gen kèk ane, pandan m t ap ranje yon lantouraj, yon ti moso bwa te antre nan dwèt mwen. Mwen te fè yon tantativ pou m retire li e m te panse m te retire l, men aparaman se pa t vre. Amezi tan t ap pase, po te pouse sou ti moso bwa a, li te kreye yon ti boul nan dwèt mwen. Sa te anbetan e pafwa douloure.

“Kèlke ane apre, m te finalman deside pase alaksyon. Tout sa m te fè sete sèlman mete luil sou boul la epi kouvri li avèk yon pansman. Mwen te refè menm bagay la souvan. Nou paka imajine sipriz mwen lè yon jou, pandan mwen t ap retire pansman an, ti moso bwa a te soti nan dwèt mwen.

“Luil la te ramoli po a epi li te kreye yon sòti pou ti bagay piti sa a ki te koze m lapenn pandan tout ane sa yo. Yon fwa ti moso bwa a te fin soti, dwèt mwen te geri byen vit, e jiska jodia pa gen ankenn tras blesi a ki rete.

“Nan menm fason sa a, yon kè ki pa padone kenbe anpil doulè initil. Si nou aplike luil Sakrifis ekspyatwa Sovè a, l ap adousi kè nou epi ede nou chanje. Li ka geri nanm ki blese a (gade Jakòb 2:8)” (“Remèd gerizon ki se padon an,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 33).

Amelyore ansèyman nou

Pwogresyon spirityèl la se nan fwaye a l fèt. Se pou yon ti bout tan sèlman w ansanm avèk manm klas ou yo chak Dimanch. Pandan rès semèn nan, anpil nan yo ap fè anpil eksperyans spirityèl. Poze kesyon ki ankouraje yo pou yo pataje sa yo aprann andeyò klas la. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 18).