Vini, Suiv Mwen
4–10 Novanm. Ebre 1–6: ‘Jezikri, ‘Otè sali etènèl nou’’


4–10 Novanm. Ebre 1–6: ‘Jezikri, ‘Otè sali etènèl nou’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“4-10 Novanm. Ebre 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2019

Imaj
Kris la ki kanpe avèk yon jèn tifi ak yon mesye

Balm of Gilead, pa Anne Henrie

4–10 Novanm

Ebre 1–6

Jezikri, “Otè sali etènèl nou”

Panse pou w pataje avèk manm klas yo kèk nan enpresyon ou resevwa nan men Sentespri a osijè Ebre 1–6. Si w fè sa, sa ap enspire yo pou yo chèche resevwa pwòp enpresyon pa yo pandan y ap etidye ekriti yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kèk nan manm nan klas la ki pa pale souvan yo ka senpleman bezwen yon envitasyon spesifik ak yon ti tan pou yo prepare yo. Ou gen dwa kontakte kèk nan yo youn oubyen de jou alavans epi mande yo pou yo vini prepare pou pataje yon vèsè nan Ebre 1–6 ki make yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Ebre 1:2

Jezikri se “otè sali etènèl” nou.

  • Kijan w ka ankouraje manm klas yo pou yo pale de pasaj ekriti siyifikan yo te jwenn konsènan Jezikri nan etid pèsonèl ak familyal yo semèn sa a? Panse pou w kreye senk kolòn sou tablo a ki reprezante senk premye chapit nan Ebre yo. Envite manm klas yo pou yo ekri nan kolòt apwopriye a kèk fraz yo jwenn nan chapit sa yo ki anseye yo sou Jezikri ak nimewo vèsè yo jwenn yo. Kijan konesans bagay sa yo sou Sovè a ka afekte lafwa nou nan li ak dezi nou pou n suiv li?

  • Ebre 1–5 itilize yon varyete imaj pou dekri Sovè a. Petèt ou ta ka itilize imaj sa yo pou ede manm klas yo apwofondi konpreyansyon yo sou misyon l lan. Paregzanp, ou gen dwa kontakte plizyè manm klas kèk jou alavans pou mande yo pou yo pote yon objè nan klas la ki reprezante youn nan deskripsyon yo bay sou Jezikri oubyen sou misyon l lan nan Ebre 1–5 (gade spesyalman Ebre 1:3; 2:10; 3:1, 6; 5:9). Yo ta gen dwa eksplike klas la kisa objè yo pote yo anseye sou Jezikri epi li vèsè korespondans yo nan Ebre. Kijan verite sa yo sou Sovè a ka enfliyanse lavi nou?

Ebre 2:9–18; 4:12–16; 5:7–8

Jezikri te soufri tout bagay pou l ka konprann ak ede moun k ap soufri.

  • Gen dwa gen manm nan klas ou a ki ap soufri anba eprèv e ki pafwa santi yo bliye yo oubyen yo dezespere. Petèt yon diskisyon sou Ebre 2:9–18; 4:12–16; 5:7–8 ka bati lafwa yo sa ki ka pèmèt yo retounen al jwenn Pè Selès la ak Sovè a pou yo resevwa èd. Yon fason pou kòmanse yon diskisyon konsa se envite manm klas yo pou yo panse ak yon moun yo konnen k ap soufri e ki petèt pèdi espwa. Ki verite yo jwenn nan vèsè sa yo yo ka pataje avèk moun sa a? Manm klas yo gen dwa pataje kijan Sovè a rekonfòte yo ak soutni yo. Panse pou w pataje sitasyon Prezidan John Taylor a nan seksyon “Resous adisyonèl” la kòm yon pati diskisyon an.

  • Ebre 2:9–18; 4:12–16 ka ede moun k ap obsève soufrans ki nan mond lan e ki ap mande tèt yo si Bondye remake yo oubyen menm si l sousye pou yo. Petèt manm klas yo ta ka li vèsè sa yo pou yo ka jwenn verite ki ap ede nou avèk kesyon sa yo. Kisa yo anseye sou fason Sovè a reyaji devan soufrans limanite? Li ta ka bon tou pou w envite manm klas yo pou yo pataje kèk egzanp nan ekriti yo kote Jezikri te soutni moun nan soufrans yo (gade “Resous adisyonèl”) oubyen pase videyo “Montay pou n monte” a (LDS.org). Pale ansanm de sa nou aprann sou fason Sovè a ka ede nou lè n ap fè fas ak pwoblèm difisil.

Ebre 3:7–4:2

Benediksyon Bondye yo disponib pou moun ki “andisi kè [yo].”

  • Ebre 3 ak 4 gen yon siplikasyon ki adrese a Sen yo pou yo pa andisi kè yo, epi konsa, rejte benediksyon Bondye vle ba yo yo contai. Pandan oumenm ak klas la ap li Ebre 3:7–4:2, diskite sou fason eksperyans ansyen Izrayelit yo ta ka aplike pou noumenm jodia, menmjan yo te aplike pou Ebre yo nan premye Legliz la (panse pou w fè referans a dokimantasyon pou etid yo bay pou vèsè sa yo nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo). Kisa k lakoz moun yo andisi kè yo nan epòk nou an? Kisa nou ka fè pou n kite kè nou ouvri pou n reponn a volonte Senyè a? (gade Etè 4:15; Alma 5:14–15).

Ebre 5:1–5

Moun k ap sèvi nan wayòm Bondye yo, se Bondye ki dwe aple yo.

  • Se pa tout manm nan klas ou a ki se detantè prètriz, men mesaj ki nan Ebre 5 la osijè detantè prètriz ki aple pa Bondye yo aplike a tout moun ki resevwa apèl nan Legliz la. Pou ede klas ou a aprann kisa sa vledi “aple pa Bondye menmjan avèk Aawon,” panse pou w mande yo pou yo repase istwa Aawon k ap resevwa apèl li a nan Egzòd 4:10–16, 27–31; 28:1. Ki ede nan istwa sa a ki ka ede nou konprann Ebre 5:1–5? Kilè manm klas yo, enkli dirijan pawas yo, te resevwa konfimasyon ke yon moun aple pa Bondye pou ranpli yon apèl espesifik? Kijan konfimasyon sa a te ede yo pi byen soutni yon moun nan apèl li? (Ou gen dwa mande yo pou yo pa repete detay konfidansyèl). Epitou, gen dwa gen manm nan klas la ki ta ka temwaye ke Bondye te enspire yo lè yo t ap ranpli pwòp apèl pa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Èske manm klas ou yo konn janm santi yo tankou “etranje ak pèleren sou tè a” (Ebre 11:13) paske kwayans yo te diferan avèk pa moun bò kote yo? Di yo pandan y ap li Ebre 7–13 la, y ap jwenn egzanp sou moun ki te fidèlman resevwa ak anbrase pwomès Bondye yo menm lè anpil moun bò kote yo pat gen lafwa.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Ebre 1–6

Jezikri konn kisa sa vledi pou yon moun soufri.

Prezidan John Taylor te anseye: “Li te nesesè, lè Sovè a te sou tè a, pou l te ‘tante nan tout bagay tankou noumenm,’ epi pou l ‘feblès nou te touche li,’ [gade Ebre 4:15] pou l te konprann feblès nou ak fòs nou; pèfeksyon nou ak enpèfeksyon pòv nati imèn dechi nou; epi paske l te akonpli sa l te vin nan mond lan pou l te akonpli yo, kote l te oblije lite anba ipokrizi, koripsyon, feblès, inyorans lòm—kote l te rankontre tantasyon ak aprèv sou tout kalite fòm, epi l te simonte yo, li te vin ‘Yon sakrifikatè fidèl’ [gade Ebre 2:17] pou l ka entèsede pou nou nan wayòm etènèl Papa l la. Li konn kijan pou l estime, e mete valè egzat sou nati imèn nan, paske, limenm tou, li te twouve l nan menm pozisyon nou te ye a, li konn kijan pou l pran feblès nou ak maladi nou, e li ka totalman konprann pwofondè, pouvwa, ak fòs afliksyon ak eprèv lòm ap rankontre nan mond sa a, epi konsa, paske l konprann epi pa eksperyans, li ka ba yo sipò yo kòm yon papa ak yon gran frè” (Enseignements des présidents de l'église: John Taylor [2001], 204–5).

Egzanp nan ekriti yo sou kèk moun Jezikri te rekonfòte.

Amelyore ansèyman nou

Kreye yon anviwonman espirityèl. Lè w kreye yon anviwonman pezib e plan lanmou nan klas ou, Lespri a ka pi fasilman touche kè moun w ap anseye yo. Kisa w ka fè pou envite enfliyans Lespri a nan klas ou a? Èske w ka reyòganize chèz yo oubyen itilize foto oswa mizik ki envite Lespri a? (Gade Anseye nan fason Sovè a, 15.)