Vini, Suiv Mwen
18–24 Novanm. Jak: ‘Nou dwe mete pawòl la an pratik, e pa rete ap koute sèlman’


“18-24 Avril. Jak: ‘Nou dwe mete pawòl la an pratik, e pa rete ap koute sèlman’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“18–24 Novanm. Jak,” Vini, Suiv Mwen—Pou LekòldidDimanch: 2019

Imaj
Abraram k ap priye deyò tant li a

Abraram nan Plèn Mamre a, pa Grant Romney Clawson

18-24 Novanm.

Jak

“Nou dwe mete pawòl la an pratik, e pa rete ap koute sèlman”

Anvan w li plan leson sa a, li Epit Jak la epi pote atansyon a enspirasyon w resevwa yo. Ki prensip ou twouve k beni ak edifye manm klas ou yo? Chèche jwenn ide ansèyman nan plan leson sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo pataje vèsè nan Jak la ki enspire yo pou yo “mete pawòl la an pratik” (Jak 1:22). Si sa pa twò pèdonèl, yo ta ka di kisa yo santi yo bezwen travay sou li, endividyèlman oubyen antanke fanmi.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Jak 1:5–6

Lè nou mande ak lafwa, Bondye bay liberalman.

  • Prensip yo anseye nan Jak 1:5–6 yo te fè Joseph Smith viv yon eksperyans spirityèl, epi yo ka beni nou chak nan yon sètèn fason. Petèt ou ta ka ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo reflechi sou yo an silans: Ki enfliyans Jak 1:5–6 te genyen nan lavi ou? Kisa eksperyans Joseph Smith la avèk vèsè sa yo anseye w sou chèche sajès pou reponn pwòp kesyon w yo? (gade Istwa Joseph Smith—1:10–17). Ki eksperyans ki te anseye w ke “temwayaj Jak la [se] verite”? (Joseph Smith—Istwa 1:26). Envite yo pou yo pataje panse yo lè yo fin medite sou kesyon sa yo.

  • Petèt manm klas yo ta ka refòmile Jak 1:5–6 la nan pwòp mo pa yo. Kijan sa ede yo konprann vèsè sa yo pi byen?

  • Pou ede manm klas yo sonje ke Bondye pwomèt pou l bay pitit li yo liberalman lè yo mande l nan lapriyè, mande manm klas yo pou yo pataje eksperyans kote pwomès nan Jak 1:5–6 te akonpli nan lavi yo. Kisa yo te aprann lè yo te mande Pè Selès la pou konfime pwòp kesyon pa yo sou verite levanjil yo?

Jak 1:2–4; 5:7–11

Pèsevere avèk pasyans mennen nan pèfeksyon.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou ansèyman Jak yo sou pasyans lan nan vèsè sa yo, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje eksperyans kote yo te oblije gen pasyans ak kisa yo te aprann apati eksperyans sa a. Apresa, yo ka gade nan Jak 1:2–4; 5:7–11 pou yo chèche prensip ki ka aplike pou eksperyans yo. Yo gen dwa chèche kè prensip ki aplikab nan videyo “Pèsevere avèk pasyans” la nan (LDS.org) oubyen nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la ki rele “Pèsevere avèk pasyans” la tou nan (Ensign oswa Liahona, Me 2010, 56–59). Poukisa pasyans nesesè lè n ap efòse nou pou n al nan pèfeksyon? Kisa k te ede manm klas yo devlope pasyans nan lavi yo?

Jak 1:3–8, 21–25; 2:14–26

“Lafwa san zèv se yon lafwa ki mouri.”

  • Yon fason pou diskite sou ansèyman Jak yo sou lafwa ak zèv la se ta divize klas la an de gwoup—youn pou etidye poukisa lafwa mande aksyon epi lòt la pou chèche wè poukisa aksyon nou mande lafwa. Pou fè sa, yo ka li Matye 7:21–23; Jak 1:6–8, 21–25; 2:14–26; ak Joseph Smith—Istwa 1:19. Apresa, chak gwoup ta ka pataje sa yo jwenn epi diskite poukisa lafwa ak zèv nesesè.

  • Pou ede manm klas yo medite pi plis sou fraz memorab ki di “Lafwa san zèv se yon lafwa ki mouri” a (Jak 2:26), ou ka ekri fraz sa a sou tablo a: Lafwa san zèv se tankou san . Envite manm klas yo pou yo panse a fason kreyatif pou yo konplete fraz la, epi fè yo ekri ide yo genyen yo sou tablo a. Yo ka benefisye nan fè aktivite sa a de pa de oubyen an ti gwoup tou. Istwa Prezidan Dieter F. Uchtdorf te rakonte ki nan seksyon “Resous adisyonèl” la ta ka ajoute sou fason yo konprann prensip sa a. Kisa nou ka fè pou n ka kontinyèlman aji sou lafwa nou nan Jezikri?

Jak 2:1–9

Antanke disip Jezikri, nou dwe renmen tout moun, kèlkeswa sikonstans yo.

  • Pou enspire manm klas yo pou yo montre amou kretyen pou tout moun kèlkeswa sitiyasyon oswa aparaks moun nan, ou gen dwa mande yo pou yo chak pran tou pa yo pou yo li vèsè nan Jak 1:9–11; 2:1–10; 5:1–6 yo. Diskite sou kesyon tankou sa a: Kisa sa vledi “pa rejte pèsòn”? (Jak 2:9). Poukisa nou pafwa trete moun ki gen lajan, renome, oubyen pouvwa diferan avèk moun ki pa gen bagay sa yo? Kijan nou ka evite trete lòt moun diferan baze sou sikonstans lavi yo? Nan ki fason disip fidèl Sovè a yo se moun ki reyèlman pi rich nan mond lan? (gade Jak 2: 5).

Jak 3

Pawòl nou itilize gen pouvwa pou yo blese lòt moun oubyen pou fè yo byen.

  • Imaj puisan Jak te itilize yo se rapèl ak motivasyon puisan pou nou itilize mo—pale ak ekri—pou elve moun. Panse pou w envite manm klas yo pou yo fouye Jak 3 pou chèche imaj ki dekri ki fason langaj nou itilize ka blese oubyen beni lòt moun; kèk manm nan klas la gen dwa desine imaj sa yo. Kijan imaj sa yo ilistre enstriksyon Jak yo nan chapit sa a? Paregzanp, kijan pawòl nou ka sanble ak dife? Ki imaj manm klas la panse k ka demontre pouvwa pozitif langaj sa a ka genyen? Ou gen dwa envite yo reflechi sou fason yo ka aplike konsèy Jak bay la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo li 1 ak 2 Pyè, envite yo pou yo chèche ansèyman doktrinal nan epit sa yo yo ka pi byen konprann gras ak Retablisman levanjil la. Ki fason ansèyman sa yo temwaye de misyon pwofesik Joseph Smith la?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Jak

Lafwa an aksyon.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye:

“Gen yon ansyen istwa juif konsènan yon fabrikan savon ki pa t kwè nan Bondye. Yon jou pandan li tap mache avèk yon lidè relijye, li te di: “Gen yon bagay m pa ka konprann. Nou gen relijyon depi dè milye ane. Men tout kote nou gade, nou wè gen mal, koripsyon, malonètete, enjistis, soufrans, lafen, ak vyolans. Sanble relijyon pa amelyore mond lan ditou.” Konsa, m ap mande w, ki avantaj ki gen ladan?

“Lidè relijye a pa t reponn tousuit men li te kontinye ap mache avèk fabrikan savon an. Finalman, yo te vin rive bò kot yon teren kote timoun ki te kouvri avèk pousyè t ap jwe nan tè.

Li te di: “Gen yon bagay mwen pa konprann. ”Gade timoun sa yo. Nou gen savon depi dè milye ane, epoutan timoun sa yo sal. Ki avantaj ki genyen nan savon?'

“Fabrikan savon an reponn: 'Men mèt, li pa jis pou w blame savon akoz timoun sal sa yo. Yon moun dwe itilize savon an anvan pou l ka ranpli fonksyon li.”

“Lidè relijye a te souri epi l te di, ‘Egzakteman’ (“Moun jis la va viv pa lafwa,” Ensign oswa Liahona, Avr. 2017, 4).

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje yon anviwonman plen respè. “Ede manm klas ou yo konprann ke yo chak gen yon enfliyans sou anbyans jeneral klas la. Ankouraje yo pou yo ede w etabli yon bèl atmosfè plen lanmou ak respè pou chak moun ka santi yo alèz pou pataje eksperyans yo, pou yo poze kesyon, ak rann temwayaj yo.” (Anseye nan fason Sovè a, 15).