Vini, Suiv Mwen
25 Novanm–1 Desanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi avèk yon lajwa ineksprimab e plen laglwa’


“25 Novanm–1 Desanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi avèk yon lajwa ineksprimab e plen laglwa’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“25 Novanm–1 Desanm. 1 ak 2 Pyè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezikri k ap preche levanjil la nan mond dèzespri a

Kris la k ap preche nan mond dèzespri a, pa Robert T. Barrett

25 Novanm–1 Desanm 

1 ak 2 Pyè

“Rejwi avèk yon lajwa ineksprimab e plen laglwa”

Sonje ke bi ou se pou anseye moun, non pa jis prezante yon leson. Pandan w ap li Epit Pyè yo, panse ak chak moun nan klas ou yo. Ki prensip k ap ede yo bati lafwa yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri tit 1 Pyè ak 2 Pyè sou tablo a. Bay manm klas yo tan pou yo repase chapit sa yo, epi envite yo pou yo ekri mo oubyen fraz yo twouve k enpòtan nan chapit sa yo anba chak tit. Apresa itilize lis yo pou w envite yo pou pataje ide yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; 4:12–19

M ka jwenn lajwa nan moman eprèv ak soufrans.

  • Pou ede moun w ap anseye yo pi byen konprann ak aplike konsèt Pyè a sou jwenn lajwa nan sikonstans difisil yo, ou gen dwa bay manm klas yo kèk moso papye epi mande yo pou yo ekri yon fras nan 1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; 4:12–19 ki ka ede yo nan moman eprèv oswa difikilte. Sou lòtbò papye a, yo ka ekri osijè yon moman eprèv kote yo te santi lapè oubyen lajwa. Kèk volontè gen dwa li fras yo ak eksperyans yo, epi apresa manm klas yo ka diskite sa yo aprann.

  • Yon lòt fason pou repase konsèy Pyè a nan 1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; 4:12–19 a se envite manm klas yo pou yo panse ak yon moun ki te travèse eprèv. Bayo tan nesesè pou yo ekri yon lèt voye bay moun sa a, ki gen verite yo tire nan vèsè sa yo ki ta ka ankouraje moun sa a (gade tou DA 121:1–8; 123:17). Apresa yo ka pale de verite yo chwazi yo.

1 Pyè 1:13–20; 2:1–12

Nou aple pou n vin “pèp Bondye.“

  • Antanke manm Legliz Kris la, nou aple pou n suiv Jezikri. Sa vledi ke chwa nou ap souvan diferan avèk chwa lòt moun. Ki fason ansèyman Pyè yo ki nan 1 Pyè 1:13–20; 2:1–12 yo ka ede moun w ap anseye yo pi byen konprann misyon Sovè a ak dezi pou n vin pi plis menmjan avèk li? Petèt ou ta ka envite yo pou yo gade nan vèsè sa yo pou yo chèche deskripsyon sou kisa sa vledi pou nou se “pèp Bondye” (1 Pyè 2:10) Ou gen dwa eksplike yo ke mo “aki” a nan 1 Pyè 2:9 la vledi “achte” oubyen “prezève” (gade referans f). Kisa sa anseye nou sou fason Bondye santi l osijè nou ak fason li vle nou viv?

1 Pyè 3:18–20; 4:6

Levanjil la preche pou mò yo pou yo ka jije yo jisteman.

  • Premye Epit Pyè a gen youn nan referans ra nan Bib la sou vizit Jezikri te fè nan mond dèzespri a apre lanmò l la—yon evenman revelasyon modèn nan ede nou konprann pi totalman. Pou ede manm klas yo apwofondi konpreyansyon yo sou mond dèzespri a, ou gen dwa envite yo pou yo li ekriti sa yo epi ekri sa yo aprann sou tablo a: Jan 5:25; 1 Pyè 3:18–20; 4:6; Alma 40:7–14, 21; Doktrin ak Alyans 138:11–32.

    Deklarasyon yo bay nan seksyon “Resous adisyonèl” la montre nou ke non sèlman Apot Kris yo men premye enstriktè Kretyen yo tou te konprann ak anseye vizit Kris la nan mond dèzespri a. Si yon konprann ke konesans sa a te pèdi pandan Gran Apostazi a epi l te retabli nan epòk nou an, sa ka ede manm klas ou yo fòtifye temwayaj yo konsènan Joseph Smith ak Retablisman levanjil la.

  • Yon diskisyon sou 1 Pyè 3:18–20; 4:6 kapab enspire yo pou yo patisipe pi plis nan travay tanp ak istwa familyal. Pou fè sa, ou gen dwa divize klas la an twa gwoup epi bay chak gwoup youn nan kesyon sa yo sou redanmsyon mò yo: Ki wòl Sovè a nan redanmsyon mò yo? Ki wòl moun ki mouri yo—ni fidèl yo ni sa k mouri san yo pa konn levanjil yo? Ki wòl pa nou? Mande chak gwoup pou yo repase 1 Pyè 3:18–20; 4:6; Doktrin ak Alyans 128:17–18; 138:11–32, 57–59, pandan y ap chèche repons pou kesyon yo a. Mande yo chak pou pataje sa yo aprann, epi panse pou w pataje avèk yo sitasyon Èldè D. Todd Christofferson nan oubyen youn nan videyo ki nan seksyon “Resous adisyonèl” yo. Ki benediksyon nou resevwa oubyen nou wè paske nou patisipe nan pote sali bay zansèt nou ki mouri yo?

2 Pyè 1:1–11

Atravè pouvwa Jezikri, nou ka devlope nati divin nou.

  • Pou ankouraje moun w ap anseye yo nan efò yo pou yo vin plis tankou Jezikri a, ou gen dwa envite yo pou yo chèche vèti kretyen yo dekri nan 2 Pyè 1:1–11 yo. Panse pou w ekri vèti sa yo sou tablo a epi mande yo pou yo defini yo. Apresa yo gen dwa di poukisa devlope youn nan kalite sa yo mennen nan devlope lòt kalite yo. Ba yo tan pou yo medite sou ki kalite yo ta renmen devlope pi plis (gade Preche Levanjil Mwen an, 126 tou).

Imaj
yon tapi ki byen trese

Chak kalite kretyèn nou devlope ede nou trese yon tapi disip spirityèl.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ou gen dwa eksplike manm klas yo ke yo pral etidye Epit Jan yo semèn pwochèn nan. Epit sa yo ede korije fos doktrin sou Jezikri epi yo ka fòtifye temwayaj nou konsènan egzistans reyèl Sovè a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

1 ak 2 Pyè

Travay redanmsyon mò yo temwaye de misyon Kris la.

Èldè D. Todd Christofferson te anseye:

“Teyolojyen kretyen yo depi lontan ap debat kesyon: Ki destine bilyon moun ki te janm viv sou tè a e ki mouri san yo pa konn Jezi yo? Avèk Retablisman levanjil Jezikri a,nou resevwa konpreyansyon sou fason yo rachte moun ki pa batize yo ak fason Bondye ka ‘yon Bondye pafè, ki jis, e yon Bondye plen mizèrikòd tou’ [Alma 42:15].

“Pandan l te ankò vivan, Jezi te pwofetize ke l ta pral preche levanjil la pou mò yo tou [gade Jan 5:25]. Pyè di nou sa te fèt nan entèval ant Krisifiksyon Sovè a ak Rezirèksyon l lan [gade 1 Pyè 3:18–19]. Prezidan Joseph F. Smith te wè nan yon vizyon ke Sovè a te vizite mond dèzespri a [gade DA 138:30, 33]. …

“Sousi nou pou rachte mò yo, ak tan ak mwayen nou konsakre nan angajman sa a, se, anvan tout bagay, ekspresyon temwayaj nou konsènan Jezikri. Se deklarasyon ki pi puisan nou kapab fè konsènan karaktè divin ni ak misyon l lan. Li temwaye, premyèman, de Rezirèksyon Kris la; dezyèmman, de pouvwa enfini Sakrifis Ekspyatwa la la; twazyèmman, ke l se sèl sous sali a; katriyèmman, ke l etabli kondisyon pou sali yo; epi, senkyèmman, L ap retounen ankò” (“The Redemption of the Dead and the Testimony of Jesus,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2000, 9–10).

Ekri premye enstriktè kretyen yo (premye rive twazyèm syèk) osijè preche mò yo.

Orijèn: “Lè [Jezi] te vin yon nanm [yon espri], san l pa t gen kò a, li t ale pami moun ki pa t gen kò yo tou, li te konvèti yo sila nan pami yo ki te vle yo” (nan The Ante-Nicene Fathers, ed. Alexander Roberts and James Donaldson [1907], 4:448).

Hermas: “Apot ak enstriktè ki te preche non Pitit Bondye a yo, apre yo te fin mouri nan pouvwa ak lafwa Pitit Gason Bondye a, yo te preche bay moun ki te mouri anvan yo” (nan The Apostolic Fathers, trans. J. B. Lightfoot [1898], 472).

Videyo sou travay istwa familyal (gade LDS.org).

  • “Kè yo liye avèk nou”

  • “Tout fanmi sou tè a”

  • "Èske m ap fè pati pa m nan?”

Amelyore ansèyman nou

Anseye “rezon” yo. “Pafwa manm klas yo—espesyalman jèn yo—ap mande tèt yo nan kisa prensip levanjil yo konsène yo oubyen poukisa yo dwe obeyi kèk kòmandman. Men, si yo konprann plan etènèl Pè Selès la pou bonè pitit li yo, rezondèt prensip levanjil yo ak kòmandman yo ap vin pi klè pou yo epi motivasyon pou obeyi a ap ogmante” (Anseye nan fason Sovè a, 20).