Vini, Suiv Mwen
16 -22 Desanm. Nwèl: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa’


“16 -22 Desanm. Nwèl: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“16 -22 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou LekòldidDimanch: 2019

Imaj
tibebe Jezi nan yon krèch

Nan sekirite yon etab, pa Dan Burr

16 -22 Desanm

Nwèl

“Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa“

Diskisyon sou levanjil yo espirityèlman puisan lè yo santre sou Jezikri. Pandan w ap etidye nesans ak misyon Jezikri a semèn sa a, chèche enspirasyon nan men Sentespri a pou w ka konn kijan pou w pi byen santre diskisyon nan klas ou a sou Sovè a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo di kisa y ap fè oubyen kisa yo te fè nan lepase endividyèlman oubyen an fanmi pou selebre nesans Sovè a nan fason ki rapwoche yo de li.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Matye 1:18–25; Lik 1:26–38; 2:1–20

Jezikri te konsanti pou l te vin fèt sou tè a.

  • Konsanti l la vledi volontèman desann soti nan yon pozisyon ran oswa ran diyite siperyè (gade 1 Nefi 11:14–26). Nwèl se yon bon moman pou n reflechi ak selebre kondesansyon Kris la—dispozisyon li pou l kite “wayòm Papa l la anwo a, pou l vin viv avèk lòm, pou l mouri pou lòm” (“Devant la Cène, vois, Jésus,” Cantiques, no. 112). Pou enspire yon diskisyon sou sijè sa a, ou gen dwa mande manm klas yo sa yo te aprann nan etid pèsonèl oswa familyal yo semèn sa a sou kiyès Jezikri te ye anvan l te fèt (gade Jan 17:5; Mozya 7:27; DA 76:12–14, 20–24; Moyiz 4:2). Apresa ou gen dwa montre foto a ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo a pandan manm klas yo ap li apwopo nesans Sovè a (gade Matye 1:18–25; Lik 1:26–38; 2:1–20). Ki panse ak santiman yo genyen lè yo konpare laglwa premòtèl Sovè a avèk enb nesans li a?

  • Yon kesyon tankou sa zanj lan te poze Nefi nan 1 Nefi 11:16 la ta ka yon bon fason pou kòmanse yon diskisyon nan klas la, menmsi w ta fòmile l yon lòt fason. Petèt ou ta ka ekri sou tablo a Kisa kondesansyon Bondye ye? epi mande manm klas yo pou yo medite sou kesyon sa a pandan y ap li 1 Nefi 11:17–33. Mande yo pou yo pataje tout panse vèsè sa yo enspire yo sou Sovè a. Ki foto w ta ka montre klas la ki dekri sèn sou lavi Sovè a Nefi dekri yo? Yo ka reflechi sou kondesandans Sovè a tou pandan y ap gade yon videyo sou nesans li, tankou “Yon kado pou mond lan,” “Nativite a,” “Infant Holy, Infant Lowly (Music Video)—Mormon Tabernacle Choir,” oubyen “He Is the Gift” (n ap jwenn tout videyo sa yo nan LDS.org).

  • Mizik se yon fason mèveye pou w envite Lespri a nan klas ou a. Panse pou w jwe kèk kantik Nwèl Kè Tabènak la chante (gade mormontabernaclechoir.org), pandan w ap envite yon moun pou l chante yon chante Nwèl, oubyen li oubyen chante kèk kantik ansanm ak klas la (gade Hymns, nos. 201–14). Manm klas yo ka chèche fraz nan kantik sa yo ak nan ekriti yo bay nan kantik sa yo ki ogmante gratitid yo pou Sovè a ak volonte l pou l te vin sou tè a.

Lik 4:16–21; Jan 3:16

Jezikri te ranpli misyon l lan, ki te rann posib pou nou eritye lavi etènèl.

  • Pou ede yo diskite sou rezon k fè Jezikri te fèt yo, ou gen dwa envite yo pou yo chèche epi pataje ekriti ki rezime misyon l lan (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo pou w jwenn kèk egzanp). Petèt manm klas yo ka mete yo de pa de oubyen an ti gwoup pou yo ka chèche vèsè yo epi li yo. Kisa yo aprann sou misyon Kris la nan vèsè yo jwenn yo? Kisa nou aprann osijè misyon l lan nan kèk nan tit yo ba li nan ekriti yo? (gade Diksyonè Bib la, “non Kris la”).

  • Yon gen dwa aprann sou misyon Sovè a si yo li “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” (Ensign oswa Liahona, Me 2017, andedan paj kouvèti a) epi pataje deklarasyon yo jwenn ki eksplike rezon k fè l te vin sou tè a. Oubyen yo ka repase mesaj Prezidan Gordon B. Hinckley a nan seksyon “Resous adisyonèl” la epi diskite sou sa yo aprann osijè Sovè a. Kijan nou ka jwenn yon moman pandan sezon Nwèl la pou n “medite ansilans ak reflechi pezibleman” sou Sovè a ak sou misyon l lan?

  • Bay manm klas yo tan pou yo reflechi sou temwayaj yo konsènan Jezikri ak misyon l lan. Èske yo ka pataje eksperyans oubyen istwa pèsonèl nan lavi Sovè a ki te ogmante lafwa yo nan li oubyen lanmou yo pou li? Ki fason etid Nouvo Testaman an ane sa a rann seson Nwèl la pi siyifikan pou yo? Pou n repase kèk nan resi Nouvo Testaman yo manm klas yo te aprann ane sa a, ou gen dwa pase videyo “For God So Loved the World” la oubyen “To This End Was I Born” nan nan (LDS.org).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Sigjere pou manm klas yo etidye Revelasyon 12–22 semèn sa a ka apwofondi apresyasyon yo pou wòl Sovè a nan plan sali a epi sa ka ajoute yon sans pi pwofon sou jan yo fete Nwèl la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Nwèl

Vrè esans Nwèl la.

Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye:

“Lè tout bagay fin di epi fin fèt, … pa gen anyen ki si mèveye, si majestye, si fòmidab pase jès lagras sa a kote Pitit Gason Toupuisan an, ... limenm ki te konsanti pou l te desann sou tè a tankou yon tibebe ki fèt nan Betleyèm nan, te bay lavi li nan imilyasyon ak soufrans pou tout pitit gason ak pitit fi Bondye nan tout jenerasyon tan yo, pou yo chak ki te dwe mouri yo, kapab resisite e viv etènèlman. Li te fè pou nou sa okenn nan nou ta ka fè pou tè nou. …

“Sa se vrè istwa mèveye Nwèl la. Nesans Jezi nan Betleyèm nan Jide a se prefas la. Twazan ministè l yo se pwològ la. Sibstans mayifik istwa a se sakrifis li a, zak charite total la kote l mouri nan doulè sou kwa Kalvè a pou ekspye peche nou tout yo.

Imaj
Jezi ki ajenou nan Jaden Jetsemani an

Jetsemani, pa J. Kirk Richards

“Epilòg la se mirak rezirèksyon an, ki pote asirans ke 'menmjan tout moun mouri nan Adan an, se konsa tout moun resisite nan Kris la’ (1 Kor. 15:22).

“Pa t ap gen okenn Nwèl si pa t gen Pak. Tibebe Jezi Betleyèm nan t ap jis yon lòt tibebe san Kris redanmtè Jetsemani an ak Kalvè a, ak san Rezirèksyon triyonfan an.

“Mwen kwè nan Senyè a, Jezikri, Pitit Gason Bondye vivan ak etènèl la. Pa gen okenn moun si gran ki te janm mache sou tè a. Pa gen okenn lòt moun ki te janm fè yon sakrifis konsa ni k te bay yon benediksyon konparab ak sa. Li se Sovè ak Redanmtè mond lan. Mwen kwè nan li. Mwen deklare divinite li san okenn dout. Mwen renmen li. M pwononse non li avèk respè ak reverans. …

“M swete nou chak yon jwaye Nwèl. Men, pi enpòtan toujou, m swete pou nou chak pase yon moman, petèt inèdtan, ap medite an silans e reflechi pezibleman sou grandè ak majeste Pitit Gason Bondye sa a. Lajwa nou genyen nan sezon sa a se paske l te vin nan mond lan. Lapè ki soti nan li a, lanmou enfini nou chak kapab santi a, ak gwo santiman rekonesans pou sa l te ba nou jenerezman nan yon si gran sakrifis konsa a—se bagay sa yo ki vrè esans Nwèl la” (“The Wondrous and True Story of Christmas,” Ensign, Des. 2000, 4–5).

Amelyore ansèyman nou

Rezeve tan pou moun k ap aprann yo ka pataje. "Lè moun k ap aprann yo pataje sa y ap aprann, yo non sèlman santi Lespri a e fòtifye temwayaj yo, men yo ankouraje lòt manm klas yo pou yo dekouvri verite yo poukont pa yo tou. … Rezeve tan pou etidyan yo fè pataj nan chak leson—nan kèk ka, ou ka vin wè ke diskisyon sa yo se leson an” (Anseye nan fason Sovè a, 30).