Vini, Suiv Mwen
23 -29 Desanm. Revelasyon 12–22: ‘Moun ki venk la ap eritye tout bagay’


“23 -29 Desanm. Revelasyon 12–22: ‘Moun ki venk la ap eritye tout bagay’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“23 -29 Desanm. Revelasyon 12–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezikri k ap akseyi moun yo nan Dezyèm Vini an

Site Etènèl la, pa Keith Larson

23 -29 Desanm

Revelasyon 12-22

“Moun ki venk la ap eritye tout bagay”

Kisa batay ant byen ak mal la yo dekri nan liv Revelasyon na anseye w sou enpòtans pou n suiv Kris la isit sou tè a? Apre w fin medite sou prensip sa a, panse a bezwen manm klas ou yo. Ki verite nan Apokalips la ki ka ede yo fè bon chwa?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kounyeya manm klas ou yo rive nan fen etid yo sou Nouvo Testaman an, ankouraje yo pou yo pataje sa yo panse de Nouvo Testaman an. Nan ki fason etid ekriti yo te fòtifye temwayaj yo?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Apokalips 12:7–11

Nou gen viktwa sou Satan “pa mwayen san Mouton an, epi pa pawòl temwayaj [nou]“

  • Aprann osijè Lagè nan Syèl la ka ede nou pi byen konprann lavi sou tè a. Manm klas yo ka li Tradiksyon Joseph Smith, Revelasyon 12:7–11 la (nan apendiks Bib la) epi idantifye kijan nou te venk Satan ak lame l yo nan Lagè nan Syèl la. Ki lòt ide nou jwenn nan dokimantasyon sou Lagè nan Syèl la nan Diksyonè Bib la oswa Endèks pa sijè a? (topics.lds.org). Kisa nou aprann ki ka ede nou venk advèsè a pandan lavi nou nan mòtalite a?

  • Kisa sa vledi Anyo a te “imole depi nan fondasyon mond lan”? (Revelasyon 13:8; gade Revelasyon 5:6 tou). Panse pou w ede manm klas ou yo jwenn repons pou kesyon sa a nan li Mozya 3:13 ak Moyiz 7:47 antanke klas. Kisa sa vledi ven Satan “gras ak san Anyo a”? (Revelasyon 12:11).

Revelasyon 17-18

Nou dwe separe nou de mechanste mond lan.

  • Sa pa plezan ditou pou n li sou mechanste Babilòn yo ak chit li nan Revelasyon 17–18 la, men sa enstriktif paske Babilòn kapab senbòl mond mechan kote n ap viv jodia. Petèt ou ta ka divize chapit sa yo pami ti gwoup nan manm klas yo epi mande yo pou yo chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Poukisa moun yo atire pa Babilòm, oubyen bagay mond lan konsa? Poukisa Babilòn danjere? Kisa k ap rive Babilòn? Ki avètisman Jan te bay pou ede nou evite sò Babilòn?

  • Lè yo fin li Revelasyon 18:4 na, manm klas yo gen dwa anvi diskite sou fason yo ka “soti nan Babilòn” epi “patisipe nan peche l yo.” Paregzanp, ki ekriti yo oubyen mesaj dirijan Legliz yo ki ede nou reziste anba tantasyon Babilòn yo, oubyen pa mond lan? Panse pou w gade videyo “Dare to Stand Alone” oubyen “Separating Ourselves from the World” (LDS.org) oubyen li deklarasyon Èldè Quentin L. Cook la nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Ki ide manm klas yo ka pataje sou fason pou aplike de prensip Èldè Cook mansyone yo? Nan ki sans nou “soti nan” Babilòn? (gade, paregzanp, DA 133:12–14). Kisa nou ka fè pou ankouraje lòt moun pou yo fè menm bagay la?

Revelasyon 19: 5-20;15

Nou ka prepare pou Dezyèm Vini Senyè a ak Jou Jijman an.

  • Yo souvan rele Dezyèm Vini Jezikri a “gran jou terib Senyè a” (Jowèl 2:31), epi, baze sou Revelasyon 19–20 an, sa sanble l se yon bon deskripsyon. Panse pou w ekri sou tablo a kèk nan evenman yo dekri nan ARevelasyon 19:5–20:15 yo. Envite manm klas yo pou yo chèche vèsè ki dekri evenman sa yo. Poukisa yo rele evenman sa yo gran ak terib? Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan Sovè a ak moun k ap suiv li yo? Kisa nou ka fè jodia pou nou ka nan pami moun ki pral rejwi nan moman l ap vini yo?

  • Pou enspire yon diskisyon sou liv lavi a, ou gen dwa envite manm klas ou yo pou yo pliye yon fèy papye an kat pou yo kreye yon senp liv. Epi yo ka li Revelasyon 20:12–15, pandan y ap medite sou sa yo ta renmen k ekri osijè yomenm nan liv lavi a, epi ekri bagay sa yo nan liv yo a. (Ou ka jwenn definisyon pou “liv lavi a” nan seksyon “Resous adisyonèl” la.) Kijan nou t ap santi nou si yo ta rele nou devan twòn lagras Bondye a jodia? Panse pou w itilize mesaj Èldè Jörg Klebingats la “Apwoche bò twòn Bondye a avèk konfyans” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 34–37) kòm pati diskisyon an. Ou gen dwa repase mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Se pou nou pafè—alafen” an Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 40–42). Kisa mesaj sa yo pote nan diskisyon sa a sou preparasyon pou Jou Jijman an?

Revelasyon 21:1-22: 5

Si nou fidèl, n ap resevwa laglwa selès.

  • Byenke yon pwofetize ke dènye jou yo ap ranpli ak mechanste ak danje, rekonpans Jan te wè yo destine pou fidèl yo grandman depase tribilasyon ki vin anvan l yo. Pou ede manm klas yo eksplore bèl konklizyon sa a pou Apokalips la, ou gen dwa envite yo pou yo repase Revelasyon 21:1–22:5, pandan w ap chèche fraz ki enspire yo pou yo fè efò pou yo jwenn laglwa selès la. Ki pwomès yo fè moun ki fidèl yo? Kijan deskripsyon sa a ede nou lè n ap travèse pwoblèm ak eprèv?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo etidye Liv Mòmon an ane pwochèn—pèsonèlman epi avèk fanmi yo—pataje kèk nan pwomès pwofesik sa yo.

Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Mwen pwomèt nou san okenn rezèv ke, si nou chak [Liv Mòmon an], kèlkeswa kantite fwa nou te deja li [l] anvan, n ap vin gen nan lavi nou ak nan lakay nou, yon pi gwo kantite nan Lespri Senyè a, yon rezolisyon ranfòse pou nou obeyi kòmandman l yo ak yon temwayaj pi solid sou egzistans reyèl Pitit Gason Bondye a” ("Yon temwayaj vrè ak vibran," Ensign, Out 2005, 6).

Prezidan Thomas S. Monson: “Mwen sipliye nou chak pou, nan lapriyè, nou etidye ak medite sou Liv Mòmon an chak jou. Si nou fè sa, n ap nan yon pozisyon pou nou tande vwa Lespri a, pou n reziste anba tantasyon, pou n simonte dout ak laperèz, epi pou n resevwa èd syèl la nan lavi nou” (“Pouvwa Liv Mòmon an,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 87).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Revelasyon 12-22

Chwazi ladwati olye de mechanste Babilòn yo.

Èldè Quentin L. Cook te anseye:

“Nou pa ka evite mond lan. Yon egzistans pwoteje se pa solisyon an. Nan yon sans pozitif, patisipasyon nou nan mond lan fè pati eprèv nou e li esansyèl pou nou ka devlope talan nou. ... Manm Legliz yo bezwen enplike nan mond lan nan yon fason pozitif. Konsa, kijan pou n balanse nesesite pou n kontribye nan mond lan ak nesesite pou n pa sikonbe anba peche mond lan? (Gade DA 25:10; DA 59:9.) Gen de prensip ki ap fè yon diferans siyifikan.

“1. Fè moun konnen w se yon Sen Dènye Jou angaje. …

“2. Se pou w gen asirans osijè kwayans ou epi pratike yo” (“Leson nan Ansyen Testaman an: Nan mond lan men pa fè pati mond lan,” Ensign, Fev. 2006, 54–55).

Liv lavi a.

Filipyen 4:3; Revelasyon 3:5; 17:8; 2 Nefi 29:11; Alma 5:58; Doktrin ak Alyans 127:6–7, 9; 128:6–7.

“Nan yon sans, liv lavi a se sòm total panse ak aksyon yon moun—rejis lavi li. Sepandan, ekriti yo di gen yon rejis yo kenbe nan syèl la pou moun fidèl yo, non yo ekri ladan, osi byen ke yon resi sou tout zak dwat yo” (Diksyonè Bib la, “Liv lavi a”).

Amelyore ansèyman nou

Sa OKE pou m di “M pa konnen.” “Byenke sa tou natirèl pou w ta vle reponn tout kesyon, nan kèk sitiyasyon, li ta pi bon pou w ta senpleman di 'M pa konnen. Annou etidye kesyon sa a bò kote pa nou semèn sa a, epi nou ka diskite sou li pwochèn fwa a’” (Anseye nan fason Sovè a, 24). Apresa, mande manm klas yo pou yo li ekriti yo ak lòt resous Legliz yo pou yo ka jwenn repons.